Beny deblokaj
Reset deblokaj
Beny Remanbre: Deblokaj
Bon Si w Toujou ap Reve w Lekòl Nan Klas, nan Ekzamen men Jamè fini ou Pase. Depi w konsa se bloke yo bloke w yon kote pou w pa pwogrese, toujou gen bagay ki p ap janm ka fin mache menm si w rive tou pre solisyon an. W ap fè beny Remambre a jiska 7 fwa pandan 7 jou youn apre lòt. Si w santi w nan gwo toumant ak blokaj lontan fè beny Giyon an ki sou paj la anvan, epi nan demen fè Beny Remanbre. W ap kontinye fè beny Remanbre a sèlman pandan tout semèn lan. Depi sou premye beny lan w ap gentan wè chanjman nan plan rèv ou.
Engredyan:
3 men bazilik, 1 men tibonm (mant), 1 bout Lalwa, 3 tèt sitwon, 2 bout bwa pen ak bwa gwo medsiyen ak bwa pini, 3 fèy Twa Pawòl, 1 ti kouwòn asosi, 7 fèy Ave, 3 ti branch 3 Zòm Fò, 1 ti branch Sansès (li rele fèy Kaka Poul), 3 dan lay, 21 grenn jiwòf, 1 ponyen sèl grenn, 3 bidon dlo lanmè, 1-2 galon dlo frèch, 3 bouchon kleren blan, 2 bouchon alkòl blan, 3 gout pafen (Florida ou nenpòt sa a sèvi). Si w jwenn Wou (Yo rele l Rue oswa Ruda tou) ajoute l.
Li bon sitou lè w vle oswa fin soti anba kontwòl ak enfliyans yon move enèji oswa relasyon toksik. Lè w dewoute ou vle reprann wout pa w. Lè w sante je w pa fin Klè, desizyon w yo pa parèt natirèl ou nòmal. Lè w santi w vle gen plis jèvrin pou fòtifye tèt ou, epi w pare pou yon nouvèl etap. Lè w pral nan yon rankont ou echanj vèbal ak yon moun ou pa vle domine sou ou ankò. Li bon pou moun ki pa stab nan desizyon ki toujou ap chanje lide nan dènye moman.
Ou ka fè beny nou yo nenpòt jou, si jou a enpòtan n ap presize sa nan pòs la, si n pa mete jou obligastwa ak lè konenn l pa bezwen sa. Pa fè simagri limen okenn balèn ni salye 4 fasad. Plant yo deja gen pouvwa pou geri nou pou kont yo, se pa yon lespri k ap vin mete l ladan l. Si nou vle fè sinema se nou menm. Si gen remèsiman se Granmèt Souf la pou nou bay li paske se li gen sekrè kreyasyon tout sa ki ekzsite yo.
Li ede w kwape move enèji sitou ki te nan anviwònman ou twò lontan oubyen lè w santi kò w chanje men pa nan bon fason. Li bon tou si w leve anba yon vye maladi.
Comentarios
Publicar un comentario