Lwa Marasa
Lwa Marasa Orijin lwa Marasa Pou nou jwenn Esans e Orijin Marassa yo n'ap remonte nan pèp Yoruba yo ki se Nigeria aktyèl, Nan Peyi Kameroun, Pèp Ibo yo nan Awoussa yo e nan kèlke Pèp kongo yo Popilasyon Yoruba ak Awoussa yo te konn gen anpil Marassa . Men nan Kongo yo Marassa yo se te nan Forè yo ke yo te konn al prezante yo paske yo te toujou panse ke se te pitit Simbi yo, yo te ba yo Non ki rele "Mbassa " ki signifi Jumo yo". Nan zòn Kameroun yo te konn konsidere Marassa yo kòm malediksyon e yo te konn tiye yo depi yo fèt, aprè yon epòk done gen paran ki te konn di non yo pap fè sa ankò, yo te kenbe yo e yo te fè Fèt ak gwo Rityèl pou resevwa yo. Nan Pèp Yoruba, yo te rele Marassa yo Ibeji.Ibeji se Lespri ki nan Marassa yo ki pwoteje yo e se sitou nan Pèp Nigeria yo. Marassa yo te vin reprezante yon senbòl Mistik pou chak nan Pèp sa yo a chak fwa yo te fèt paske anpil fwa yo te konn konstate ke yo te gen pouvwa de gerizon e pouvwa pou yo te pini Manman yo ak...