Jou vandredi
Senmenn nan gen 7 jou
An nou konprann kèk bagay sou jou sa
Jou vandredi sa
Bon jou move jou se yn jou ki trè pwisan pou fè byen ou mal .
Jou sa li konekte ak Youn nan 9 planèt yo
Jou vandredi konekte avèk planèt Venis la
Planèt Venis la rapòte nou
Anpil proteksyon ak pouvwa
Anpil prospérité sou koze ekonomik nou
Sa yn bon anpil se sa nap chèche
Nou pove yn ti agiman ki ran jou sa positif
Si gen jou ki konekte ak planèt yo ebyen espri nou manifeste chak jou paske yo pa janm chomé.
Nou tou devwa konnen sa .
Koze 4 gran fòs kosmik yo souple
Van -dlo-dife-tè
Jou sa se jou van sa kapab soufle sou nou ak anpil enègi nan pouvwa papa loko ki se mèt van .
Jou vandredi sa toujou kapab bon pou nou ak eleman dife yo ki gen pou wè direksyon sid ak pouvwa papa ogou.
Menm jou vandredi sa kole ak nou pou ede nou retrouve enègi tè a toujou menm ak ogou nou an kouzen zaka
Ogou èzili dantò kouzen zaka ayizan se mèt latè
Sonje byen
Enègi èzili an toujou manifeste jou sa men se sou 6 zyèm dimansyon ak èzili zye rouj la 7 kout Koto souple.
Depi yo ponyadew san déjà koule
Dimansyon sa égal Diab paske li gen figi vanjans sou tout abi yo fè nou .
Sou menm jou sa tout lwa sa yo kole tèt yo ansanm pou transfòme jou sa an jou Diab ki se yn bon reyalite .
Dimansyon solèy la mélange ak marasasa nou yo bosou lenglensou agawou èzili zye rouj la kalfou
Ansanm konplotè lwa sa yo
Sou sa yo fè nou ki mal jistis la Ka parèt o profi inonsan yo.
Viktim yo ka toujou peye sa yo ki mal fas a inonsan yo.
Sa yo vrèman bon respè Youn pou lòt aplike nan fason sa .
Sa yo se kèk bagay ki reyèlman bon vre ki pouve nou jou sa se jou Diab la
Kelkeswa Moun ou ye a
An nou mache sou prensip ak bon jan regleman fas ak lavi nap viv la dekwa pou lanati pa jije nou mal.
Comentarios
Publicar un comentario