Ki sa ki lwa nan vodou?
Kisa Ki yon Lwa nan vodou?
Mo lwa a sòti nan lang fon Ki Vle Di esprit. Nan panteyon vodou a nou gen 401 lwa. Ki Vle Di Nou gen 401 espri. 401 espri yo chak Ki se yon aspè de dye. Egal Yon lwa yo se dye an Li menm.Egzanp: lè nou Pran Agwe se Dye Dlo, men Li gen eleman tè yo la avè l' ki Pou jere Dlo a Ki Pou pèmèt tè a toujou gen Dlo Pou nou viv. Se Sak fè Mwen toujou Mande Nou Pou Nou toujou fè diferans ant lwa e gad. Lwa pa ka chevoche yon Moun. Men yon gad Ka chevoche yon Moun. Pou n' eksplike nou yon fason ki pi senp.
Lwa ki son prensip ki vibre yon enèji, lwa ki se divinite orijinèl ki se prensip kokreyasyon an, lwa ki se yon enèji primòdyal ki vle di gon sèl Ogou sou plizyè dimansyon men ki pa mache ak tout moun menm jan e chak lakou, bitasyon, demanbre, onfò sèvi diferan men rive kay vwazin an se menm prensip Ogou ki pa vibre sou menm dimansyon e ki pa sèvi menm jan ak jan w sèvi l' lakay pa w'.
Gad
Gad ki se yon fòs pwotektè, yon gadyen, yon defansè - ki gen plizyè sans - ou kap itilize fòs sa pou w' bay yon moun yon gad pou pwoteksyon l' oubyen w' kap plase fòs sa nan yon lye pou w' sekirize lye sa, oubyen yon gran ki te konn sèvi yon lwa aprè yon tan li devni yon gad nan fanmi sa ... Egzanp moun sa te konn sèvi e danse Bosou ebyen depi lwa Bosou gen yon mesaj pou fanmi an se sou vizaj moun nan li parèt.
Pwen Ki gen plizyè konotasyon - yon pwen kap envoke sou non yon lwa, yon pwen son wanga lè w' itilize fòs lwa pou w' fè yon wanga nou rele l' pwen (nap mare yon pwen), yon pwen son lyen ant mond vizib e envisib, yon lyen rankont nan pwen ou jwenn nanm tou ki sakre sou non lwa ou ki sou regleman yon lwa ak yon kondisyon byen detèmine.
Pwen an ka yon fòs kreye Egzanp w'al bò yon dlo ou pran yon wòch nan dlo ou sakre l', ou ba li nanm (pou w ba li nanm - ou depoze l atè ou nan yon veso ou vide Florida, alkòl ou epi w mete dife, ou resite sa w pou w resite sou li - ou ba li non, misyon, travay, elatriye - pendan dife a sou li ou kole yon balèn ou chandèl nan dife sa e chak semèn wap limen yon balèn/chandèl sou li aprè 1 nan 1 jou li devni yon pwen.
Pou m' pa kreye konfizyon se pa tout moun sa y'ap sèvi a se yon lwa, se pa tout espri ki vin pale avè w' nan dòmi ki se yon lwa…
Anpil nan Nou pa fè diferans ant lwa e nanm. Lwa yo viv nan nou, yo se emosyon nou, nan Yon sans m' ka di yo se Chak selil Ki nan Chak kò.
Mwen toujou di vodou se lavi. Lwa yo reprezante pa Chak sa nou kapab pèsevwa nan Nati an elatriye.
Ex:dlo_ agwe.
Chalè solèy lan: ti Jan.
Loray: agawou poun site sa yo sèlman.
Se menm jan tou yo reprezante emosyon nou, chak pati nan nou, chak selil nou.
Ex: Èzili Freda:santiman nou, li se reprezantan kè nou.
Legba: refleksyon nou.
Gede: anis nou pou n di sa yo sèlman.


.jpeg)

Comentarios
Publicar un comentario