Lwa nesans
Genyen 4 fòs
Tè, Dlo, Van, dife.Chak fòs sa yo gen yon group espri (lwa) e yo gen rit pa yo nan Vodou a lè yon moun fenk fèt, Manbo ki la ki se fanm saj la l'ap gentan wè sou ki lwa ou sòti nan matris manman w' e sou ki eleman ke timoun nan fèt.Nan lè li fèt la l'ap gentan wè ki espri ki prezan e Nan jou timoun nan fèt la ki Espri ki prezan osi. Manbo a ap fè yon gran liminasyon la menm pou ka bay byen vini ak tout espri sa yo e remèsye yo dèske yo te fè prezans yo la pandan manman t'ap akouche a epi li kapab menm gen tan an mezi bay timoun sa non vanyan l', menm lè yo pral bay pitit la yon lòt non pi devan lè y'ap andoye l'. Lè yon moun byen konn kijan pou li ramase nesans li dépi li bebe, yo pa bezwen ap nan kanzo ni sou pwen ankò paske Manbo fanm chay la te gentan fè sa deja e yo fè manman l' konnen epi menm Manbo fanm chay sa kapab tou byen plase gad sou timoun nan tou, sa ap vin rann timoun sa pa bezwen al pran gad Nan men pyès moun ke manman l'ap di l' tout sa pou li fè chak ane lè jou fèt li pou li ranfòse gad li ke li te ne ak li a konsa lè timoun ap gran lap toujou fò. Lè li vin ap gran li pap bezwen al nan kanzo kay moun ni al nan kouche sou pwen kay moun paske Manbo fanm chay la te gentan fè tout sa li te gen poul fè. Lè timoun sa vin gran se ak menm lwa ki mèt tèt li sa ke li kapab travay sou domèn mistik si li vle paske se lwa mèt tèt li k'ap ba l' je pou l' wè. L'ap kapab fè li fè gerizon ak anpil lòt bagay paske nesans li gen yon espesifik de lwa ki mache ak li e lwa sa gen eskòt li osi e san pèmisyon lwa sa gen anpil bagay li pap kapab fè e lwa ki mache ak nesans yon moun kòmande menm lwa bitasyon an li gen pouvwa sou ou osi e pi fò, e li pi pèsonèl osi e se pou sèl ou menm ke li ye li pa pou lòt moun e ni li pa pataje tandiske yon lwa ki nan bitasyon an gen nou plizyè manb fanmi an ki apatyen ladan l'. Se sak fè nesans nou ak lwa ki mache ak nou depi lè nou ne gen anpil anpil enpòtans e lè n'ap fè seremoni pou lwa mèt tèt nou se yon seremoni ki pou fèt trè apa lòt moun pa sipoze la se sekrè pa ou ke li ye e pou manman ou ta la fòk ou toujou an bon amoni ak li men san pa sa se ou menm ki pou toujou fè l' men gran seremoni pou lwa bitasyon yo fanmi ak zanmi kapab toujou vini vin patisipe pou vin pote la men fòt e ni lòt Manbo ak lòt Ougan kapab vini osi men nan sa ke w'ap fè pou ou wa li sipoze yon seremoni ki byen pèsonèl e lwa ap gide w', lap di w tout sa li vle pou fè pou li e men kijan ke li vle l. Se sak fè depi ou byen ranmase l' tout espri ou pa fouti ni gen fi lwa e ni yon Ougan ni yon Manbo chalatan men w'ap yon vrè e ki konn sa lap fè e ki gen bon lwa ke Mambo fanm chay la te kòmanse aktive depi lè ou te fèt men se pa moun pandan ou gran ki di yo ba ou lwa ou byen yo ap vin di ou yo kouche ou sou pwen.
Depi yon moun kouche sou pwen lwa sa pa rete plis ke 2 zan li pa la pou lontan men lwa pa ou la ke Manbo fanm chaj la te ramase pou ou depi ou piti a li la pou tout tan ak ou pou jis ou travèse men gen de lè si ou pa fè sa ke ou gen pou fè li kapab ekate ou pou yon ti tan men li toujou la l ap tann ou fè sa ke ou gen pou fè a pou chofe e respekte tout sa ou gen pou fè pou li.
Youn nan bagay ki konn fè nesans ou ak lwa ki mache ak nesans ou ekate w se lè ou pap mennen yon vi ki pwòp epi w'ap mal aji ou tèti lè sa yo pap kontan yo ap ekate w' pou kapab wè konsekans lan se nan sans ou konn tande moun
konn ap di a se lwa kap pini l' se li ki pou konfòme l' pou regle koze l' aprè tout afè l ap mache e antre nan lòd men aprè sa yo ap toujou la ak ou pou ba ou tout sa ou bezwen nan lavi ou depi ou fè respè ou nan tout sa w ap fè ou wap
antreprann.
Lè ke yon moun ap fè you bagay pou ou sou domèn mistik se 2 pi gwo bagay ki
kapab bare moun sa pou li fè l Se nesans moun nan, Se lwa nan bitasyon bò manman l ak bò papa l. Se pou rezon sa avan ou kòmanse fè nenpòt sa ou ta vle fè pou yon moun ou
sipoze fikse nesans li dabò epi aprè sa ou sipoze adrese tout lwa bitasyon moun nan pou mande yo lèse pase avan menm ou kòmanse sa ke ou vle fè a sinon w'ap gen anpil difikilte pou jwenn bon rezilta ke w ap chèche a ou gen dwa
menm arive pa kapab fè anyen pou moun sa paske 2 fòs sa yo ki se Nesans li ak Lwa bitasyon l ni bò manman l ak bò papa l ap bare w y ap fèmen pòt.
Comentarios
Publicar un comentario