Bazilik sakre
Bazilik Sakre: Plant puisan, Epis Sante
Se la san rezon yo gen yo varyete bazilik yo rele: bazilik sakre, anglè a se Holy basil, panyòl Santa Albahaca, yo konn rele l tou Tulsi oswa ou ka itilize non syantifik la Ocimum sanctum. Gras ak non syantifik la ou ka Google l pou jwenn non l gen nan peyi w ye a.
- Sonje nou di aba maggi | Zewo Maggi. Jete tout nèt epi w ap wè jan sante w koumanse djanm.
Lè w itilize epis natirèl sa, bazilik, li ede sante w an jeneral. Se pa sèl beny chans ak beny lave kay pou n fè ak bazilik. Se vre se youn nan pi gwo plant nan repouse move zè, move enèji ak lespri, ak vye fre oubyen move wonga. W ap jwenn plizyè mak ki vann bazilik, chwazi mak ki bon yo sitou sa ki òganik yo. Gade kis engredyan an pou wè si yo pa ajoute pwodui chimik ladan l. Se sèlman bazilik ki pou do a nan lis la, si l pa yon epis melanje. Ou ka achte plant sa frèch tou, Lè sa l pi bon toujou. Li fasil pou w plante bazilik ak jwenn li nan makèt sitou nan peyi devlope yo. Si w Ayiti ou ka plante l.
Kèk Benefis li genyen:
Li bon pou kè w
Li bon pou sistèm iminitè
Prevansyon kont kansè
Li bon pou sèvèl, Li relakse, yon adaptojèn natirèl pou ede konbat strès
Li ede fokis atansyon , memwa, rete djougan
Ede fwa fonksyone byen
Li plen antiyoksidan ki ede konbat tout kalite maladi
Ede elimine viris, enfeksyon bakteri,
Li anti-enflamatwa natirèl puisan
Ede fètilite pou moun ki vle fè timoun
Li mete gason mòlòlò sou sa
Alaso alaso alaso kouzen nèg mw.
Lwa sa kom minis nan eskòt lwa kouzen yo nou tout dwe konnen tè a ki reprezante yn pati nan agrikilti pou nou ka toujou jwen mange pou nou mete nan vant nou.
Ebyen bon limyè pou tout moun dwe konnen pye fri a plante nan tè a ebyen li gen yn rasin ki rann li pouse e grandi e answit poul menm arive donnen.
Se la pou nou dwe konnen nou menm moun kap viv sou ti bout tè sa se vre nap viv pou pou nou viv byen e prodwi fok nou gen yn rasin ki pou ede nou pavni .
Sa se garanti e nou klè sou sa
Comentarios
Publicar un comentario