Entradas

Mostrando entradas de junio, 2025

Atansyon

 Atansyon gen 3 tip de fos negatif  Gen Movez espri ....Bagay timoun fasil a retire  Gen nanm (zonbi)......Bagay timoun fasil a retire  Gen demon...(Espri domoniac disip satan)  fok ou gen grenn nan boudaw (Pret,mason loge ak Lot gwo fos ki ka mete sa deyo)  Demon telman gen fos anpil pret mouri nan fe exocism, Fok ou pa sot fok ou entelek pouw fe gwo manman travay sa. Hougan ak manbo pa gen fos pou mare baka  C sak fe tou yo konn mouri apre yo finn eseye mete yon moun sou pye ki y malad Esprit infernal pa nan rans  Fow konekte pou minnin konba sa. Èske'w te konnen si'w ale Kay yon Moun ki Malad mistikman lè'w rive yo ka pase'w maladi a ?  Lè'w ale Kay Moun ki Malad pa janm kouri chita menm si yo ba'w chèz deplase chèz la avan'w chita.  Pa di'w pat konnen

Enfeksyon

 Anpil infeksyon sexyèl bay kansè uterus  Li pap janm yon derespektan ni yon afron si w mande  patnè w poul fè tès anvan nou antre Nan relasyon sexyèl.   Non li pap janm yon derespektan  siw di patnè w pandan wap pran tretman ou pa ka nan fè bagay  Paske uterus ou vulnerable.  Non li pap janm yon Afron siw konn yon nèg ap mache foure kle l Nan tout pòt ,pouw di non ou renmen la vi .  Renmen tèt ou vle di pwoteje l , pwoteje l de tout sak ka cause ou soufri.  Zanmi m pran konsyans ,  Kansè uterus fè moun soufri anpil ,pa gen dòmi nan nuit ni la jounen .  Depiw komance bay ti San entre règle  Anba vant fè mal  Ou pa ka kenbe pipi  Ou toujou gen yon rès pipi  Bouboun ou gen odè pwason Wap bay sekresyon ki gen odè Wè yon Pwofesyonèl,  pran remèd ki pou lave san w  Siw gen yon medcin ki pa pran symptome ou au serieux  chache yon lòt

Sèl

 Sèl.  CHWAZI BON SÈL POU SÈVI: MEN KIJAN  Kò moun bezwen sèl pou nèf yo ak misk yo ka fonksyone byen. Sèl ede balanse fliyid ki nan san w. Sèl ede kò w absòbe eleman ki enpòtan pou kò a, pa ekzanp 1-2 grenn sèl natirèl ap ede dlo w bwè rantre nan selil yo pi byen olye dlo a jis gaspiye. Ou pa konn ap pede bwè dlo epi ou reyalize w ne dezidrate?  Jounen jodi a chwa ki pi popilè yo lè n ak chwazi meyè sèl pou n konsome yo se sèl natirèl ki fòme nan lanati, anba lanmè, via evaporizasyon natirèl, se pa sèl yo fòme nan laboratwa ou izin atravè metòd evaporizasyon atifisyèl oswa sèl rafini ki pèdi anpil nan oligo-eleman enpòtan yo (trace minerals) ni se pa sèl yo ajoute pwodui chimik toksik ladan yo tankou sa m te revize yè yo. Sèl rafini yo toujou gen prezèvatif ak anti-aglomeran (pou yo pa fè boul ak kenbe imidite) ladan yo.  N AP TOU PRESIZE SI SE SODYÒM N AP KONSIDERE, tou de kalite sèl yo, natirèl ou rafini prèske gen menm kantite sodyòm. Se pou sa gen moun k ap...

Bedann

 Èske n konn pwazon syanid la gen yon sant zanmann anmè, si nen w bon w ap pran sant li. Se menm jan bedann ayisyen konpoze a gen sant manyòk anmè, preske menm sant yo. 🤔 Yo touye moun preske menm jan! Depi n pran sant sa yo yon kote, deplase rapid.  Tou de pwazon yo syanid sou fòm gaz, likid toksik li ansanm ak bedann touye moun trap de, byen rapid. Moun nan pa gen tan pou fè eyap. Alò si n vle konprann n a konprann. Sou fòm lwil syanid la prezante a se preske menm jan ak bedann lan, yo endispoze w, ba w kriz kadyak, yo ka penetre  w atravè vwa respiratwa w menm si w touche bouch ou baton.  Bedann lan se pa lese sa touche po bouch ou menm. Se pa mistik li ye se yon pwodui chimik toksik ki konpoze ak plizyè engredyan. Si Ayiti pa t tèt anba, yo ta konn kèk kichòy wi. Pou ki sa yo pa pran bedann lan rantre nan la labratwa gade konpozisyon l. Devlope anti-bedann lan mete sou mache a pou moun genyen. Gen anpil chans pou debann gen syanid ladan l.  Tou de pwazon yo...

