Gwoup esklav ki te nan koloni an

 Jodi a m pral fè yon ti pale nou de kèk gwoup esklav ki te nan koloni an oubyen gwoup 


M ap kòmanse 

Premye gwoup esklav nou pral wè se "BAMBARA".

Gwoup esklav sa yo te sòti Sénégal, se yon gwoup esklav ou te jwenn Latibonit, nan nip.

Yo te renmen travay anpil, yo te vrèman saj, si se pou gwoup esklav sa yo jiskaprezan nou t ap nan lesklavaj toujou, yo te dosil anpil, tout sa mèt yo te di yo yo obeyi, malgre non BAMBARA te vle di rebèl, men se te le kontrè pou gwoup esklav sa yo. 


Dezyèm gwoup esklav nou pral wè se " MANDINGUE" 

Gwoup esklav sa yo te sòti Guinée, te gen kèk nan yo ki te sòti Sénégal tou.

Gwoup esklav sa yo te kwè nan ti Islam yo anpil anpil, si w bezwen fè yo manje pale yo de travay latè, wa parese pa w, ou te plis jwenn yo nan sid sou abitasyon labòd, kanluiz, Mayisad, pò mago, mòn wouj, piyon.

Se yon menm ki te vin ak pratik antere moun nan nat la, yo pa t konn antere moun nan sèkèy. 

Selon Gérard Barthélémy di:

Boukman, makandal ak Manman Faustin Soulouque te MANDINGUE. 

MANDINGUE yo pa t twò dou menm jan ak BAMBARA yo, yo te pito mawon olye yo tal redi nan travay latè e mete ajenou nan pye prèt katolik, se nan rele Allah yo yo te kwè. 

Gwoup MANDINGUE lan te jwe yon gwo wòl nan seremoni bwa kayiman. 


Twazyèm gwoup nou pral wè se ARADA ou ALLADA.

Se yon gwoup esklav ki te sòti nan wayòm Dawome ki vin peyi bénin jodi a, Togo. 


Selon Boreaux Dessemery

Gwoup esklav sa yo te debake nan koloni an ak tout vodou yo anba bra yo, yo te kòmanse ap enfliyans lòt esklav yo nan pratike vodou, byen rapid blan yo pase lòd si yo ta menm bare yon esklav ap trase yon vèvè nan koloni an konnen wap pase yon move moman.

Blan kolon yo te renmen gwoup esklav sa yo anpil anpil paske yo te renmen travay yo pa t parese menm jan ak MANDINGUE yo, yo te fè pati gwoup esklav ki pa t janm ka aprann pale fransè, men yo te jwe yon gwo wòl nan bay lang kreyòl la nesans.

Ou te konn jwenn nan abitasyon beleng nan Latibonit, abitasyon galifèt nan nò, nan abitasyon foche nan jeremi. 


Katriyèm gwoup esklav nou pral wè la se BANTOU oubyen KONGO. 


Yo se gwoup esklav ki laj anpil, ladan yo ou te jwenn esklav ki te sòti Cameroun, Gabon, Angola, genyen tou ki te sòti nan wayòm kongo a.

Lè yo te bezwen diferansye yo yo te konn di "Fran Kongo" pou sa ki te sòti nan wayòm Kongo a. 


Selon Boreaux Dessemery 

Gwoup esklav sa yo nan sa yo te pi bon se te nan bay plezi, danse, chante.

Yo te repwoche yo kòm gwoup esklav ki te vòlè anpil, se fanm yo ki te plis renmen travay latè, paske se konsa l te ye depi kote yo sòti a.

Yo te konn toujou sou mawon, yo te kwè nan revòlt anpil, menm sou bato Negriye a yo tap fè plan pou yo revòlte se sa k fè reken te manje anpil ladan yo.

Yo te prezante 40% nan koloni an, se kongolè yo ki te plis, sou chak 5 bosal wap jwenn 3 kongolè ladan l.

Esklav ki te fèt nan koloni an te rele kreyòl, sa ki te sòti an afrik yo te rele Bosal, se pa san rezon ke genyon kote yo kwadèbosal paske se la yo te konn debake yo. 


Pou m fini dènye gwoup nou pral prezante w la se "MONDONGUE". 


M pale w de MANDINGUE pa konfonn li ak MONDONGUE.

Gwoup MONDONGUE yo pa t anpil, yo te sèlman anviwon 1% nan koloni an, men yo pa t jwe, yo te menm di yo te konn manje moun, paske yo te gen anpil pouvwa mistik yo te menm konn pouse dan tankou vanpi sou mèt yo, anpil ladan yo te sòti Cameroun. 

Pou afè travay latè pa panse ak yo, se yon gwoup esklav ki pa t pè blan yo menm yo pito mouri olye pou yo bese tèt devan blan dayè yo pa t pè mouri, se nan kay yo te plis konn travay.

Fanm nan gwoup sa pa t janm vle fè pitit nan esklavaj la yo te prefere touye timoun nan pandan yo fin pouse l. 


Genyen lòt gwoup toujou, men m ba nou sa yo toujou, si m tap ba nou lòt yo m pa tap fin ekri jodi a.

Tankou: 

WOLÒF yo ki te sòti Sénégal 

AWOUSSA yo ki te sòti Nijerya 

YORUBA yo ki te sòti Nijerya 

KANGA yo ki te sòti Zambie 

IBO/IGBO yo ki te sòti Cameroun. 


IGBO yo se te gwoup ki te konn touye tèt yo lè sa pa bon pou yo, yo se sèl gwoup nwa ki te plis renmen touye tèt se pa pou san rezon ayisyen pito di w: Pito nou lèd nou la.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel