Gede Mazaka
💀Gede Mazaka pran yo 🎼 Gede Mazaka pran yo 🎶 Gede Mazaka pran yo 🎼 m pa renmen ti moun pale twòp oh 🎶 viv Gede m angaje ou pa wè m inosan oh m prale 🎼
💀Gede Mazaka pran yo ☠
Mazaka Lakwa sòti nan eskòt Gede yo, se sa k fè nou ka tande yo ajoute Gede nan non li,
Tankou tout Gede, Mazaka pa mache san boutèy makak li ( boutèy piman li ) baton, chapo nwa🎩, poud blan, epi linèt solèy li🕶
Koulè mouchwa l se wouj🔴 ak nwa⚫, gen kote se nwa◼ e blan ◽
Manje Mazaka, se yon bouk kabrit nwa, avèk viv boukannen, mayi moulen kole ak pwa wouj, nan plenn gonayiv yo mete aran sèl ak krebete epi gogosi nan djakout li tou
Lodyans Mazaka nan manisfetasyon li, fè anpil moun di li se yon lwa ki trè pwòch vivan yo, li renmen fè blag, pase nan betiz tout sa nou kache, pou denonse ipokrizi nou, pandan l ap gouye pou aprann nou, mouvman lavi a nan filozofi Gede yo, ki se " lavi se yon bèl kout gouyad "
Se yon etènèl ale mennen vini anpil bon avèk move moman
Antan ke kalfou ki separe de mond yo kote depi w antre nan lavi fò w sòti nan lanmò dosye tout moun nan men Mazaka
Sila ki fè eksperyans avèk li souvan di li se yon lwa ki trè bon pwotektè, sitou nan dosye maladi, kle 🗝tretman an se nan men Mazaka li ye, nan finans 💵li bay chans pou biznis ou byen mache, men lè w pa respekte regleman l, li gaye sa nan men w nan yon bat je,
paske se yon lwa ki trè strik sou prensip li,
Lajounen kou lannwit, sele kou nan dòmi reve,
Souvan lè Mazaka ap rantre an kontak avèk yon moun nan dòmi, moun sa a ka wè yon mò ki an dekonpozisyon, li ka wè mò a plen vè, oubyen li nan yon sèkèy ki ap pale avèk li, vodou se youn antre nan lòt, sole bay lalin plas pou jere pasaj lannwit
Pou nou konprann pi byen
An nou gade pawòl chante sa a 👇🏿
Mw sòti nan Kafou nan bòkò🎶
Mwen rankontre Mazaka Lakwa ✝️
m mande l lese pase
Si w kwè l pa danjere 🎼pa mande l lese pase🎵🎶
Mazaka Lakwa💀 son lwa ki danjereee☠☠
Toujou nan kad lannwit la ak jan Mazaka strik sou prensip li yo, nou ka fè referans ak sosyete sekrèt yo ki jere sa byen, sou ti non gate yo bèt seren
Mazaka Lakwa make prezans li nan jere sèkèy madoulè a pou lese pase
Gede Mazaka se lanmò ki pi pre nou chak jou nan do lavi
Se sa k fè nou ka wè souvan gen ougan, manbo, oubyen moun ki sèvi lwa sa a itilize tèt mò nan regleman Mazaka pou sove lavi.
" Mazaka Lakwa se kalfou ki fè kwa ant lavi ak lanmò a "
Comentarios
Publicar un comentario