Resèt natirèl

Lè w bezwen somèy.  Manje echalòt.  Ou ka fè te ak fèy melis, fèy bazilik, yon ti branch sitwonèl ak fèy kamomiy, sikre l ak yon ti siwo myèl pou bwè avan ou dòmi.  Pou Nen ki ap senyen.  Pran yon ti moso koton mouyel ak yon ti ji sitwon pou pase ladan li pou li ka rete.  Koklich.  Mete yon ti siwo kann, yon ti siwo myèl nan te ou fè ak 7 fèy chadron ak 3 fèy kase sèk pou bwè 3 fwa pa jou pandan yon semèn. ☆Pou Moun ki gen dan ki ap fè li mal, ki ap senyen tou sa.  Mete yon ti sann dife nan pat ou ap bwose a. Ou ka mache nan bouch ou fèy safran.  ☆Pou Malozye.  Bwè ji fèy platen pou bwè 3 fwa pa jou ki bon pou moun ki ap krache san tou.  ☆Pou blese ki santi.  Lave blese a bouyi fèy akasya mare sou li chak maten. Dòz Natirèl Pou Elimine Vè Nan Vant  Granmoun kou timoun ka fè dòz sa, nou tout dwe gen yon peryòd pandan ane a nou retire vè (deworm) nan kò nou paske yo se sous pi fò maladi nou genyen paske yo sekrete toksin nan kò n...

Resèt pou nanm

 Resèt pou nanm.  Koze fèy remed tradisyonel remed sa pou nanm pou kelkeswa bagay kap mâche andan kò ou  gade épi fe remed la byen apresa wap banm nouvel m'en sa wap fe wap achte Yon ti mamit sik krèm Yon koka  7 grenn sitron peyi  fason pouw fe remed la fel byen wap griye sik la tankou le wap griye kafe  wap kite sik la fonn nèt lew wel tou nwa wap ajouté koka an  an wap kitel byen bouyi poul ka redwi lel fini byen bouyi wap koupe  7 sitron yo wap pran tèt la épi wap jeté bouda sitron yo wap Pije tet sitron yo nan melanj la' pandan l AP bouyi sou dife an  wap kitel bouyi poul ka redwi apresa wap retirel  sou dife an wap metel Yon kote pouli ka byen frèt  apresa wap bay malad  Yon gode oubyen de sa depa'n de gravité maladi an  men ou PAP jeté ma 7 tet sitron yo ou te Pije nan remed la  kounya ou prale mete 7 tet sitwon yo bouyi nan dlo pou kont yo kounya si maladie an telman vomi épi li gen Yon dyare ki fo sou li ou p...

Balèn nan vodou

  KIJAN YO MAKE OUBYEN MONTE YON BALÈN LÈ WAP FÈ DEMAND🛑 Premye Bagay pouw fè se retire enèji negatif ki genyen nan balèn lan ou kapab retire enèji negatif sa avèk yon ti lwil oliv oubyen ou kapab pase yon ti lay nan balèn nan oubyen ou pase yon ti sel san sèvi nan kò balèn nan 🙌 Dezyèm Bagay pouw fè se konsantrew epi konnen a ki espri wap adresew nan demand ke wap fè a Twazyèm bagay pouw fè wap kenbe Balèn ou ak men goch epi wap utilize zong dwèt pous ou ki nan menm men goch la pouw make balèn lan an menm tan wap fè wonn balèn lan ak dwèt pous ou 🙌 pandan wap pale tout kozew ki nan kèw e konn a ki espri wap adresew tou nan demand la wap kòmanse make balèn lan anwo pou desann anba lè ou rive anba ou fin di tout kozew nèt epi wap sele balèn lan ak yon kwa apre ou limen balèn ou🙌 epi ou refè menm demand lan pandan balèn lan limen an pou demand lan monte nan plan astral la ansanm ak flanm dife a. Balèn.  Lew se Ayisyen ou supoze konn importance yon balèn paske yon vodouyi...

Egregò

 Egregò:c yon concept tout entansyon tout eneji dezi ak volonte yon gwoup moun ki ini tèt yo.  Li defini tout fason gwoup moun sa yo dwe viv pou mache nan dimansyon egregò a.  Egregò peyi dayiti a fome nan seremoni sosyo-politik nan bwakayimann nan nuit 13 14 out 1791. Egregò.  »Yon egregò kreye pou li sèvi Pèp Ki te kreyel la ak desandan pèp sa a. Egregò krisyanis lan se yon egregò ki te kreye pou lesklavaj. Tout sa ki kreye se ak enèji, se Enèji Nou menm moun nwa ki alimante egregò krisianis lan paske yo manipile nou pa mank de konesans ki rann egregò krisianis lan gen fòs.  Egregò krisianis lan kreye nan yon konsyans byen/mal. Sa vle di 90% mal ap retounen vin jwen nou menm moun nwa paske li pat kreye pou byenèt nou. Sa vle di plis nou rele jezi, plis enèji nou bay egregò sa a, plis lamizè vyolans sa pote pou Nou menm ras nwa. Se sak fè Peyi a nan eta sa a. Ou ka di men lè mwen rele jezi, mwen jwenn rezilta, se paske se pwòp eneji ou ki retounen bay 10% nan k...

Lwa Petwo

 Kèk lwa Petwo  Koulè tradisyonèl lwa Petwo yo se wouj, Rit petwo a se sou zile a li a li pran nesans.  1.AZANGON LORO  2.BAKOULOU BAKA  3.BOSOU TWA KÒN  4.BRIZ MONTANY  5 - BRIZE  6 DAM LAVE  7.DAMBALA WEDO DJENKE  8.DISPONYA LODE  9. EZILI BOHAN  10.GOUGOUN DANYON  11. GRAN BWA MEDJI  12.GRANN BOT  13.GRANN EZILI  14.JAN PETRO  15.JATIBWA KENTO  16.JENERAL BRIZE  17.KABWATYE  18.KAFOU GDI GHIDI  19.KAFOU TWA  20 LAYE BWA  21 LEGBA BWA  22.LENGLENSOU BASEN SAN  23 LENGLENSOU DANMAN 24.LENGLENSOU GWE  25.LENGLENSOU PYE  26. MAHILWEIZ BOUMBA ( manze) 27. MAMBO ADELAYID GWO TETE  28. MAMBO DAYILA  29. MANMAN YANGAN  30. MARASA BWA  31. MARASA LAFRIK GINEN  32. GRAN BWA ILE ( MET )  33.LOVANA ( METRES )  34. MERANSYEL ( METRES )  35.PYE ( MOUCHE )  36.OGOL JE WOUJ  37. PYE BRIZ  38. PYE DANTO  39. ...

Lenglesou

 LENGLENSOU"  Lenglensou kiyès lwa sa ye?  Nou konnen genyen 4 Lenglensou, si w konn plis wa va di nou sa nan yon kòmantè.  - Genyen Lenglensou Gè  - Genyen Lenglensou Lenglensou basen san  - Genyen Lenglensou Danman - Genyen Lenglensou Pyè.  Lenglensou yo se lwa ki sou dimansyon Gad Pwen. M sonje m te pale nou kisa yon gad. Map fè yon ti rapèl tou piti pou nou.  Kilè yon lwa sou dimansyon GAD? Lè yon lwa sou dimansyon gad se yon lwa ki la pou pwoteje.  Li kapab pwoteje biznis ou, lakou w, bitasyon w e ou menm tou. Depi lwa sou dimansyon Gad ou kapab jouke l nan nenpòt bagay ou genyen.  Kilè yon lwa sou dimansyon pwen? Lè yon lwa sou dimansyon pwen, sa vle di ke lwa sa ou pa kapab travay avè l san ke w pa jouke l sou dimansyon pwen an. Lè w leve nan yon bitasyon ou jwenn yon lwa, pa egzanp bosou, Lenglensou avan w kòmanse Sèvi yo ou dwe ale chèche konnen sou ki regleman granmoun ki tap sèvi avè l la te mete l. Ou pa menm chèche konnen ou...

Marasa

 Yn ti koze tout kout de marasa yo .  An nou tou konnen marasa yo sou plisyè rit Jodi sa  Marasa  mò ki travay de konsè ak mò yo e lwa marasa yo ke nou trouve toujou bò kote lwa yo  Lè yo barew tankou ankonpanye mò yo ase souvan problèm potew nan tèt e problèm konn metew telman nan réfléchi sa konn rann sous dlo pète nan zye nou                    Nou konn kriye anpil  Marasa nan bò lwa yo ki barèw ebyen tèt fèmal tèt grate pikotman tout kò nou telman tèt nou kon chaje sa toujou rann nou menm anvi vle fou. Tout sa nou konn anvi fè pye nou kon mare. Menm nou menm nou kon santi nou mare tout bon vre la nou kon plede akize lòt  Onorasyon marasa nan jou lendi kom marasa mò sa vle Di marasa ki jambe déjà yo  Onorasyon marasa jou vendredi kom marasa ki vivan         Mezanmi Tandem souple  Gade byen karakteristik yn timoun ki vle menm yn sirèt nanmenw ebyen li kole nan kò nou...

Vodou

 Pou vodou ta kle tout bon fòk tout malfektè yo desann plat.  Nan vodou moun pè moun.  Nan vodou moun pa fè moun konfyans.  Nan vodou youn vle pase sou lòt. aaaa fòk tout bagay sa yo ta sòti.  Nou vle vodou rantre nan inivèsite ki baz recheche li... mezanmi dosye sa gen anpil...travay poum fè ladann, sikolòjikman sa ap pran 3 generasyon pou nou ta jwenn yon tikras sa nap pale la men si nou gen yon klas inivèsitè solid 3 generasyn an, li tap yon eklatman menm jan ak syèk limiyè a.

Lwa Rasin san Bout

 Ki lwa yo rele RASIN SAN BOUT LA  Rasin san bout se yon lwa ke anpil moun pa konnen e se pa tout lakou ki genyen l men okap gen moun ki genyen l, lwa sa a se lwa defen TOUSSAINT LOUVERTURE te konn sèvi e li se yon gad ki bay pwoteksyon anraje.  Poukisa m di l se lwa epi gad?  Rezon an lontan grandèt yo te tou fè lwa yo sèvi kòm gad oubyen nou ka di gadò yo.  Donk mouchwa wouj yo toujou nan pòch yo oubyen nwa.  Oubyen ni sout rit bizango paske yo menm yo la pou konba oubyen pou defann ou nan lagè yo pa jwe devan pitit yo se yon lwa ki renmen eprèv paske l konnen l pwisan li menm.  Koulè l se wouj e nwa gen kote li se wouj sèlman.  Li manje bèf oubyen bouk kabrit.  Li bwè divin wouj oubyen kleren.  Lwa sa a gen menm Dimansyon ak bosou klanbanann yo gen menm dimansyon yo move menm jan Pifò ansyen lwa yo se gad ak pwen yo te ye paske se pou lagè yo la a, li menm li renmen pitit li anpil.

Pwovèb kreyòl

 Kisa Granmoun yo vle di ? Lè yo di lwa di ou 20 li pap di w 21.  Lè granmoun yo di w sa sa vle di Lwa pap janm lage tout dosye a nan  kòlèt ou vre....l ap di w moso l ap kenbe moso. Pi devan si l wè w ka sipòte rès pawòl la, la fin di w li. Men Lwa pa janm fin lage tout dosye yo deyò nèt vre....l ap ba w 20 an se degage w ak enfòmasyon li Ba ou an pou ranje chita w 21 an si w gen lespri wa degage w konnen l poukont ou. Sitou si l wè 21 an k mete Divizyon li pap di w li menm😅paske Lwa pa renmen mete moun nan zen🤷🏾‍♀️nan 20 an w ap sispèk wa ranmase pye w, men 21 an Lwa pap janm di w li.

Azagon Bòkò

 Azagon Bòkò  Nan Vodou lè nou mouri nou pa fini, nou sispann viv nan mond sa fizikman pou kontinye viv sou lòt plan...  gen moun lè yo mouri ki resikle, genyen apre yon sèten tan ki atann nivo gedevi pou kontinye veye e akonpanye sila yo ki gen menm lyen desan ou mistik avè yo, genyen kifè yon sèl ak lwa ki te akonpanye yo pandan yo te vivan nan mond sa, si moun sa se te yon lokosi li ka vin yon Azagon Bòkò ki diferan de Loko Azagon, selon sa ansèyman vodou ansenye.  Anpil jèn kounye a ki ap anbrase Vodou olye yo chèche konprann oubyen konnen rezon dèt konesans ansyen yo, yo pito krache sou sajès ak konnen grandèt yo.  Anpil jèn sa yo pran ansyen yo pou inyoran, pou moun ki pat konnen olye nou ta dwe konsilte konnen ak memwa ansyen sa yo, pou nou te ka retire tèt nou nan vodou ilizyon ak vodou ki egziste ke nan tèt nou an.  Ki pa gen anyen pou wè ak Vodou etan ke pratik e tradisyon ansestral, si jodi a nou gen yon eritaj, yon vodou pou n ap pale de li se g...

Orijin vèvè

 Ki orijinn Vèvè ?  Jiskaprezan pou mwen, vèvè fè pati de sa yo rele mistè enkoni nan Vodou, istorikman pèsòn poko ka remonte orijin vèvè, gen moun ki di se Afrik, lè ale an Afrik de kote nou erite Vodou an pa jwenn pratik sa, gen moun ki di se Tayino lè ou ale Lakou Dereyal ki se yon Lakou ki gen Tradisyon Tayino ak Ginen, basen zim Ench, wòch sent sizann, trase ou senbòl Tayino yo kite pa gen okenn analogi de resanblans ak sa n ap trase jodi a ke nou rele vèvè e vèvè pa yon syans inivèsèl anpil kote an Ayiti gen vèvè ki diferan, tankou nan regleman Lakou Kay Jòj Gonayiv vèvè tankou Agwe, Djakata....diferan ak sa yo trase nan lòt zòn.  VÈVÈ🕯️  se yon siy majik ki reprezante yon enèji, se yon mwayen ki si pou antre an kontak ak yon Enèji, se Siyati yon Lwa li egziste depi Atlant yo, Vèvè se moyen ki pi efikas pouw diferensye Lwa yo paske lwa yo pa defini sou des images, se Enèji ke yo ye🙏🏿🕯️ Men sa pa anpeche Vèvè rete yon mak idantite Vodou an Ayiti.  kisa ...

Tanbou nan vodou

 Kisa ki mennen ou vini nan Vodou ?  Tanbou, yon pawòl ke anpil moun mal konprann ou souvan mal entèprete nan kominote Vodou an, wi se tanbou ki mennen nou, ni rale mennen vini nan vodou an, youn nan non vanyan yo bay tanbou se  « rale mennen vini » paske lè tanbou ap bat sou regleman li vibre ou fè apèl ak fòs vodou yo ke nou rele lesen, lèmò, lwa nan tradisyon vodou an Ayiti.  Nou chak gen yon son tanbou ki rale ou eveye fòs zansèt nou ke nou pote nan adn nou.  Pwovèb lan di depi tanbou frape Ayisyen leve danse, se pa san rezon ke ansyen yo kite pawòl sa pou nou nan kilti nou kòm pèp paske son ou vibrasyon tanbou an emèt lan, pèmèt nou kominike ou eveye ak espri zansèt nou.  Dayè nan regleman Vodou tanbou se youn nan mwayen ke depi sou tan Grann N’Zouzi jiska kounya ke nou itilize pou kominike e entèpele fòs zansèt yo. Dayè nan regleman vodou Dawomen wayal lan premye seremoni tanbou an debite ak omaj nou rann lespri tanbou an e fondatè wayòm Dawome an, ki...

Lwa Makaya

 Ki lwa (loa) ou jwenn nan tèt makaya an:  Loa ki pi souvan asosye ak seremoni makaya nan Vodou Ayisyen an se Gede, espesyalman Gede Nibo. Gede se yon loa lwa nan Vodou ki gen fonksyon nan reprezante lespri mò yo, ak li gen yon asosyasyon avèk lanmò, lavi apre lanmò, ak lòt aspè lavi. Nan moman makaya, Gede vin sou devan pou dirije seremoni a ak pote kòlèktifite nan kominote a.  Gede Nibo se yon nan fòm Gede ki gen popilarite nan moman sa a. Li gen yon karakteristik vivan, enpòtans nan mizik, ak yon espri jwenn pou fè sòti nan lòt dimansyon. Nan seremoni makaya, Gede Nibo ka apètè kòlèktifite a ak yon enèji espesyal ki pèmèt moun yo kominike avèk lespri yo ak divinite yo.  Makaya nan Vodou Ayisyen an se yon gwoup ki vin ansanm nan yon seremoni Vodou. Li ka gen yon gwoup moun ki kòmanse danse ak chante ansanm, oswa yon gwoup enstriman mizikal ki jwe yon wòl enpòtan nan seremoni a. Makaya se yon fòm de kòlèktifite, yon kominikasyon ak divinite, ak li ka genyen yon kote...

Ki sa Makaya ye?

 Kisa Makaya Ye?  Makaya se yon tèm ki gen plizyè siyifikasyon, epi sa a ka diferan depandan de kontèks li. Nan kòntèks Vodou Ayisyen an, makaya se yon fòm de kòlèktifite ki manifeste nan seremoni Vodou.  Li ka gen yon gwoup moun ki danse ak chante ansanm, oswa yon gwoup enstriman mizikal ki kòmanse jwe yon ritm ki dwe leve nivo lavi espesifik nan seremoni a. Nan moman sa a, moun yo ka antre nan yon estati espesyal, ki ka mennen nan yon transe, kote yo santi yon kominikasyon ak divinite oswa lespri Vodou yo. Makaya se yon moman kote kominote a vin ansanm pou kòmanse yon ekspresyon vivan nan pratik relijye, kiltirèl, ak mizikal ki karekterize Vodou Ayisyen an.

Tant tòya

 Tant Tòya  Victoria montou ou kòb rele l tou tant Tòya.  Tòya fèt dahomey dam sa te ale sendomeng kote yo te konsidere l kòm esklav.  TOYA se yon fanm ki vrèman brav, li te tèlman brav li te gen fòs ak kouraj pou l te patisipe nan plizyè batay pou l te libere ayisyen anba esklav.  TÒYA se te matant jan jak desalin.  TÒYA fòme desalin istwa zansèt afriken yo, kilti afriken yo, Li moutre l kòman pou li goumen, kòman pou l tire kouto, Li bay estrateji revolisyon.

Makandal

 Makandal.  Makandal youn nan nèg ki te aprann lang Taynos  yo ki se arawaks pou te chèche konprann rezistans taynos yo kont espanyòl yo, poutan listwa grand pwisans lan prezante moun sa yo tankou yon ekip lach.  Makandal te aprann de taynos  konfigirasyon tèritwa a nan lit kont jenosid espanyòl yo.  konesans sa yo te pèmèt esklav yo kreye sou direksyon Makandal anpil itinerè mawon epi repere tout gwo kachèt pou devye pi gro ekspedisyon militè Lafrans nan kad ekspedisyon Leklè desanm 1801 pou retabli lesklavaj.  Nan sans sa n ap site  zòn estratejik tankou Mòn Kawo nan Latibonit, Kotdefè Obòy, Mòn Valyè, Montay terib nan sodo. Frekansite sa Loksidan pap janm padone nou. De tout fason nou kale yo, nou fout  kale yo nèt.  Makandal se te prensipal fomatè Makaya, youn nan pi gwo mawon revolisyonè ki te al òganize la rezistans kont lesklavaj nan preskil Sid la. Listwa Loksidan fè nou etidye lakay frè, kay chè sè, pa mansyone mouche sa ditou n...

Istwa Lakou

 ISTWA_LAKOU🏡 🔥 Pandan epòk "kanpay rejete" sou prezidan Elie Lescot, pèsekisyon fewòs kont VODOU nan kraze KAY LWA, jete bagay sakre, touye OUGAN/MAMBO, fè kadejak sou MAMBO ak pitit fi MAMBO yo, vòlò zannimo VODOUYIZAN... elatriye,  Legliz kretyèn espesyalman katolik sou lòd Vatikan te gen pou misyon pou eradike (detwi) eritaj ZANSÈT nou yo kòm yon vanjans kont Poto mitan rezistans ki te kase chenn esklavaj kolon Blan kretyen yo.  Se konsa pè Desroches ki te kire legliz katolik nan Latòti te akonpanye pè Margame ak pè Callier 2 misyonè nan batay kont VODOU te deside janbe lanmè pou ale egzòsize Lavil OKAN, chase LWA yo nan gran KAY nan non Jezi. Lè yo rive, yo boule lansan, resite litani, sòm ak plizyè fòmil egzòsis nan lang laten, yo aspèje lakou a, tout alantou kay la ak dlo beni.  Lè yap retounen latòti, pandan yo nan kanal la, yo rankontre  ak yon lanm lanmè petèt ki pat poko janm egziste. Brit sou kou batiman koule, pè Margame ak pè Callier mouri sou pl...