4 fòs kosmik yo
nan Nom 4 Fòs kosmik yo💦🌴🌍🌬️💨🔥
*Fas a LÈS di :*
*Onè respè pou ou, mèt Van.*
Ou menm ki pote bon, ki pote move. Souple, pote bon pou nou jodi a. Konsa kò nou, nanm nou, ak lespri nou va jwi benediksyon ou yo. Mete oksijèn nan nou menm moun, zannimo ak plant, pou nou kontinye egziste fas ak move brimad lavi.
Nou mande ou tout sa, nan non'w :
Loko Dje, Wa Loko Alade, Dosou Loko, Azanyon Loko, Loko Azanglo Gidi, Loko Davi, Loko Sidaho Freda, Loko Dou.
*!!! Ayibobo !!!*
*Fas a LWÈS di :*
*Onè respè pou ou, Mètrès Dlo.*
Ou menm ki ban nou dlo ki se lavi. Dlo ki nan kò nou, nan sous yo, rivyè yo, lanmè yo, lak yo, flèv yo. Dlo ki nan twou bwa yo, twou wòch yo. Dlo ki nan letan yo, ak ravin yo. Pèmèt yo itil nou nan jan pa yo, nou menm moun, zannimo ak plant, ak tout sa ki sou tè a ki bezwen dlo.
Nou mande'w tout sa, nan non ou : Mèt Agwe Oyo, Agwe Ta Oyo, Agwe Mede, Mètrès Lasirèn, ak Simbi yo.
*!!! Ayibobo !!!*
*Fas o Nò di :*
*Onè respè pou-ou, manman Latè.*
Ou menm ki pran swen, nou menm moun, zannimo, ak plant. N'ap mande'w kontinye ban nou lespri bon konprann, konsa n'ap sispann fè dezòd pou nou deranje'w. Konsa n'ap konnen, deranje'w se nou menm menm n'ap deranje ak detwi. Manman, nou kite egoyis ak ògèy gide nou. Souple, ede nou retounen sou wout sajès, tolerans, ak disiplin.
Nou mande ou tout sa, nan non'w :
Ayizan Velekete, Ayizan Gwètò, Grann Ayizan, ak tout lwa Zaka, ak Gede yo.
*!!! Ayibobo !!!*
*Fas o SID di :*
*Onè respè pou-ou Sole, mèt Dife.*
N'ap mande ou mete plis chalè nan kò nou, nan nanm nou, ak nan lespri nou pou nou fè travay Ginen-an. Pèmèt lespri nou klere menm jan ak ou, Sole. Klere chimen nou menm moun, zannimo, ak plant, pou nou pa bite, alewè tonbe. Nou mande'w tout sa, nan non'w : Ati Sole, Rèn Sole, Danballa Laflanbo, ak tout Lwa Petwo Kita ak Nago yo.
*Ayibobo Ayibobo Ayibobo*
Comentarios
Publicar un comentario