Konsèy pou nou tout

 Yn bon bagay pou tout moun dwe konnen nan lavi nap viv la. Lwa pa chwazi tout Moun men nou tout angeneral se pitit lwa paske lwa nan nesans nou sa ka rive nou iniore sa kòm inioran .

Nou pale de frè e sè nou etanke ayisyen. Eseye konpran byen sa gen moun lè nou konn  wè lwa  danse nan tèt yo vizib kote ke lwa chivoke yo ke tout moun ap viv sa ebyen sa se volonté lwa ki chwazi reyaji nan nou konsa lè lwa chwazi danse nan tèt ou zye klè.
Lòt bagay ki bay anpil gwo panik Lakay nou sou sa. Pafwa ou konn ap dòmi ou wew ap diayi lwa nan dòmi Kite m' di w' se pa ou ki mande lwa vin sou ou konsa se lwa ki chwazi danse konsa ebyen nou sipoze rete nan amonizasyon ak lwa sa dekwa pou li ka rete pi pré nou si tout fwa nou ta vle lwa sa danse nan tèt nou zye klè. Jiskaprezan mwen pa di nou ke li enposib pou yon konnen ta fel danse zye klè men si tout fwa ou pa an mezi pou angaje yon konnen men amonizasyon an ap edew jwen èd espri a kote ke espri a pral gen poul baw sekrè li le w bezwen l saw dwe fè pou rele li pou li parèt zye klè. Nan lavi wap viv la Sonje byen vodou se tradisyon nou sa vle di vodou se pi gwo zam pou ta gen an pratik pou nou defann tèt nou fas ak tout move sitiyasyon yo. Nou nan 21 ème syèk ki vle di syèk limyè ebyen nou dwe ouvri zye nou pou nou wè klè e mache nan klète Pou mache nan klète e wè klè ebyen fòk ou sonje kote w soti e sonje tout sa kolon yo ba nou ki pa pou nou nan sa kolon yo ba nou an se sou lòt li yo trete mal mal an voye zye nous byen sou espri zansèt nou yo. Nan sa yo chwazi pou nou  fè a fèl byen pa kite lajan priyorize li. E pa janm kite yon moun ki san limyè tankou move inioran yo pou devye nou. Lè lwa chwazi nou sa gen yon pil enpotans pou lwa pa jeté bon chwa nou pou nou al ramase sak pa égal ak nou.
Jodi a nou dwe konnen lwa rasin nou yo ki chwazi yon pil konbatan e lwa sa yo mete yo makout sou do nou piga nou janm kouri lage makout sa atè pou nou kouri al pran yn dimansyon san se pa lwa ki voye nou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel