Meditasyon
MÉDITATION
Mwen te mande lwa yo fòs !
Lwa yo fèm fe fas ak anpil difikilte pou m ka vin pi fò pou jem ka louvri pi klè , pou m ka vin pi konprann lavi a , mwen fini pa konprann pi gwo leson yon nonm ka aprann nan vi sa , se nan soufrans, se nan difikilte wap aprann li , se le sa wa va konnen kiyes ou ye , ki kotew soti , ki kote w ye , ki kotew prale , se le sa wa va konprann kiyes ki dwe nan antouraj ou , se le sa tou wa va konprann kiyes ki avek ou , kiyes ki pa avew , se le sa wa va konprann kiyes ki fanmi w kiyes ki pa fanmi w !
Mwen te mande lwa yo sajès !
Lwa yo banm problème poum rezoud !
Mwen fini pa konprann sajès pa obeyisans, se la map konprann sajès se yon dimansyon spirituel ki pemet ou ekilibre têt ou ak antouraj ou , mwen fini pa konprann kisa ki vrè sajes la , se la mwen rive wè sajès pa obeyisans sajès se konsyans! Se konesans!
Sajès fem konnen kile poum louvri bouch mwen kile pou m femen l !
Sajès fem konnen kile poum aji ak tandrès kile poum aji ak arogans!
Mwen te mande lwa yo kouraj
Lwa yo banm danje pou m délibéré , mwen Komanse libéré vye fòs fenwa kite andanm yo pou m lese plas pou fòs limyè antre , Komanse libéré demon kite kache andan mwen pou lese pase fòs lwa yo antre , mwen komase lese pase tout moun kite vin brize kè m , nanm mwen pase pou m lese antre moun ki vin dekonstwi m pou rekonstwi m , mwen libéré nanm mwen de dout mwen yo , mwen libéré kò m de anpriz chanèl yo , mwen libéré tout vye fòs kite anpeche lespri m aprann , se la mwen konprann tout fòs map chache deyo mwen genyen yo andan m , se la map konprann tout ide , konesans, metriz map chache deyo mwen genyen yo la andanm li sifi selman mte reveye fòs sa yo , se la map konprann tou gen bagay ou pap konnen , ou pap janm metrize si w pa mete lavi w aleprev, si w pa mete konesans ou fòs ou aleprev, se la tou mwen rive wè tout bon vre kiyes mwen ye et kisam ka fe !
Se la tou map konprann, si yon moun vle reyisi fok li gen kouraj men kouraj Sa pap soti lot kote anko ke andanw , fòs la se nan ou li ye pa chachel lot kote !
Mwen te mande lwa yo lanmou !
Men lwa banm anpil moun pou m ede!
Se la mwen konprann, chak moun ou kwaze sou chemen w gen leson anplis yo pote nan lavi w , yon konesans anplis, se la tou map konprann ke konpasyon an gen yon gwo plas andan kè’m kote yon sous lanmou pete , lanmou an djayi andan kèm!
Mwen fini pa reyalize Koman m antoure pa anpil moun ki renmen m ki pataje lanmou avek mwen menm janm pataje lanmou avek yo chak jou ! Lanmou m pou nou pagen komansman ni Lafen
Se la map konprann chak grenn vi konte , chak nanm konte !
Lwa yo te koute pawol mwen yo , epi yo banm sam te vle a !
Sam vle fe w konprann, pafwa saw mande lwa yo pa vini direk janw ta imajine li an , bagay yo pap vini egzakteman jan ou menm ou ta vlel la , yap vini plis ke sa !
Mete bon sans ak bon konprann pou wè sa lwa yo vle montre w ! disèneman , klèvwayans , klèwodyans !
Pagen lavi san eprev toujou mete Sa nan têt ou ! Pagen reyisit san objectif!
AYIBOBO.
Comentarios
Publicar un comentario