Resèt natirèl

Lè w bezwen somèy. 


Manje echalòt. 


Ou ka fè te ak fèy melis, fèy bazilik, yon ti branch sitwonèl ak fèy kamomiy, sikre l ak yon ti siwo myèl pou bwè avan ou dòmi. 


Pou Nen ki ap senyen. 


Pran yon ti moso koton mouyel ak yon ti ji sitwon pou pase ladan li pou li ka rete. 


Koklich. 


Mete yon ti siwo kann, yon ti siwo myèl nan te ou fè ak 7 fèy chadron ak 3 fèy kase sèk pou bwè 3 fwa pa jou pandan yon semèn.


☆Pou Moun ki gen dan ki ap fè li mal, ki ap senyen tou sa. 


Mete yon ti sann dife nan pat ou ap bwose a. Ou ka mache nan bouch ou fèy safran. 


☆Pou Malozye. 


Bwè ji fèy platen pou bwè 3 fwa pa jou ki bon pou moun ki ap krache san tou. 


☆Pou blese ki santi. 


Lave blese a bouyi fèy akasya mare sou li chak maten.


Dòz Natirèl Pou Elimine Vè Nan Vant 

Granmoun kou timoun ka fè dòz sa, nou tout dwe gen yon peryòd pandan ane a nou retire vè (deworm) nan kò nou paske yo se sous pi fò maladi nou genyen paske yo sekrete toksin nan kò n epi konsome yon bon pati nitriman nesesè kò n bezwen nan sa n ap manje yo. Anpil timoun gen pwoblèm vè nan vant yo, pafwa majorite remèd paran yo achte pa ede yo elimine vè sa yo ak tout lòt kalite parazit ki enfekte timoun kou granmoun. Vè nan vant ka lakoz pèt apeti oswa malnitrisyon, afekte devlopman sèvo ak kapasite pou ti tyovi a byen pèfòme lekòl (w a panse se kreten l kreten vre men non), karans nan Vitam A, si l te deja anemik sa ka rann li vin pi mal; avèk anpil lòt sentòm plis konplikasyon si nou pa trete kondisyon sa bonè. 


ENGREDYAN AK REGLEMAN

- 3 boujon Semen Kontra (non syantifik: Chenopodium ambrosioides; Anserine an Fransè) 


- 2 branch Asowosi (non syantifik: Mormodica charantia, lòt non Kreyòl se Yèsken) ki pandye tèt anba pou w tou pran menm jan an nan pye a. 


- 1 wonn po Sitwon (kale yon sitwon vèt ankè. wè si w ta ka kale l ak tout po a anantye, pa koupe l bout pa bout) 


PREPARASYON:

Bouyi l lejèman nan yon ti dlo epi adousi l lejèman. Ba timoun nan yon tas. Fè sa 3 fwa pa semèn pandan 3 semèn, toujou sote 1-2 jou espas chak w ap refè l. 


➡️  Se nou k pou pataje pòs la ak envite zanmi Like paj la pou n ede plis moun epi pou n ka poste plis remèd pou nou. 


DIPLIS: Lave 3-5 bout rasin Ave (non syantifik: Petiveria alliacea, panyòl rele l Anamu, Guinea hen weed ann anglè), yon ti jan bat yo pou yo fann lejèman, bouyi yo pou 7-10 minit. Bwè l kòm tizann tout jounen ajoute 2-3 grenn sèl ladan l, ou ka pran l pou 3 jou si w wè tout oswa majorite vè yo deja elimine; oswa fè sa 7 jou youn dèyè lòt si w santi kèk ti sentom. 


Atansyon: Pa bay timoun ki poko gen 5 ane rasin ave jis fè premye dòz prensipal ki pi wo a. 


Remèd natirèl sa efikas pou granmoun tou. Chak tip vè oswa parasit gen dòz pa yo ki plis apwopriye pou elimine yo. Yo konn devlope rezistans parapò ak kèk remèd, konsa li bon si n ka idantifye ki kalite vè li ye, konsa si dòz jeneral sa pa ta ba w rezilta w swete a, ou ka ekri nou epi ba n rezilta ekzamen ou te fè a. Pa bliye majorite maladi pran rasin nan vant nou, li enpòtan pou nou toujou gen bon sante dijestif, fè lavman (medsin, lòk, detòks) anviwon 2 fwa pa ane, se yon metòd prevansyon efikas. 

Ou kapab fh sa tou pask dpi li genyen branch fèb lap atake opresyon an tou

-Echalòt avk lwil maskreti

Konpozisyon :wap pile echalòt la ou lagel nan lwil la epi ou chofel sou dife nan mezi moun nan ka sipòtem epi ou rale estomal avèl apresa ou toufe timoun nan

NB:Evite kitel toutouni ni benyenl avk dlo frèt nan moman trètman an. 


Pou opresyon:

Wap achte yon boutèy lèt  

Wap chèche yon nich djèb ki gen ti djèb ladanl

Konpozisyon:

Wap mete lèt la bouyi avk nich la 

Epi wap kitel redwi a yonn oubyn dtas 

Apresa ou pije lèt ki rete nan nich la ou bay ti moun nan bwè epi lapè. 


Li efikas anpil paske nan fanmiy mw prèsk nou tout t genyenl c avk sa grann mw t konn trete nou.

Ata menm yon ti bb mw genyn la li t atakel csa mw t fh pou li


✅Remèd natirèl pou Anemi :

Sitou lè'w gen règ ou li pa koule , li parèt li ale. 


➡️Engredyan : 


-Fèy manyòk (Dous)

- 1 bwat lèt 


👉Pataje ! Pataje pou konsève resèt yo sou paj ou ede yon lòt moun enfòme. 


➡️Preparasyon : 


Pran 2 ponyen fèy manyòk (Fèy ki fèk ap pouse) , netwaye yo épi pile yo oswa Blennde yo san'w pa Mete dlo . 


Pran ji Fèy manyòk la melanje li avèk yon bwat lèt . 


➡️Pozoloji : 


Bwè li 1 fwa/Jou pandan 3 jou. 


Sa vle di chak jou wap fèl. 


Pa pran plis ke 1 bwat lèt , ni bwèl pandan plis jou.

Remèd natirèl pou Tous (Moun kap touse san rete): 


➡️Engredyan:

2 tas dlo (500ml)

1 kiyè pwav moulen

15g siwo myèl

1 sitwon

1 kiyè poud jenjanm. 


➡️Preparasyon:

Mete dlo a nan yon kastwòl mete'l bouyi , pire sitwon an ladan'l , ajoute pwav la avèk jenjanm nan , kouvri'l , kite'l bouyi jiska 10 minit . Aprè koule'l, mete siwo myèl la. 


➡️Pozoloji: Bwè'l 3 fwa / Jou . 1 tas san'w poko manje , 1 tas avan repa midi , 1 tas avan'w soupe.


alèji sou po pou timoun.

Fe Yon pomad Avek tabak poud kafe épi lwil maskreti konpoze sou alejie an


Remèd natirèl pou doulè règ: 


Fèy zaboka, w ap pran anviwon 5 fèy zaboka lave yo byen pwòp e blennde yo ak yon ti dlo, koule l epi bwè ji a. 


Fè sa premye jou règ la vini an aprè wa banm rezilta.

DOULÈ RÈG : 


Lavèy règ la, depi w kòmanse santi sentom premanstriyèl yo, bouyi 3-5 ti branch melis; bwè 1 tas te a ak sèl chak swa, kontinye chak jou règ la jouk li ale dènye jou a. Kou l fini w ap kòmanse pran 1 tas tibonm chak swa ak sèl.


depiw son Moun kap viv AK jèm sida nan sanw,wap achte ten pèsi safran ou mete yo bouyi pouw bwè,wap fè remèd sa chak jou lap kenbew an santé se kòmsi ou PAt malad lap lap konbat AK virus l'an m'en li PAP k éliminer viris l'an.


Remèd natirèl pou doulè règ: 


Fèy zaboka, w ap pran anviwon 5 fèy zaboka lave yo byen pwòp e blennde yo ak yon ti dlo, koule l epi bwè ji a. 


Fè sa premye jou règ la vini an aprè wa banm rezilta.


✅Remèd natirèl pou moun ki pran nan pwazon :

(Nap viv nan yon mond kote Moun rayi pou tout bagay  nan travay ou ...etc ou pran pwomosyon yo ka manje'w ....)

👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou anrejistre remèd la sou paj ou epi enfòme yon lòt moun pou si'l ta pran nan pwazon poul pa mouri.

➡️Engredyan :
Kann
Lwil wouj
Lèt (bwat)

➡️Preparasyon :

Bay Moun ki pran nan pwazon an manje yon bout Kann (si'w gen siwo Kann bal bwè demi tas) . Aprè ba li demi vè lwil wouj natirèl. (Moun nan ap vomi tout pwazon an).

Si'w pa jwenn Engredyan sa yo : Pran yon bwat lèt debouche'l Mete 3 ti priz tè ladan'l bal bwè lap rann tout pwazon an.

✅Remèd natirèl pou Lestomak fè mal:

➡️Engredyan :
Pomme de terre
Sirop miel

➡️Preparasyon :

Pran pòmDeTè yo (Kri san bouyi) , kale yo , Mete dlo , blennde yo , ajoute 2 kiyè siwo Myèl ladan'l.

➡️Pozoloji : Bwè 2 vè ju 2 fwa pandan jounen an.


🛑Remèd pou kase gwo Vant :

Sa wap bezwen pou fè reset la :

1 ponyen pèsi, 1 konkonm, 1/2 gwo moso Jenjanm , 2 sitwon ak 1/2 lit dlo.
Wap gen pou  Blennde  pèsi'a , moso jenjanm nan AK konkonm nan ansanm aprè sa mete ji 2 sitwon yo ladan'l,
Wap gen pou bwè you vè nan melanj lan chak swa avan'w dòmi,
nan you semèn wap jwenn rezilta.
Fèl apre Vinn temwaye

Avan'w kòmanse mezire senti'w .
Pataje remèd yo,
sinon nou pap jwenn ankò, nou egoyis twòp.

Pataje O Maximum.

🛑Resèt natirèl pou moun kap wonfle nan dòmi :🛑

👉Gen 4 tip  wonfle:
1-Wonfle Bouch fèmen
2-Wonfle Bouch ouvè
3-Wonfle a do
4-Wonfle tout Urgence

➡️Engredyan :

-Feuille citronnelle
-Sirop miel

➡️Preparasyon :

Bouyi kèlke Fèy sitwonèl, kite'l tyèd ajoute 2 kiyè siwo Myèl nan 1 tas ou bwè li 2 fwa/Jou. Lè'w pral dòmi Mete pye'w tranpe nan rès la pandan'l tyèd la jis li frèt.

Ou kapab fè'l pandan 1 mwa 1 fwa/Semèn


✅Resèt natirèl pou elimine Tach Nwa , bouton sou po'w nan vizaj ou:

👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou ede yon lòt moun , sispann achte krèm dekale figi'w kap vin ba'w kansè po aprè .

➡️Engredyan :

Citron
Pomme de terre

➡️Preparasyon :

Rache pòmDeTè yo epi Blennde yo pran ji'a , melanje li avèk ji sitwon. Ajoute 1 kiyè siwo Myèl oswa 1 kiyè lwil Kawòt ladan'l , pase'l kote ki gen Tach yo oswa bouton yo , kite'l fè anviwon 40 minit . Aprè lave vizaj ou.

Fè resèt sa 3 fwa/Semèn.🛑Pataje ! Pataje! Pataje'l pou ede yon Moun:🛑

✔️Remèd natirèl pou anemi:

⏺️Engredyan :
-Pòm vèt
-bètrav
-Kawòt
-Fèy lyann panye melanje ak epina

Preparasyon : Ou pile fèy yo ou pran ju 'a ,epi'w blennde oswa graje pòm yo ak bètrav la kawòt la epi'w koule'l ou pran ju'a ou melanje'l avèk ju fèy la san'w pa mete lèt .

Ou ka mete yon ti siwo myèl pur ladan'l .

Bwè yon vè ju konsa 3 fwa/Semèn .

Lè'w gen règ san koule tak par tak , ou gen gwo tèt fè mal .

Aprè Si'w pa engra wa ekri remèd fèy pou remèsye nou.
Avan'w kòmanse'l kontwole konbyen gram san'w genyen aprè 1 mwa al rekontwole ankò.

Pataje O Maximum, Pa kenbe remèd yo pou kò'w !


Tibonm + fèy kalbas kouran + fèy pwa kongo + fèy kalbas mawon. Bouyi yo pou bwè chak 3 jou. Lap ba w dyare. Ou pa bezwen pè se Fredite a lap mete deyò AK vant fè mal la. 


