Rit Petro ak rit Kongo

 Kongo ak Petwo se de (2) rit diferan. Men, nou aprann Petwo a sòti anndan Kongo a.

Yo jwe ak de (2) kalite Tanbou ki diferan: Tanbou Petwo ak tanbou Kongo.

Yo jwe Kongo nan lakou Soukri Danach nan Gonayiv, li se yon rit tanbou Otantik ki kenbe tradisyonalite a se poutèt sa nou ka remake yo pa melanje li, e se tantativ melanje sou pretèks pou l pi bèl ki akouche rit tanbou PETWO a. Malgre tout manner, Kongo soukri Danach la toujou jwe ak de (2) tanbou jan sa te ye denpi sou Zazi Pongwe a.
Sa ki diferansye tanbou Kongo ak Tanbou Petwo : youn gen sèk anba enpi lòt la gen twou anba l sètadi nan tanbou Kongo a se anndan twou yo kòd la pase sepandan nan tanbou petwo a se nan sèk la kòd la pase.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel