Enfeksyon

 Anpil infeksyon sexyèl bay kansè uterus 

Li pap janm yon derespektan ni yon afron si w mande  patnè w poul fè tès anvan nou antre Nan relasyon sexyèl.  


Non li pap janm yon derespektan  siw di patnè w pandan wap pran tretman ou pa ka nan fè bagay 

Paske uterus ou vulnerable. 


Non li pap janm yon Afron siw konn yon nèg ap mache foure kle l Nan tout pòt ,pouw di non ou renmen la vi . 


Renmen tèt ou vle di pwoteje l , pwoteje l de tout sak ka cause ou soufri. 

Zanmi m pran konsyans , 

Kansè uterus fè moun soufri anpil ,pa gen dòmi nan nuit ni la jounen . 


Depiw komance bay ti San entre règle 

Anba vant fè mal 

Ou pa ka kenbe pipi 

Ou toujou gen yon rès pipi 

Bouboun ou gen odè pwason

Wap bay sekresyon ki gen odè

Wè yon Pwofesyonèl,  pran remèd ki pou lave san w 


Siw gen yon medcin ki pa pran symptome ou au serieux  chache yon lòt

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel