Bitasyon ak Demanbre
BITASYON, DEMANBRE
- Bitasyon: se rasanbleman gad familyal, se kote manman w' ak papa w' fèt.- Demanbre: se rasanbleman gad rasyal, se kote gran gran paran yo fèt. - Gen 2 tip Bitasyon: Bitasyon segondè ak Bitasyon prensipal. - Ougan: se yon chwazi de yon bitasyon ki gen yon sèl men, ki se men dwat, li la pou'l fè byen sèlman li se yon gid pou fanmi an. -Bòkò: se yon chwazi tou li travay ak 2 men, gòch et dwat, don sa bay pa Mèt gran Bwa ile ki soti en Afrik ki bay li, li konbat mal e li fè byen. - ASON: se yon don, yon konesans ke yon antite ba wou. Gen twa tip Ason : 1- Ason Mèt Agwe, li pèmet ou fè limyè, klere pou wè, se yon ason moun nan al pran anba dlo ;2- Ason Mèt Simbi Macaya, li bay konesans sou tout fèy nan bwa, moun ki gen ason sa se yon gerisè.3- Ason Mèt Loko Atyasou, Ason de la connaissance, donné aux élites du pays. Yo vi-n chèche'w lanwit mennen'w nan forè kote antite sa al ba wou'l.Sa ou dwe fè nan yon bitasyon.- Kèlkeswa sa ou vle fè nan yon Bitasyon toujou asire'w ke priyè mò'w yo fèt avan (se yon pè savan ki dwe ede'w nan sa.
Lè sa Bitasyon an reveye.- Si w'ap deplase ou pral Kay yon Ougan w'ap pran yon balèn vyèj w'ap prezante l' nan kat eleman anndan bitasyon-an ou pale sou li san ou pa limen l' ou di sa ou pral fè, ou mande gad bitasyon'w pou yo fè Ougan wè sa'w bwezwen oubyen pou Jwen solisyon ;Ou pa dwe pase yon ane san ou pa al nan Bitasyon'w.
Comentarios
Publicar un comentario