Ti chèz ba
🪑🪑🪑TI CHÈZ BA 🪑🪑🪑
Ou souvan tande pale de "ti chèz ba".
Men èske w te konnen "enpòtans" li, "esans" li nan vodou ayisyen an ?
Poukisa tout moun ki "je loa yo" tankou manbo ak Ougan, tout sèvitè ginen elatriye... toujou genyen TI CHÈZ BA yo ?
Depi sòti nan bwa ki fè "ti chèz ba" a pou rive nan "fèy latannye" ki paye l la se gwo koze...
Grandèt ki gen konnen nan konnen l toujou fè bwa "ti chèz ba" li ak bwa "sèd", bwa sèd Senbòl pouvwa, otorite, wayote ak entegrite.
Bwa SÈD gen yon "pouvwa mistik" plis ke eksepsyonèl.
FÈY LATANNYE ki paye chèz la menm se pi rèd toujou.. latannye senbolize imòtalite, enfini...
TI CHÈZ BA se senbòl ESTABILITE, EKILIB SAKRE. 4 pye "ti chèz ba" a se 4 poto lavi, adisyon chak fasad bay 4 fasad lanati ( lès, lwès, nò ak sid ), 4 direksyon lanati nan yon plan kare andidan wonn enfini linivè, chak fasad senbolize 4 eleman endispansab lavi a ( dlo, tè, lè ak dife ), chak pye "ti chèz ba" makonnen ak "4 gwo pwensip fondamantal" ki charye yon dividal bann lòt pwensip andidan vant yo, ki se LÒD, LONÈTETE, RESPÈ AK SAJÈS.
"Fèy latannye antremele, antrelase pote lanmou ak ekilib nan mitan "kare sakre" TI CHÈZ BA.
Douvanjou anba nawè ATI SOLE, nan bitasyon grandèt, nan bitasyon bakoulou, apre "kòk" fin chante revèy, grandèt fin souke dlo nan bouch, pase men nan nawè, koule kafe, pip Zaka nan bouch, grandèt pral fikse TI CHAZ BA li nan direksyon LISA (sole) pou ranmase bon enèji.
Se anwo TI CHÈZ BA a li pral "medite", planifye tout aktivite jounen an ak mwa pwochen elatriye...
Moun ki pa gen lòd, pwensip ak respè paka chita anwo "ti chè ba" granmoun, e gen granmoun pèsonn paka chita anwo "ti chèz ba" li, paske se ZIMBA li (tanp). Gen moun ki chita anwo "ti chèz ba" w, si l giyonnen li ka giyonnen l. Depan de regleman "ti chèz ba" a, li gen "koulè espesifik li", poud li, ak ti Dlo sakre l ki fèt a baz de "mètrès kay" (bazilik).
Chita anwo "ti chèz ba" se ranmase sajès lanati, chita "ba" se senbòl d imilite men non pa basès. Plis imilite bay plis dimansyon.
Comentarios
Publicar un comentario