Lwa Lenglesou
Lwa Lenglesou
Lenglensou kiyès lwa sa ye?Nou konnen genyen 4 Lenglensou.- Genyen Lenglensou Gè. - Genyen Lenglensou Lenglensou basen san. - Genyen Lenglensou Danman. - Genyen Lenglensou Pyè. Lenglensou yo se lwa ki sou dimansyon Gad Pwen.Kilè yon lwa sou dimansyon GAD?
Lè yon lwa sou dimansyon gad se yon lwa ki la pou pwoteje. Li kapab pwoteje biznis ou, lakou w, bitasyon w e ou menm tou. Depi lwa sou dimansyon Gad ou kapab jouke l' nan nenpòt bagay ou genyen.
Kilè yon lwa sou dimansyon pwen?
Lè yon lwa sou dimansyon pwen, sa vle di ke lwa sa ou pa kapab travay avè l' san ke w' pa jouke l' sou dimansyon pwen an. Lè w' leve nan yon bitasyon ou jwenn yon lwa, pa egzanp bosou, Lenglensou avan w' kòmanse Sèvi yo ou dwe ale chèche konnen sou ki regleman granmoun ki t'ap sèvi avè l la te mete l'.Ou pa menm chèche konnen ou pran lwa sa ou tonbe fè demand avè l', mande l bòlèt, lajan san w pa chèche konnen si se pa sou yon lòt regleman li te ye sa w' tande a pwoblèm.
Yon pwen se yon ansanm enèji, se yon ansanm gad ou mete ansanm ki bay yon pwen. Moun ki te la ki t'ap sèvi ak lwa sa gen dwa pa t' konn ba l' san, ou menm ou pa menm chèche konnen ou tonbe nan touye bèf pou lwa sa san ke w' pa jouke l' sou regleman pa w', lè w' vin pa jwenn bèf ak san pou ba l' lap manje w'.
Vodou a gen 3 bagay ladan l': Tande, aprann e aplike.
Lwa Lenglensou yo konn sou tou 2 regleman yo a la fwa. Li konn sou regleman Gad pwen, avan w' sèvi avè l fòk ou jouke l, sa vle di ke li pwoteje e travay. Lè w' fin jouke espri sa sou regleman pa w se ou menm kap kòmande l', tout sa w' di l fè l'ap fè l', e ou ka chwazi ba lòt non ou vle.
Lenglensou Gè manje kochon kribich, gen kote yo rele l' kochon raba, se yon kochon jòn, li konn gen ti takte blan, nwa tou.
Koulè Lenglensou yo se wouj, men gen bitasyon lè l' mache sou estòk lwa bosou yo yo konn ba l' pote Koulè wouj e nwa.Lè w jouke Lenglensou a ou ka akonpanye l ak yon lòt espri se lè sa w ka ba l' pote yon lòt koulè nwa. Rezon ki fè w ka ba l pote yon lòt koulè tou lè w fin jouke l se pou l pa twò cho.
Si w genyon regleman ak Lenglensou ou bliye regleman se ou menm kap peye tèt kase a, li pap ede w peye l. Lenglensou pa jwe, li touye e li maspinen ak ponya l'.
Lenglensou manifeste sou 2 rit nan vodou a.
Lenglensou manifeste sou rit petwo lè l sou dimansyon Gad pwen. Li manifeste sou rit nago lè l' sou dimansyon Gad sèlman.
Si wap jouke yon Lenglensou sou dimansyon Gad pwen se sou rit petwo a pou jouke l. Si wap jouke l sou Gad sèlman se sou rit Nago a pou jouke l.
Lè Lenglensou sou rit Petwo a li vin mechan anpil, lè sa ou ka akonpanye l avèk lòt espri tankou Belekouyemenn, oubyen Bosou.
Lè l' sou rit Nago a, ou ka akonpanye l' ak youn nan ogou yo, tankou ogou Badelo, Ogou feray, paske lwa sa yo renmen dife, lè w ale kay ougan fè ou wè ki nan lakou a sa yo toujou ba l dife a se la wap jwenn Lenglensou a sou rit nago a, gen kote yo rele l feray, Latibonit yo rele l Lisifè.
Se pa tout bitasyon ou jwenn Lenglensou, men depi w tande Bosou, Ogou feray, Belekouyemenn ou mèt konnen Lenglensou pa lwen kote sa.
Lenglensou se yon lwa ki chich anpil, paske l konnen si l ba w lap difisil pou l jwenn nan men w, konsa tou si l resi ba w konnen lap kontinye ba w ale nèt men depi w fè l fache ou pap janm jwenn afè l ankò paske l vrèman sevè.
Lenglensou manje diri wouj, li bwè diven wouj, ou ka ba li l anmè ou dous sa depan de regleman bitasyon w.
Lè l sou rit petwo se diven wouj pou ba l.
Lè l sou rit Nago se rhum, bon jan kleren blanch pou ba l, paske w pap ka ale devan feray la ak diven, si w ale ak diven devan feray la se san ou vin mande l.Tout moun konnen nan mistik diven wouj se san.

Comentarios
Publicar un comentario