Marasa
Yn ti koze tout kout de marasa yo .
An nou tou konnen marasa yo sou plisyè rit Jodi sa
Marasa mò ki travay de konsè ak mò yo e lwa marasa yo ke nou trouve toujou bò kote lwa yo
Lè yo barew tankou ankonpanye mò yo ase souvan problèm potew nan tèt e problèm konn metew telman nan réfléchi sa konn rann sous dlo pète nan zye nou
Nou konn kriye anpil
Marasa nan bò lwa yo ki barèw ebyen tèt fèmal tèt grate pikotman tout kò nou telman tèt nou kon chaje sa toujou rann nou menm anvi vle fou.
Tout sa nou konn anvi fè pye nou kon mare.
Menm nou menm nou kon santi nou mare tout bon vre la nou kon plede akize lòt
Onorasyon marasa nan jou lendi kom marasa mò sa vle Di marasa ki jambe déjà yo
Onorasyon marasa jou vendredi kom marasa ki vivan
Mezanmi Tandem souple
Gade byen karakteristik yn timoun ki vle menm yn sirèt nanmenw ebyen li kole nan kò nou la ap kriye dlo nan nan zye kou nou bal sal bezwen an tout bagay trankil
Se menm jan pou sa marasa barèw la tout otan ou pa balil poul pranl tout sa wap fè nan laviw li mèt mistik ou lòt bagay se lave men siye atè.
Marasa se gwo lwa
Mw renmen yo paske yo aprann nou konnen kijan nou
Dwe sèvi ak sa ki pi piti yo.
Viv gwo lwa sa yo nan vodou an.
LWA MARASA
1- MARASA DOGWE
2- MARASA DOSOU
3- MARASA DOSA
4- MARASA ELOU
5- MARASA JIMO
6- MARASA KAY
7- MARASA KREYOL
8- MARASA ZENZOU
9- MARASA GWETO
10- MARASA BWA
11- MARASA LAFRIK GINEN
12- MANMAN JIMO
13- PAPA JIMO
14- AKATWA MEJI
15- FARO MEJI
LWA MARASA
CHAK LWA NAN ESPAS TAN AN JWE YON GWO WÒL E YO GEN ANPIL ENPÒTANS TOU, LWA MARASA YO SE YON ENÈJ TIMOUN. LWA MARASA YO SE LWA SAKRE SELON TRADISYON NOU KISE: VODOU AYISYÈN AN, LWA MARASA YO GEN KARAKTERISTIK TI MOUN (TI FI AK TI GASON). LÈ LWA SA YO VINI SOU YON ERITYE, NAP WÈ YAP JWE, DANSE, PONPE, VOLE ANPIL, YO TIMID EPI YAP SOURI SOUVAN, APRÈ SA OU KA WÈ YO VINN DOU TANKOU YON TI INOSAN, LI FÈ MOUN NAN AJI TANKOU YON TI MOUN KI DEZÒD."
🍃MARASA LA YO:
⭕LWA MARASA: CHAK LWA NAN ESPAS TAN AN JWE YON GWO WÒL E YO GEN ANPIL ENPÒTANS TOU, LWA MARASA YO SE YON ENÈJ TI MOUN. LWA MARASA YO SE LWA SAKRE SELON TRADISYON NOU KISE: VODOU AYISYÈN AN, LWA MARASA YO GEN KARAKTERISTIK TI MOUN (TI FI AK TI GASON). LÈ LWA SA YO VINI SOU YON ERITYE, NAP WÈ YAP JWE, DANSE, PONPE, VOLE ANPIL, YO TIMID EPI YAP SOURI SOUVAN, APRÈ SA OU KA WÈ YO VINN DOU TANKOU YON TI INOSAN, LI FÈ MOUN NAN AJI TANKOU YON TI MOUN KI DEZÒD.
⭕LWA MARASA YO SE AVNI TRADISYON ZANSÈT NOU YO (VODOU) KI REPREZANTE LANMOU, LAPÈ, KÈ KONTAN, LAJENÈS, JISTIS, LAVI, PIRIFIKASYON, AK BENEDIKSYON. YO DIFERAN PA RAPÒ AK LÒT LWA YO KI NAN VODOU AYISYÈN AN, NOU KA WÈ DIFERANS YO NAN SALITASYON YO AK REGLEMAN YO. SWIV BYEN NAP WÈ SA LÈ NOU AL NAN DANS YO. KONSÈP LWA SA SE: 1+1= 2 OU 3.
⭕LWA MARARA YO RENMEN MANJE: BONBON🍪, SIRÈT🍬,GATO🍰, PÒK KONN MAYI🍿,BONBON SIWO, CHIKO, KASAV DOUS, TABLÈT, DOUS MAKÒS, YO RENMEN BWE KOLA🍾ANPIL, YO CHITA ATÈ POU YO MANJE. MEN SE NAN YON LAYE YO KONN KOUVRI LI AK FÈY BANNAN YO KONN METE TOUT MANJE SA YO KÒM OFRANN POU MARARA YO.
⚫MENM LÈ YO SE YON ENÈJI TI MOUN, LÈ FÈ WONGA AVEK LWA YO LI CHO ANPIL TRAVAY OU MACHE ANPIL. JAN YO DIL NAN PWOVÈB LA, PA KITE MARASA KENBE'W, PASKE SIW KITE SA RIVE WAP MARE. SE POU SA LI ENPÒTAN LÈ WAP FÈ YON SEREMONI POU LWA BIRASYON (LWA DANTI) SE YO POUW BAY MANJE ANVAN PASKE YO RENMEN MANJE ANPIL YO RELE YO VISYE 😂. OU DWE SÈVI BYEN AK YO.
🔵LÈ YON FANMI, FI AK GASON GEN PWOBLÈM FÈ TI MOUN, FANM PA KA ANSÈNT, MOUN MALAD PRAL MOURI. LWA MARASA YO SE PWEN FÒ YO NAN DOSYE SA, E SE SAK FÈ LI VREMAN ENPÒTAN POU NOU TOUJOU LIMEN YON LANP🌋POU LWA SA YO (MARASA)
🔴KOULÈ YO SE: BLAN KI SE SENBÒL DE PIRIFIKASYON AK PWÒPTE.
YO SALYE YO. AK YON LWA YO KI GEN TOUT TI MANJE BOUCH MANJE YO, YON BOUJI BLAN, AK KRICH MARASA YO. KI GEN 1,2,3 LADAN KRICH SA YO. SE DLÒ YO METE NAN YO POU FÈ SÈVIS SA.
GEN JIMO, MARASA BWA, MARASA KAY, MARASA KALFOU. MARASA DOSOU DOSA, GEN MARASA 1 NA 7 SELON REGLEMAN AK PRENSIP LAKOU OU BITASYON KAP RESEVWA YO.
♊YON FANMI KI GEN MARASA LADAN'L SE YON GWO FANMI LI YE, LWA SA AP TOUJOU VIV NAN KAY SA. NOU GEN YON ANSANM PRENSIP NOU TA DWE SWIV AVEK TI MOUN SA YO, PASKE YO GEN YON TRETMAN KI TRÈ SPESYAL NAN JAN AK FASON NAP SÈVI AK YO A. NOU DWE BENYEN YO SOUVAN. GEN YON ANSANM DE MANJE AK BWÈ NOU DWE BA YO. SWIV YO ANPIL KONTWOLE YO BYEN. PA BAT YO LÈ YAP FÈ DEZÒD OK SE ENÈJI LWA SA KI FÈL. MEN NAN NANM SA YO NAP WÈ GEN YOUN KAP PLIS ENTÈLIJAN PASE LÒT MWEN PAP KA DI NOU POUKISA.
🎼🎵🎶🎼🎵🎶🎤🎼
MARASA ELOU
MARASA ELOU O ELOU HEEEE
EWA EWA MASARA ELOUE O ELOUHEE
AGO AGOYE AGO AGO
⭕LIMINASYON LWA MARARA: PA POUVWA MARASA DOSOU DOSA DOGWE, MARASA 1, MARASA 2, MARASA 3, MARASA 4, MARASA 5, MARASA KAY, MARASA BWA🌳, MARASA KALFOU➕, MARASA GINEN, MARASA KRIYÒL MIWAZE, MARASA ZENZOU, MARASA, ZENZE, MARASA DOGWE, CHOUKÈT MARASA, NOU SE YE-VI BO WONGITO LAH-DE. AGO AGOYE AGO.
NB: LWA MARASA PA GEN IMAJ, SE VÈVÈ LI GENYEN OK. LWA PA SEN. CHAK SE YON BAGAY DUFERAN YO YE. SISPANN MELANJE YO POU NOU MÈSI
🎶🎵Jimo Jimo Marasa (bis)
jimo Jimo Marasa Marasa🎶🎵Nap ba yo Mange ee
nap va yo bwè dlo🎶🎵
🎼🗣️🎤🪘🥁🎵🎶🎼
Lwa Marasa, laye Marasa.