Ou ka fè sa tou avan w Al dòmi : chofe Lwil maskreti, Melanje l AK poud tabak, friksone tout kò w nèt. Épi kouvri, Al dòmi. W ap swe anpil, w AP mete Fredite a deyò.


Moun ki gen s'ik nan san yo ki pa gen bann chache plant sa pote ban Mwen Map diw sa pou fe ak li pwa pyant 


Men yon boutèy prevansyon pou anndan nou: 3 bout Kòs mango fil + 2 bout bwapen + 7 bout jenjanm + 3 bout kòs bwa chèn + kleren blan + 7 bout safran + 1 ti priz pwav + 3 dan lay + 21 klou jiwòf +bout rasi''n ave + 3bout rasi''n pwa pyant +yon ti ponyen bab panyol. 


Boutèy prevansyon kont kowona, li fòtifye kò a, monte sistèm iminitè nou. Epi ede kò a batay ak frap tankou kout lè ou vye maladi. L ap ba w rezistans ase omwen ou ka tan tretman


 ➡️.  FÈ JI GASON KANSON pou bwè ak melanj kèk nan fwi sa yo: Tamaren - jenjanm -  Melon - Bètrav - kawòt - Grenadya - pòmgrenad. Ajoute ti poud miskad ak kanèl si w genyen. Pran l ak siwomyèl. Si w lòt bò w pa jwenn poud Maca ajoute ladan l. Ou ka toujou mete poud moringa paske l pi fasil pou jwenn oswa ou ka konpoze poud ou, seche fèy yo epi pile yo. 


Dòz Kase Vant, gwo vant pa lasante, kase bit mòn lan ak plant sa yo: 


Engredyan:

2 Chadèk oswa panplemous, 4 sitwon , koupe yo ak tout po, ajoute 2-3 moso jenjanm, 1-2 bwa kanèl, si w vle ou ka ajoute 1 kiyè kamomil men li ka fè w gen dodo. 


PREPARASYON:

Bouyi l 12-15 minit, lese l enfize pou yon 15-20 minit, pase nan paswa, ou ka konsève l nan bokal ou yon po. Ajoute myèl pou gou. Ou ka rechofe yon tas chak w ap bwè l. Pran 3x4 tas pa jou pandan jounen an, ou ka pran 10 minit anvan repa.  


Ou ka toujou fè l toutan w bezwen, jiskaske w jwenn rezilta 


Pye mayas : Sa nou rele pye santi’a, chak swa avan’w dòmi pase zoranj si nan pye’w épi mete chosèt , fanm kite Gason pou pye mayas e gen fanm pye mayas tou. 


Movèz alèn sa nou rele Bouch santi’a : manje pèsi kri,bwè te jiwòf chak maten pandan 7 jou , fè’l konsa chak mwa jis ou derasinen alam lan nan bouch ou. Bagay ki di yon fanm oswa you Gason kite’w pou bouch mayas. 


Planning natirèl : Lè’w fin akouche ou pa vle fè pitit touswit , wap bwè 1 grenn maskreti si ou vle planning 1 lane , 3 grenn Planning 3 lane, 5 grenn Planning 5 lane pa itilize chif pè tankou 2 , 4…grenn masketi. 


Kis nan ovè: Èkòs bwa chèn ak 3 grenn lay vyolèt bouyil , bwè’l wap fè sa pandan 8 jou. 


Mòpyon: Raze tout pwèl ou tankou adoken, pase sitwon ak kleren . Ou ka pran fèy tabak vèt, fwote yo byen fwote pase’l ladan ak tout ji’a. 


Moun ki gen gonfleman: Pran 3 fèy kachiman bouyi’l bwè’l pandan 3 jou


Map fè nou tout konnen depiw remake Yon ti boul nan tête nou pa neglije kouri Al lopital pou konnen sa li ye paske pati sa sansib anpil ou byen pran fèy korosòl AK lwil maskreti, jèl lalwa, chofe yo sou dife épi dopozel kote ou santi boul la, nan 3jou li sipoze disparèt boul la si tout fwa ou wè boul lan la toujou kouri lopital prese prese pou konnen ekszat sa kap développe a.


pou trete move odè nan  Bouboun dezagreyab oswa bouboun ki gen sant pwason kri :

Engredyan:

-10 Fèy gwayav 

-1 lit dlo

Preparasyon: 

Lave fèy gwayav yo , mete yo bouyi jiska 5 a 10 minit aprè kite’l frèt . Lave bouboun ou avèl 2 fwa/Jou pandan 1 a 2 semèn 


Koze fèy remed lakay  pou fanm ki toujou fè “Fausse Couche chak lel ansent pitit la tonbe.

Remèd 1

Engredyan:

-Pwav long 

-Fèy Djeka 

-Jiwòf 

Preparasyon:

Bouyi engredyan yo , bwè demi vè maten e swa. 


Koze fèy remed lakay pou fanm ki toujou fè “Fausse Couche chak lel ansent pitit la tonbe. 


Remèd 2

Engredyan:

-Fèy Bazilik

-7 grenn piman Gine un

Preparasyon:

Si’w ansent pandan 3 mwa , kraze fèy bazilik yo , mete dlo koule’l epi ajoute 7 grenn piman Gine . Bwè li 2 a 3 fwa pandan mwa a. 


Timoun nan pap tonbe. 


Remèd natirèl pou fanm ki paka ansent

Resèt

Engredyan:

-30 fèy yanm sèch

-3 lit dlo 

- 2 vè siwo myèl 

Preparasyon: 

Mete tout engredyan yo bouyi pandan 1h de temps , aprè koule’l. Bwè li 3 fwa/jou pandan 15 jou aprè règ ou fini.

Ou ka fèl pandan 6 mwa. 


Koze fèy remed lakay  pou fanm ki paka ansent

Resèt 

Engredyan:

-4 gwo pwaro

- 1 lit dlo un

Preparasyon: 

Bouyi engredyan yo pandan 20 minit . Bwè 3 vè chak jou pandan peryòd ovilasyon’w.

Rapèl: Pou yon fanm tonbe ansent fòk li pa gen ni : Fibwòm, Kis , Twonp bouche ,Pwoblèm Ovilasyon e fòk gason an pa gen 

pwoblèm espèm fèb. 


Koze fèy remed lakay maladi sik (Moun ki dyabetik):

Engredyan:

-Kalalou

-Rasin Pwaro

-Jenjanm 

Preparasyon:

Koupe rasin pwaro a , lave l , rache kalalou a , koupe jenjanm nan , mete tout nan yon veso. Mete dlo bouyi , aprè 5 a 10 minit , vide dlo a sou engredyan yo nan veso a , kouvri’l epi kite l frèt. Aprè mete l nan frijidè. Nan demen lè’w leve bwè yon vè.


Siw gen yon grip oubyen yon tous sèk ki pa janm koupe: 


Pran yon ponyen fèy Asowosi metel bouyi ansanm ak yon Zoranj si, pike l fè plizyè ti twou ladanl. 


Lèl fin byen bouyi retire ma fèy la ak Zoranj lan, Epi pran 3 flè choublak ponmen, mete nan dlo a kitel fè yon ti bouyi poul ka byen detenn lèl fini retire ma yo. Vide yon ti Siwo kann, kitel frèt, chak maten chak aprè midi bwè yon demi tas, lap fèw manje tou wi. 


Épi wa banm nouvèl… 


Remèd natirèl pou'w konbat grip: 

Pou you moun rive elimine grip, las, opresyon, bwonch fèb, enfeksyon 

nazal, fyèv sezonyè, sinizit: 

Koupe 2 pat lalwa ki frèch, mete'l tranpe nan you ti vè tafya , 3 a 5 kiyè siwo myèl òganik, 10 grenn lay kale, 1 boutèy dlo mineral. 


Mete yo nan yon blenndè, epi blennde yo ansanm. Aprè bwè melanj sa pou'w kapab lite avèk grip la. 


Lè nou pale de fèy lalwa se sa nou rele pat lalwa a mwen vle pale nou. 

Retire 2 arebò ki genyen pikan yo. kale yon bò nan pat lalwa a, o ak yon 

kiyè dekrase jèl ou nannan an. Mete li nan yon blenndè pwòp. Pa bliye 

se 2 pat lalwa. 

Pou ti vè tranpe a , se tafya oswa kleren yo masere ak rasin, èkòs plant. 


Si nou pa genyen tafya tranpe, mete yon ti vè wonm/ vodka


Siw son moun kap soufri AK pyè nan ren kotew wè bwason gazyez pase lwenl ale vwa pouw ta menm oze bwèl, imedyatman ou bwèl ou aggravé les choses😡😡😡 


Moun kigen kolesterol elve, pou Moun ki bezwen netwaye ren yo wap bezwen de engredyen sayo selman, kokoye olé épi sitron trè fasil,m'en kijan pouw preparel. 


1-wap pran Yon kokoye olé ou koupe tèt li épi ou pire Yon grenn sitron ladan pouw bwè, wap fè recette sa chak maten pandan 15jou, aprèw fin fè resèt tounen l'hôpital la Al refè examen yo tout bgay ap nòmal,épi vin Di mèsi,renw ap propte kolesterol ou ap bese


depiw son Moun kap viv AK jèm sida nan sanw,wap achte ten pèsi safran ou mete yo bouyi pouw bwè,wap fè remèd sa chak jou lap kenbew an santé se kòmsi ou PAt malad lap lap konbat AK virus l'an m'en li PAP k éliminer viris l'an,


Resèt natirèl pou kanal brile , enfeksyon irinè : pran Yon zoray siw gen poud jiwòf ok siw pa gen poud jiwòf pran jiwòf la pile ki byen pile prive zoranj lan nan tas epi met poud jiwòf la bwase li bwen bwase pan maten  an aprè midi pandan   semèn siw fè asid , ilsè estomak pa pranl 


Pou Moun kigen bagay kap bat anndan vant yo pran fey tabak 

Fèy bwa kaka

Fèy zo devan

Fèy bazil 

Luil sent 


Pouw fè yon beny 3 jou 


Bwè ji zoranj si pandan 7jou

Bwè te boujon fèy zonranj si pandan 7 jou

Epi koule tet ou ak fey zoranj si tranpe nan dlo nan soley pandan 7jou 


Men manman koze  a 


Ou kai bouyi fèy ekaliptis pou bwè pou pròpte kòw 


Kont maladi oswa ilsè nan po, dèmatoz, ou ka fwote fèy la nan beny pou netwaye ak swen po w. Ou ka grese l ak lwil maskreti oswa mantèg epi chofe l pou pase sou pati po w ki afekte yo. Ou ka melanje l ak lòt engredyan pou swen po li brile tou. Gen pomad yo fè ak fèy plant sa sou mache entènasyonal la pou trete po boule.Yo rele l tou GWOSÈS NÈ CHÈCH, lè konsa fanm nan gen tout siy ak sentòm gwosès yo, vant li ka menm bonbe, tete ka menm gonfle, li p ap wè règ li, li ka vomi menm, men li pa gen pitit nan vant li vre. Se yon tès ak yo ekografi ki ka mete tout moun dakò pa gen gwosès vre. An reyalite, se plis pou bèt tèm sa a te kreye. Yo vin transpoze l pou moun tou, paske fenomèn nan kay moun tou. Enpresyon sa a ka rete sèlman pou kèk semèn: lè moun nan wè tout envestigasyon sou gwosès la dezapwouve l, li pral finalman reziye l aksepte li pa ansent. Noubka konprann la a, se yon bagay ki nan nivo mantal moun. Gen plant (Ignatia amara) ki ka bese chalè sou yon bèt ki kwè li ansent. Men m pa konnen si sa ka mache pou moun.


pou kenbe  bouboun ou byen sere nomal:  Pou évite enfeksyon paske bouboun où se paspow .m'en sa wap fe  fey gwayav+ 2a3sitron pran anpe dlo, mete fey gwayav la, koupe sitron yo mete épi metel bouyi,lel fini metel nan yon veso chita sou li,le dlo a fret fè twalet ou. 


Ou jeté po lay ou ? 

Mezanmi siw te konn byènfè ki gen Nan bwè Té 

Depan de kantite moun té a ap fèt

Pran : Citron,  Rosemary, Jinjanm ,po lay ,jiròf , fèy lorye 


Bwè yon cup anvan w mange 3 fwa par semaine 

Koze : Gaz , cholesterol,  Bakteri,  Inflamasyon, kèk type infeksyon,  pwoblèm fwa , pwoblèm kidney, ou menm ki toujou gen Bouton ,  Tansyon , pwoblèm poumon,  poum di sa yo sèlman se tande wap tande yo Kay moun. 


Pèdi VWA: Si Vwa w Anwe 


ENGREDYAN: Seleri + Langichat + Lèt 


SA POU W FÈ?

Toufe 5-7 bwa seleri oswa yon ponyen fèy nan 1 gode dlo bouyi pou 10-15 minit | Pran demi gode te sa, melanje l ak  demi vè lèt bouyi. Pran 3-4 fwa pandan jounen an swivan bezwen. 


DIPLIS: 

Prije de twa fèy langichat, pran ji a melanje l ak 2 grenn sèl, chofe l nan yon gwo kiyè, epi prije 1 bò sitwon oswa zoranj si ladan melanj. Gagari l pandan l tyèd mezi tanperati w ka sipòte ki p ap boule w. W ap pran 3 bouche nan bouch ou: jete premye bouche w gagari a, vale 2 lòt bouche apre ou fin gagari yo. Ou ka repete sa swivan bezwen pandan 3-4 jou anplis. Dòz sa bon pou moun yo di lalwèt tonbe oubyen sa ki gen amigdal.


Pou grip la 

Fèy kasesèk

Fey banbou

Fey langachat

Boujon kandelab

Fey bare volò

Fèy chadron


☆Resèt natirèl pou'w konbat grip: 

Pou you moun rive elimine grip, las, opresyon, bwonch fèb, enfeksyon 

nazal, fyèv sezonyè, sinizit: 

Koupe 2 pat lalwa ki frèch, mete'l tranpe nan you ti vè tafya , 3 a 5 kiyè 

siwo myèl òganik, 10 grenn lay kale, 1 boutèy dlo mineral. 


Mete yo nan yon blenndè, epi blennde yo ansanm. Aprè bwè melanj sa 

pou'w kapab lite avèk grip la. 


Lè nou pale de fèy lalwa se sa nou rele pat lalwa a mwen vle pale nou. 


Retire 2 arebò ki genyen pikan yo. kale yon bò nan pat lalwa a, o ak yon kiyè dekrase jèl ou nannan an. Mete li nan yon blenndè pwòp. 

Pa bliye se 2 pat lalwa. 

Pou ti vè tranpe a , se tafya oswa kleren yo masere ak rasin, èkòs plant. 

Si nou pa genyen tafya tranpe, mete yon ti vè wonm/ vodka 


Pou rezoud pwoblèm anba ti vant fèmal la wap fè resèt saa: pran Yon tèt lay vyolye ou 2 tèt pran jiwòf ki ka evalye ak 10 grenn ou 15 mete yo bouyi pandan 3 minit ou ka tranpe l tou , aprè sa bwè Yon tas chak maten ,Youn aprè aprè fè resèt saa pandan Yon mwa resèt saa bon ni pou kis , kansè , fribòm kap fòme.

Rituel pou anivèsèw 


Wap achte 

on boutey chanpay 

On balen blan 

Wap kole balen nan sou tet boutey chanpay la

Wap fe demand ou 

Après sa ou debouche chanpaj la ou bwe 3 goje épi oui benyen ak res la 


Fe rituel la egzakteman nan jou ou fet la nan lè ou te soti nan vant manmanw lan. 

(Egzanp siw fet a 11pm ou dwe fe rituel la nan lè sa.

Koze fèy  pou enfeksyon kwonik

-Infections de longues durées -Infections Vaginales -Démangeaisons 

Vaginales. 


Engredyan: Gigembre Safran (Curcuma)- Girofle L’ail - Le net net. 


Preparasyon: Netwaye engredyan yo dekoupe yo an 2 , achte 1 boutèy 

dlo , vide mwatye nan yon resipyan , mete tout engredyan yo nan rès 

boutèy dlo’a , aprè ajoute rès dlo’a , fèmen boutèy sa kite’l fèmante 

pandan 3 jou. 


Pozoloji: Bwè demi vè tyèd pandan 2 fwa/Jou. Kanpe remèd sa aprè 1 

mwa . Swiv kijan enfeksyon an ye . A 


Tretman pou enfeksyon vajinal. 


Men'w kapab fè trètman avèk fèy nan bwa

1-----> Ou ka pran jiwòf, fèy pwa Kongo epi 

ou mete yo ansanm epi bouyi pandan 10 minit 

yo ak yon ti dlo ki ap mezi pou'w bwè pandan 

2 fwa nan jounen an, maten e swa pandan 1 

mwa.

2----->Ou ka itilize LAY diven tou, pran lay la, kale'l Epi'w pile lay 

la, fè'l tounen yon pat, epi lè'l fin byen fen, ou ka pase li nan 

bouboun ou chak swa avan'w al dòmi, pandan 2 semèn.

Ou pa dwe ni nan fè sèks pandan trètman an, ni nan sote jou, sinon 

ou pap geri.

3----> Nou ka itilize fèy twonpèt, ou bouyi li pandan 10 minit, aprè'w 

bwè li 2 fwa/jou diran 1 mwa aprè bwè ji sitwon/Chadèk pou 

netwaye san'w.

Se 3 métod, se you'n ou Lòt, pa al fè tout 3 ansanm 


Trètman natirèl pou enfeksyon irinè :

Se pa sèl fanm yo ki soufri de enfeksyon men mesye yo soufri de 

enfeksyon tou nan pati entim yo. Aprè enfeksyon vajinal ke anpil fi 

rankontre nan vi yo, gen yon enfeksyon tou ki se enfeksyon irinè. Anpil 

gason soufri de li tou. 


Jodi a nou vin ede'w konbat li natirèlman si w pa gen lajan pou achte 

medikaman pafwa ki pa menm pote solisyon. 


SIY KE'W Gon enfeksyon irinè:

-wap pipi tanzantan

-doulè nan pati entim ou lè wap pipi

-anba vant ou ap fè w mal lè wap pipi

-ti kal san parèt nan pipi an 

Men kisa wap bezwen pou trete enfeksyon sa:

Engredyan :

-pran 1 gous lay

-pran on ponyen pèsi

-pran 2 sitron 

Preparasyon :

Pran lay la , rache pèsi a mete'l nan yon blenndè, Blennde yo , mete 

demi vè dlo , pire sitwon yo aprè sa brase'l bwè'l.

Bwè'l chak maten ,

Bwè'l chak swa . 


Konsève melanj lan nan frijidè ou frizè si'w fè pou rès rete, si'w pa gen 

frijidè fè melanj lan mezi pou Yon jounen.

Trètman sa dire 2 a 3 semèn selon nivo enfeksyon an. 


NB- Remèd sa valab sèlman pou enfeksyon irinè li pa pou enfeksyon 

vajinal.

Remèd ou Ka fè a lay kont vè nan trip. 


Kraze 1 gous Kay mete li bouyi nan  demi lit dlo 5 minit pase li nan on moso twal byen pwòp ,byen prije li epi ret tann li  tyèd avan w bwè 1 tas  avan w bwose bouch ou nan matem a 1 lòt tas nan aswè pou 7 jou .       


*Men li toujou pi bon pran remèd Kont vè lè lalin nan anba  ou nouvel epi  avan  w pran   li ,pran  on ti dlo  sikre,souke vant la apre  5 mint pou w  pran  remèd la .




✔️ Remèd natirèl avèk fèy Gwayav e grenn Gwayav:

1-Te fèy Gwayav kapab ede'w trete bwonch ak tous

2-Si'w gen kolik, ou gen Dyare ou bwè te fèy Gwayav oswa manje kèlke Gwayav ou ju Gwayav lap sere'w rapid.

3-Bouyi fèy Gwayav lave bouboun ou li pèmèt Bouboun ou retresi, li sere Bouboun ou.

4- Te fèy Gwayav ogmante fètilite lakay gason , asire kwasans espèmatozoyid yo si tout fwa gason an gen espèm fèb.

5-Si'w gen asid (Ilsè lestomak) sa nou rele lestomak boule'a : Ou kapab pran Kèlke tigwayav fèk kale souse po'a , kwaze yo anba dan'w bwè ji'a asid la ap disparèt menm kote'a.


☆Pou Moun ki gen gaz. 


3 dan lay vyolèt, 7 klou jiwòf, 7 fèy fonbazen pou fè te pou bwè chak maten pandan yon semèn. 


☆Pou Kansè. 


Blennde zaboka, chou vyolèt ak siwo myèl pou bwè chak maten pandan yon semèn. 


☆Pou Moun ki pipi san. 


Bwè te fèy lougawou ak fèy panzou pandan 7 jou chak maten.



Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka