Alienasyon kiltirèl

 Alienasyon kiltirèl


Alyenasyon an li menm kapab defini tankou yon eta enkonsyan ki lye a yon maladi mantal ke yon moun ou byen yon group moun retrouve l' ki pèmèt li dekonekte de tout sa ki lye ak orijin li ak vi sosyal ke l' te konn mennen ki pouse endividi ak gwoup endividi alyenne rasin li ki vin devlope yon ansanm de konpòtman etranj nan lide pou l kapab vin sanble a yon lòt gwoup moun ke l' pa gen anyen pou wè avè l' e rive menm rejte idantite pa yo a pou pran yon lòt ki pi popilè, yo panse ki bay plis opòtinite men l' pap janm pa l' vrèman.

Sepandan konsèp alyenasyon sa lè li fòme a mo kilti pou pale de alyenasyon kiltirèl li trete yon sityasyon patikilyè ki eksplike eta yon pèp tout antye ki santi l' enferyè, konplekse, fèb, Ignyoran, rezinye e ki deside vin depann entèlektyèlman, moralman, ekonomikman, spirityèlman ak kiltirèlman de yon lòt pèp e se lòt pèp sa ki deside sou avni l', sou sa l' dwe fè, sou kòman pou l' panse, kisa pou l' met sou li, kisa l' dwe genyen kòm relijyon, kisa l' dwe konsidere kòm valè an brèf se lòt pèp sa ki kontwole e oryante l' nan tout nivo, sèvi avek enstitisyon tankou lekòl, legliz ak prizon pou transmèt alyenasyon sa yon fason pou yo ka pi byen domine l'. Nou abòde konsèp alyenasyon kiltirèl la se paske nou rive idantifye yon gwoup moun anndan sosyete ayisyèn nan ki trouve nan kondisyon sa kote yo dekonekte totalman de tout sa ki gen rapò a sa yo ye antanke pèp tankou istwa yo, kilti yo, kwayans yo, fòs, valè moral ak kiltirèl yo elatriye... pou anbrase tout sa k' gen pou wè ak peyi oksidantal yo oubyen ak kolon opresè yo e yo ale pi lwen nan devlope sa (psychologue) yo rele (syndrome de Stockholm) ki se yon konpòtman ki pouse yon viktim a devlope senpati, atirans pou bouro a kòm ki dire ayisyen ki sibi tout fòm vyolans ak mechanste nan men kolon vin resanti atirans, atachman pou kolon an vle otomatikman sanble a kolon an, pale menm jan ak kolon an e fè tout sa kolon an fè jiskan sèl diferans antre limenm ak kolon an se koulè po l', gen sa ki menm rejte idantite citwoyen yo pou pran yon lòt ke yo pa menm konn anyen de li, epi: 1: devalorize kilti popilè pa nou yo. 2: devalorize Lang Kreyòl, Zansèt nou yo, Anpi-a, Vodou ak Medsin tradisyonèl nou genyen. 3: refize pran distans yo parapò ak relijyon, kolon ak rasis yo. 4: ban nou lekòl ak tanp ki la pou transmèt valè ak ideyal oksidantal yo. 5: apiye zafè oksidantal plis ke bagay Afriken. 6: wè syisyen kòm pi mal nan tout bagay. 7: derèspekte Ayisyen san mezi. 8: toujou ap fè konnen ke yo pa Ayisyen. 9. yo pa pran pa avèk okenn Ayisyen. 10. se menm sa ki fè nou asèpte bagay sa yo. Nou wè maladi alyenasyon menm pouse fi kou gason itilize pwodwi chimik pou eklèsi po yo e fè cheve yo siwo pou yo ka vi'n santi yo bèl, kòm ki dire nan tèt yo (se blan ki bèl, tout sa l fè bon, apre l se bondye) ki donk y'ap chache sanble a blan pa nenpòt mwayen. Epi antre tèt yo nan yon soumisyon total san kesyone poukisa jan de konpòtman sa yo? Mande Pouki n' oblije ap konsevwa tout bagay nan jan loksidan enpoze n' li an, rann ke n alyene, e kite pedi tout sa n' te ka genyen kòm idantite. Nou jete, ignyore e vann pa nou yo pou penny, yo pran 'l repake l' ak yon figi oksidantal e revann nou li byen chè. Nap di li enpòtan pou n' konprann ke kondisyon sou-devlopman oubyen mizè ayiti li pa sèlman yon rezilta relasyon depandans nan nivo ekonomik, politik, agrikilti ak spirityèl ke peyi enperyalis yo etabli la kay men tou li se rezilta depandans kiltirèl ke n' genyen ki reprezante yon blokaj pou devlopman peyi nou paske avan tout bagay nou nesesite yon revolisyon kiltirèl kote nou bezwen fè etid ki a pwofondi sou kilti nou e rive konprann chak aspè ki gen ladan l' e transmèt konpreyansyon sa bay chak ayisyen pou pèmèt yo vi'n konsyan pou viv atravè kilti yo, pou pwòp ayisyen sispann avèk lide vodou se dyab, lang kreyòl pa lang vre se yon vye dyalèk, remèd fèy se bagay malfektè... ki sèvi kòm bal pou zam ènmi etranje, yon ansanm de diskou ke pwòp fre nou konn ap repete san rann kont se sou pwòp tèt li lap krache lè l ap repete jan de bagay sa yo. Nou jis bezwen mete an valè chak grenn eleman ki nan kilti nou pou n' ka rive chanje vrèman paske p'ap gen devlopman san yon revolisyon kiltirèl ki pou re-konsyantize mantal tout Ayisyen!
n'ap repete san rann kont se sou pwòp tèt li l'ap krache lè l'ap repete jan de bagay sa yo. Nou jis bezwen mete an valè chak grenn eleman ki nan kilti nou pou n ka rive chanje vrèman paske pap gen devlopman san yon revolisyon kiltirèl ki pou re-konsyantize mantal tout Ayisyen.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel