Makandal
Makandal.
Makandal youn nan nèg ki te aprann lang Taynos yo ki se arawaks pou te chèche konprann rezistans taynos yo kont espanyòl yo, poutan listwa grand pwisans lan prezante moun sa yo tankou yon ekip lach.
Makandal te aprann de taynos konfigirasyon tèritwa a nan lit kont jenosid espanyòl yo.
konesans sa yo te pèmèt esklav yo kreye sou direksyon Makandal anpil itinerè mawon epi repere tout gwo kachèt pou devye pi gro ekspedisyon militè Lafrans nan kad ekspedisyon Leklè desanm 1801 pou retabli lesklavaj.
Nan sans sa n ap site zòn estratejik tankou Mòn Kawo nan Latibonit, Kotdefè Obòy, Mòn Valyè, Montay terib nan sodo. Frekansite sa Loksidan pap janm padone nou. De tout fason nou kale yo, nou fout kale yo nèt.
Makandal se te prensipal fomatè Makaya, youn nan pi gwo mawon revolisyonè ki te al òganize la rezistans kont lesklavaj nan preskil Sid la. Listwa Loksidan fè nou etidye lakay frè, kay chè sè, pa mansyone mouche sa ditou nan liv yo.
Makandal te tou yon jeni nan kesyon fèy, konesans li ede medsinnl tradisyonèl la nan peyi an, li fasilite anpil esklav ki pa t gen aksè a swen sante, men tou se te yon zam pou la rezistans nan anpwazonen sous dlo, kreye poud pou touye kolon yo. Kote Makandal fèt rete yon mistè, anpil sous vle fè kwè se te yon nèg bosal ki soti an afrik, anpil lòt fè konnen tou li ta pran nesans nan zòn moun Ba Lenbe rele Titwa.
Malgre tout pwoblèm mouche sa te konn bay blan fransè yo, fòk nou di tou se yon nèg nan tantativ plizyè fwa pou al mawon, yo te koupe yon men l menm jan ak Zabèt, yon gro fanm mawon ki pa nan liv istwa nèg yo.
Malerezman 20 janvye k ap vini la Ayisyen pral fete pito yon vyèj ki pa gen okenn rapò ak istwa yo, batay yo, kilti yo. Yon jou gen pou jou nan peyi sa, pou nou reprann diyite, pou nou kanpe yon sivilizasyon pwogrè, pou nou demontre nou diy de sakrifis yon nèg tankou Makandal, epi pou rasis enbesil ak vagabon san idantite sispann bave sou lonè, prestij ak pase nou kom pèp. Makandal nou pap janm bliye w. Ayibobo, Ayabombe, Awochenago, Bilolo.
Comentarios
Publicar un comentario