Èzili Dantò

 Pou'w antre an kontak dirèk ak Dantò ki di Madan Lenba.





Kòman ou ka rekonèt Èzili Dantò nan yon peristile?

Se sèl lwa sa ki gen wòb tradisyonèl ayisyèn ke tout fanm nan peyi dayiti kapab swiv pou yo fon wòb pou yo mete, ou santi ayisyanite a nan li lè'w wè. Kòman’w ka rekonèt Dantò nan yon peristil?
Tèt li mare ak mouchwa ble a.

Ki odè Dantò renmen? Se le w' pran sant bazilik, ti bonm, sitwonèl, florida, rèv dò, ponpeya ou santi dantò nan kay la. Lè'w an detrès lènmi barew anwo, lènmi bare'w anba, ponya ki konn nan men manman Dantò a w'ap pran l' ou siyale avè l' 4 fasad epi w'ap tande vwa manman an k'ap ba w' direksyon, ou konn swaf ou grangou ou pa konn sa pou w' fè ou pran boutèy diven wouj manman dantò a ou jete 3 kout devan pòt kay la, w'ap tande vwa l' k'ap pale andan w' epi swaf w'ap pase. Kisa Dantò manje? Yon poulèt poul nwa, ou byen yon wonn kou kochon, duri jòn, pwa nwa, bannan, patat, yanm ou pa bezwen fè sèvis lakay ou pou w' manje manje yo, jou madi a ou leve ou prepare manje sa yo ou invite l' vin manje ak ou epi grangou w' fini. Bwè kola ak la fanmi an epi dantò ap vin bwè avèw.
Manman inivèsèl, fanm sedwizant, fanm respektyèz, fanm lanmou, fanm sansib, fanm karesan, fanm ki pa nan diskriminasyon, fanm ki renmen toul sa ар moun ou se nanm nou manman.
Pou pale ak Èzili Dantò 

Pou'w pale ak li w'ap bezwen yon ti chodyè 3 pye, lwil maskriti, grès kochon, yon diven wouj, 7 piman bouk si se yon bagay prese prese w'ap mande'l ki vle di yon bagay ki cho w'ap mande'l, poud presipite wouj, 3 kalite pwav (pwav towo, pwav ginen, pwav manje ki vle di pwav yo konn fè manje-a).

W'ap pran ti chodyè-a avan'w sèvi ak li w'ap lave'l ak tè ki vle di w'ap foubi'l ak tè apresa rense'l ak dlo tyèd ke'w pran ti florida ou ajoute ladanl, apresa w’ap siye chodyè a ak yon ke wòb-ou oswa pwent chemiz ou/mayo'w ou oswa yon mouchwa ke'w te gen pou metrès la deja.. W'ap pran ti chodyè sa-a w'ap vide lwil kochon an apresa ou ajoute lwil maskreti-a apresa mete 3 kalite pwav yo apresa mete 7 piman yo apresa mete presipite wouj la, w'ap fè yon mèch koton ak le pouce ak le majeur ou (pa kite index ou touche ak mèch la) epi w'ap mete'l chita nan mitan chodyè-a ... apresa limen'l prezante'l 4 fasad epi apresa depoze'l atè vide 3 gout diven atè epi chita fè demand ou pale ak mètrès la, konsantre'w sou sa w'ap fè a libere lespri'w de tout vye panse negatif. N.B.-Pa bliye avan'w fè travay sa ou dwe benyen ak dlo lanmè oswa si'w pa gen dlo lanmè ou pran dlo ou ajoute sèl san sèvi ladan'l pou'w kapab pirifye'w epi netwaye kay ou byen pwòp vide florida nan kay la fè kay la santi bon, si'w pa gen florida sèvi ak bazilik epi chanje dra sou kabann lan se swa dra a koulè blan oswa koulè mètrès la renmen an...
Si’w byen fè'l ou kapab tou wè mètrès la je klè.

