Entradas

Mostrando entradas de noviembre, 2025

Lanp petwo

 Lanp Cho ou lanp Petro nan Vodou Antik / Maître JB Asani. Lanp cho oubyen lanp Petro nan Vodou ansyen an se lanp zansèt yo te konn monte ak pi gwo kapasite envokasyon wanga , paske yon Lanp cho monte pou yon koz dirèk e rapid . Lanp cho plis monte pou jistis nan Vodou antik l’an pafwa se pou enjistis tou .  Nan yon lanp cho yo ka envoke fòs Gad , Pwen ak nanm pou plis asirans ke yo envoke Lwa paske gen Espri ki jije avan aji konsa tou gen sa ki pa jije ki jis obeyi a envokatè ou envokatris la . Lontan yon lanp cho se yon lanp ki dwe limen a midi ou Minwi paske se nan lè sa yo ki gen plis koneksyon nan Wanga , li ka limen 6è nan maten oubyen 6è nan aswè . Yon lanp cho se yon Wanga ki mache rapid men sa depan de moun ki ap fè l la . Loas yo plis envoke nan lanp cho yo se Loas Petro yo Loas Nago ak Loas Fawo yo paske yo se Loas cho , men apresa se plis Gad Pwen ak nanm yo envoke nan lanp sa yo . Lè yon Danti ansyen monte yon lanp Cho moun pa dwe pase Nan chanm kote lanp sa a ap ...

Beny

Yon krich, 7move poud,17mov dlo, respekte kapitèn,dlo lanmè, tout ti manje bouch manje,2kola wouj,yn chandèl jon yn nwa,dmi kola kleren,rhum barbancour,yn ti jijiri,7 grenn sitro,yn fèy papye blan,2 bik wouj ble,7koulè balèn,yn blan,yn ponyen fèy gatesa,yn titè simètyè,yn kòd pit adwat,lwil: deblokaj,delivrans,maskriti,dou.  Beny Renesans yon beny ki bon pou tout moun ki dewoute Bazilik + 1 ponyen sèl + 3 tèt sitwon + 3 tèt zoranj si + 21 grenn jiwòf + 3 Dan lay + 7 fèy vèvenn vyolèt + 3 ti branch semèn Kontra + 2 bout bwa medsiyen + 3 fèy lougawou + 7 grenn maskreti + 1 ponyen pèsi + 3 gout pran 3 kalite pafen diferan + 3 gout alkòl 91% plizoumwens + 3 bouchon kleren blan (li ka vodka, Gin, rhum, tequira, nazon, tèt chòf 22/22) + 1 moso Savon lave ki poko itilize (san lave). PREPARASYON: Melanje tout en sann nan yon ti dlo lanmè (15%) ak dlo frèch (85%). Itilize moso Savon an ki deja tranpe nan beny lan pou w benyen Depi tèt desann nan pye. Savon Byen Savon ak tout melanj yo epi r...

Ranmase nesans

 Tèm apropriye a se leve nesans… se yon sèl lye sa fèt epi wal plase l nan yon lot lye… Ranmase lwa, ou pase liminen nan divès bitasyon epi wal antre e plase nan pwop lye paw… Ranmase vle di rasanble fòs ki te gaye, nan plan mistik, sa se pati kote ou pase nan diferan bitasyon, ou kolekte, ou chaje tèt ou ak enèji lwa yo, ou vizite kote fòs yo te anrasinen.

 Pou mwen Geyen 2 konsep ki pale la   - Wete mò nan dlo  - Pale ak Mò nan Govi  yon pa genyren rapò ak lòt . tou 2 konsep sila yo genyen reyalite yo selo zòn yo, lakou yo, ak rit yo' ! Wete mò nan dlo genyen plizye ritwèl. youn nan tou premye ritwel yo se   - honore mò qui te mouri nan travesè anba kal batiman yo , ak sa yo te voye jete nan lanmè ousnon ki mori nwaye  ouswa ki mouri nan katastwof natirel. Dapre kwayans vodou, nan m sila yo rete anbo dlo a. yo pa libere e yo paka rive monte nan wayom zansèt yo. Pou ritwel sila, yo sèvi ak yon dra blan kote yo genyen yon ritwel pou  - rale swè mò a nan dra a, pandan yap chante ak danse - lage dra A nan yon kanari dlo ouswa yo bokit dlo .  - rale mò a, ki soti nan dlo  - kouvri yon moun ak dra a, kap sele, kap pale, ke yo ka poze kestyon e kap bay repons  - apre kestyon repons yo libere manm la, yo voyel nan gran chimen rejwen zansèt yo. Nan rit Deka Vodou se tout yon pwosesis ko...

Ti ninie

 Definisyon gad nan vodou a. Kisa yon gad ye? Yon gad se yon fòs ke lwa yo fòme oubyen 4 gran eleman nati a fòme pou pwoteje. Konbyen tip de gad ki egziste? Yon kantite enkontwolab ki egziste nan gad yo. Wap jwenn: Gad lakou, gad lakou yo la pou siveye lakou. Gad la fanmi, gad sa la poul voye je sou tout fanmi an. Wap jwenn gad ou ka mete sive yon bèt Wap jwenn gad kika siveye moun.  Ki pati nan kò yon moun ka mete gad? Ou ka mete gad nan tout pati ki nan kò w: Ponyèt, do,vant, pye, tèt, lestomak.  Wap jwenn gad ki fòme menm pou tout pati nan kò yon moun. Kèk pami pi gwo gad ki egziste: Gad bakoulou baka, gad gwo towo bouwo, gad bouwo, gad boran, gad towo, gad kriminèl, gad manch pilon, gad anminan, gad jan jimo... Siw renmen travay la pataje pòs la, abòne. Konsa wap jwenn plis bagay pou konnen sou paj la.Kèk pwen enpòtan anndan vodou a ke anpil konesè, oubyen anseyan vodou pajanm touche vre se: Ki karakteristik gad yo, anpil moun viktim e menm arive pèdi lavi yo nan pa k...

Ti ninie

 🕯BOUJI BLAN🕯 Se yon koulè Bouji ki univèsèl nan Tout Rit yo utilizel pou yo kapab purifye yon moun oubyen Kote wap demere a lè ou limen yon bouji blan li anpechew trouble de enèji negativ nan kèlkeswa rituel ke wap fè a se yon koulè bouji ou kapab utilize nan nenpòt demand wap fè .Li enpotan anpil pouw toujou limen yon bouji blan lè wap fè yon vwayaj oubyen nan nenpòt bgy ou pwal antreprann paske lap pwotejew de tout fòs negativ, Bouji blan se bouji ou kapab purifyew avèl, ou kapab medite avl lap fasilite espri vwayaje byen san okenn influence negative🙏 #DavepromoGad nan pye Anpil fwa nou souvan pale de gad, men se toujou gad ponyèt nou fikse san sonje tout enpòtans gad nan pye genyen.  Jodi a Servante Ti Ninie vin pale w de gad nan pye.  Avan m kontinye map mandew pou abòne epi pataje pòs sa pou ka ankouraje travay la. Kisa gad nan pye a ye?  Ki wòl gad nan pye?  Poukisa li enpòtan pou mete gad nan pye w?  Ki tip de gad ou pa dwe mete nan pye w? #Gad p...