Èzili Mapyang
Mètrès èzili mapyang
Se manman ki bay lavi, fanm vanyan ki kanpe devan tout matwòn oubyen fanm chay ki la pou ede tout fanm akouche.
Sa w' dwe konnen de fanm sa nan jou madi a, ou souvan jwenn dantò men samdi a se menm dantò sa ki transfòme an mapiang, bagay la bèl .
Mapiang, fanm sa cho kou dife li pa nan rans sou degre li ak bon regleman li, sa w' di l' se sa
jou l' tankou jodi sa samdi ou dwe di bilolo ak ayibobo. ki donk li frèt li cho li rada li petro .
M'ap souvan di nou sa pa jwe ak divinite. W'ap travay men se kòmsi ou pa t'ap travay, bagay yo alanvè pou ou. Ou fè tout vi w' nan jwe loto pou jwen ti mwayen pou manje pa fè sa ankò. Si w' pa gen kòb mande yon fanmi oubyen yon zanmi dènye fwa sa tande. Tande m' achte:
- yon 3 gwo diven nenpòt diven rouj san.
- yon 3 ti koki lanmè.
- yon balèn 7 koulè.
- yon gode blan plen dlo mete fey bazilik ak yon ti florida poud santi bon epi fèy sitronel.
(gode sa tout ap domi bòtèt ou metel nan pati goch yo).
ou menm ki toujou di ooo lwa yo pa janm vin pale ak ou m'ap wè si se vre. Ak sa yo sèlman kèlkeswa jan w' bloke a fòk lavi w' chanje.
- Pran diven yo vide yo nan nan kivèt blan
lage koki yo ladann.
- pran balèn 7 koulè a medite sou li yon granm maten fas ak solèy la.Mande pou vi ekonomik ou chanje. Map di w' lè solèy la ap leve ak lè l'ap kouche se pa yon jwèt tande ok prezante balèn nan 4 fasad. Epi mete balèn nan devan kivèt diven an fè pwòp meditasyon ou oubyen demand ou.
Fè l' 6h nan maten 6h nan aswè pandan 7 jou.
sa k' pou fè jou 8tyèm jou a a minwi boul pran kivèt diven an benyen latèt opye. Pase koki yo sou tout kò nou. Epi pran koki lanmè yo lage l' nan kalfou ou fini.
Evite benyen ni frote ak moun pandan 3 jou. Ak sa lavi pral chanje tout bagay yo pral diferan pou ou.Èzili mapyang se yon lwa ou jwenn nan eskòt èzili an. Depi w pale de Èzili ou fè referans ak èzili ou fè alizyon ak fanm. Men chak grenn espri ki nan eskòt sa yo gen yon misyon ki diferan. Genyen ki gen epe genyen ki gen baton genyen tou ki gen ponya.
Dantò se ak ponya li defann tout timoun tout gason ki pa vle respekte madanm yo dantò la pou metrize l.
Freda li menm li la pou lanmou. Men lè relasyon l menase se epe l li pran pou l vanje.
Grann èzili a li menm li la pou pwoteje tout pitit pou li defann ou se ak baton.
Se 3 etap sa yo ki gen nan eskòt èzili a.
Lè fanm lan jèn li sou dimansyon freda
Kou li Mati li gen responsablite li sou dimansyon dantò.
Grann lan li menm se lè fanm lan kite 2 premye etap yo.
Dantò pran gason ki kapab itil li.
Freda pran nèg pou chèf pou lajan ak konesans
Grann èzili li menm li la pou l di w kòman l te ye lè l te nan dimansyon freda, dantò pou li rive kote li ye a.
Èzili mapyang lan li menm ki wòl li?
Èzili mapyang la pou tout fanm ki pral akouche. Depi fanm lan pa ka fè pitit ou rele mapyang rapid vit lap akouche. Men èzili mapyang sa lè l dedouble li pa mapyang ankò li rele èzili 7 kout kouto. Depi mapyang fin fè fanm lan akouche timoun sa li pote li bay dantò.
Lè mapyang vire sou 7 kout kouto se lè papa timoun lan di timoun sa pa pou li. Epi manman mete timoun sa an nwa hmm jèn gason aranje w èzili 7 kout kouto ap frennen w. Se youn nan rezon si yon gason vyole yon fanm se fanm ki ap jije nèg sa. Monchè pa gen sa ap di pou sove ou. Antouka nou pap tèlman rete sou sa.
koulè mapyang se ble. Men gen bitasyon ki ba l lòt koulè.
Èzili mapyang bwè san kochon li manje ri kochon nwa. E griyo sa dwe fri sèk li manje diri kole a pwa nwa li bwè diven wouj li sèvi ak ponya.
Jou li se jou madi nan jou eskòt Zili yo esepte èzili don petwo jou li se samdi paske li se rèn chanpwèl. Menm vle nou konnen tou pa gen jou ou pa pale ak lwa. Nenpòt lwa li ye a ou ka rele l nenpòt jou a men gen moun tou ki sakrifye jou madi a samdi pou eskòt èzili yo.

Comentarios
Publicar un comentario