Ti ninie
Definisyon gad nan vodou a.
Kisa yon gad ye?
Yon gad se yon fòs ke lwa yo fòme oubyen 4 gran eleman nati a fòme pou pwoteje.
Konbyen tip de gad ki egziste?
Yon kantite enkontwolab ki egziste nan gad yo.
Wap jwenn: Gad lakou, gad lakou yo la pou siveye lakou.
Gad la fanmi, gad sa la poul voye je sou tout fanmi an.
Wap jwenn gad ou ka mete sive yon bèt
Wap jwenn gad kika siveye moun.
Ki pati nan kò yon moun ka mete gad?
Ou ka mete gad nan tout pati ki nan kò w: Ponyèt, do,vant, pye, tèt, lestomak.
Wap jwenn gad ki fòme menm pou tout pati nan kò yon moun.
Kèk pami pi gwo gad ki egziste: Gad bakoulou baka, gad gwo towo bouwo, gad bouwo, gad boran, gad towo, gad kriminèl, gad manch pilon, gad anminan, gad jan jimo...
Siw renmen travay la pataje pòs la, abòne. Konsa wap jwenn plis bagay pou konnen sou paj la.Kèk pwen enpòtan anndan vodou a ke anpil konesè, oubyen anseyan vodou pajanm touche vre se: Ki karakteristik gad yo, anpil moun viktim e menm arive pèdi lavi yo nan pa konnen twòp de pati Gad la.
Jodi a Servante Ti Ninie vin pale w de kisa sa vle di ak enpòtans, konsekans yon gad ka gen sou ou.
(Siw renmen travay la pataje pòs sa tout kote pou ankourajem pote plis enfo pou ou pandan wap abòne ak paj la)
👇👇👇👇👇
Nou tout sonje Servante Ti Ninie te di ke gad la se yon fòs ke lwa yo oubyen 4 gwo fòs kosmik yo kreye kòm yon siplemantè pou pwoteje.
Ebyen ki karakteristik gad la?
Ou ka ale yon kote ou al mete yon gad sou ou, men ou pa respekte kondisyon yo te bawou yo lèw tap pran gad la, ou byen siw te malad yo fin tretew yo mete gad sou ou epi ou vyole tout prensip ak règleman ki te bay lèw tap pran gad la.
Si pa egzanp se chak 3 ou 5 ans pou bay gad la manje ou pajanm balil lèsa gad sa ap kite w, si yo te diw ki bwason li bwè pafwa oumenm ou ka bwèl san se pa li ki monte ou pa janm fè sa gad la ka kitew paske anpil fwa gad yo bwè pou ranfòse yo sitou lè yo fin goumen ou byen lè yo pral goumen pou ou.
Gen anpil gad se nan manje sèlman yo pran fòs, genyen tou se lwa ki te fè yo gad la ki bayo fòs chak fwa li nesesè oubyen tou genyen gad ki al pran fòs dirèk nan sant enèji a.
Gad la ka kitew tou si li deja wè yon kote pa bon lidiw pa ale la oumenm ou fè kontrè w ale ebyen gad la ka kitew pou sa tou paske lap estime ou pa respekte prensip li e ke se nan pwoblèm pede goumen wap mete l.
Si w gen yon gad sou ou, epi oumenm w ale yon kote pou mete yon lòt gad sanw pat dil ou pral mete lòt lika kite w pou rezon sa tou paske lap wè w pa bal valè sitou si gad w ale mete lòt kote a ka vin chèf sou ou.
Se yon bagay ki riske e frajil lè gad la kite w ou pa menm konnen sil pa sou ou ankò, souvan lè Gad ap kite moun yo toujou kite yon sansasyon nan bò li te ye a konsa pou ka pansel toujou la epoutan li kitew byen lontan.
Lè sa nenpòt bagay ka vin rive w, ou ka pran kout espedisyon, kout poud, kout zonbi, kout lè sanw pat panse, paske gad la kitew ou pat konnen.
Bonis: pran swen gad yo, respekte règleman kondisyon yo, nouri yo ak sa ki nesesè pou yo, konsa yap gen plis fòs pou yo pwoteje nou lajounen tankou lannuit.
Si w bezwen mete gad sou ou, ou ka vini Léogâne kontakte paj "Servante Ti Ninie" an pou tout kontak.
📘🖊️ Servante Ti Ninie🙋🏼♀️Bakoulou baka Gad!
Kisa w konn de gad Bakoulou Baka?
Ki wòl gad bakoulou baka?
Èske se yon gad ou ka mete sou ou?
Ki koulè mouchwa gad bakoulou baka
Kisa gad bakoulou baka manje?
Ki bwason bakoulou baka?
Kòman bakoulou baka sèvi?
Avan m kòmanse m ap mande w abòne ak paj "Servante Ti Ninie an" pa bliye pataje pòs sa pou plis moun ka wèl.
Anpil moun tande pale de bakoulou bakoulou baka gad, men o fon yo pa konn sa l ye, gen moun tou nan move oryantasyon yo bay de bakoulou baka sa koz anpil moun vin pè mete gad sa sou yo.
Gad bakoulou baka se pi gwo gad ki egziste pami tout gad ki genyen anndan vodou a lè nou retire gad kò sosyete yo.
Bakoulou baka plase an pwemye paske limenm pou kòl vo plis ke 10 gad.
Bakoulou baka se yon jeyan, lika mezire 3,4,5 mèt alèz, li se yon gad ki gen anpil prensip.
Gad bakoulou baka souvan manje chak 9, 13, ou 17 ans.
Wi ou ka mete yon gad bakoulou sou ou paske lèw gen gad bakoulou sou ou, ou paka pè anyen.
Koulè mouchwa bakoulou baka souvan nwa
Manje bakoulou baka selon bitasyon l soti a ka kochon, bèf oubyen kòk batay.
Bwason bakoulou baka se wonm ak diven, genyen ki bwè san tou.
Si bakoulou baka wè yon danje li gentan diw pa ale la oumenm ou pa koute l w ale li pap defann ou lap kite w.
Chak bitasyon ki gen yon lwa bakoulou baka ap gen yon gad bakoulou baka.
4732 4277 pou tout enfo.
📘🖊️ Servante Ti Ninie"Grann ooooo, m rele grann oooo,
Grann a Legba, wa lonje menw bay zanfan la yo..."
✨ Grann a Legba ✨
Se manman papa Legba, yon lwa ki pote swen ak benediksyon pou pitit li. Li pa fè gwo travay tankou lòt lwa, men li toujou la pou benyen moun ki bezwen remèd oswa pwoteksyon. 💖🕊️
🚬 Fimen: Nan kèk bitasyon, w ap jwenn li fimen sigarèt oswa pip.
🧣 Mouchwa: Li sèvi ak mouchwa blan, epi pafwa mouchwa mawon ki ka gen lòt koulè ladan li.
🍌 Manje li renmen: banann boukannen, patat, yanm, ak aransèl.
🎶 Lè li monte:
"Grann ooooo, m rele grann oooo,
Grann a Legba, wa lonje menw bay zanfan la yo..."
💫 Yon lwa ki pote rekonesans, swen, ak pwoteksyon nan lavi chak jou.
Vin di nan espas kòmantè yo ki lwa w ta renmen gen enfòmasyon sou li.
🖊️ Servante Ti NinieKonsèy pou ou menm kap sèvi lwa.
Sèvis lwa nan Vodou mande respè, disiplin, ak konesans. Toujou aji ak respè nan sèvis yo. Pa sèvi lwa pou move zak oswa pou fè moun mal.
Rityèl yo dwe fèt regilyèman ak konsyans. Pa fè sèvis sèlman lè w nan bezwen oswa lè w ap chèche benefis pèsonèl.
Aprann anba yon gid ki konpetan. Yon manbo oswa oungan ki gen eksperyans ka gide ou, montre w pratik ki kòrèk, epi ede w evite erè ki ka danjere.
Kenbe espas rityèl la pwòp, netwaye kò w ak lespri w anvan sèvis. Sa montre respè ak ouvèti pou lwa yo.
Tout sakrifis, lapriyè, oswa rityèl dwe fèt ak yon kè sensè. Lwa yo konprann volonte ou, men yo pa tolere manti oswa fwod.
Pi bon pratik se sèvi lwa ak entansyon ki ede lòt moun, pwoteje fanmi, epi ranfòse solidarite nan kominote a.
Sèvis lwa se pa jwèt. Li mande responsablite, konesans, ak respè. Lè w suiv konsèy sa yo, ou ka devlope yon relasyon fò ak lwa yo san danje.
Servante Ti NinieLwa Bakoulou Baka:
Kontrèman ak sa anpil moun souvan ap di de Bakoulou Baka, li pa sa yo panse a ❌. M vin pale de nou lwa Bakoulou Baka se paske m viv li, m wè l deja ak je klè 👁️, e li menm oubyen kèk lòt lwa konn pale avè m de li.
Bakoulou Baka se lwa ki pi jeyan nan Vodou a 🌳, e li se 2èm lwa ki genyen plis pouvwa nan Vodou a , li saj anpil, men lèl monte sou moun apre moun sa ka menm ka kenbe kòl⚡. Moun tankou m ki gen chans wè l ap konnen: lè l ap vini, fason l depoze pye l sou tè a konn fè tout espas lan tranble 🌍. Tèlman Bakoulou jeyan, wotè l ka depase menm yon pye kokoye 🌴.
Bakoulou se nan raje li rete 🌿. Li pap fasil kite raje a, sòf si se yon travay li vin fè. Mwen menm te gen chans wè l pandan li te vin ofri m gad li, ki se toujou Bakoulou, men yo rele gad sa yo Bakoulou Baka gad 🛡️. Epi m konn wè l ankò lè lwa yo mennen m al asiste reyinyon ki konn gen rapò avè m. Menm si se pa toutan Bakoulou konn la, pafwa li prefere yo ba li rapò apre lè li pa sou vini.
🔴⚫ Mouchwa li: Bakoulou Baka sèvi ak mouchwa nwa, nan kèk bitasyon ou ka jwenn li sèvi ak wouj tou.
🍖 Manje li: Yo souvan di Bakoulou Baka manje moun. Wi, gen anpil Bakoulou ki konn manje moun, men se selon nan ki bitasyon l ye, e selon kondisyon yo. Men li pa toujou konsa. Bakoulou te menm esplikem rezon ki fè l te konn manje moun.
Bakoulou Baka manje vyann bèf 🐂, nan kèk bitasyon tou ou jwenn li manje kochon 🐖.
🍷 Bwason li: Bwason Bakoulou Baka se san, diven, e pafwa li bwè wonm 🍶. Lè w ap bay Bakoulou manje, se nan raje pou w al ba lil, sinon li pap manje. Bakoulou yo renmen kote ki gen lapè 🕊️.
⚒️ Travay li:
Bakoulou renmen raboure tè anpil, akoz fòs ak kapasite li genyen pou fè anpil travay nan yon mens tan. Se sa ki fè anpil lwa konn bay Bakoulou travay raboure tè pou yo.
Li fè tout kalite travay tankou:
Retire zonbi sou moun ak nanm 🧟
Trete tout kalite maladi ⚕️
Rachte moun yo vann nan kò sosyete 🔑
Dayè, li fè pati de pi gran chèf majorite kò sosyete yo 👑.
Bakoulou Baka pa yon lwa ki monte nan tèt moun san rezon. Kondisyon l yo danjere anpil lè w pa respekte yo ⚠️. Men lè l kanpe nan do w, ou pap gen anyen pou pè 💪.
Vin di nan espa kòmantè a ki eksperyans ou fè ak bakoulou baka deja.
De ki lwa ou ta renmen Servante Ti Ninie pale w.
Servante Ti Ninie 🖊️🌿✨ Kominikasyon ak Lwa yo ✨🌿
Gen anpil moun ki toujou ap mande tèt yo: “Kòman yon moun ka kominike ak lwa yo?”
Se pa yon bagay ki fèt menm jan pou tout moun, paske chak moun gen chemen pa yo, chak moun gen fason lwa yo deside sèvi ak yo.
Gen moun, pou yo jwenn repons nan men lwa, yo oblije liminen, limen balèn oubyen fè yon sèvis pou mande gidans. Souvan fwa repons nan konn vini nan rèv yo, kote lwa pote nouvèl la klè pou yo pandan y ap dòmi.
Gen lòt, menm san yo pa fè gwo seremoni, repons yo monte dirèk nan tèt yo tankou yon ide ki parèt sou plas. Lè sa rive, se lwa ki pote repons lan nan panse yo, pou yo konnen verite a vit san detou.
Men gen moun ki gen yon privilèj espesyal: yo pa bezwen ni balèn, ni liminen, ni gwo sèvis pou kominike ak lwa. Yo gen aksè dirèk, tankou yon liy telefòn ki louvri 24/24. Sa rive sitou lè lwa pran moun nan depi nan vant manman li, oubyen depi li te piti. Moun sa yo jwenn yon “kòd aksè” ki kapab yon priyè, yon mo senp, oswa yon chante. Chak fwa yo resite l, lwa a resevwa sinyal la pou l louvri kominikasyon. Menm jan yon moun ap fè yon apèl, konsa yo pale ak lwa yo a distans oubyen fas a fas.
Gen kèk nan yo menm ki ka jwenn privilèj wè lwa a devan yo, pale avè l tankou se yon moun reyèl ki kanpe bò kote yo. Se pa ti mistè ni gwo favè sa ye, paske se yon benediksyon raman moun jwenn.
👉🏼 Lè ou wè yon moun ap pale de lwa, pa kouri kwè se rad, kolye oubyen gwo paròl ki fè moun nan gen aksè. Vrè koneksyon an sòti nan kè, nan rasin, ak nan desten w.
Se konsa lwa yo chwazi kominike avèk nou, chak nan fason pa yo.
🔮💫 Èske ou ta renmen konnen plis sou kijan lwa yo ka kominike avè w tou? Kite kòmantè w anba a.
🖊️Servante Ti Ninie 🌸Ogou Feray se youn nan pi gwo lwa nan Vodou 🔥⚔️ Li fè pati fanmi Ogou yo, ki se espri lagè, travay, kouraj ak fòs 💪🏽 Non "Feray" la soti nan mo "fè" (fè, metal) 🪓 sa vle di li se met tout sa ki fèt ak fè. Li gen rapò ak dife 🔥 zam ⚔️ kouto 🔪 e tout zouti fè.
Li se yon gwo gèrye 💥 yon lwa batay ki toujou pare pou defann pitit li yo 🛡️ Li se lwa travay ak fòs, espesyalman kote ki gen zouti, mekanik, kouto, zam, elatriye 🛠️ Nan rit Vodou, li souvan parèt ak kouto 🔪 ⚔️ oubyen rèl dife 🔥 paske se esans li. Li renmen bwason fò 🍶 (kleren, wonm), tabak 🚬
Mouchwa li se Wouj
Li manje kòk wouj oubyen kochon
Remèd Ogou Feray yo se remèd ki gen rapò ak pwoteksyon 🛡️ fòs 💪🏽 ak defans ⚔️ Li fè remèd pwoteksyon kont mechanste, lènmi, kont move je 👁️🗨️ oubyen moun k ap chèche fè mal. Li fè remèd kouraj ak fòs pou moun ki pè 😨 ki manke fòs nan lavi yo, oubyen ki bezwen enèji pou lite 🔥 Li fè remèd lagè lè yon moun nan konfli (legal ⚖️ sosyal 🤝 fanmi 👨👩👧👦 oubyen relasyon ❤️🔥) yo konvoke Ogou Feray pou li defann kòz yo. Li fè remèd travay pou moun ki sèvi ak men yo 👷🏽♂️🔧 Mason, mekanisyen, kouto, charyo, elatriye. Li ede yo jwenn plis chans nan travay yo 🍀 Li fè remèd jistis pou moun jwenn verite 📜 oubyen jistis ⚖️ lè yo sibi enjistis.
An rezime ✨ Ogou Feray se yon gadyen ak defansè 🛡️ Li se lwa kouraj 💥 ak lagè ⚔️ Remèd li yo se remèd ki bay fòs 💪🏽 ki pwoteje moun 🔥 ki kraze mechanste 🚫 e ki mete moun sou chemen jistis ⚖️🌟
🖊️Servante Ti Ninie🪦⚰️ Bawon Samdi ⚰️🪦
Bawon Samdi se yon lwa ki nan vodou a ki puissant anpil 💪🏾✨, li soti nan eskòt gede yo 💀.
📅 Jou li se samdi.
👩🏾🦱 Madanm li se Grann Brijit.
🎨 Koulè mouchwa l se mov 💜 ak nwa ⚫.
Se Bawon Samdi ki la pou jije moun ki travèse yo ⚖️.
Lè Bawon Samdi monte sou moun li fasil pou idantifyel 😮👉🏾, paske:
👃🏾 lap mande koton pou mete nan tou nenl ak nan zòrèy li 👂🏾,
💄 lap bezwen poud blan pou makiye,
😵 epi lap fè w mare figi l tankou moun ki gen mal mouton.
🏚️ Li rete nan simityè.
🍲 Li manje bobori ak aransèl pike anpil 🌶️🐟,
🍖 li manje tou tout kalite vyann boukannen ak viv boukannen tankou: patat 🍠, bannann 🍌, mayi griye 🌽 elatriye...
🥃 Bwason li renmen bwè se kleren melanje ak piman 🌶️🔥 ak wonm 🍷.
⚔️ Travay Bawon Samdi renmen fè se retire mò sou moun, li renmen trete moun ki gen mò sou yo ki prèske mouri 🧟➡️👨🏾🦱.
😂 Bawon Samdi renmen joure anpil, li renmen di anpil betiz 🤣, menm si se ta nan blag lap fè.
❤️🔥 Yon espri ki gen anpil lanmou pou moun 💕, li mache avè yo, li toujou disponib pou defann pitit li 🛡️.
✍🏾 Yo rele m: Servante Ti Ninie 🙏🏾👑Moun ki chwazi 🌟
Lè w fin aksepte Iwa yo pou yo danse nan tèt ou 💃🏾🕊️, ou dwe gen yon fason pou konpòte w 🙏🏾.
Lè w fèk aksepte Iwa yo, yo ap souvan vin fè konesans avè w 🤝🏾, yo ap souvan pote mesaj pou ou 📜✨.
Ou dwe toujou rete nan lapè 🕊️, nan konsantrasyon 🧘🏾♀️ konsa Iwa yo ap toujou jwenn ou disponib 🌌.
Se nan moman lapè sa yo tou yo ap pwofite fè klas avè w 📖👂🏾 pou yo aprann ou sa w dwe konnen.
Se moman sa yo Iwa yo ap montrew kòman pou rele yo 📣, kòman pou jete dlo 💦, kòman pou fè aksyon de baz yo 🔑.
Depi w fin dakò ak Iwa yo 🤲🏾, ou dwe konnen ou pa yon senp moun ankò 🚫👤, ou pa yon moun òdinè ankò 🌟.
Ou dwe tou konnen ou pa totalman lib ankò ⛓️, ou gen responsablite 🕯️.
Ou pap viv pou tèt ou ankò 🫀, w ap viv pou Iwa yo 👑✨.
Yo rele m: Servante Ti Ninie 🌹🙏🏾🌸✨ Kouzin oubyen Manman Latè ✨🌸
Kouzin, yo rele l tou Manman Latè, se youn nan pi gwo lwa nan Vodou 🌍.
Li fè pati nanchon Zaka 👒🌿.
📅 Jou li: Vandredi
🎨 Koulè mouchwa li: Vèt
👗 Rad sèvis: Wòb ble ki gen plizyè lòt koulè ak desen pye bwa 🌳
🤝 Alyans li: Kouzen Zaka
🍲 Manje li: Tchaka ki gen tout kalite vyann ak viv 😋
🥤 Bwason li: Jenjanm graje + kleren, kanèl anetwale.
Pòm, grenadya, abriko, anana melanje ak kleren ki gen sik 🍹
🚬 Kouzin fimen: Pip ak sigarèt
👩🏾🦱 Kouzin se yon bèl fanm nwa ki renmen kale kòl, mete jip kout ak mayo dekòlte 💃🏾🔥.
Li gen anpil resanblans ak Kouzen Zaka nan fason li entelijan e renmen kòb❤️.
👩🏾🍳 Wap souvan jwenn Kouzin nan konbit ak nan kizin bò kote lòt medam yo, espesyalman lè gen rapò manje 🍛.
🔮 Travay Kouzin fè:
✨ Travay chans
✨ Beny pou chase move enèji
✨ Retire nanm, zonbi ak kout espedisyon sou moun.
✨ Travay jaden tou (men se pa menm jan ak Kouzen Zaka) 🌱
💞 Kouzin se yon lwa ki plen lanmou. Si li renmen ou, li pap janm kite w razè 💵. Kote kòb la ye, li pral chèche l pote pou ou 😍💚.
😃 Si se Kouzin ki monte yon kòb pou al nan mache, ou mèt di w sove! 😃🔥
✍🏾 Yo rele mwen Servante Ti 💫📞✨👉🏾 +50947324277 🌿🔥🔮
🧟♂️🌙✨ Gen anpil bagay sou zonbi, sou nanm👻, sou lè moun travèse🌊✨, sou rezon ki fè yo konn tounen lwa ⚡🌿🔥
Men anpil moun ki pa konnen verite a toujou ap pale bagay yo pa konprann ni sa yo pa konnen 🙊❌.
Mwen menm 🙋🏾♀️, mwen pa mache dèyè pawòl inyoran 🚫, mwen fè lwa mwen yo konfyans 🙌🏾💫🙏🏾.
Se yo ki pote limyè 🌟🔥, se yo ki pote verite 🌿✨, se yo ki ba nou chemen pou swiv 🛤️🕯️.
M pral pale apre yo 🗣️🌙 pou pote pawòl ki sòti nan sous ki pi pwòp la 💧🔮✨.
👉🏾 Kenbe pawòl mwen yo ❤️🌟, pataje yo pou verite a rive lwen 🌍🌈
🌸🌙💖 Mwen menm Servante Ti Ninie, m pran responsablite m poum di wi, majorite lwa ki genyen yo se moun ki tap viv sou tè a 🌿✨🌈💫
⚡🔥🌟 Siw poko jwenn yon lwa ki rakontew pwosesis sa, m pa responsab 🕊️🌙💫🌸
➡️🌟🌸 Pou yon moun vin devni lwa lèl travèse sa depann de plizyè bagay ✨💖🌿🌙
💫💖🌙 Li depann de vi moun sa te gen sou tè a, tankou: si moun sa te gen yon vi espirityèl 🌸🌿🌈, sitou rapò vodou 🔮🕯️✨🌟, kite reponn ak kritè yo 💫🌟🌙, pa egzanp si li te yon sèvitè lwa 🕊️🔥💫, si li te konn kenbe yon bon liy ✨💖🌿, ect 🌸🌙🌈
🌈✨🌿 Men lòt pwen enpòtan: li pa fòseman depi li te sèvitè lwa ou travèse wap tounen lwa otomatik 💫🌟🔮 paske gen lòt bagay pou genyen anndanw kòm enèji 🌙🕯️✨🌸 oubyen ki rete mistè pou ta kalifye 🌸🔥🌿💖
🌙🕯️🌈 Yon moun tou ka pat janm patisipe nan yon sèvis lwa menm yon jou 🌟💫💖, ni li ka pat gen okenn rapò ak lwa 🔮✨, epi lèl travèse li devni lwa 🌸🌿💖💫
➡️💫🌙 Lè sa, moun sa te gen misyon sa 🌟✨, li te destine pou sa 🔮🔥, oubyen fòs yo konn pran l pa rapò ak jan lanmòl trajik yo fè l lwa pou vanje nan rezon ou yon lòt 🌈💖🕯️✨
⚡🌟✨ Gen lwa tou se fòs la ki kreye yo san li pat janm pase viv sou latè menm pou yon sèl segond 🌿💫🌙🌸
Gen moun ki vin lwa tou se yon lòt lwa ki bal fòs lèl travèse poul vin devni lwa 🌟💫🌿💖
🌿💖🌸 Tout moun paka lwa 🌟🔮, gen moun se gad yo ka ye selon si kritè yo reponn 💫🌙, si yo kalifye ✨🔥💫
✨🔮🌸 Nan yon lòt pòs map vin di nou èske se zonbi moun sa yo bay fòs 🌿💖, oubyen èske se nanm li 🌈🕯️, oubyen èske se yon lòt pati nan li yo bay fòs pou tounen lwa e sou konbyen tan yon moun ka tounen lwa apre l fin travèse 💫🌙✨💖
💖🌸🌿 Yo relem Servante Ti Ninie 🔮✨💫🌟
🔮✨🌿 Toujou sonje pataje pòs yo pou ankouraje travay la 💫🌸💖🌙
📞🌿🌙 Pou plis enfòmasyon oswa kontak: +509 4732 4277 🔮✨💫🌟🌿✨💫🔥 Se pa tout moun lwa chwazi pou manbo/ ougan 👑🕯️💃🏾🌺💎🌙⚡🌸🌞
Anpil moun panse lè lwa chwazi danse nan tèt yo 💃🏾💫🌿🌙🔥, yo panse se pou manbo oubyen ougan lwa chwazi yo 🙅🏾♀️🕯️💎🌺💫.
Sesak fè li toujou enpòtan 🌟💖🔥💫🌿 lè lwa chwazi danse nan tèt ou 💃🏾🌙✨ pou kesyone lwa a 🔮👁️🗨️🌸 oubyen lwa yo sou ki objektif yo chwazi w 💭🕯️🌿💎🌞.
Oubyen chèche fè yon limyè 🌞🕯️💫🌟🌿💎 kote yon moun ki fyab 🙏🏾💫🌸🌙🔥 pou edew konnen objektif ki fè lwa vle danse nan tèt ou a 🌿🌙💫🔥🌺💎✨.
🌿💧🌸🌙✨ Gen plizyè objektif kika fè yon lwa danse nan tèt moun: 👇👇🔥🌺🌞💫
🌺💫🌿🔥💎 Lwa ka chwazi w kòm mèt bitasyon 👑🕯️🌙💫🌿💎 pou yo monte fè travay sou ou kòm manbo oubyen ougan 🌿⚡🔥🌙💫🌸,
lè sa moun gen tout oubyen majorite lwa bitasyon an nan tèt moun sa 🌙💎💫🌿🌸🔥🕯️✨.
🌸💃🏾🎶💫🌙🔥 Lwa ka chwazi w sèlman lè gen dans oubyen sèvis 💫🪘🎵🔥🌿🌺 poul monte manje danse sou ou 🍲🔥💎🌙 pandan yo pap janm egzijew fòw chita travay 😌🙏🏾🌿🌸💫🕯️🌞.
🌻💎🌿🌙✨🔥 Lwa ka chwazi w tou sèlman paske moun yo chwazi pou ougan manbo a lwen anpil fanmi 🏞️🌍💫🌸🌿,
epi kèk nan yo pran w pou lè fanmi ki pwòch ou yo gen yon pwoblèm 👨👩👧👦💔💫🔥🌙
pou yo monte sou ou geri yo 💫🌿🕯️🔥🌙🌸💎 san pou otan yo pap fèw gwo egzijans 🌙✨🌸🌿🔥🌞💫💖.
🔥⚡🌟💫🌙🌿 Moun lwa chwazi pou ougan/ manbo yo egzijans yo ap diferan, tankou: 🌺💎🔥🌿💫
🚫 yo pap dakò moun sa nan tout voksal 🙅🏾♂️🕯️🌿🔥💫
💬 yo pap dakòl nan zanmitay 🙅🏾♀️🌙🌿🌸💫
🚪 yo pap dakòl antre nan sak pa gadel 🕯️🌿💎🌙🔥
👀 yo pap dakò l frekante tout moun 💫🌿🔥🌙✨
Yap bay moun sa gwo dimasyon 💥🌿⚡💎🌙🔥💫, yap fè gwo eksperyans avèl 🔮🌙💫🙏🏾🌿🌺🔥✨💎🌞.
Men moun lwa jus pran pou monte sèlman nan dans yo 🪘💃🏾🎶🔥🌺🌿🌸🌙 lwa pap bayo tout egzijans sa yo 🌸🔥💫🌿🌙💎.
Gen dimansyon lwa yo pap bayo menm jan ak moun yo chwazi pou mèt bitasyon an 👑🌿🕯️💫🌙💎🔥🌸🌞.
🌞💫✨🌿🔥 Sesak fè li toujou enpòtan pou konnen pwojè lwa yo pou ou 🔮🌙🌿💫🌸🔥
pou pa fè kòve nan aranjman oubyen seremoni wap fè pou yo 🕯️🙏🏾💎🔥🌸🌿🌙💫💖🌞.
📜💭🌿💫 NB: gen moun se yon sèl lwa nan bitasyon an ki danse nan tèt li 🌺🌿🌙💫🕯️💎🔥✨🌸🌞.
👑🌿💫🌸 Yo relem Servante Ti Ninie 🌸✨🔥🌙💎🌿🌞💫
📞 +509 4732 4277 📲💖🕯️🌿💫🔥✨🌙🌺 pou tout limyè ak travay 🔮💫⚡✨🌿🌸💎🔥
💖🌟🔥 Siw renmen kontnim yo 🌿🔥🌸👉🏾 abone 🔔, pataje 🔁, ak kòman 💬🌙 pòs mwen yo chak fwa w wè yo 🌸💫🌙🕯️✨🌿🔥💎🌞
#ServanteTiNinie 🌿💫🌸🔥 #VodouAyisyen 🔮🌙💎 #MistèAyiti 🌙🔥🌿 #TravayLwa 🕯️🌸💫 #LumièreSpiritualité 💎🌞🌿 #EnèjiPozitif 🌞🔥💫🌙✨🌿🌙✨🔥💫💥💖🌟💎🕯️🧿🌿🌸🌈🌞 Se nan dòmi sèlman lwa monte w? 😮😴💭👁️🗨️🔥🌙✨💫
😮💭🌙 Anpil moun ap plenyen de sa 😩🙏🏾, yo jwenn mesaj ki di yo reklame 🕯️📩💫, yo konn wè yap fè remèd 🌿🌸🪶, yo toujou wè lè yo an danje 😨🌀 lwa monte yo ⚡🔥👁️✨, anpil fwa yo menm al fè akseptasyon lwa yo 🕊️🪔💫, men yo toujou pa janm ka gen lwa nan je klè 👁️🌞🌟 menm si yo toujou santi sansasyon yo 😌🌬️💭.
💫💥🌟🔥💖 Ebyen jodi a m vin diw kèk rezon ki ka koz se nan dòmi sèlman ou wè lwa montew 🕯️🌙🌈🧿🔥
📣💖🎶✨🌿 Siw estime travay map fè a rive sou ou 🙌🏾💫, abone ak paj la 🌟🎯, pataje 🔁💞 ak like ❤️💥🔥 pòs mwen yo 🙏🏾🕊️🌈🌞
🌿✨🔥💫🌙💖 Ann ale! 💫💥👇👇👇
Men kèk rezon ki konn fè se nan dòmi sèlman lwa monte sou ou 🔥💭🧿👁️🌙
1️⃣ 🔥🌙🕯️💫💎 Sa konn rive se lè moun lwa yo te pran depi nan tan lontan nan bitasyon an👵🏾👴🏾🧓🏾💫 ki fin granmoun nan, se lè l mouri ⚰️🌈🕊️ yap ofisyèlman pasew mayèt la 🔥🪔💫 oubyen flanbo a 🔥🕯️💖.
Pa egzanp 🧿✨ si se manman 💐, papa 👑, yon matant 💃🏾, tonton 👴🏾 elatriye… lwa yo ka deside se lè moun sa travèse 🌈🌠 yap fè pasasyon an avèw ofisyèlman 💫🔥, malgre yo gentan montre w se ou ki pral ranplase moun sa 👑🌟💖🕯️.
2️⃣ 🌜✨💫🕊️🌿 Siw pa janm bò kote yon moun ki pwòch ou 🤝🏾💞 oubyen yon moun de konfyans 💬💎, lwa yo ap sèlman kontante yo de baw mesaj nan dòmi 😴💭, oubyen pale avèw je klè 👁️🪶🌞, monte sou ou nan dòmi 🌙😴✨ men yo pap janm monte sou ou konsa 🙅🏾♀️❌🔥 paske pa gen yon moun nan antouraj ou vre ki kalifye 🕊️💫💎 pou ta resevwal selon rezon oubyen prensip yo ta evoke 💭🌈🌿.
3️⃣ 🌟💫🔥🕯️✨ Sa konn rive tou lwa yo chwaziw 🙌🏾💎🌈 swa pou manbo 👑💃🏾🔥 oubyen ougan 🪶🕯️🧿, oubyen yon senp sèvitè 🕊️🙏🏾🌿, men yo ap jis kontante yo de baw don pou travay 🧿🪔✨, pou chante 🎶🔥🌸, pou dirije sèvis 💫🕯️🔥 men yo ka pa chwaziw pou yo danse sou ou je klè 💃🏾🕊️💎✨.
Lè sa yo rive, moun ki reklame a fè tout sa yon moun gen lwa nan tèt li ka fè 🌟🔥💫 gras ak gwo don lwa yo bali 🕊️🪔💖🙏🏾.
4️⃣ 🌞👁️💫🧿🔥 Sa konn rive ou chwazi lwa poko danse sou ou je klè paske yo wèw poko mâture ase 🪞🧠🌿, yo wèw poko ka pran responsabilité yo vlew pran an 👣💎💫 epi sa koz yo pa deside monte sou ou je klè 😔🌙💭 toutan w pa reseziw 💪🏾🔥🕯️ oubyen mete w pi mâture 💫🪶🪔 pou pran responsabilité w janl dwe ye 🌿💎💫.
Pa egzanp: si yo toujou fèw siy yo ✋🏾🌀🌈, men w pa janm al chèche konnen plis de yo 🤔🧿🕯️ oubyen liminen 🪔🔥 pou konnen plis de apèl yo fèw la 🕊️💫🌟.
5️⃣ 🌀🧿🔥💫✨ Ou ka yon chwazi epi lwa pajanm monte sou ou nan je klè 👁️🗨️💭 paske ou gen vye ond ki antourew 🌫️⚡😣, ou gen move enèji sou ou 😩💨🌀.
Saw dwe konnen depiw gen move ond sou ou 😔🧿, menm si lwa a monte sou ou li pap janm alèz 😩💫🕯️🌿.
📜✨🪔💎 NB: 💫 Tout bitasyon gen yon prensip 💠🕯️🌙, yon fason yo sèvi 🪶🌿🌈.
Si kondisyon yo enpoze a pa reponn ⚖️🔥💫 yo ka toujou chwazi w montrew yo bò kotew 🌙🕊️💎, men yo pap janm monte nan tèt ou je klè 👁️🔥✨🧿.
👑💖🌸🌙🔥 Yo relem Servante Ti Ninie 👑💫🕊️💎💥
📞🇭🇹 Siw vle kontakte m relem sou: ☎️📲 +509 4732 4277 💖💫🔥🌈
🌸🔥✨💎💫🌿 Gad on bèl mesaj konsa 😍💭🌈, li pa merite pataje ak like? ❤️💫🔁🌟🔥🕊️🌞💎
🌿💖🔥🌙💫✨💎🪶🕊️ #VodouAyisyen #Lwa #ServanteTiNinie #SpiritualitéAyisyen #Lespri #ApelLwa #MètTèt #SèvitèLwa #FòsSpirityèl #ÉnergiePositive #RèvSpirityèl #HaitiMistik #PouOu #FYP #FacebookAyiti #AyitiAnfòs #SèvitèGinen #LumièreSpirituelle 🌟🔥🌈🧿🌿💫💎🌙
Comentarios
Publicar un comentario