Eziie Danto èzili Se Youn Nan Lwa  Ki Pi Komen Nan Vodou . Li  Asosye Ak Jistis, Pwoteksyon , Biznis , Abondans , Pwosperite , Se Yon Divinité Ki Asosye Nan Relasyon Fanm Ak Gason , Nan Zafe Fetilité Li Se Yon Jeni , Pwoteksyon Timoun, Ledikasyon Ak Koman Pou Leve Pitit . Yo Souvan Reprezante l Avèk Yon Tibebe Nan men Dwat Li , Avèk Yon Ponya Nan Men Goch , Ki Senbolize Pwoteksyon , Nan Zafè Jistis Yo Souvan Reprezantel Ak Yon Epé Nan Men Goch , Yon Balans Nan Men Dwat . Vèvè Li Reprezante Ak Yon Kè Epi Yon Ponyan Pèse Kè A , Ki Siyifi Vanjans . Nan Rit Bizango , Ezili Dantò Se Yon Rèn sou non JÉ WOUJ  ... Li Se Yon Lwa Ki Manifesté Sou Eleman Tè Ak Difé nap  jwenn lwa sa sou plizye dimansyon , men divinite sa prezanté sou 3 gwo dimansyon kote yo vini nan yon sikonstans espesifik , dimansyon jenn fanm, li se ezili freda , dimansyon manman pitit ,li se ezili dantò , dimansyon grann, li se grann èzili . nan eskot èskot èzili nap jwenn : èzili dantò ; pwoteksyon , jistis , souvan akonpanye ogou feray , ogou badagri , ogou yanmsan . èzili  jéwouj  : vanjans , rèn lagè, souvan akonpanye ogou jéwouj , ogou fè aleman , ogou misan , ogou lélé . èzili balyann : gerizon  , wanga fèy nan bwa souvan akonpanye mèt granbwa ilé. èzili danwezo: manifestasyon pwisans dife lwa boukan dife ak gerizon nanm , souvan akonpanye , simbi danwezo . èzili danpetro : manifestasyon pwisans tè a , souvan akonpanye tijan petro , mèt bize . èzili mapyangé ou mapyang : riz ak estrateji , souvan akonpanye badè-koulélé , ak sobo-naki . èzili 7kout-kouto: Rèn lagè , vanjans , souvan akonpanya , ogou balizay , ogou badagri . pou'm site sa yo selman , nan eskot ezili an nap jwenn plizye dimansyon ak atribisyon . Men ki Jan Lanp Dantò monte... *Lanp Cho Ezili dantò* - yon ti chodyè 3 Pye - yon ti Koton Peyi - Lwil maskreti - Lwil (grès Kochon) - 3 ou 7 piman bouk, ou piman Zwazo. - 3 kalite pwav - yon boutèy diven wouj - yon fèy papye blan, Pou ekri demand ou.

Ki jan pou pale ak metrèss Dantò Wap bezwen yn ti chodye 3pye grès kochon lwil maskreti Lwil leman lwil bazilik Lwi akasya Pwav ginen ak piman Jijiri presipite rouj Koton peyi wap fè mèn la nan chodyè a epi wap ajoute tout bgay yo nan chodyè a epi wap met yn ti pafin florida epi wap fè kò u bien santi bon epi divin rouj u balèn bleu wa pou  adrese metrèss la.

Ezili dantò Ezili danto nan latibonit yo relel madan yo relel madan lenba nan nò peyi a yo relel madan borang         Ezili borang C yon lwa ki pran fom koulev Ezili nan langaj  "fon" ki vle di fanm Ezili nan twa etap ak plizye dimansyon Le fanm nan gen mari ak pitit li gen responsabilite c etap ezili danthor Le fi a jèn c etap ezili fred Le fanm nan vinn granmoun  c etap grann zili Ezili dantò pou tout peyi a Jou mardi ezili dantò sou rit rada yon mouchwa ble mare tet li yon ti pitit sou bral sou rit sa u di ayibobo pou li Le ezili sou rit petwo li genvyon ponya nan menl ak bouch li plen san li mare tet li ak yon mouchwa nwa yo salyel sou rit sa bilolo Lel sou rit petwo c la ren chanpwel Nan nò peyi ezili borang c yon lot bagay jou li c merkredi Nan ba lenbe lel manifeste u k wel ak de kouto nan menl oubyen yon manchèt le sa li sou rit rada Madan borang sou rit petwo mche mwatye moun  mwatye bet ki c koulev c yon lwa ki bay anpil lajan .

Dantor fe pati escorte Erzulie Li sevi ak mouchwa bleu Konsa li mache ak mouchwa rouge lew tou metel sou regleman ak mouche li ogou (selon bitasyon epi joul ap tou mercredi tou) Jour dantor se mardi samedi Parfum li se florida Yo servi k hombre reve d'or tou Salutation dantor Se bilolo bilolo Yo canalise espri sa sou principe feminim kote couleur li se noir Imageli reprezante ak yon bb sou bra li epi yon ponya nan lot men an kote visage li gen 2mak ladann Histoire rakonte sak fe li ge mak sa se mapyang ki te soti pou voleur pitit li an Kote li nan batay lan li rive pran mak sa nan figil
Lwa oubyen enègi fòs èzili a Tout Moun dwe konnen èzili sinifi fanm e fanm reprezante lavi. Kelkeswa jan sa ye ou menm ki rele moun ou ye a  pi gwo sakrifis la ki kontribiye pou gen vi sa se yn fanm .               Ou menm ki se yn fanm Mw vlew konprann byen ou se lavi kap bay lavi nan nou tout ou se inik yn fanm ki la pou yn misyon ki pa piti.                  Èzili nou yo      Lwa sa kòmanse bay anpil vye frè do san yo pa menm konnen  rezon an poutan tout dimansyon èzili yo pa janm renmen lè gason ap pale fanm mal oubyen trete Preske tout fanm ki nan antouraj yo mal. Pi gwo malediksyon ki panche sou laviw yo anpil sou konnen lè grenn lapli ap sot anwo pou tonbe anba sa vle di malediksyon sa yo          ( San konte)       Konnen sa lèw trete yn fanm mal Ou maltrete prop lavi ou sa menm rann ou redwi dimasyon lwa èzili a nan antouraj ou.                       Nou kout byen 2 gwo bagay ke lwa sa plis sansib se fanm yo ak timoun ki tou  piti yo kap grandi ki poko kon byen ak mal Ou menm ki se yn vrè spirityalite lite pou respekte fanm ak timoun Piti nou yo.
Lwa oubyen enègi fòs èzili a Tout Moun dwe konnen èzili sinifi fanm e fanm reprezante lavi. Kelkeswa jan sa ye ou menm ki rele moun ou ye a  pi gwo sakrifis la ki kontribiye pou gen vi sa se yn fanm .               Ou menm ki se yn fanm Mw vlew konprann byen ou se lavi kap bay lavi nan nou tout ou se inik yn fanm ki la pou yn misyon ki pa piti.                  Èzili nou yo      Lwa sa kòmanse bay anpil vye frè do san yo pa menm konnen  rezon an poutan tout dimansyon èzili yo pa janm renmen lè gason ap pale fanm mal oubyen trete Preske tout fanm ki nan antouraj yo mal. Pi gwo malediksyon ki panche sou laviw yo anpil sou konnen lè grenn lapli ap sot anwo pou tonbe anba sa vle di malediksyon sa yo          ( San konte)       Konnen sa lèw trete yn fanm mal Ou maltrete prop lavi ou sa menm rann ou redwi dimasyon lwa èzili a nan antouraj ou.                       Nou kout byen 2 gwo bagay ke lwa sa plis sansib se fanm yo ak timoun ki tou  piti yo kap grandi ki poko kon byen ak mal Ou menm ki se yn vrè spirityalite lite pou respekte fanm ak timoun Piti nou yo.

