Lwa Marasa

 Lwa Marasa




Orijin lwa Marasa 


Pou nou jwenn Esans e Orijin Marassa yo n'ap remonte nan pèp Yoruba yo ki se Nigeria aktyèl, Nan Peyi Kameroun, Pèp Ibo yo nan Awoussa yo e nan kèlke Pèp kongo yo Popilasyon Yoruba ak Awoussa yo te konn gen anpil Marassa . Men nan Kongo yo Marassa yo se te nan Forè yo ke yo te konn al prezante yo paske yo te toujou panse ke se te pitit Simbi yo, yo te ba yo Non ki rele "Mbassa " ki signifi Jumo yo". Nan zòn Kameroun yo te konn konsidere Marassa yo kòm malediksyon e yo te konn tiye yo depi yo fèt, aprè yon epòk done gen paran ki te konn di non yo pap fè sa ankò, yo te kenbe yo e yo te fè Fèt ak gwo Rityèl pou resevwa yo. Nan Pèp Yoruba, yo te rele Marassa yo Ibeji.Ibeji se Lespri ki nan Marassa yo ki pwoteje yo e se sitou nan Pèp Nigeria yo. Marassa yo te vin reprezante yon senbòl Mistik pou chak nan Pèp sa yo a chak fwa yo te fèt paske anpil fwa yo te konn konstate ke yo te gen pouvwa de gerizon e pouvwa pou yo te pini Manman yo ak Papa yo.Yo te wè nan yo yon Manifestasyon de klèvwayans sitou nan ka de danje aksidan Familyal ak Maladi sinatirèl. Nan Komès Nwa yo ki te kòmanse nan Kontinan Afriken an rive jiska nan Zile Sendomeng lan, Anpil nan Pèp sa yo te la e kolon yo te kenbe yon pratik de vyòl sou yon pakèt fanm nan Pèp sa yo e pratik sa te gen yon non ke yo te rele "Razzia". Razzia te tèlman kouran kote ke anpil fanm te vin ansent e yo te konn wè Marassa te konn fèt nan plizyè Plantasyon kote ke Mo sa ki se Razzia te konn diskite nan pami Kolon yo ki te konn di ["C'est Ma Razzias"] e nan defòmasyon mo an Esklav yo te konn di men yap fè Ma Rassa sou nou gade nou fè Marassa "Henoué" Ki signifi Fanmi Jimo. Men vrè Orijin Mo Kreyòl Marassa yo.
Kisa Loa Marassa yo ye ?
Lwa Marassa yo te egziste depi nan Dahomey lè fanm sa yo ki te konn fè Marassa te kòmanse Sèvi Mistè ki senbolize doub fòs nati an, Pou Manman Jimo yo, Fòs Marassa yo nan tout sa ki ap vin nan Nati an tankou Wòch, Pye Bwa, Rivyè yo, Fèy yo , Bèt yo e se konsa nou vin di ke Marassa yo gen Nivo, Marassa 1 se Tout Nati an , Marassa 2 se Solèy lan ak Lalin lan, Marassa 3 se Solèy, Lalin lan e Tè an. Lwa Marassa yo pa manje vejetab eksepte Kalalou ak Fèy Kalalou; Lwa Marassa yo vin reprezante tout nan ti moun an jeneral ki ekziste, se sa k fè yo ba yo ti Bonbon, ti dous, ti pistach griye, ti Kasav, ti kola ak likè. Nou fè Laye Marassa paske se yon Senbòl ki reprezante Vant Manman Jimo yo ki gen tout sa yon timoun ka bezwen pou satisfè yo. Nou bay Marassa ti krich Dlo pou senbolize Fòs Tè an ki konekte nou ak mizè Zansèt nou yo te konn pran lè yap travay la Tè pandan fanm Vanyan yo te ansent nou di Anmwalaye kise Laye pa nou,Vant Nati an ki se Manman nou. Nan Tradisyon Vodou Ayisien an nou chante e nou travay fòs pouvwa Marassa yo ak anpil pawòl e menm Vèvè ki ban nou koneksyon ak Loa Marassa yo. Nou toujou di Pa pouvwa Papa Marassa ak Manman Marassa yo, Nan Senkretis relijyon an nou wè ke repranzantan fòs solèy lan se Papa yo e Klèmezin lalin lan se Manman yo e apre nou di :Marassa LAfrik Ginen, Marassa Kay, Marassa Bwa, Marassa Kreyòl, Marassa Dossou Dossa, Marassa Dogwe, Marassa Zensou Zensa. lè nou chante e Envoke Marassa yo. Nou ba yo Non yo ak pouvwa yo sou tout sa Zansèt nou yo te konn viv.
Marassa LAfrik Ginen se pou Orijin yo, se sa mwen te vle eksplike nou depi nan komansman, li anglobe tout istwa yo.

Marassa Kay se Marassa ki te fèt nan Plantasyon yo e ki mouri paske fanm pat gen swen Sante e yo te maltrete yo anpil . 
Marassa Bwa yo se yo ki te nan Fon Mòn ak Bwa yo ki te konn mouri anpil paske Zòn lan pat favorab pou yo e se te 1% sèlman ki te konn viv pami tout sa ki te konn fèt yo.

Se sa k fè nou toujou wè nou bay lwa Marassa Bwa yo manje sou Fèy Bannann paske se anba Pye Bannann yo te konn mete yo kouche lè yon Fanm te konn pouse yon pòte Marassa.

Marassa Dossou Dossa, se non ke yo bay yon moun ki fèt aprè pòte Marassa yo, si se yon Gason yo rele l Dossou, si yon fi nou di Dossa, e tou 2 vin jwenn Inosans yo devan Marassa yo e nou di lè sa yo Dogwe ki signifi Sajès, Inosans ak Respè, se yon Mo ki sòti nan Pèp Yoruba ki te konn prononse "Idogbe et idogwe".

Marassa Zensou Zensa se lè moun ki fèt apre Marassa yo fèt avèk Don pou yo Wè sa moun nòmal pa ka wè, gen nan yo ki konn fèt ak Vwal nan Tèt yo e se sa nou rele Moun nan Gen" Zye👁️ " li fèt "Ak Vwal ". 

Nou konn tande yo di nou Marassa Mare moun, e sa soti lè nou gen anpil nan Zansèt nou ki te gen Marassa e nan jenerasyon apre yo vin pa gen anyen kòm sèvis ki fèt pou yo, Nanm sa yo vin abandone e Nanm ti moun sa yo ap kriye,  soufri pou yo rejwenn ak fanmi yo paske yo pat vin lontan sou Tè an

Kisa lwa Marassa ka fè pou nou?

Loa Marassa yo se pwoteksyon lavi nou ki kapab ede nou nan malchans lavi an e ki ede nou tou nan Malediksyon Nati an.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel