Resèt pou nanm

 Resèt pou nanm. 


Koze fèy remed tradisyonel remed sa pou nanm pou kelkeswa bagay kap mâche andan kò ou  gade épi fe remed la byen apresa wap banm nouvel m'en sa wap fe wap achte Yon ti mamit sik krèm Yon koka  7 grenn sitron peyi  fason pouw fe remed la fel byen wap griye sik la tankou le wap griye kafe  wap kite sik la fonn nèt lew wel tou nwa wap ajouté koka an  an wap kitel byen bouyi poul ka redwi lel fini byen bouyi wap koupe  7 sitron yo wap pran tèt la épi wap jeté bouda sitron yo wap Pije tet sitron yo nan melanj la' pandan l AP bouyi sou dife an  wap kitel bouyi poul ka redwi apresa wap retirel  sou dife an wap metel Yon kote pouli ka byen frèt  apresa wap bay malad  Yon gode oubyen de sa depa'n de gravité maladi an  men ou PAP jeté ma 7 tet sitron yo ou te Pije nan remed la  kounya ou prale mete 7 tet sitwon yo bouyi nan dlo pou kont yo kounya si maladie an telman vomi épi li gen Yon dyare ki fo sou li ou pa vle dezidrate nan menw wap bal bwel poul ka kanpe dyare an ak vomisman an épi apresa fel fe 7 jou ap bwe tizann rasi''n ave san reteAnpil fwa nou bloke se on vye nanm ki konn sou nou. 


Vye nanm sa le pli souvan yo voyel deyew pou blokew nan tout sa wap fe. 

Li konn ba ou maladi tou. 

Li ka sou ou la ou pa konnen. 

GEN ANPIL FWA OU PAKA ANSENT SE AKOZ DE SA. 


Kisa ki on nanm ? 


On nanm se on espri ki egare kap flennen nan nati a. Sitou si wap viv kote moun ap plede mouri mò sibit. Tankou haiti chak jou moun ap mouri mal. Yo pa fe antèman yo. Ou ka ap pase on kote siw mal kanpe ou pagen fos sou ou li antre sou ou. Konsa tou moun konn pran yo nan boutey epi yo voyel deyew. Siw konn ap pase nan on wout yo tann li met la pou ou. On moun ka gen nanm sou li ou pa konnen wal kouche avel epil frapew tou.

Pou Moun kigen bagay kap bat anndan vant yo pran fey tabak 

Fèy bwa kaka

Fèy zo devan

Fèy bazil 

Luil sent 


Pouw fè yon beny 3 jou 


Bwè ji zoranj si pandan 7jou

Bwè te boujon fèy zonranj si pandan 7 jou

Epi koule tet ou ak fey zoranj si tranpe nan dlo nan soley pandan 7jou 


Men manman koze  a 


Ou kai bouyi fèy ekaliptis pou bwè pou pròpte kòw 


Depiw son Moun kap viv AK jèm sida nan sanw,wap achte ten pèsi safran ou mete yo bouyi pouw bwè,wap fè remèd sa chak jou lap kenbew an santé se kòmsi ou PAt malad lap lap konbat AK virus l'an m'en li PAP k éliminer viris l'an,


Gen deferans ant lè yo pran nanm ou ak lè yo voye on nanm deyew ? 


Lè yo pran nanm ou. Malfekte a ka metel nan on boutey li anprizonew. Wap vin egare ou pp konn moun. Wap fou paske ou ap viv san nanm ou pap gen la rezon anko. 


Anpil fwa si moun nan ap few mal li ka pran nanm ou li transferel sou on bèt. Egzanp on zandolit. Li pran zandolit la li mare 2 menl 2 pyel poul pa kouri li metel nan on nich foumi. Tout otan foumi yo ap mode zandolit la wap gen boul kap leve sou pow. Wap rele anmwey. Minimum jou nanm ka fe sou bet la se 8 jou. Sa se 6em dimansyon sorselri a. 


Saw dwe konnen gen plizye tip de nanm tout pa soti menm jan gen nanm se avek manje pou w retirel gen nanm se avek medikaman gen nanm selon kote li ye nan kow la fason yo preparel se avèk dife plis medikaman pou bali pouw retirel gen nanm si se nan domi yo bay li nepot moun  pap  ka retirel 


Gen rezon pou sa. Teste l omwen 2 fwa pou asire w menm sentom yo toujou la. Chaje sentom ou ka genyen nou pa site, ou pa oblije gen tout. Ou pa bezwen menm 1-2 minit pase pou w pa gentan santi sentòm yo, si w ka pase 3 minit konsa, se pa nanm ou genyen ale lopital. 


Tès nanm lan: Lè m di nou gade syèl la pandan jounen an epi obsève sentom yo, men rezon an, nanm moun se tèt anba li rete, lè l sou ou, ou leve tèt ou, pyiske li imite mouvan w, ou leve tèt li pa reflèks, l ap fòse l desann. Li pa ka gade anlè. Se mwen di n sa. 


Konsèy .Siw gen bil sou estomak ou .pran yon grenn zoranj dous.mete yon kiye lwil maskreti ladanl .bwel . 


Teste si w gen nanm sou ou: Pandan jounen an, anvan solèy la kouche, nenpòt lè a, leve tèt ou gade syèl la. Pa fikse solèy la non, souple. Ou p ap ka gade l pou de twa minit, w ap gen anpil sentòm: tèt w ap ranmase, tèt vire, je kouri dlo, kou rèd, batman kè ogmante, difikilte pou respire, boulvès, wè twoub, latranblad, l ap bat nan kò w fò, ets


Nanm Vs Hpilori 


Anpil fwa se pa kout nanm yo ban nou vre jan ganga di nou an, se Hpilori nou fè. Ale lopital, gade si hpilori pozitif anvan nou kouri nan bòkò. Sou Medikaplant w ap jwenn dòz pou trete hpilori a gratis ticheri. Pa di w pa t konnen. 


Epi, fè tès nanm lan nou te ba nou an, byen senp: jis gade syèl la pandan jounen an, si w gen nanm sou ou ou p ap ka rete tèt anlè pandan 3-5 minit.  Rezon an: nanm se tèt anba sa rete. Si se nanm moun sentòm y ap pi fò, l ap pi difisil pou fikse syèl la pou 2-3 minit. Si se nanm bèt l ap sote nan kò w nan moman an, l ap pede deplase epi w ap gen etoufman tou. 


Kisa ki on nanm ? 


On nanm se on espri ki egare kap flennen nan nati a. Sitou si wap viv kote moun ap plede mouri mò sibit. Tankou haiti chak jou moun ap mouri mal. Yo pa fe antèman yo. Ou ka ap pase on kote siw mal kanpe ou pagen fos sou ou li antre sou ou. Konsa tou moun konn pran yo nan boutey epi yo voyel deyew. Siw konn ap pase nan on wout yo tann li met la pou ou. On moun ka gen nanm sou li ou pa konnen wal kouche avel epil frapew tou. 


Medam ki konn fé kitaj yo lé nou fél se pa sa nou ta swete men li gen konsekans mistik ki etabli sou nou👇 


E mesye yo tou depiw t enkli nan fé fia fé kitaj menm konsekans lan ap swiv  ou tou depi se ou ki papa timoun nan🤔 


Nou gen espri ti liten an kap swiv ou e nonb de kitaj ou fé se nonb de espri ti liten kap swiv ou  ki pwal enpechew re ansent pafwa enpeche ou fé siksé avék yon malchans enóm sou wou pafwa  ti liten sa yo sévi pwop blokaj ou pa mande  si se yon jimo oubyen yon jimél ou tapwal akouche👊 


Adye siw pa gen chans ou pa gen lot anj kap pwotejew matris ou tou mare ou pa gen pitit wap fé anko siw ta rive ansent wap gen gwo difigilte nan akouchman ak espri ti liten sa yo, siw resi akouche an byen   ou ka fé viw ap moute desann lopital ak lot timoun sa, yo ka nwil pou tout lavil paske se yon nanm nou jete nan mond mistik la, espri sa yo fragil anpil👇 


Pafwa ou konn wé yon moun ap jourew li diw  lew pase tel kote lé fét manman wap jwenn timoun kap relew sonw jouman men se pa rans non medam ak ti liten sa yo nan moman  pa yo 🤔 


Map vini ak yon beny pou nou pou ekate nou de tout espri ti liten sa yo, pouw lib paske anpil fwa nou fé sa se pa fót nou pafwa se mesye yo ki fóse nou pafwa se paske yo abandone nou pafwa se pare nou poko pare  oubyen pou fanmi ak zanmi, domaj nou pa konn konsekans lan

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel