Resèt mistik

 Kòman pou klete yon fi

Vinn konnen kijan pou klete madanm ou pou okenn lot nég pa kouche l'. Ou renmen fanm nan ou pa vle pataje l', w'ap soti travay ou prale byen lwen ou pa vle madanm ou al jwenn lòt nég ebyen men kòman w'ap fè sa.
Yon premye vandredi ou byen yon dènye vandredi, Ou pwale nan mache w'ap achte yon kadna sou non fi a w'ap achte kadna a tou ouvri,
W'ap di pawòl ou, egzanp entèl jodi a mwen pwal klete w'.
Lè w' rive lakay ou pandan ou pwal fé sèks ak fi a ou asire w' gen yon bokit pipi kote w' la kote fia ap pipi ladan l', w'ap depoze kadna a nan pipi a, apresa ou pwal fé sèks ak madanm ou.
Léw finn fé sèks ak fi a sou menm bokit sa l'ap fé twalét li, ou menm tou ou fé twalét pa w'.
Lè w' fini ou pran kadna a san fi a pa wè w'ap site non fi a 7 fwa w'ap di entèl jodi a mwen finn fé sèks avè w' mwen se dènye nèg k'ap fè sèks avé w' m' se dènye moun kap kouche w' toutotan mw avè w' lè w' finn di sa ou fèmen kadna a.
W'ap sere kadna a byen lwen epi son w' kote wap jwenn li aprè. Si w'ap kite ak fi a w'ap deklete kadna a.

Pou w' pwoteje kay ou : • Accessoires : 7 piman bouk, 4 tèt aransèl, alkali, wowoli, fèy zo devan. • Préparation : wap boule yo nan mitan kay la • Nb : fòk tout moun nan kay la travèse li

Pèsekisyon nan dòmi : • W'ap achte sèl mawon ou rantre lakay ou, ou pran yon asyèt blan, yon vè dlo ou ka pote ou mete asyèt blan an sou vè dlo a, aprè ou tounen l' ou depoze asyèt la nòmalman, menm si asyèt la ret sou tab la vè a dwe kouche nan asyèt la, dlo a dwe rete anndan asyèt la, aprè sa ou pran gwo sèl la ou simen toutotou vè a, ou prezante l' 4 pwent ou mande limyè ak pwoteksyon pou tout move ond, pou tout move bagay elwànye de ou menm pou somèy ou kòrèk. Aprè sa ou mèt dòmi, menm si ou ta gen yon timoun k'ap plede pantan nan dòmi ou ka fè sa pou li tou. Mete li bò tèt ou, benyen kò ou ak savon lave epi mete florida (nan jou gwo lwa) fè sa tanzantan. • N.B : Asyèt la pa dwe gen kenn kras, w'ap mete l' sou des sa ou pran sèl ou fè wonn vè a , prezante l' 4 pwent epi mete l' bò tèt ou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel