Orijin vèvè
Ki orijinn Vèvè ?
Jiskaprezan pou mwen, vèvè fè pati de sa yo rele mistè enkoni nan Vodou, istorikman pèsòn poko ka remonte orijin vèvè, gen moun ki di se Afrik, lè ale an Afrik de kote nou erite Vodou an pa jwenn pratik sa, gen moun ki di se Tayino lè ou ale Lakou Dereyal ki se yon Lakou ki gen Tradisyon Tayino ak Ginen, basen zim Ench, wòch sent sizann, trase ou senbòl Tayino yo kite pa gen okenn analogi de resanblans ak sa n ap trase jodi a ke nou rele vèvè e vèvè pa yon syans inivèsèl anpil kote an Ayiti gen vèvè ki diferan, tankou nan regleman Lakou Kay Jòj Gonayiv vèvè tankou Agwe, Djakata....diferan ak sa yo trase nan lòt zòn.
VÈVÈ🕯️
se yon siy majik ki reprezante yon enèji, se yon mwayen ki si pou antre an kontak ak yon Enèji, se Siyati yon Lwa li egziste depi Atlant yo, Vèvè se moyen ki pi efikas pouw diferensye Lwa yo paske lwa yo pa defini sou des images, se Enèji ke yo ye🙏🏿🕯️
Men sa pa anpeche Vèvè rete yon mak idantite Vodou an Ayiti.
kisa vèvè a ye?
Vèvè a se Senbòl lwa yo, lwa yo pa sèvi ak imaj, nan koloni an Esklav yo pa t ka adore lwa yo, si yon blan kolon ta vin sòti dèyè yon esklav kap sèvi lwa m pa bezwen di w lwa sa ap pase move moman anba chaplèt, men kòm esklav yo te entèlijan yo kache dèyè imaj sen yo pou yo te sèvi lwa lè konsa prèt katolik yo kontan yo panse se sen yo ke esklav yo ap adore epi se la yo pa fò a wi, se sa k fè gen anpil moun ki di yo se vodouyizan ki toujou konsève imaj sen katolik lakay yo.
Se kisa vèvè a ye?

Comentarios
Publicar un comentario