Lanp kouzen zaka
Lanp pou Proteksyon kontre Maladi sou Non #Kouzen_Zakah .
Lwil Kokoye, Lwil Palm , Lwil Sitron , Lwil Oliv , Lwil Kanèl , Lwil Tibonm , Lwil Chans.
Poud kanèl , Flè Lorye , flè Woz, flè Kafe , Fèy Bazilik , fèy Nanm , Fèy Fobazen , laj vyolèt , Laloa Vera , Jenjanm , Yon Florida.
3 ou 2 kwi , Yon laye , Yon ti pilon ak tout manch li , Yon mouchwa vè oubyen Yon riban vè , Yon ponyen fèy vèvenn oubyen fèy kalipti , 7 ou plis chandèl ( 3 koulè vè , 2 Wouj , 3 blan ) si nou pa jwenn yo Achte tout blan ☝🏿.
Yon ti kleren pou renonse ak pou mete Tikal nan friksyon an .
Wanga sa espesyalman pou jou Vandredi .
Lè wap jwenn koneksyon pi byen se 10h AM ou 10 a 11h PM .
☝🏿Gen Yon fèy ki rele Mouton Zenzen Svp konsomel' anpil nan diri , bouyon , soup , e menm nan dite , se mesaj sa Kouzen Zakah kite pou nou.
NB: Pi bon Doktèw ' se konsyans ou pi bon Jij ou tou se menm konsyans sa , sa vle di toujou metew' an konsyans ak konsyans ou .
Siw pa Santiw gen konsyans pouw fè Yon bagay pa fè l' sinon pi douvan konsyans ou pral reprochew .
Toujou pwòpte lye kotew' pral fè Yon liminasyon oubyen Yon seremoni, toujou pwòpte kò ou tou ak tout konsyans ou .
Kòmansman :
Rasanble tout Engredyan yo kotew pral fè seremoni an , si wap viv an fanmi , rasanble yo tout nan lye a tou si yo vle ok .
Kòmanse mete fòs ou nan ou tankouw pral konbat Yon bagay .
Renonse e anonse Loas bitasyonw, Konsantre w 5 a 7 minit sou Yon chandèl limen Avan'w kòmanse .
Siw paka trase vèvè pa trase m'en siw konn trase , trase vèvè Kouzen Zakah .
Souke tchatcha oubyen bat menw chante pou Kouzen paske se Yon Loas ki kwè nan rasanble ( Konbit ) .
Pile fèy Nanm nan, pile Laj , kale Lalwa a pilel tou , pile fèy Fobazen an , pile jenjanm nan .
Aprè nou fin pile yo ,mete yo nan Yon kwi Vide kleren ladanl , tòde oubyen koule Yon pati ladanl pou bay chak Moun nan kay la yonn a 3 kiyè pandan 3 jou chak maten avan nou manje .
Rès la mete Florida ladanl bal Dife bwasel epi metel nan Yon galon pou friksyon pandan 7 jou , answit
Chavire pilon an tèt ba nan laye a mete manch lan sou li kouvril avèk mouchwa vè an dizon ( Zakah, Zaka- sih , Zaka- lah ... Zakah nèg Mayifado Sidjòfreda , Zakah nèg Montay lavout nèg mòn , Zakah men fanmi Mwen , men Mwen, men pitit Mwen, men lakou Mwen , men Peyi Mwen Ayti ... Nou tout nan pla menw , repouse movezè ak latroublay nan vi nou chak Grenn pitit ou se pou sa nou chavire pilon sa nan laye sa pou enpeche move van Antre nan lavi nou ak nan lakou nou , nou kouvril ak mantow' pouw' ka proteje nou . Alasooo Minis ooo ... ).
Prosesis lanp lan :
Answit pran Yon lòt kwi mete andan menm laye a vide Lwil yo andanl mete mèch koton natirèl la ladanl mete 7 fèy bazilik nan lanp lan , mete kèk epin flè Lorye ak flè Woz e flè Kafe ladanl tou , simen Poud kanèl ladanl , answit leve kwi a ak Yon chandèl limen nan menw prezante l bay 4Fasad ak pawòl ou mande Fòs Dife a Van an , tè a ak Dlo a beni lanp lan .
4 Fasad= ( Leve sole , A goch ou , a dwat ou , kouche sole ) .
Answit depozel nan laye a , itilize Yon moso bwapen pouw limen Lanp lan , pandan lap limen chante bat men .
☝🏿Se enpòtan pou plizyè Moun fè Wanga sa ansanm paske Kouzen Zakah se Loas Konbit .
Answit li enpòtan pouw bay chak Moun Lakay ou kenbe Yon chandèl limen nan m'en yo epi nou len friksyonnen lòt , chak Moun bwè Yon kiyè dòz epi chak Moun priye nan chandèl ou depozel alantou Laye a .
Pouw fini , wap remèsye tout Espri ki tap asiste seremoni an , wap remèsye Loas bitasyonw siw konnen yo , wap remèsye Legbah an premye ki te ouvri pòt , wap remèsye tout Loas gerizon yo tankou ( Gran Bwa ile , Simbi Makaya , Dambalah Ouèdo e Ayida Ouèdo, Mèt Gran chemen ak mèt kafou , Simbi Dlo , Manman Jimo , Dosou , Marasa, Dosa etc.. ).
Alasooo tout zantray Mwen 🙏🏾🙏🏾🙏🏾
Siw pa kwè pa fè !!! ☝🏿😡
Siw pa fiye pa eseye !!! ☝🏿😡
Lanp Pou pwoteksyon
Kont Maladi nan non Kouzen Zaka*
________________________________
Jou spesyal
---------------------
Vandredi
Heure
----------
10h am 11h pm
Sa wap bezwen
L'huile kokoye
L'huile palm
L'huile sitron
L'huile doliv
L'huile kanèl
L'huile Ti Bonm
L'huile Chans
Poud Kanèl,Flè lorye,Flè Roz
Flè kafé,Fey Bazilik,Fey Nan,Fey Fobazen,Lay vyolèt,Laloa vera
Jenjanm ,Yon Florida.
3 ou 2 Kwi
Yon laye
Yon ti pilón ak tout manch
Yon mouchwa Vè
Yon ponyen Fey vevenn
7 chandel(3 koulè ve,2 rouj,2blan)
Yon ti kleren Pou anonse
Ak Pou mete nan friksyon an
Toujou pwopte lye ou pwal fe Yon limininasyon oubyen Yon seremoni toujou pwopte kò ou
Ak tout konsyans ou.
1)rasanble tout engredyan yo
Si fanmi ou vle rasanble yo tou
Mete fos ou nan ou tankou pwal konbat Yon bagay
Renonse e anonse los bitasyonw
Konsantrew 5 a 7 minit sou Yon chandèl limen avan ou komanse.
Trase vèvè Kouzen Zaka.
Souke Tchatcha oubyen bat menw
Chante Pou Kouzen paske se los ki kwè nan rasanbleman
Pile Fey Nan,pile Lay,kale Laloa,pile tout,pile Fey Fobazen,pile jenjanm
Aprè mete yo Nan Yon Kwi vide kleren ladan li,tòde oubyen koulè Yon Pati ladan lipou bat chak moun nan Kay la yon ti kiyè panda 3 jou chak maten avan nou mange
Res la mete florida ladanl ba li dife bwase epi mete li Nan yon galón Pou friksyone 7 jou answit chavire pilón an te anba nan laye a mete manch lanbsou li kouvri li avèk mouchwa Vè an dizan
Zaka,Zakasih,Zakala
Zaka neg mayifado si dyò Freda
Zaka neg lavout
Neg Mon
Zaka men fanmi mw men mwen men pitit mw men lakou mw men peyi mw Ayiti nou tout nan Pla menw
Repouse mover zè ak latroblay
Nan ví nou chak grenn pitit se Pou SA nou chavire pilón sa Nan laye sa Pou anpeche mover van antre nan lavi nou ak Nan lakou nou nou kouvril ak mantonw pouw Ka pwotege nou .
Alasooo minis oo.
Pwosesis lanp lan
__________________
Answit pran Yon Lot Kwi mete andesan menm laye a vide l'huile yo andanl mete mech koton ladanl mete 7 mech Fey Bazilik nan lanp lan ak flè woZ e Flè kafé ladanlAyibobo pou tout frèm ak sè Pam yo
Comentarios
Publicar un comentario