Maji/kout pyès
GEN MAJI , GEN KOUT PYÈS !
Sa Nou Dwe Konnen !
aprew fin li teks sa wap konnen lew pran nan maji , ak lew pran nan kout pyès !
fok nou pa melenje maji ak kout pyès yo pa menm bagay , yo chak genyen regleman pa yo !
pouw fe yon maji , wap bezwen konekte ak lanati ak tout espri ki abite ladanl , wap bezwen èd plizye espri depann de jan maji sa ap ye , depann de sa wap chache.
kout pyès, menm jan genyen bon pyès pou tretew la, lew malad , se konsa tou genyen move pyès pou few malad oubyen pou touyew .
tandiske pou w fe yon bon pyès ou yon move pyès , ou pap bezwen koneksyon espri yo , wap selman bezwen bonjan konesans ak metriz sou sa wap fe a , sou sa wap bezwen pouw konpze pyès la ak koman pouw preparel .
Pou yon moun ta fe maji pou touye yon lot moun foK Li genyen rapò direk avek moun nan , foK genyen yon lyen ant 2 moun yo , swa se yon fanmi , yon moun ou te nan kont avek li kite few yon bagay ! apre lyen an anplis fok ou genyen yon bagay ki genyen ADN moun sa ki lye yo ansanm tankou ; cheve , yon rad moun nan te swe ladanl , sandal ou soulye , bwosdan ect ...
ou dwe konnen NOM , dat moun nan te fèt ak FOTO yon moun pa sifi pouw fe jan de maji sa yo pouw arive touyel pakont ou ka toujou frapel mistikman avek yo nan lot domèn mpa bezwen site(...) se lyen ak rezon maji a ki pral bali direksyon kew vlel pran , se sak fe wap toujou jwenn se moun ki konnen w ki fe maji deyew , yon etranje ki pagen okenn rapo avew , ki pagen okenn lyen avew paka leve yon bon maten poul fe maji deyew .
Pa egzanp si malfektè ta touye yon moun epi fanmi moun nan ta ranje mò a , malfektè sa tap genyen 99% chans poul mouri !
Nan ka kontrè, si fanmi mò a pa jwenn mò a , si yo fe yon maji deye malfektè a lap difisil pou fanmi sa jwenn jistis , lontan le malfektè touye yon moun , le yo ranje mò a , mò sa ale bay tet li jistis et pafwa moun ki touyel la konn mouri nan menm jou yap antere mò a , jounen jodia ou mèt te ranje yon mò 10ml degre anyen pap pase paske nou vin two eklere , lew ap ranje yon mò genyen prensip ou dwe kenbe ! pami 7 prensip yo map bay 5
1: mò a pa dwe ale nan mòg
2; mò pa dwe desounen
3; mò a dwe antere avan 3 jou !
4; pa kite yo retire rad kite sou moun nan lel mouri
5; pa benyen mò a le lap antere.
Depi w we yon moun mouri nan maji konnen moun sa te gen lyen direk ak moun Ki fe maji a , konnen li te antò ! depiw pa antò ou paka mouri konsa !
Paske si kafou pa bay , simetyè paka pran !
kout pyès pa maji , ou pa bezwen genyen koneksyon mistik pouw prepare yon kout pyès , se konesans pou w genyen , kout pyès pa bezwen konnen siw te gen rezon ak siw te gen tò , li pa bezwen konnen siw se gwo sesi , siw se gwo sela , li pa bezwen konnen ran sosyal ou , li pa bezwen konnen siw te gen konesans ou pa , li pa bezwen konnen siw se gwo houngan ak siw se gwo mambo .
yo rele kout pyès sa yo alolanmèd houngan , alolanmèd mambo , se ayè'm te we'w , se apredye . depiw pran nan kout pyès wap mouri siw pa gentan jwenn bon tretman ! kout pyès pa nan rans ak moun , bagay sa moun pa jwe avek li .
kout pyès lan ka yon bedann se li menm yo rele dyab tibokal la li se yon pwazon ki trè mòtèl , se yon pwazon ki danjere anpil tout houngan ak mambo pè towo sa , kout pyès lan ka poud nenpot kalte poud , li ka yon dlo , li ka yon tè, konsa li ka fey !
gen pyès ki la pou fe tretman tou , le yon moun pran nan kout pyès sil pa gentan mouri ou two grav genyen sa yo rele kontrekou , kontrekou a se yon lot pyès ki sevi kom antidòd pou trete jan de sitiyasyon sa yo ! se pa nenpot ki moun ki ka trete kout poud fok ou genyen anpil konesans sou fey , fok ou genyen konesans pou sa paske le moun nan paret devanw fow konnen nan ki poud li pran ak ki tretman pouw bali !
Comentarios
Publicar un comentario