Vokabilè vodou a
VOKABILÈ VAUDOU A
-Bon sole = bonjou.-Abobo = Salye Lwa (rit Rada).-Ago=salitasyon a prezans on enèji.-Badji=Kay lwa.-So badji=kay gad.-Bisalaw=Jan rele rasanble moun lan mòn..-Bilolo = Salye lwa (rit petro).-Boko ou bokonò = moun ki gen konesans ansestral.-Divinò = moun ki gen konesans divin ( mistik).-Foulaye ou foula = manbre, salye oswa resevwa yon antite mistik.-Govi = koulwa astral ki fizyone mond vizib ak envizib ki pemet ou ka tande oswa pale ak yon moun ki mouri déjà. -Gwètò = moun ki chwazi lan yon fanmi (sak reklame a). -Wonsi gwètò = se yon moun yo chwazi pou kenbe lakou a. -Wonsi ladogwesan= pitit fey oswa moun kite inisye nan yon lakou. -kase kanari = homaj a ibo (pèp ki soti Nigeria) kite viv. -Langay ou langaj =Lang sekrè inisye -Adjènikon = Inisye ki mennen yon seremoni vodou ak chante. -Oumfò = tanp kote vodouyizan ransanble. -Repozwa = kote on pati lan enèji lwa rete, tankou pye bwa yo ak sous dlo yo. -Wonga = fomil majik , jè majik, oswa preparasyon maji lan vodou. -Wontò= inisye ki la pou sakre tanbou seremoni -Wontògi = esprit ki bay moun kap bat tanbou yo kouray. -Wontò dolé= moun kap bat tanbou oswa tanbou wilnè nan sans vilgè ....-Hougan = prèt.Definisyon kèk mo Da: An Nago li vle di kreye Nan lang Dawomen an an li vle di koulèv. Dan: Li vle di koulèv nan lang Dawomen an. Dangbe: Li vle di koulèv sakre nan lang Dawomen an. Danmisi: Li vle di Richès ki sòti nan kò Danmbala ak Ayida, se sa ki mennen espresyon: Danmisi Wèdo nan lang Dawomen. Danti: Li vle di fondatè yon lakou nan lang Dawomen. De: Li vle di prezan nan lang Dawomen. Do: Li vle di egziste nan lang Dawomen. De le: Li vle di eritaj. Doba: Li vle di Dans Yanvalou. Moun Nago rele Dous sa "Dobale" oubyen "Idobale". Doba (Dogba) se nan yon vil Dawomen. Dogbe: Li vle di 4e pitit ki fèt aprè akouchman Marassa nan lang Nago. Don: Li vle di "Mèt nan yon domèn " tit pou gran nèg kongo lang pòtigè. Don petwo 4: Wa kongo kite sanse inifye wayòm lan. An 1768 te gen yon ougan an Ayiti ki te leve nan Don Petwo lang Kongo. Don Pèt: Yon gran ougan nan Nip ki te Konn fè pwen kongo nan lane 1780 yo. Don ki: Mirak, Maji. Lang Kikongo Dya Vòdò: Espri Adya yo. Dya: Se fòm kout pou adya. Vòdò: vle di espri. Dyahontò: Ansyen wa alada. Tit wa nanchon adya yo. Lang Dawomen Dyakata: Valiz manje, sak manje. Nkoutou: Se mo Kikongo ki vle di valiz oubyen sak. An Kikongo ni madya, ni dya vle di manje. Dyayi: Mo Kreyòl ki sòti nan mo Dawomen jayi ki vle di tonbe. Dyenken: Yon vil Dawomen yo te konn rele l ti alada se pou sèvis danmbala ki te konn fèt la ki fè nou di danmbala wèdo Dyenken. Lang Dawomen. Dyevo: Chanm pou inisyasyon. Nan Dawomen, Dye vle di pase la, konsa tou Dye vle di rive. Gen moun ki pwononse Dye kòm je. Vo vle di lwen e li vle di Apa. Tout ansanm Dyevo vle di la rive lwen. Lang Dawomen. Dyo: Espri. Lang Dawomen Dyoton: Dantan. Lang Dawomen Dyouba: Chouk pyebwa ki sèvi pou moun fè tanbou. Dyouba Dyoube: Le marye ak la marye Lang Nanchon Bamoun nan Kamewoun.Kèk mo ou konn abitye tande. Badagri: Se yon vil veteran lagè te fonde. Lang Nago Badijonen: Mo Kreyòl ki sot nan lang kikongo nadi ki vle di kontamine. Badji: Chanm ki gen yon lotèl pou lwa yo. Badji rele sobaji tou. Gen moun ki di bagi oubyen sobagi. Lang Nago/Dawonmen Bafyote: Natif Natal. Lang Kikongo Bagidi: Tit wa savalou nan wayòm mayi. Mayi te vin fè pati Dawonmen. Baka: Non yon ras moun kout nan peyi kongo (Mbaka) lang kikongo Bakoulou: Granmoun lontan, dantan. Lang Kikongo. Banda: Kòmansman, non rit pou gede, non yon nanchon Kongo, non yon nanchon rada nan peyi Gana. Lang kongo yo ekri Banda kòm: Mbanba, Mbandu, Kimbandu, Mbundu, Kimbundu. Bantou: Imanite, anpil moun. Lang Kikongo Barak: Fòs espri ki mache ak moun ki gen siksè nan politik. Barak se baraka an kikongo. Bata: Pye, Soulye. Se pou sa ta gen sandal bata an Ayiti. Lang Kikongo. Benga: Yon nanchon Kongo ki abite nan peyi Kamewoun. Lang Kikongo. Bila: Pare manje, bilanga vle di travay tè, bila vle di lokal kote sèvis fèt, kote nou bay lwa manje. Kretyen kongo te rele l legliz. Ann Ayiti kay lwa Kongo rele bila kongo. Lang Kikongo. Bilolo: Pare pou koute. Lang Kikongo Bisalò: Yon jan moun pwononse l nan lang kikongo bisalou ki vle di travayè. Lang Kikongo. Bo: Fòs ki sot nan men dantan yo, peyi mò yo. Baji se mimityè Dawonmen. Bohoun: Fòs lespri yo. Chante bohoun se chante antèman. Houn vle di espri, daprè Alfred Métro nan rityèl bohoun nou met yon kalbas sou yon bòl dlo pou reprezante lanmò kote espri a ap janbe dlo. Bosou: Gason ki fèt ak kòd lonbrik yo kòde alantou kou yo. Lang Dawomen. Bosoum: Espri nan lang moun Akan nan peyi Gana. Boula: Yon ti tanbou rada. Lang Dawomen. Boumba: Espri ki patwon tè selon pèp Mayombe nan wayòm Lawango. Espri ki pwoteje moun nan lagè daprè moun kongo.
Comentarios
Publicar un comentario