Lanp petwo
Lanp Cho ou lanp Petro nan Vodou Antik / Maître JB Asani.
Lanp cho oubyen lanp Petro nan Vodou ansyen an se lanp zansèt yo te konn monte ak pi gwo kapasite envokasyon wanga , paske yon Lanp cho monte pou yon koz dirèk e rapid .
Lanp cho plis monte pou jistis nan Vodou antik l’an pafwa se pou enjistis tou .
Nan yon lanp cho yo ka envoke fòs Gad , Pwen ak nanm pou plis asirans ke yo envoke Lwa paske gen Espri ki jije avan aji konsa tou gen sa ki pa jije ki jis obeyi a envokatè ou envokatris la .
Lontan yon lanp cho se yon lanp ki dwe limen a midi ou Minwi paske se nan lè sa yo ki gen plis koneksyon nan Wanga , li ka limen 6è nan maten oubyen 6è nan aswè .
Yon lanp cho se yon Wanga ki mache rapid men sa depan de moun ki ap fè l la .
Loas yo plis envoke nan lanp cho yo se Loas Petro yo Loas Nago ak Loas Fawo yo paske yo se Loas cho , men apresa se plis Gad Pwen ak nanm yo envoke nan lanp sa yo .
Lè yon Danti ansyen monte yon lanp Cho moun pa dwe pase Nan chanm kote lanp sa a ap limen an paske Enèji ou ka detounen Enèji lanp lan , konsa tou lanp lan ka kaptire Enèji ou e rann ou mal alèz , ou paka ajoute lwil ni chanje mèch nenpòt lè Nan yon lanp Cho kap dire 3 ou 7 jou .
Yon lanp Cho se yon wanga kote ke ou voye yon Espri oubyen plizyè espri akonpanye de fòs dife an ak yon devosyon byen detèmine pou al fè yon travay rapid ou bezwen .
Yon lanp cho gendwa monte devan Bawon , Nan Kafou , anba jouk poul , Nan pak kochon , anba pye palmis , Nan peristil, nan chanm Gad , nan chanm Pwen , nan rivyè, nan gwòt mistik elatriye.
Nan Vodou antik la lanp Cho Gad ak Pwen yo toujou genyen sakrifis bèt ki fèt paske yap bezwen san bèt la pou yo mete Nan lanp lan swa an siy de viktwa ou de sakrifis, konsa yo konn mete san Nan lanp lan pou eksite Espri yo envoke a ale rapib .
Lè yo mete san an pou viktwa se souvan yon moun yo trete ki te mal anpil epi lè sa yo oblije fè lanp de viktwa e bay moun Nan Gad tou , answit seremoni sa a moun sa konn fè yon kantite tan paka manje vyann bèt ki te sakrifye an .
Lè yo metel pou sakrifis se yon lèse pase de vanjans ou jistis yo egzije Lanp lan al ba yo .
NB : Yon lanp Cho pou vanjans pa dwe janm monte andan kay kote ou dòmi paske Enèji yo kap degaje nan lanp lan pap bon pou ou ak moun kap viv Nan kay la .
Fè yon lanp Cho san ou pa konn fè envokasyon kapab yon malè pou ou , fòk ou kanalize Espri yo wap envoke a ak yon sèl konviksyon , fòk ou pap plede mande mal paske tou dabò lye ou monte lanp lan ak ansanb engredyan Wap mete Nan lanp lan dwe idantik a travay ou bezwen an , Egzanp: si wal monte Yon lanp kontre yon advèsè Nan yon pak kochon Ebyen Espri wap envoke a gentan konprann trè klè fason poul aji .
✍🏿Maître JB Asani
#AyiboboVodouVi
#AyiboboLwaYo
Comentarios
Publicar un comentario