Erzulie Danthor se yon Fanm vanyan, yon machann Fritay, li se yon Fanm ki toujou la poul akèyi tout moun tout kouch paskel se yon machann, Danthor Ka ede yon moun lèw santiw pa gen pèsonn, Li Ka edew nan diferans bezwen soirityèl, li Ka edew nan fwayew, nan biznis ou etc... Priye Danthor se Sèl fason pouw retrouve fòs ak espwa lèw santiw toumante ERZULIE DANTOR se yon Fanm NWA li ye yo reprezante li sou forme yon madanm nwa ki gen yon ti pitit sou bwa li, ti pitit sa rele ( Ti-gougoune ) espri sa se yon MANMAN li ye, li se Reine monde lan, yo di tou se Matris monde lan nan KOSMOS la, li se la Mère Divine sa vle di MANMAN , nan VODOU li se Madanm OUGOU FERAY ki se yon WA nan WAYOM pa li a, se yon esprit afrik li ye paske se kontinan afrik la ki te premye nan plak TEKTONIK monde lan, sa vle di matris monde lan twouve li an afrik, pliske se la desandan nou yo te soti vinn an esklavaj sou Tè sa, ki donk nou tou eritye de VODOU AFRIKEN sou 21 Rite afrik ginen menm le gen plis rite toujou men depi se ginen an direktemen se 21 tribu dafrik ginen nan kontinan afrik la, DANTOR soti nan toute superfissie afrik ginen an menm se an afrik ke plan MALKOUT la soti ki se Sentral matris monde m byen di nou wi Sentral matris monde la, men AYITI se Sentral Jewografik monde lan AYITI relye avek Sentral matris monde lan ki jis nan kontinan AFRIKEN yo, sa vle di nou gen yon DANTOR ki trè trè puissante avek nou sou bout Tè sa, ki se ( AYITI THOMAS ) LI nan pi fo eskot ki genyen yo paske li se la REINE DES REINES et MERE DES MERES nou sipoze konprann kijan DANTOR mache avek nou chak grenn Ayisyen kap viv nan Tè sa ki se ayiti Thomas Ki jan nou pwal fe pou nou RELE ERZULIE DANTOR ????? Nap bezwen: 1) 9 balènn Bleu 2) Yon asyette emaye blan 3)Yon balènn blan Nap fe 9 jou ap liminen pandan nap envoke Erzulie DANTOR, men fe yon jan pou denye jou a ka tombe yon jou mardi ou byen yon jou samedi, 1er jou a lè nap liminen pou nou rele espri a, pa itilize klerin blan, Nap itilize gode emaye blan selman pou mete dlo pandan 9 jou yo, Balènn blan pa kite li Finn limen net, chak jou eteindre li avek men ou se pa avek bouch non epi mete li anba tet ou domi pa pale ni pa kole ak pyes moun piga ale nan kontak sektyel, tandi ke nap kite balènn Bleu a dwe fini net jiska demain matin Se yon demand ki dwe fet chak 11 heur 45 mn pou rive bò minwi, pa itilize okenn imaj si ou vle wi pou image yo wi, genyen Jou kap 9vyèm jou a, wap kite ni balènn Bleu a ni balènn blan fini net, epi nap fe yon lamp avek 7 moso koton peyi avek lwil doliv pur ki pa ko sevi epi domi pou DANTOR vinn montre ou sou ki sekans li ap jere avek ou nan ginen ( le wap jete dlo pa janm bliye pou site non tout gran paren ou yo ke swa sou bò manman ak sou bò papa nou. OK se tout konesans sa yo , mwen tap pataje avek nou pou jounen jodi a sou metrès ERZULIE DANTOR Bilolo pou nou tout net alawondbadè pa bliye liminen a swe a. Bilolo, Bilolo, Bilololoooo

Mètrès èzili dantò premyè rèn nwa ènègi fanm ki bay lavi kelkeswa moun ou ye a depiw sòti nan matris yn fanm li nòmal pou respektè enègi sa e li nòmal pou toléré e respektè tout fanm spesyalman fanm ki te aksetew de pasaj nan kò li an..        Tout moun dwe konnen. li nòmal pou konnen de mètrès èzili an sou dimansyon dantò a. Ènègi ou fòs sa mache ak nou tout li se imaj tout fanm (èzili se imaj tout fanm) Jèn demwazèl ti fiyèt fanm kap fè pitit fanm ki vin granmoun nou tout se èzili.             Yn danje pou évite Ou menm ki pèdi koneksyon ak lwa sa klèman proteksyon ou déjà redwi. Si visit li mwens nan atouraj nou chache konnen rezon an.       Konnen sa frem ak sèm yo Èzili se imaj 3 ròch dife ki nan fwaye ou an èzili se imaj ti chodyè 3 pye ki nan vi mistik ou an 3 ròch dife a e ti chodyè 3 pye a ki donk défini klèman 3 fanm ki nan vodou an . Si 3 ròch dife sa manke yn ròch ebyen pa gen ekilib  gwo difikilte nan lavi nou. Si chodyè sa manke yn pye toujou menm bagay .                Youn pa mache san lòt Èzili dantò èzili maping èzili freda Chak gen pouvwa e ròl pa yo Ou menm ki santi ou soufri ase ebyen fokis sou vi mistik ou . Chache pou trouve Saw dwe konnen ki rann ou fason ou ye a. Bilolo kom ayibobo pou tout frèm ak sèm yo nan gran jou sa.

Bilolo pou manman dantò🔪 jodia se pou lwa petro sa a chapo ba pou li .           Koulè li se bleu🔵 e rouge 🔴vèvè li trace avek sann dife avek poud kafe tou se pa sel li menm se tout lwe petro vèvè ou ka mete San dife ak poud kafe poud tabac tou.           Èzili Dantò🔪 se yon lwa petro nan nò peyi Dayiti yo relel boran. (Premye mari èzili Dantò te genyen se te ti jean petro, nò peyi Dayiti yo rele jean-dantor. Pou jiskaprezan ti jean pa janm manje San dantò) ebyen fanm nwa à kounya se madan papa ogou malgré papa ogou te ak manze freda avan men freda pat janm ka fè pitit se èzili dantò ki rive fè ti koukoun pou papa ogou. E lèw byen gade wap wè èzili dantò🙎🏿🔪 pi proch pa ogou ke èzili freda👩. Menm nan regleman vodou depi papa ogou finn pase se li menm ki antre.             Èzili Dantò🔪 pa manje San pa ogou e Papa ogou pa manje San de madanm li yo pala.             Jou èzili dantò🔪 se Mardi , samedi jou sa yo se jou ki inpòtan pou ou menm ki sèvi èZilie dantò pouw limen lanp dantò a nan ti chodye 3 pye a avek lwil maskreti oubyen avek grès kochon an konsa tou  ou ka limen li avek tou lè 2 ou ka a konpanyel avek poud rale menmen vini, banM komande, anvi wem ou byen chans.            Rèn petro sa ki se èzili dantò manje cohon griyo banann peze piklize li bwè duven li bwè kafe anmè. Nou konnen èzili dantò vini sou plizyè dimansyon ⚔  Bilolo Bilolo Bilolo⚔ Pou manman lavi a Chapo pou li. Ou paka marye ak lwa sa à pouw pov.

.... ☆ Dyò Èzili Dantò ☆ ....

Demand ak Mètrès Dantò pou nou jwenn asistans, ak lè nou angaje.

Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen samdi.
Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, won kou kochon, poulèt poul nwa, banann peze. Gato ble.

Pa pouvwa Enèji Kreyatris la ki kreye Linivè ak 4 fòs kosmik yo.

Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou jodi a, sou bitasyon manman kite fè manman mwen sou bitasyon papa kite fè manman mwen. Manman Ezili Dantò pitit-ou ap rele'w, ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen e papa ki te fè papa mwen, panche zòrèy ou Mètrès Dantò, tande plent mwen manman, jodi-a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan e pou tout tan k'ap gen tan.

Pa kite mwen wont devan lènmi yo manman Dantò, pa kite pèsonn griyen dan sou mwen, mande mwen sa mwen te kwè ?

Mwen fè'w demand sa paske mwen kwè nan lanmou ou genyen pou chak pitit ou ki mache sou prensip ak règleman.

Bilolo Bilolo Bilolo...Sa nou dwe konnen.

1) Ezili Gweto nou jwenn li nan : Nago

2) Èzili DANTÒ (petwo e rada) Èzili Pyè nou jwenn li nan : Rada.

3) Èzili Balyang nou jwenn li nan: Zandò.

4) Èzili Boran nou jwenn li nan : Petwo.

5) Èzili Towo nou jwenn li nan : Kongo Savann.

6) Èzili Mapyang nou jwenn li nan : Makaya.

Bilolo Bilolo Bilolo.

.... ☆ Dyò Èzili Dantò ☆ ....

Demand ak Mètrès Dantò pou nou jwenn asistans, ak lè nou angaje.

Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen samdi.
Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, won kou kochon, poulèt poul nwa, banann peze. Gato ble.

Pa pouvwa Enèji Kreyatris la ki kreye Linivè ak 4 fòs kosmik yo.

Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou jodi a, sou bitasyon manman kite fè manman mwen sou bitasyon papa kite fè manman mwen. Manman Ezili Dantò pitit-ou ap rele'w, ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen e papa ki te fè papa mwen, panche zòrèy ou Mètrès Dantò, tande plent mwen manman, jodi-a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan e pou tout tan k'ap gen tan.

Pa kite mwen wont devan lènmi yo manman Dantò, pa kite pèsonn griyen dan sou mwen, mande mwen sa mwen te kwè ?

Mwen fè'w demand sa paske mwen kwè nan lanmou ou genyen pou chak pitit ou ki mache sou prensip ak règleman.

Bilolo Bilolo Bilolo...Sa nou dwe konnen.

1) Ezili Gweto nou jwenn li nan : Nago

2) Èzili DANTÒ (petwo e rada) Èzili Pyè nou jwenn li nan : Rada.

3) Èzili Balyang nou jwenn li nan: Zandò.

4) Èzili Boran nou jwenn li nan : Petwo.

5) Èzili Towo nou jwenn li nan : Kongo Savann.

6) Èzili Mapyang nou jwenn li nan : Makaya.

Bilolo Bilolo Bilolo.Eziie Dantò.

Èzili se yonn nan lwa ki ki komen nan Vodou. Li asosye ak jistis, pwoteksyon, biznis, abondans, pwosperite.

Se yon divinité ki asosye nan relasyon fanm ak gason, nan zafè fètilité li se yon jeni, pwoteksyon timoun, ledikasyon ak kòman pou leve pitit.

Yo souvan reprezante l avèk yon tibebe nan men dwat li, avèk yon ponya nan men goch, ki senbolize pwoteksyon, nan zafè jistis yo souvan reprezante l ak yon epé nan men goch, yon balans nan men dwat.

Vèvè Li Reprezante Ak Yon Kè Epi Yon Ponyan Pèse Kè A, Ki Siyifi Vanjans.
Nan Rit Bizango, Ezili Dantò Se Yon Rèn sou non JÉ WOUJ...

