Resèt mistik

 Si yon moun ap pèsekite w ou bezwen fè l kite yon zòn nan.

Men kisa wap fè: 


Wap ekri non l nan you ti moso twal nwa, wap pike yon bwa nan moso twal la, aap trennen moso twal sa dèyè w pou jis ou rive nan yon jouk poul (Pye bwa kote Poul jouke Pou yo dòmi) a minui ak 

you bouji, fè demand ou, aprè boule moso twal la, kenbe pwent Bwa Pou chalè a fè Poul yo vole kite Pye bwa lannwit lan. 


Si 2 moun mete tèt yo ansanm yap pèsekite w men ou bezwen separe yo.

Men sa wap fè Wap achte yon moso vyann bèf wap koupe l an 2 sou non yo al lage chak moso vyann sa yo nan diferan zòn.

NB: Pa fè l pou rayisab.

Pa bliye jou JEDI se jou Chans

Jou Pwospérité Se pou sa li tap enportan pou nou pran yon beny Chans chak Jedi💙💛 


Ou menm ki nan yon sityasyon konplike ki pa gen ni tèt  ni Ke

ou pa wè devan ou pa wè Dèyè

Ebyen Fè sa,Wap bezwen:

_Yon ti mamit diri

_Poud Kanel 


Diri a pou benediksyon💕

Kanèl la pou chans,pwosperité..🌟 


🌟Wap mete Diri a Bouyi pandan 20 minit

wap pran dlo a wap melange li avèk poud kanèl la

wap kitel poze lè tanperati a Bese wap benyen avèk sa 


TI JEAN DANTOR 🔥⚕️💕Ou pase tròp mizè nan laviw ou sispann pase mizè tande panse ak bitasyon ou ak regleman sa.

lanp nan ti chodyè 3 pye sa.

    Map few konnen byen bitasyon nou ka few devni nenpot saw vle ye a depi ou rekonesan .

Fè lanp sa pou tout bagay ka mache byen pou ou nan lavi ou ak mètrès èzili dantò oubyen èzili mapiang la

Sa depan ki jou wap moute lanp sa.

Bagay ki rele dimansyon an fok nou respekte sa  

           Yn ti chodyè 3 pye

           21 gren piman ki byen pike

         Lwil maskredi 

       Pwav towo

       Pwav postorik 

       Pwav ginen 

      Poud vini bon ange

      Poud fleri san rete 

     Poud chans

    Yn ti swif vian kochon

   Yn fèy blan

Nou ap itilize pafen florida ak colection 

Lanp sa ap sèvi ou pou tout bagay tankou lanp giyon pèsekisyon chans ak anpil lot bagay nan lavi nou

Sonje sakre fey blan ekri tout saw bezwen nan li nan non lwa yo.

Vide lwil la nan ti chodyè a epi mete tout enkredian yo ladan li sou regleman nou.

Fè 1 oubyen 3 mech toujou sou demand ou epi prezante li pa devan 4 gran fòs yo ..

Fè sa janm di nou la depi malfekte pa gate bitasyon an

Pa gen toumant nan bitasyon paw la ebyen ak lanp sa tout bagay ap mache byen pou ou #AyiboboOu vle lavi ekonomik ou ameliore de jou an jou 

           Ebyen pa chita gade sou pèsòn mw adrese 

           Mw ak vodouyizan nou yo ou menm ki kon sa         lakou yo oubyen bitasyon yo reprezante pou nou. sitou bitasyon kotew fèt la. 


Fè yn demand konsa ak mètrès èzili dantò pou ekonomi ou epi proteksyon . 


      Yn ti chodyè 3 pye 

Mete yn bon valè lwil ladan li nou ka sèvi ak nenpot lwil wi men esansyèl lwil la se lwil maskreti 


Vèvè metrès la enpòtan nan demand sa  lew fin mete lwil la wap mete 3 priz tè paske dantò se espri latè lew fè sa ou enkli tout espri ki fè pati tè a ladann 


Mete piman 

Poud prespite

Poud chans

Mete yn ti swif vian kochon ladan

Depoze ti chodyè a sou vèvè a ak yn diven rouj epi kouto metres la. 


Bagay yo ka mache pou nou tout lew iniore kotew fèt se ou menm ki di lavi modiw 


Pa rayi lot frew la pou efò li fè chache konnen tout sakrifis pozitif li fè ki rann lavi a boujonnen pou li a alò mw byen di nou wi( sakrifis pozitif)

Fel tou pou lavi boujonen tou. 


✅Nap fè'w kado resèt sa si'w gen la rekonesans wa remèsye nou: 


🛑Ou nan yon travay yap pèsekite'w , yap pèsekite'w nan Biznis ou , Yap pèsekite'w lakay ou : Tann poud pou ou , tann limyè , lamen monte , Men kisa wap fè chak maten. 


👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme/Ede yon lòt moun 


➡️ Engredyan :

Citron

Sel Cuisine 


➡️ Preparasyon: 


Chak maten lè'w leve nan dlo wap benyen an , lage yon #ponyen sèl ladan'l , koupe yon sitwon pije'l ladan'l épi benyen , kèlkeswa sa yo ta tann pou ou devan pòt ou , nan biwo'w lamen monte tout se blag paske'w tou sale. 


Aprè kèk jou zanmi'm Moun kap tann pou ou yo pral di'w gwo nèg ou pa Piti, ou se gwo malfektè paske yo wè yo paka frape'w. 

Pafwa sekrè yo avèk nou nan lanati nou pa konnen yo .

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel