Yege
Yeke
Yeke se mo ki vle di ansanm Lwa yo. Gen yon lòt mo ou ka anplwaye pou li se Milokan. Milokan vle di tou kolektif. Anpil fwa se Yege moun yo di.
Mo a gen anpil enpòtans paske li rasanble ansanm Lwa nan panteyon yo. E nan seremoni "resevwa je" ak "plase Lwa" a ak tout gran rityèl ki gade koze jeneral ou bije trase vèvè a e chante chan yo tou. Pouvwa ak "je" a se nan men Lwa yo li ye. Youn konplete lòt.
Kidonk fòk ou rele tout avan ou plase Lwa ki eskòte lwa mèt tèt moun nan. Moun ki fenk "resevwa je" rele hounyò ou ki fenk inisye tou.
Men chan an.
O Yege, o Yege
Pale pitit yo, pale pitit yo
Nan Ginen ou prale mache, temerè,
O, yege, papa
Wi nan Ginen manman, ou prale mache
O Yege, o Yege sa
Men yon lòt
Yege o Danwomen
Yege mamoulade
Mwen pral wè Sofi Badè
Mwen pral wè Sidèdèl
Vèvè nou wè a se yon modèl. Lò n ap trase l nou ka mete lwa nan bitasyon moun elatriye. Se espas la k ap deside kantite vèvè Lwa w ap ka mete. Mezi lakou w, mezi rara w, pa sa non? Ou ka sèvi ak Vèvè sa a tou pou boule zen Rada.
Comentarios
Publicar un comentario