Tanbou nan vodou

 Kisa ki mennen ou vini nan Vodou ? 


Tanbou, yon pawòl ke anpil moun mal konprann ou souvan mal entèprete nan kominote Vodou an, wi se tanbou ki mennen nou, ni rale mennen vini nan vodou an, youn nan non vanyan yo bay tanbou se  « rale mennen vini » paske lè tanbou ap bat sou regleman li vibre ou fè apèl ak fòs vodou yo ke nou rele lesen, lèmò, lwa nan tradisyon vodou an Ayiti. 


Nou chak gen yon son tanbou ki rale ou eveye fòs zansèt nou ke nou pote nan adn nou. 


Pwovèb lan di depi tanbou frape Ayisyen leve danse, se pa san rezon ke ansyen yo kite pawòl sa pou nou nan kilti nou kòm pèp paske son ou vibrasyon tanbou an emèt lan, pèmèt nou kominike ou eveye ak espri zansèt nou. 


Dayè nan regleman Vodou tanbou se youn nan mwayen ke depi sou tan Grann N’Zouzi jiska kounya ke nou itilize pou kominike e entèpele fòs zansèt yo.

Dayè nan regleman vodou Dawomen wayal lan premye seremoni tanbou an debite ak omaj nou rann lespri tanbou an e fondatè wayòm Dawome an, ki se Adjawountò🪘🌿. 


Mi anvalou Hounto savalouwe 🎶Adjawentò🎶🎵Agbo nousè an eya savalou.

Nan non Chal Azaka Mede,mwen salye tout lanmeral-Djawentò !!!


Eske nou konnen ke yon tambou ka tuye yon moun? 


Anpil moun ougan manbo sèvitè loa e menm profane toujou ap pale de tambou yo di kisa li ye ki Jan de son li pwodwi poukisa yo utilizel nan vodou ki lwa ki ladan (ountò) elatriye, men li pa fasil pou yo diw ke tambou a kapab tuye moun e li ka menm tuye yon tambourinè anpil fwa ou konn wè on moun al nan vodou (dans) kay on ougan ou yon manbo lè li rive li jwenn seremoni an poko komanse, pa rapò ak amityel ak met kote a li konnnen yo pap fel malonèt li wè tanbou yo kouche atè oubyen yo nan solèy, moun nan konn tanmen bat tanbou an oubyen li monte sou yo li chita, après moun nan al lakay li demen maten ou tandel mouri saw tande a ougan an ou manbo a pot chay li bay entèl jan yo konn di an. 

men se pa vre se kisa ki pase? Tambou an se on enstriman sakre li ye li manje li bwè li repoze, tanbou an yo pral bat pou fè vodou an li tap repozel nan ifè kay la li vin gen anpil fòs ladan e tanbou an monte sou on regleman, moun ki vin bat tanbou an li pa gen dimansyon (gad ountò) pou resevwa enèji lap degaje a e li pa konn regleman tanbou an li bat li a. 

son dezod li fè li met tet li nan problem sanl pa konnen, e menm pou on moun kap aprann bat tanbou ou yon tanbourinè tou sil poko gen gad loa tanbou an (ountò) li ka bat tanbou men pa tout tanbou, yon tanbou ki fet pou aprann moun bat ki poko sakre yo poko mete sou regleman oubyen ki poko al nan ifè li ka bat li, li valab menm pou on ougan vwa pou on pwofane 

ou rive on kote ou pa konn regleman tanbou moun nan pa manyenl sitou manman tanbou an (se lide) 

ebyen mezanmi gen on provèb granmoun ki di evite miyò pase mande padon, kidonk lèn al on kote fok nou konn limit nou paske pa lakay pa granmoun. 


Ki enpòtans tanbou yo genyen nan espirityalite vodou?

Nan kè kilti vodou a, tanbou yo pa senpleman yon enstriman mizikal; yo se yon pon ki relye moun yo , espri yo ansanm ! Yo kreye amoni ak vibrasyon espirityèl  . Yo jwe yon wòl santral nan seremoni vodou yo, kote yo sevi avek rit tanbou yo pou envite lwa yo (espri yo) pou patisipe nan seremoni !

Tanbou yo kreye anbyans ak geté nan seremoni vodou yo ki pemet moun yo toujou rete konekte épi rete konsantre !

Tanbou yo gen yon plas sakre nan espirityalite vodou paske vibrasyon tanbou yo bay la, kapab louvri pòtay ant dimansyon yo e pèmèt genyen kominikasyon ak lwa yo , pemet lwa yo desann sou latè . Chak frap sou tanbou a se tankou yon lapriyè oswa yon apèl ki voye dirèkteman bay lwa yo, epi chak ritm gen siyifikasyon espesifik li , ki koresponn ak diferan aspè nan pratik mistik yo .

Chak kout bagèt , chak kout tanbou pote yon vibrasyon, yon mesaj  , ki défini ritm seremoni an , si se petro , rada , Kongo , Djouba, mansayi, banda, makaya, bizango ect … yon sel kout tanbou ka kreye  plizyè fòm vibrasyon ansanm !
Son tanbou yo pemet espri yo desann pi vit , épi sou pi wo dimansyon ak plis pwisans.

Anplis de sa, tanbou yo itilize pou make youn ou plizyè tranzisyon nan rit yo , soti nan yon rit pou ale nan yon lot rit , se son ak vibrasyon tanbou a kap few santi sou ki rit seremoni an ye , tanbou yo sakre. Yo ede patisipan yo antre nan yon eta ekstaz kote yo ka pi byen resevwa mesaj ak gidans ki soti nan lwa yo. Sa a se yon aspè kle nan pratik vodou a, kote koneksyon moun yo ak mond espirityèl la ki se yon bagay ki fondamantal .
Youn nan pigwo wol tanbou a jwe , se pemet plizyè moun ka gen lwa ki desann sou yo an menm nan yon seremoni, pandan tanbou yo ap bat pòtay kosmik yo louvri !

An rezime, tanbou yo se zouti esansyèl ki pèmèt pratikan vodou yo angaje yo  ak mond espirityèl la nan yon fason trè pwofon , trè dirèk , trè mistik . Yo se enstriman ki gen pouvwa transfòmatif, kapab fasilite gerizon, pwoteksyon, ak benediksyon pou moun ki patisipe nan seremoni vodou yo.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel