Rèv
REV !
Yon serpent ki pase nan kou yon timoun symbolize fertility , ak prosperity nan tribi igbo ak nibo se konsa danbala reprezante , gen moun souvan fe rev men ki pa konprann li , nan chak rev gen siy,mesaj , ak energy rev la degaje kap few konnen egzak siyifikasyon li , konsa se pa tout moun ki gen kapasite pou enteprete rev, se yon don li ye !
men yon moun ki we koulev anba pyel reprezante viktwa, sexe ak serpent montre kew synchronized ak énergie li , men nan ka kontrè menm rev sa siw te wè vant ou gwo sa tap vle di ou andanje, si lew leve ou we devanw few mal oubyen wap bay sang 🩸, sa vle di w gen gwo problem mystik, si w wel ap kouri deyew sa vle di w feb, siw nan dlo sa vle di esprit ki ak ou vibre sou dimansyon dlo , nan ka kontrè siw wel marew nan dlo a sa vle diw pral mouri oubyen yon proch ou , siw wel ap pale epi w pat ka tande sa vle di w anvoute, siw tap kouri epi w paka kouri sa vle di w pesekite , siw wè w mele ak koulev yo ou pa ka demele sa vle di yo marew, entepretasyon yon rev defini parapo ak siy, énergie, ak mesaj li bay la , tankou gen moun ki ap fe yon rev andan rev sa li fe plizye lot rev pafwa ki difisil poul sonje, yo rele sa “ yon rev ki anbwate nan yon lot rev “ le sa dimansyon subconscient ye a depase limit li ou vwayaje trè lwen, rev ti koulev symbolize harmony ak alyans!
Koulev reprezante yon puissance énergie spirituelle infinie !
Nan sans sanskri li se kundalini ki vle di yon cercle infini ♾! Ki reprezante yon énergie ki pap janm bout!
Énergie sa chita nan kolon vertébral ou ki konekte ak tout sak nan ou visible et invisible!
Koulev la reprezante pa plizye espri pami yo danbala ak ayida ke nou vénéré anpil nan rit vodou !
Dangbala , ayida esprit multidimensionnel , esprit de sagesse et de la connaissance!
Chak koulè yo reprezante dimansyon li vibré !
Ayibobo Dangbala wedo tokan miwaze, ayida wedo ak tout eskot li 🙏🏽
Comentarios
Publicar un comentario