_Koze marasa yo nan vodou a preske menm jan avèk Legba yo paske tout seremoni komanse pa manje marasa, menm si pap gen manje aprèw fin mande Legba pasaj se marasa pouw rele touswit aprè. Marasa fè pati pi gro lwa yo ki nan vodou a, si Lwa marasa Kenbew pyès lòt lwa paka lagew, depi lwa marasa yo pa manje sèvis la gate, yon moun ki marasa pa pran nan nepòt ti maji epi yo fèt ak tout Don yo pou yo fè maji. Lwa marasa manje tout manje bouch manje, tout manje timoun renmen, yon bwè kola, akasan, kafe, likè san klere, chokola, labouyi etc… Yon laye marasa ka edew rezoud anpil problèm, lèw al nan bitasyonw ou fè yon laye marasa tout lwa yo nèt ap vin tandew e regle saw vin regle a, tout sa wap fè siw bezwenl pase byen fè yon laye marasa li te mèt yon beny chans.
Kisa lwa Marassa ka fè pou nou?
Loa Marassa yo se pwoteksyon lavi nou ki kapab ede nou nan malchans lavi an e ki ede nou tou nan Malediksyon Nati an
MENM LÈ YO SE YON ENÈJI TIMOUN, LÈ FÈ WONGA AVÈK LWA YO LI CHO ANPIL TRAVAY OU MACHE ANPIL. JAN YO DI L NAN PWOVÈB LA, PA KITE MARASA KENBE W, PASKE SI W KITE SA RIVE W AP MARE. SE POU SA LI ENPÒTAN LÈ W AP FÈ YON SEREMONI POU LWA BITASYON (LWA DANTI) SE YO POU W BAY MANJE ANVAN PASKE YO RENMEN MANJE ANPIL YO RELE YO VISYE 😂. OU DWE SÈVI BYEN AK YO.LWA MARASA
CHAK LWA NAN ESPAS TAN AN JWE YON GWO WÒL E YO GEN ANPIL ENPÒTANS TOU, LWA MARASA YO SE YON ENÈJ TIMOUN. LWA MARASA YO SE LWA SAKRE SELON TRADISYON NOU KISE: VODOU AYISYÈN AN, LWA MARASA YO GEN KARAKTERISTIK TI MOUN (TI FI AK TI GASON). LÈ LWA SA YO VINI SOU YON ERITYE, NAP WÈ YAP JWE, DANSE, PONPE, VOLE ANPIL, YO TIMID EPI YAP SOURI SOUVAN, APRÈ SA OU KA WÈ YO VINN DOU TANKOU YON TI INOSAN, LI FÈ MOUN NAN AJI TANKOU YON TI MOUN KI DEZÒD.LWA MARASA YO SE AVNI TRADISYON ZANSÈT NOU YO (VODOU) KI REPREZANTE LANMOU, LAPÈ, KÈ KONTAN, LAJENÈS, JISTIS, LAVI, PIRIFIKASYON, AK BENEDIKSYON. YO DIFERAN PA RAPÒ AK LÒT LWA YO KI NAN VODOU AYISYÈN NAN, NOU KA WÈ DIFERANS YO NAN SALITASYON YO AK REGLEMAN YO. SWIV BYEN N AP WÈ SA LÈ NOU AL NAN DANS YO. KONSÈP LWA SA SE: 1+1= 2 OU 3.♊YON FANMI KI GEN MARASA LADAN L SE YON GWO FANMI LI YE.
LWA SA AP TOUJOU VIV NAN KAY SA. NOU GEN YON ANSANM PRENSIP NOU TA DWE SWIV AVÈK TIMOUN SA YO, PASKE YO GEN YON TRETMAN KI TRÈ ESPESYAL NAN JAN AK FASON N AP SÈVI AK YO A. NOU DWE BENYEN YO SOUVAN. GEN YON ANSANM DE MANJE AK BWÈ NOU DWE BA YO. SWIV YO ANPIL KONTWOLE YO BYEN. PA BAT YO LÈ Y AP FÈ DEZÒD OK SE ENÈJI LWA SA KI FÈ SA. MEN NAN NANM SA YO N AP WÈ GEN YOUN KAP PLIS ENTÈLIJAN PASE LÒT MWEN PAP KA DI NOU POUKISA.LIMINASYON LWA MARARA:
PA POUVWA MARASA DOSOU DOSA DOGWE, MARASA 1, MARASA 2, MARASA 3, MARASA 4, MARASA 5, MARASA KAY, MARASA BWA🌳, MARASA KALFOU➕, MARASA GINEN, MARASA KRIYÒL MIWAZE, MARASA ZENZOU, MARASA, ZENZE, MARASA DOGWE, CHOUKÈT MARASA, NOU SE YE-VI BO WONGITO LAH-DE. AGO AGOYE AGO.
.
Comentarios
Publicar un comentario