Libasyon
Libasyon
Gen yon gran "hypnothérapeute américaine" ki te rele Dolores Cannon. M te sezi dekouvri youn nan sekrè richès li, sete libasyon. Sak bèl la, li ansenye sekrè sa ak anpil moun avan l te mouri.
Madanm nan di w, si w leve chak maten bonè ansanm ak solèy la, ou salye 4 eleman yo (4 fasad) ou sèvi latè dlo, ou fè kèk minit ap remèsye sèlman san mande... Si w vrèman fè sa chak jou, wap rete konsa wap atire yon bann bagay pozitif nan vi w. Se sa nou rele nan vodou jete dlo a. Gen moun ki rele l sèvi dlo, mwen menm wè l tankou dlo m mete nan tè. Sa vle di Dolores Cannon te konn pratike yon seri filozofi lavi vodou ki te atire abondans nan vi l.
Anpil moun, tout nasyon puize nan vodou pou reyisi, pou reyalize gwo bagay nan vi yo. Yo itilize metòd ki senp ke nou menm ayisyen jete paske kolon yo te di paran nou, se pratik demonyak epi paran yo transmèt manti sa yo ban nou.
Epoutan dyab sa enstale lakay yo byen rèd. Vodou se sous la, lap rete sous kote tout èt lib pou puize. Ou menm ki kolonize jouk nan mwèl ap kontinye rele l bagay sal. M swete w libere toutbon yon jou!
Comentarios
Publicar un comentario