Li Se Yon Lwa Ki Manifesté Sou Eleman Tè Ak Difé, nap jwenn lwa sa sou plizyè dimansyon, men divinite sa prezanté sou 3 gwo dimansyon kote yo vini nan yon sikonstans espesifik.

▪︎Dimansyon jenn fanm, li se ezili freda. ▪︎Dimansyon manman pitit, li se ezili dantò.
▪︎Dimansyon grann, li se grann èzili.

Nan èskot èzili nap jwenn :

▪︎Èzili dantò; pwoteksyon, jistis, souvan akonpanye ogou feray, ogou badagri, ogou yanmsan.

▪︎Èzili jéwouj : vanjans, rèn lagè, souvan akonpanye ogou jéwouj, ogou fè aleman, ogou misan, ogou lélé.

▪︎Èzili balyann: gerizon, wanga fèy nan bwa souvan akonpanye mèt granbwa ilé.

▪︎Èzili danwezo: manifestasyon pwisans dife lwa boukan dife ak gerizon nanm, souvan akonpanye, simbi danwezo.

▪︎Èzili danpetro: manifestasyon pwisans tè a, souvan akonpanye tijan petro, mèt bize.

▪︎Èzili mapyangé ou mapyang : riz ak estrateji, souvan akonpanye badè-koulélé, ak sobo-naki.

▪︎Èzili 7 kout-kouto: Rèn lagè, vanjans, souvan akonpanya, ogou balizay, ogou badagri.

Pou'm site sa yo sèlman, nan eskòt Èzili an nap jwenn plizyè dimansyon ak atribisyon.Èziie Dantò.

Èzili se yonn nan lwa ki pi komen nan vodou. Li asosye ak jistis, pwoteksyon, biznis, abondans, pwosperite, se yon divinité ki asosye nan relasyon fanm ak gason, nan zafè fètilité li se yon jeni, pwoteksyon timoun, ledikasyon ak kòman pou leve pitit.

Yo souvan reprezante l avèk Yon tibebe nan men dwat li, avèk yon ponya nan men goch, ki senbolize pwoteksyon. Nan zafè jistis yo souvan reprezante l ak yon epé nan men goch, yon balans nan men dwat.

Vèvè li reprezante ak yon kè epi yon ponyan pèse kè a, ki siyifi vanjans.

Nan rit bizango, Ezili Dantò se yon Rèn sou non JÉ WOUJ ...

Li se yon lwa ki manifesté sou eleman tè ak difé.

N'ap jwenn lwa sa sou plizye dimansyon, men divinite sa prezante sou 3 gwo dimansyon kote yo vini nan yon sikonstans espesifik, dimansyon jenn fanm, li se ezili freda, dimansyon manman pitit, li se èzili dantò, dimansyon grann, li se grann èzili .

Nan èskòt èzili nap jwenn :

▪︎Èzili dantò ; pwoteksyon, jistis, souvan akonpanye ogou feray, ogou badagri, ogou yanmsan .

▪︎Èzili jéwouj : vanjans, rèn lagè, souvan akonpanye ogou jéwouj, ogou fè aleman, ogou misan, ogou lélé.

▪︎Èzili balyann : gerizon, wanga fèy nan bwa souvan akonpanye mèt granbwa ilé.

▪︎Èzili danwezo: manifestasyon pwisans dife lwa boukan dife ak gerizon nanm, souvan akonpanye, simbi danwezo.

▪︎Èzili danpetro : manifestasyon pwisans tè a, souvan akonpanye tijan petro, mèt bize.

▪︎Èzili mapyangé ou mapyang : riz ak estrateji, souvan akonpanye badè-koulélé, ak sobo-naki.

Èzili 7 kout-kouto: Rèn lagè, vanjans, souvan akonpanya, ogou balizay, ogou badagri .

Pou'm site sa yo sèlman, nan eskòt èzili an nap jwenn plizye dimansyon ak atribisyon .

Bilolo



Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel