Pou mwen Geyen 2 konsep ki pale la 

 - Wete mò nan dlo

 - Pale ak Mò nan Govi 

yon pa genyren rapò ak lòt .

tou 2 konsep sila yo genyen reyalite yo selo zòn yo, lakou yo, ak rit yo' !


Wete mò nan dlo genyen plizye ritwèl. youn nan tou premye ritwel yo se 

 - honore mò qui te mouri nan travesè anba kal batiman yo , ak sa yo te voye jete nan lanmè ousnon ki mori nwaye 

ouswa ki mouri nan katastwof natirel.


Dapre kwayans vodou, nan m sila yo rete anbo dlo a. yo pa libere e yo paka rive monte nan wayom zansèt yo.


Pou ritwel sila, yo sèvi ak yon dra blan kote yo genyen yon ritwel pou 

- rale swè mò a nan dra a, pandan yap chante ak danse

- lage dra A nan yon kanari dlo ouswa yo bokit dlo . 

- rale mò a, ki soti nan dlo 

- kouvri yon moun ak dra a, kap sele, kap pale, ke yo ka poze kestyon e kap bay repons 

- apre kestyon repons yo libere manm la, yo voyel nan gran chimen rejwen zansèt yo.


Nan rit Deka Vodou se tout yon pwosesis kote ritwèl yo pli senkretik.

 - yo Mèt nan dlo - sila vle di yo retire Mèt tèt moun la pandan li te vivan

 - yon fè yon gran priyè pou mò a  

 - gran priyè sila se yon pè savann ki mennen seremoni a kote yo resite tout yon litani kretyen

 - yo fè yon Sohon pou antre nanm nab dlo nan yo kanari

 - yo bat kanari a sou rit Kongo ouswa Daomen, yo danse kikaske kanari kase 

 - yo libere gad mèt mò a, yo voye nanm la anba dlo - pou yo retirer apres plizye lane selon regleman 


Nan rit Gad la, yo pa fè Sohon, men yo désounen Gad la, se yon pè savan ki f& denye nevèn la.


Pale nan Govi, se tout yon lòt konsèp 

Nan Vodou lanmö pa ekziste, se yon tranzisyon ki fè nanm detache de kò a.

Kominikasyon ak mò nan Vodou se pratik nòmal pou tout Vodouvi.

Yo toujou genyen kominkasyon ak mò yo. Li fèt nan dòmi ouswa nan Govi ki se yon kalbas, ki sèvi kòm eleman kondiktè

ki pèmet ou rale yon mò nan fanmi pou w ka pale ak li. 


Genyen plizyè Bòkòr ki vle makiye pratik sila a. Moun ki pa leve jwen ap toujou konpran

se yo gwo prensip e poutan li senp. Mò bitasyon yo, toujou rete atache a bitasyon a. Yo toujou

disponib pou eritye. Prensip Vodou !

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel