Azagon Bòkò
Azagon Bòkò
Nan Vodou lè nou mouri nou pa fini, nou sispann viv nan mond sa fizikman pou kontinye viv sou lòt plan...
gen moun lè yo mouri ki resikle, genyen apre yon sèten tan ki atann nivo gedevi pou kontinye veye e akonpanye sila yo ki gen menm lyen desan ou mistik avè yo, genyen kifè yon sèl ak lwa ki te akonpanye yo pandan yo te vivan nan mond sa, si moun sa se te yon lokosi li ka vin yon Azagon Bòkò ki diferan de Loko Azagon, selon sa ansèyman vodou ansenye.
Anpil jèn kounye a ki ap anbrase Vodou olye yo chèche konprann oubyen konnen rezon dèt konesans ansyen yo, yo pito krache sou sajès ak konnen grandèt yo.
Anpil jèn sa yo pran ansyen yo pou inyoran, pou moun ki pat konnen olye nou ta dwe konsilte konnen ak memwa ansyen sa yo, pou nou te ka retire tèt nou nan vodou ilizyon ak vodou ki egziste ke nan tèt nou an.
Ki pa gen anyen pou wè ak Vodou etan ke pratik e tradisyon ansestral, si jodi a nou gen yon eritaj, yon vodou pou n ap pale de li se gras ak ansyen yo, olye nou krache sou konnen yo ak memwa yo pou sila ki janbe yo, se chèche pou nou chèche konnen ak konprann.
Comentarios
Publicar un comentario