Lwa Rasin san Bout

 Ki lwa yo rele RASIN SAN BOUT LA 


Rasin san bout se yon lwa ke anpil moun pa konnen e se pa tout lakou ki genyen l men okap gen moun ki genyen l, lwa sa a se lwa defen TOUSSAINT LOUVERTURE te konn sèvi e li se yon gad ki bay pwoteksyon anraje. 


Poukisa m di l se lwa epi gad? 


Rezon an lontan grandèt yo te tou fè lwa yo sèvi kòm gad oubyen nou ka di gadò yo. 


Donk mouchwa wouj yo toujou nan pòch yo oubyen nwa. 


Oubyen ni sout rit bizango paske yo menm yo la pou konba oubyen pou defann ou nan lagè yo pa jwe devan pitit yo se yon lwa ki renmen eprèv paske l konnen l pwisan li menm. 


Koulè l se wouj e nwa gen kote li se wouj sèlman. 


Li manje bèf oubyen bouk kabrit. 


Li bwè divin wouj oubyen kleren. 


Lwa sa a gen menm Dimansyon ak bosou klanbanann yo gen menm dimansyon yo move menm jan

Pifò ansyen lwa yo se gad ak pwen yo te ye paske se pou lagè yo la a, li menm li renmen pitit li anpil.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel