Sèl

 Sèl. 


CHWAZI BON SÈL POU SÈVI: MEN KIJAN 


Kò moun bezwen sèl pou nèf yo ak misk yo ka fonksyone byen. Sèl ede balanse fliyid ki nan san w. Sèl ede kò w absòbe eleman ki enpòtan pou kò a, pa ekzanp 1-2 grenn sèl natirèl ap ede dlo w bwè rantre nan selil yo pi byen olye dlo a jis gaspiye. Ou pa konn ap pede bwè dlo epi ou reyalize w ne dezidrate? 


Jounen jodi a chwa ki pi popilè yo lè n ak chwazi meyè sèl pou n konsome yo se sèl natirèl ki fòme nan lanati, anba lanmè, via evaporizasyon natirèl, se pa sèl yo fòme nan laboratwa ou izin atravè metòd evaporizasyon atifisyèl oswa sèl rafini ki pèdi anpil nan oligo-eleman enpòtan yo (trace minerals) ni se pa sèl yo ajoute pwodui chimik toksik ladan yo tankou sa m te revize yè yo. Sèl rafini yo toujou gen prezèvatif ak anti-aglomeran (pou yo pa fè boul ak kenbe imidite) ladan yo. 


N AP TOU PRESIZE SI SE SODYÒM N AP KONSIDERE, tou de kalite sèl yo, natirèl ou rafini prèske gen menm kantite sodyòm. Se pou sa gen moun k ap di w pa gen gwo diferans ant plizyè kalite sèl, men se pa vre paske nou konnen deja, se pa sèl nivo sodyòm pou n konsidere lè n ap chwazi sèl pou n sèvi lakay nou. Pi ba n ap detaye sa plis men sonje sèl rafini yo plen sibstans chimik toksik epi yo pèdi anpil nan oligo-eleman (trace-minerals) kò n bezwen ki nan sèl yo. 


Lè n ap chwazi men kèk bon opsyon meyè sèl natirèl ki sou mache a 


1- Sèl Himalaya Woz la (Pink Himalayan salt):

Atansyon tou paske genyen ki rafine ki pa natirèl, paske l popilè e bon sèl, anpil konpayi koumanse ap fè fek, evite sa yo rafine yo. Bon an soti nanPakistan nan min orijinal la, Khewra epi pwosesis la manyèl e natirèl pou evite detui eleman enpòtan yo ladan l. Etid montre sèl sa gen 80-84 nan lis oligo-eleman kò n bezwen ladan l pou fonksyone byen. Kidonk se pa san rezon yo di sèl woz natirèl Himalaya a byen. Koulè woz la parèt gras ak tout eleman yo plis oksid fè ki nan sèl sa. 


2- Sèl Lanmè (sea salt) natirèl:

Nou deja konnen l gen yòd ak lòt oligo-eleman kò n bezwen pou byen fonksyone. Youn nan avans sèl woz la gen sou li se benefis anti-enflamatwa a yo di yo jwenn nan sèl woz la plis pase sèl lanmè a. Plis etid bezwen fèt sou sa pou plis evidans. Men tou de sèl sa yo se tòp chwa lè n ap chwazi sèl nou bezwen an. W ap jwenn sèl lanmè nan peyi tankou Ayiti ak lòt peyi ki gen min sèl sa yo. 


3- Sèl Sèltik (Celtic salt): 

Se yon sèl rich tou. Li ka pi chè akoz pwodiksyon an mwens epi gen anpil demand moman sa yo. Men toujou asire w li pa rafine. 


Gen moun ki renmen sèl Kosher yo, esansyèl se gade ki jan yo prepare. Gen nan yo nou remake tou yo retire yòd ladan yo nan pwosesis sa yo pèdi anpil eleman esansyèl kanmenm. Nou pa gen yon mak patikilye n ap sijere paske gen twòp faktè pou n konsidere. Lè w fin byen li pòs sa, w ap pi byen prépare pou w fè chwa pa w ak plis rechèch si w vle. Toujou li lis engredyan ki sou etikèt sèl w ap achte a, gade si l pa rafine, ki lòt eleman chimik ki ajoute ladan l majorite fwa yo toksik. 


Grenn sèl oswa sèl fen? 


Si se sèl fen ou prefere, pran grenn sèl yo (wòch ou kristal) pile yo menm jan granmoun ansyen konn fè l. Jounen jodi a boutèy yo mete anpil sèl tou gen yon ti moulen nan bouchon an, ou ka tou kraze sèl la. Se pa sa ki enpòtan men pito kalite sèl w ap sèvi a. Sèl la pa fen fen natirèlman, w ap oblije rann li fen si se sa w vle, petèt l ap fonn pi rapid, men pa bliye li pi byen konsève e pa pèdi anyen lè l nan eta natirèl li: tou grenn nan. Lè w ap sèvi avè l ou kraze kantite w bezwen an. Nenpòt jan an, y ap fonn nan dlo a. 😂 


Atansyon: sonje pou w toujou limite kantite sèl w ap konsome paske sa ka ogmante nivo tansyon nou, sa ki ka bay pwoblèm kadyovaskilè ak strok. Yon kantite ekspè yo rekòmande se anviwon 1 kiyè pa jou (6 gran pa jou oswa anviwon 2.4g sodyòm) pa bliye sodyòm pa sèl, sèl gen sodyòm plis lòt mineral ladan l. N a pale sou diferans yo plis nan lòt pòs.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel