Krich
Enpòtans krich oubyen Govi genyen nan vodou a?
Krich la se kisa l ye?
Krich la jan w ap gade nan foto a se yon bagay ke yo fè ak ajil.
Krich la jwe yon wòl enpòtan nan vodou a.
Nan tan lontan zansèt yo te konn bwè dlo ladan l, paske aji l la vrèman bon pou anpil maladi, e dlo sa toujou fre, piga nou konfonn krich ak kannari non, krich la pi piti ke kannari a.
Yo rele mò ladan l men lè sa yo rele l Govi.
Yo mete gad ladan l, banm tou di w sa depi w rive yon kote ou wè yo mare bouch krich la ak yon ti twal blan, nwa e wouj konnen se yon gad ki ladan l.
Yo mete moun chita ladan l tou, lè w wè yo mare bouch la ak yon ti twal blan e nwa epi yo mete l chita sou yon ti chèz nan mitan peristil la konnen se yon moun yo mete chita ladan l.
Yo mare moun ladan l tou, depi w wè yon ti twal wouj e nwa mare bouch la epi yo mete l chita sou yon ti chèz epi yo mare chèz sa ak tout krich la, konnen se yon moun yo mare ladan l, depi yo ougan sa kraze krich la konnen moun sa delivre.
Si w genyen pou ale nan tribinal ak yon moun oubyen plizyè moun, wap achte yon krich, wap achte yon fèy pachemen vyèj epi wap ekri non tout moun sa yo ladan l, epi wap lage fèy pachemen an anndan krich la, epi ba l kleren e ba l manje, epi mare bouch krich la sou pawòl ou se pou bouch moun sa fèmen lè l rive nan tribinal la avè w pou bouch li plen dlo.
Si w genyon moun ki mouri de fason dwòl, wap achte yon krich ak yon fèy pachemen vyèj wap ekri non tout moun ou sispèk ki nan konplo a pou te touye moun nan, wap lage fèy pachemen sa nan krich la, mete tout ti manje bouch manje ladan l, mete kleren epi mare bouch la, pran krich sa kite l fè 3 ou 7 jou anba tè, aprè sa pran l ale kraze l nan yon kafou di se pou dife pran nan mitan moun sa yo, se rete wap rete wap tann youn ap touye lòt, youn ap denonse lòt.
Si mari w oubyen madanm ou mouri, men ou pa vle pou mò sa vin kouche avè w nan dòmi, ou pa vle pou l vin nwi w, men sa wap fè, ou prale nan mache wap achte yon krich avan antèman fèt, wap pran non moun sa wap ekri l nan yon fèy pachemen oubyen yon foto l, wap mete l nan krich la, epi wap mete tout ti manje bouch manje, wap ba l kleren si moun sa te renmen bwè kleren, oubyen byè si moun sa te renmen bwè byè, wap di m ba w manje, m ba w bwè aprè jodi a ou pa nèg mwen oubyen fanm mwen ankò nou kite, wap tann pandan antèman fin chante yap sòti legliz la wap pran devan, ou pral chita nan premye kafou yo pral pase ak sèkèy la, wap chita sou yon ti chèz epi wap kenbe krich la nan men w, wap pran yon moun ki nan antèman wap mete l chita sou ou, wap di entèl sa vle di non mò a, wap di men mari m oubyen men madanm mwen, m prezante w li aprè jodi a se li ki mari m ou madanm mwen, epi wap tann yo fin pase ak sèkèy la wap kraze krich la, se pou chak lè lò sa vini pou l vin kouche avè w se moun sa ou te mete chita sou ou a lap wè sou kabann nan.
Pou moun kap pran gad nan krich yo, toujou mande ougan kilè wap lage bouch krich sa, paske gad la pa ka rete twòp nan krich la san w pa ba l manje li pap bon pou ou, ougan dwe fè w lage l aprè 1 an 1 jou.
Comentarios
Publicar un comentario