Istwa Lakou
ISTWA_LAKOU🏡 🔥
Pandan epòk "kanpay rejete" sou prezidan Elie Lescot, pèsekisyon fewòs kont VODOU nan kraze KAY LWA, jete bagay sakre, touye OUGAN/MAMBO, fè kadejak sou MAMBO ak pitit fi MAMBO yo, vòlò zannimo VODOUYIZAN... elatriye,
Legliz kretyèn espesyalman katolik sou lòd Vatikan te gen pou misyon pou eradike (detwi) eritaj ZANSÈT nou yo kòm yon vanjans kont Poto mitan rezistans ki te kase chenn esklavaj kolon Blan kretyen yo.
Se konsa pè Desroches ki te kire legliz katolik nan Latòti te akonpanye pè Margame ak pè Callier 2 misyonè nan batay kont VODOU te deside janbe lanmè pou ale egzòsize Lavil OKAN, chase LWA yo nan gran KAY nan non Jezi. Lè yo rive, yo boule lansan, resite litani, sòm ak plizyè fòmil egzòsis nan lang laten, yo aspèje lakou a, tout alantou kay la ak dlo beni.
Lè yap retounen latòti, pandan yo nan kanal la, yo rankontre ak yon lanm lanmè petèt ki pat poko janm egziste. Brit sou kou batiman koule, pè Margame ak pè Callier mouri sou plas, pè Desroches limenm al mouri sou kabann lopital, apre li fi n bay temwanyaj.
Respekte vodou a.
Chaloska
Sete sou gouvènman Vilbrum Guillaume Sam, nan ane 1915 yo.
Vilbrun Guillaume Sam, Sete pitit gason ansyen prezidan Tiresias Simon Sam.
Lé sa peyi a te tèt anba. Gouvènman tap monte, gouvènman tap tonbe. Plizyè prezidan te pase nan tèt peyi a nan w ti kras tan. 5 prezidan pandan 5 kan konsa.
Lè prezidan Guillaume Sam pran pouvwa a nan mwa mas 1915, peyi te tankou on boukan dife. Kout bal tap tire pasi pala. Moun tap mouri tout kote. Lè sa a tout nèg te vle pran pouvwa a. Menm jan ak jodi a dèyè. Nèg isi pa janm tire leson.
Lè Guillaume Sam rive nan palè a, premye desizyon li te pran se fè
arete tout opozan politik li yo.
Bagay sa ta pral leve plim sou do anpil moun nan popilasyon an. Anpil dirijan politik te wè nan desizyon sa on zak malfektè. Saw tande a kawo a te vin pi mangonmen. Vyolans tout kote. Anpil nèg tap chache bay prezidan Sam koudeta. Sak te fè miche vin paranoyak. Li te kontinye ap atake opozan politik li yo. Fè mare yo kou krab, boure yo nan penitansye.
Jou ki te 26 jiyè 1915 lan, gon gwoup nèg ame jis nan dan ki te gen nan tet li 2 nég: Delva ak Ermane Robin, ki te vin atake prezidan Sam nan palè a.
Kout zam tap tire tout kote sou ti kay blanch lan. Kòmando a antre nan palè a. Je yo tonbe sou prezidan sam. Yo fon fe bal dèyèl. Miche kouri, li antre nan w chanm. Nèg yo fon fe bal nan pòt chanm nan. Prezidan an vole pyel lal tonbe nan w vye kivèt. Li glise, li trebiche, li kouri lal tonbe nan koulwa palè a. Bal tap chante dèyèl pi réd. Misye grenpe nan w mi poul chape poul li. Gon Nèg ki bal on katouch nan pye. Chans poul li, gen 2 gaddikò ki rive ride misye travése mi an. Yo kouri ak li, yal kachel nan anbasad Lafrans. On liy mak san tap swiv li sou tout wout la.
Sa pat pran tan pou Nèg yo te debake nan anbasad la. Nèg yo anvayi tout espas la. Yo tap chache prezidan Sam kou chen fou. Misye te kache byen fon nan w chanm.
Istwa fè konnen se gras ak sant betadin yo te mete sou blesi a, nèg yo te rive met men sou li anndan an. Li te kache anba on kabann. Gon Nèg ki bal ou lòt bal, epi yo pranl yo pasel sou tèt on mi, yo lagel nan lari a kote on foul moun te kznpe. Moun sila yo te an kòlè. Yo te gen nan men yo baton, manchèt, ak zam tou.
Moun yo mete men sou prezidan Sam, yo koupe tèt li, epi trennen kò a nan tout lari Pòtoprens.
Pandan tan sa te gon chèf militè ki te rele Chaloska. Charles Oscar Étienne sete vrè non l.
Seton Nèg ki te mechan anpil. Menl te toujou sou gachèt li. Pa janm mande Bondye pouw te kwaze chimen nonm sa a. Misye te fidèl ak prezidan Sam plis pase an chen te fidèl ak mèt li.
Lèl tande sak sot pase a, Chaloska antre anndan prizon an, li touye plis pase 167 prizonye politik, prezidan Sam te fè arete. Li te vle anpeche prizonye politik sa yo soti vin pran pouvwa a pou yo pat tire revanj. Apresa Chaloska tal kache nan anbasad Sendonmeng. Gon Nèg ki te rele Polynice ki pati dèyèl. Li rive met men sou li. Li kribel ak bal.
Konsa, non Chaloska ta pral antre nan Istwa pa bò isit kòm youn nan moun ki te pi sadik peyi a te konnen.
2 nèg ta pral vini ak Chaloska nan kanaval isit pou raple nou kriyote misye.
Rony Simon ak koleg li Elie sete premye moun ki ta pral itilize on mask Chaloska nan Kanaval Jacmel.
Depi lé sa a on ane pa janm pase pou Chaloska pa prezan nan kanaval.
Bon chak moun selèb nan jan pa yo.
Ou konn rès la, 28 jiyè 1915, *les blancs débarquent.
Comentarios
Publicar un comentario