Beny
Yon krich, 7move poud,17mov dlo, respekte kapitèn,dlo lanmè, tout ti manje bouch manje,2kola wouj,yn chandèl jon yn nwa,dmi kola kleren,rhum barbancour,yn ti jijiri,7 grenn sitro,yn fèy papye blan,2 bik wouj ble,7koulè balèn,yn blan,yn ponyen fèy gatesa,yn titè simètyè,yn kòd pit adwat,lwil: deblokaj,delivrans,maskriti,dou.
Beny Renesans yon beny ki bon pou tout moun ki dewoute
Bazilik + 1 ponyen sèl + 3 tèt sitwon + 3 tèt zoranj si + 21 grenn jiwòf + 3 Dan lay + 7 fèy vèvenn vyolèt + 3 ti branch semèn Kontra + 2 bout bwa medsiyen + 3 fèy lougawou + 7 grenn maskreti + 1 ponyen pèsi + 3 gout pran 3 kalite pafen diferan + 3 gout alkòl 91% plizoumwens + 3 bouchon kleren blan (li ka vodka, Gin, rhum, tequira, nazon, tèt chòf 22/22) + 1 moso Savon lave ki poko itilize (san lave).
PREPARASYON:
Melanje tout en sann nan yon ti dlo lanmè (15%) ak dlo frèch (85%). Itilize moso Savon an ki deja tranpe nan beny lan pou w benyen Depi tèt desann nan pye. Savon Byen Savon ak tout melanj yo epi rense ak men dlo a.
Se lè w fin ajoute dlo lanmè, se pou ajoute dlo frèch la. Lese beny an poze pou yon ti tan pu byen masere. sant beny la ap ede netwaye espas la kote l ye a.
Diplis:
Lè w fin beny ou ka wete ma beny lan sou ou, mete nouvo rad epi w pare pou kouche ou repoze w. Ou ka pran beny sa nenpòt jou. Ou pa bezwen limen balèn ni resite okenn priyè se plant yo k ap travay pou kont yo men si w se kwayan ou ka fè sa w vle men beny lan pou kont li natirèl nan ap fè mèvèy.
Beny sa ak ede w si w ap konbat ak maladi ou leve anba maladi. Nenpòt kalite maladi. Si tèt ou chaje ou strese, ou gen vye panse, ou panse w pa gen chans ou pèdi espwa, eseye fè li api bwè 1 tas te melis ou basil ak siwomyèl chak swa anvan w kouche pou 7 jou. Si maladi desseche w ou fini nèt, fè beny lan 7 jou, 7 fwa, bwè yon tas te lay ak jiwòf epi manje 1 zoranj landan menm lè nan jounen an chak jou pandan 7 jou. W ap fè yo chak jou.
Crédit: Medikaplant
Sonje, yon beny ouvèti se yon zouti pou ede w refòje koneksyon w ak lanati ak ak pwòp fòs enteryè w.
li toujou bon pou fèl chak komanseman yon mwa :
Doktè fèy
Men yon lis plant ki souvan itilize nan beny ouvèti, ak yon ti eksplikasyon sou enpòtans yo chak :
👉🏽 Fèy Bazilik : Trè popilè pou pwopriyete pirifyan li yo. Yo kwè li ede chase move lespri, atire chans, ak pwoteje kont move enèji.
👉🏽 Fèy Chadwon (Chardon Béni): Yon plant pwisan pou pwoteksyon. Yo itilize l pou retire move je, move zèv, ak pou anpeche nenpòt move bagay rive.
👉🏽 Fèy Sitwonèl (Lemongrass): Li gen yon odè fre ak pirifyan. Li ede netwaye aura a, atire kalm, ak retire strès.
👉🏽 Kanèl: Yo itilize l pou atire pwosperite, lajan, ak bonè. Li pote yon enèji cho ak pozitif.
👉🏽 Flè Blan (Egzanp: Flè Woz Blan, Jawsmin, Lys): Senbòl pite, lapè, ak limyè. Yo atire bon enèji, trankilite, ak amoni.
👉🏽 Flè Solèy (Tournesol): Pou lajwa, vitalite, ak atire chans. Li senbolize limyè ak siksè.
👉🏽 Menthe : Revigoran ak pirifyan. Li ede klè lespri a, retire fatig, ak atire enèji fre.
👉🏽 Fèy Vetiver/Khus : Pou ancrage (konekte ak tè a), pwoteksyon, ak estabilite. Li ede balanse enèji yo.
👉🏽 Pèsi : Pou netwaye, retire obstak, ak atire bon chans.
👉🏽 Sèl Gwo Grenn (Coarse Salt): Malgre se pa yon plant, li esansyèl nan beny ouvèti. Li se yon pirifyan pwisan ki retire enèji negatif ak move zèv.
👉🏽 Pafen (Opsyonèl): Gen moun ki ajoute kèk gout pafen, sitou pafen ki gen bon sant oswa pafen "chans" yo vann nan boutik esoterik yo.
👉🏽 Bouji Blan (Opsyonèl): Pou senbolize limyè, pite, ak klète.
Etap pou Prepare ak Pran Beny Ouvèti a wap jwen nan dokiman BENY chans lan ak BENY giyon an nan men nou .Bèny Vapè Sakre Apre Akouchman
Materyèl ou bezwen:
• 7 fèy ti medesiyen
• 5 fèy zoranj
• 5 fèy bwa frans (oswa fèy bazilik si pa gen)
• 3 fèy flanbwayan
• 3 fèy mant
• 1 ti branch gouwyab (si gen)
• 1 gwo kaswòl dlo klè (pi bon si se dlo sous oubyen dlo lapli)
• Twal blan oswa twal ki pa gen koulè fò pou kouvri tèt ou
• Yon ti ban pou chita
Pwosedi:
1. Prepare fey yo:
Rale tout fèy yo, lave yo avèk dlo klè, epi mete yo nan kaswòl la.
2. Fè dlo a bouyi dousman:
Mete kaswòl la sou dife, kite dlo a bouyi epi fè fèy yo lage vapè dousman.
3. Prepare tèt ou:
Chita sou ti ban an. Kouvri tèt ou ak twal la pou kenbe vapè a bò kote ou.
4. Fè vapè a monte sou ou:
Rete konsa pandan 20 a 30 minit, respire pwofondman vapè a ki gen pouvwa netwayaj.
5. Pale avèk zansèt ou pandan wap pran vapè:
Di:
“Gad mwen, mwen mande ou pwoteje m, netwaye sa ki pa pou mwen, fè mwen tounen fò.”
“Mwen pote lavi, mwen mande fòs lavi tou.”
6. Apre beny la:
Pa mete dlo frèt sou kò ou. Rete kouvri ak twal ou pou yon ti tan pou kò a adapte ak chalè a.
Benefis beny sa a:
• Fèmen pòt ki louvri pandan akouchman
• Ranfòse kò fizik ak mistik
• Netwaye enèji negatif ak doulè
• Reanrasinen limyè ou ak fòs zansèt yo👶🏾 Beny chans pou Ti Moun
Lè yon ti moun vini sou latè, se yon benediksyon. Men se devwa paran yo pou yo kòmanse chimen li ak chans, benediksyon ak pwoteksyon.
Yon ti beny ak 3 kalite fwi ou pi renmen an pap deranje Siw lave yo ,rache mete yo nan yon ti kivèt blan ,epiw vidé yon gallon lèt bèf nan kivèt la, sa ap pote dousè,chans ak limyè nan lavi timoun nan, ou kapab lage yon main du riz nan beny lan tou .
Pou plis chans ak abondans, ou ka mete 3 fwi sa yo
🍊 Zoranj – pote lajwa ak solèy
🍎 Pòm – pote lanmou ak sante
🍇 Rezen – pote richès ak lonjevite
Se ti jès sa yo ki ouvè chemen lavi, chans ak pwoteksyon pou pitit ou depi nan premye jou yo.
Ou kapab Fè’l pou li nan laj 1 à 3 ans .
Pa Bliye linen yon bouji blan pou ti moun nan 1-Beny Dyòk,Beny giyon,Beny pouw kwape move enèji
Dlo lanmè oubyen pran dlo mete sèl ladanl
3 ponyen fèy pwa kongo
3 ponyen amwaz
3 ponyen pèsi
3 moso lalwa
3,7 grenn lay
7,14,21 grenn jiwòf
3 bouchon kleren
3 gout lwil oliv ou maskreti
3 bout bwa metsiyen ak 3 fèy
Fèy bwa kaka
Fey ti konsin
Fèy gate sa,souf jo'n,yon grenn netali,yon moso kanf
3 zoranj si,3 sitron,yon moso savon lave,7 move dlo
Yon ti koka wouj,yon diven
Ou pa oblije jwenn tout sak ekri la yo pouw fè beny nan sitou pou moun ki pa Ayiti yo.Men moun ki Ayiti yo son fèl janl ye la a,e janm pwal esplikel la na vin dim mèsi paske son kado m ban nou.
Preparasyon
Yon pran yon kivèt blan si'w pa genyen pran yon kwiy oubyen yon lòt bgy sof koulè nwa ki pa bon.wap pile fèy yo len aprè lot wap mete yo nan kivèt la,lè wap pile fèy yo pile grenn Neftali a ak kanf la tou.
Aprèsa vide yon ti kleren oubyen yon ti kal Florida nan kivèt bal dife, lèl fin chofe vide 7 move dlo yo ladan'l, aprèsa vide lwil yo,lage lay yo ladan'l ak jiwòf yo,si'w jwenn fèy gwo metsiyen an ou pa bezwen mete bwa a.
Kounya ou fin prepare beny nan men pa bliye tout sa wap fè nan mistik fèl nan limyè,wap pran yon bokit dlo si se lakay ou wap benyen an mete 3 gwo ponyen sèl ladanl sou pawol ou, lè wap mete sèl la di: Sèl ou se gâte kòmande,ou se dlo ki vin transfòme an matyè e map retounen metew nan dlo a ankò,mwen rekòmande w pa pouvwa fòs sakre ki nan ou a pouw pirifye dlo sa,sakrel,benil e tout kò ki tranpe ladanl li va chase byen lwen e sorti nan kò sa.se jis yon egzanp mwen ba ou menw ka di plis koze ki vin nan lespriw.
Limen balèn ou chandèl jo'n fè demand ou,benyen ak dlo sa ak savon lave a,koupe sitron yo pase nan kòw,koupe zoranj yo pase nan kòw, lèw fini rense kòw.Apresa pran kola rouj la fè demand ou jete 3 kou,youn agoch youn a dwat youn nan devanw bwè yon kou epi videl ou tèt ou pase menw nan tout kòw , fè sa menm jan an pou diven an.
Kounya pran beny kite nan kivèt la ak limyè a nan menw prezantel 4 fasad,renonse pawòl ou sou li epi benyen depi nan tèt jis rive nan pye.Siw gen Florida voye Florida sou tout kòw ak pafen damou.Lèw fini mete rad pwòp sou ou pa mete rad ki gen koulè nwa.
Ou ka fè beny sa jou Lundi, Mercredi ak samedi nan nenpòt lè a men si'w fèl ak solèy cho lap pi bon.avanw fè beny sa fòk ou fè 3 jou san fè sèks (Koupe),e fòk ou fè gran twalèt sèlman pigaw benyen aprè 3 jou me kisa wap fè kòm dezyèm beny.paske se yon mal yon femèl yo ye
2-Anpil wowoli/jijiri
Bazilik,florida,pafen damou
Wap vide dlo nan yon kivèt wap vide jijiri, fwote bazilk la,vide pafen damou,vide florida.apresa pran yon lòt dlo benyen ak yon savon lave lèw fini prezante kivèt bay 4 fòs yo epi benyen.
Lèw fin fè beny sa ou ka benyen nomal aprè demen
Si'w pwal mete rad lwa avanw metel ou dwe fè jan de beny sa yo pouw kmanse jwenn limyè sou saw pwal fè a.
Lèw fini pa ranmase ma fèy yo ak menw mande yon moun ranmase yo pou ou,ou ka fè jete yo nan latrin vip pip yo ak yon pyès monnen,ou ka fè antere yo yon lòt kote ki pa lakay ou,ou ka fè jetel nan fatra ki pre lakay ou.
Beny sa se yon kado paskel pa konn fèl gratis pou moun,men m wè anpil nan nou ap plenyen yon jou nan ede Lakou Ginen D'Hayti nan pwojè li genyen pou mete sou pye yo.
Abobo se Lakou Ginen D'Hayti.Beny Renesans yon beny ki bon pou tout moun ki dewoute
Bazilik + 1 ponyen sèl + 3 tèt sitwon + 3 tèt zoranj si + 21 grenn jiwòf + 3 Dan lay + 7 fèy vèvenn vyolèt + 3 ti branch semèn Kontra + 2 bout bwa medsiyen + 3 fèy lougawou + 7 grenn maskreti + 1 ponyen pèsi + 3 gout pran 3 kalite pafen diferan + 3 gout alkòl 91% plizoumwens + 3 bouchon kleren blan (li ka vodka, Gin, rhum, tequira, nazon, tèt chòf 22/22) + 1 moso Savon lave ki poko itilize (san lave).
PREPARASYON:
Melanje tout en sann nan yon ti dlo lanmè (15%) ak dlo frèch (85%). Itilize moso Savon an ki deja tranpe nan beny lan pou w benyen Depi tèt desann nan pye. Savon Byen Savon ak tout melanj yo epi rense ak men dlo a.
Se lè w fin ajoute dlo lanmè, se pou ajoute dlo frèch la. Lese beny an poze pou yon ti tan pu byen masere. sant beny la ap ede netwaye espas la kote l ye a.
Diplis:
Lè w fin beny ou ka wete ma beny lan sou ou, mete nouvo rad epi w pare pou kouche ou repoze w. Ou ka pran beny sa nenpòt jou. Ou pa bezwen limen balèn ni resite okenn priyè se plant yo k ap travay pou kont yo men si w se kwayan ou ka fè sa w vle men beny lan pou kont li natirèl nan ap fè mèvèy.
Beny sa ak ede w si w ap konbat ak maladi ou leve anba maladi. Nenpòt kalite maladi. Si tèt ou chaje ou strese, ou gen vye panse, ou panse w pa gen chans ou pèdi espwa, eseye fè li api bwè 1 tas te melis ou basil ak siwomyèl chak swa anvan w kouche pou 7 jou. Si maladi desseche w ou fini nèt, fè beny lan 7 jou, 7 fwa, bwè yon tas te lay ak jiwòf epi manje 1 zoranj landan menm lè nan jounen an chak jou pandan 7 jou. W ap fè yo chak jou.
Crédit: Medikaplantyon lis ti objè mistik senp granmoun toujou kenbe lakay yo, paske yo sèvi nan anpil rituel. Chak gen fòs pa yo, epi yo pa chè:
🔮 Objè Mistik Senp pou gen lakay ou
1. Lanp tèt gridap – pou limyè mistè ak koneksyon ak zansèt yo.
2. Balèn blan – pou lapè, netwayaj, louvri chemen.
3. Balèn nwa – pou kase mare, chase negativite.
4. Balèn wouj – pou fòs, pasyon, kouraj.
5. Balèn vèt – pou lajan, travay, rekòt.
6. Balèn ble – pou pwoteksyon ak trankilite.
7. Kafè (anmè ak dous) – ofrann klasik pou lwa ak zansèt.
8. Ròm / Kleren – pou ofrann, pou lave, pou fòs dife.
9. Sèl – pou pwoteksyon, pou netwayaj enèji.
10. Dlo klè nan vè – pou zansèt yo, pou klere chemen.
11. Kolye senp (wouj, nwa, blan, vèt, ble) – chak koulè gen vibrasyon pa li.
12. Wòch rivyè – pote enèji dlo vivan ak balans.
13. Wòch nwa (onyx oswa obsidyen) – pou pwoteksyon ak kase malè.
14. Fèy bwa (bazilik, masis, korosòl, zoranj si, fèy bwa tren) – pou beny, pou netwayaj.
15. Chodyè fè (tiyo, kanari) – pou fè dife oswa pou kenbe ofrann.
16. Wouj mouchwa – senbòl fòs ak lavi.
17. Blan mouchwa – pou pite ak lapè.
18. Chyenbwa oswa baton – sèvi kòm baton mistik, pou trase veve oswa fè pwoteksyon.
✨ Ti sekrè granmoun:
• Pa bezwen achte tout yon sèl kou. Chak fwa yon lide frape w sou yon objè, achte li.
• Se mistè a k ap montre w “tipa tipa” ki moman ak kijan pou sèvi ak li.AVAN OU FÈ KÈLKESWA BENY:
DEBLOKAJ, OUVERTI, DEZANVOUTMAN, PIRIFIKASYON. )ou dwe konnen sa :
1-) achte yon bokit espesyal Pou fè Beny yo ke ou dwe itilize poukont ou .
2-) Evite fè sèks anvan Beny an e nan jou a apre beny an.
3-) Evite pipi pandan w ap benyen.
4-) PA vide tout dlo a sou ou Kite yon ti dlo nan bokit la epi vide l atè. Toujou vide ti moso ki rete a sou tè a paske li senbolize liberasyon oswa debarase m de nenpòt efè negatif.
5-) Pa janm mete yon lòt engredyan nan plas yon lòt epi respekte kwonoloji preparasyon an.
6-)Pandan kèk beny li rekòmande silans absoli.
7-) LAfwa Premye bagay yon beny espirityèl se yon kesyon de lafwa, anvan ou fè yon beny espirityèl gen lafwa nan sa w ap fè epi gen konfyans nan Bondye. Asire w ak konsantre epi di tèt ou ke atravè pouvwa a nan beny sa a, ou pral jwenn sa ou vle.
8- ) Beny pa fèt san limen limyè, retire tout ògèy ak rankin nan ou libere lespri ou .Benyen sa se yon gwo beny giyon mistik ki fèt pou ouvri tout baryè, chase tout salte enèjik ak netwaye chimen espirityèl la yon sèl fwa pou toutan.
Men jan pou konprann li ak itilize li:
Engredyan yo
• Yon boutèy alkali
• Fle arada
• Fle bwa kaka
• Fle paroka
• 7 sitwon vèt
• 3 bouji : nwa, jòn, ak blan
• Yon moso savon lave san sèvi
• Yon boutèy Florida Water
• Yon kilòt oswa slip nèf
• Yon serviyèt nèf
• Yon pyès monnen pou peye lè w fini benyen
Enstriksyon
1. Mèt tout fèy ak flè yo nan yon veso dlo pwòp.
2. Koupe 7 sitwon yo an twa, peze yo ladan.
3. Ajoute savon an ak kèk gout Florida Water.
4. Vide yon ti alkali, epi pale non ou, dat ou, ak sa w vle lave nan lavi w (tris, mal chans, chay espirityèl, jalouzi, blokaj, elatriye).
5. Limen 3 bouji yo bò dlo a (nwa pou retire, jòn pou louvri, blan pou pirifye).
6. Benyen ak dlo a soti nan tèt rive nan pye, yon sèl fwa sèlman.
7. Lè w fin benyen, seche kò w ak serviyèt nèf la, mete slip nèf la, epi jete monnen an deyò kòm “peman” pou lespri dlo ak tè.
Se yon beny inisyal, sa vle di depi w fin fè li, w pa bezwen janm fè beny giyon ankò nan tout vi w.
Apre sa, chak fwa w bezwen netwaye enèji w, ou sèlman fè beny limyè oswa beny lapè.👉🏽PIRISIFIKASYON
👉🏽BENY CHANS AK OUVERTI PÒT NOUVO MWA SAL VLE DI:
Li e konpran aprè pataje!.
Chak èt ki vivan bezwen pirifikasyon ✊😇
👉🏽 Mo “PIRIFIKASYON” : vle di debarase yon kò de tout salte espirityèl li.
Pou moun ki toujou ap fè vye komantè yo lèm bay yon beny yo pap fèl paske yo di yo se kretyen( m ta vle nou défini tou mo kretyen an ) kite mwen di nou :
👉🏽 papa Bondye te deklare enpur kòm bagay ilegal.
🙏🏽Li netwaye moun ki konfese peche l yo anba tout mechanste (1 Jan 1. 9).
Kwayan yo dwe netwaye tèt yo anba tout salte kò ak lespri (2 Korentyen 7:1).🙏🏽
nou distenge 2 kalite pirifikasyon:
1 • Pirifikasyon :
ki konsiste Pou debarasew de enpurte kòporèl ou, ak netwaye lokal kote ou ye li fèt ak beny ak limyè .beny fèy nan bwa ak pafun .
2• Pirifikasyon:
yon zak adorasyon oswa oksilyè nan pratik espirityèl, se yon enpòtans esansyèl.
Kote ou priye devan yon èt suprèm kelkeswa Kwayans ou.
👉🏽 🕯Lèw fè Pirifikasyon se pwoteje ak fasilite kominikasyon ak koneksyon ou ak Bondye ak zanj yo e anj gadyen yo.
👉🏽lè yon kwayan kite lakay li nan yon eta de pite kote ou debarasew de tout sa ki sal ou gen nan vi ou , Bondye pwotejew kont plizyè malè ki ka afekte ou. Kanta moun ki soti san fè yon aksyon Pou pirifye tèt li, li ekspoze a tout kalite Danje 🧐 (maladi /akasidan / mal chans / blokaj/ eksetera)
Pataje! Wa ede yon lòt 🙏🏽
Timoun li granmoun konpranChak detay konte nan mistik,
ou pa dwe mete bagay mistik nan yon sachè nwa ,espesyalman si se pou bon travay (limyè)
Gen moun ki konn al achte yo kite machan nan mete bagay yo nan sachè nwa.
Nwa se koulè fèmen, absòpsyon, ak mistè
•Nan maji ak travay espirityèl, sachè nwa se pou travay fèmen, tankou:
•Travay defans
•Travay pou fè lènmi pa wè w oswa retounen sa yo voye.
Gen travay Oubyen beny ou pral Fè pou abondans , ou bloke travay la ak benediksyon’w Depi anlè
Jis Paske saw al achte yo ou te mete yo nan sachè nwa, ou bloke enèji a.
Lwa limyè pa renmen fènwa
•Lwa tankou Ezili Freda, Ayizan, Loko, Ogou Feray renmen bagay ki klè, sen.
Chak koulè gen fonksyon espirityèl
•Sak vèt: Pou lajan, travay, chans.
•Sak blan: Pou lapè, sen, benediksyon.
•Sak wouj: Pou fòs, pasyon, lanmou.
•Sak jòn oswa lò: Pou limyè, lonè, pwoteksyon.
•Sak nwa: Pou blokaj, fèmen, oswa travay kont.
⸻
Lwa yo toujou gade entansyon w ak prezantasyon w.
Lè ou mete materyèl sakre nan yon sachè ki pa koresponn ak objektif li, ou ka bay lwa yo mesaj melanje oswa ou gate vibrasyon travay la.
#TifanmXLa #Metresla 🪔🌩️ Mistere Pierre Loraye nan Vodou
1️⃣ Orijin sakre
Yon pierre loraye pa janm parèt san rezon. Lè loraj frape tè a, dife syèl la antre an kontak ak fòs tè a. Sa ki rete a pa yon wòch nòmal: se yon pwen rankont ant syèl, dife, tè, ak zansèt yo.
• Se yon “pitit zèklè”.
• Li se zafè lwa foudre yo: Sobo, Agawou Tonè, ak menm Ogou Badè.
• Gen moun ki di chak wòch konsa pote yon non, yon respire, yon zanj.
2️⃣ Siy ak chwa lwa yo
• Lè yon moun jwenn yon pierre loraye, se pa chans: lwa a chwazi li.
• Nan tradisyon, yo di: “Ou pa chèche l, se li ki vini jwenn ou.”
• Si li tonbe nan lakou yon moun, sa vle di lwa yo make plas sa kòm kay yo. Lakou a vin gen yon chaj ki depase òdinè.
3️⃣ Pouvwa ki nan li
Yon pierre loraye pote twa fòs ansanm:
1. Syèl (zèklè, enèji limyè, vitès, lòd divin).
2. Tè (rasin, solidite, memwa zansèt).
3. Dife (fòs destriksyon ak renesans).
Se poutèt sa yo sèvi ak li pou:
• Pwoteksyon kont move lespri ak mechanste.
• Sèman mistik (temwen ki pa janm manti).
• Travay Ogou ak Agawou kote fòs dife ak fè konbine.
• Beny ak netwayaj: yo pase dlo oswa tafya sou li, pou retire chòk, move lespri, oubyen maladi.
4️⃣ Moun ki genyen li
Se pa tout moun ki gen chans. Gen 3 kategori:
• Lakou sakre: kote zèklè frape epi kite mak. Lakou sa yo pa janm menm apre sa; yo vin “kay lwa”.
• Fanmi ki eritye: granmoun kite wòch la kòm “kle mistik” pou pitit.
• Moun chwazi: pafwa yon moun jwenn li nan wout, nan jaden, san yo pa t’ap chèche. Se yon gwo chay, paske moun sa dwe antre nan sèvis lwa yo, menm si li pa t’ap panse ak sa.
5️⃣ Tabou ak danje
• Ou pa jwe ak li: yon moun ki pran li pou dekorasyon oswa pou vann ap rele mal sou tèt li.
• Ou pa manyen li san pèmisyon: menm mèt kay la dwe respekte, lave l, fè ofrann.
• Li ka pote chay: si w pa okipe li, lwa yo ka manifeste nan rèv, nan maladi, nan dezòd.
• Se pa pou tout moun: gen moun ki jwenn li epi yo refize pote chay la. Wòch la swa disparèt, swa pote dezòd jiskaske li jwenn mèt li.
6️⃣ Sezon ak rèl li
Granmoun yo di gen yon “rèl” ki soti nan wòch la lè zèklè frape:
• Si w abitye, ou ka tande l ap “sonnen” anba tè, menm apre loraj fin pase.
• Yo di wòch la “respire” nan mitan lannuit, sitou nan jou lapli ak loraj.
7️⃣ Gran sekrè (miste)
• Chak pierre loraye se yon poto mitan vivan. Se tankou lwa a fè yon “depo” nan pwen sa.
• Li kapab sèvi kòm pyè kle pou leve yon gwo travay: ogmantasyon fòs, kase mare, ouvè baryè.
• Yo di si ou mete l anba zòrye w san ou pa pare, ou ka reve ak zèklè, dife, oswa moun ki vini pote mesaj.
• Nan kèk tradisyon, yo konpare l ak yon zèklè ki vin nan pòch moun: si ou respekte l, li pwoteje w; si ou neglije l, li boule lavi w."Beny pa senpleman vide dlo sou kò.
Se yon rityèl, se yon apèl, se yon transformasyon."
Chak eleman nan beny lan pote yon frekans sakre, yon vibrasyon ki chita sou rasin lespri ak nati. Lè ou mete yo ansanm ak entansyon, yo pa jis lave ou — yo reòganize to vibratwa ou pou konekte ou ak sa w ap chèche.
Sèl retire chay, kase baryè envizib, netwaye chan lespri.
Bazilik envite limyè, bay sekirite enteryè, ranfòse prezans.
Fèy Lorye ouvè chemen, pote vizyon ak chans.
Chak plant, chak kristal, chak gout esans gen yon misyon.
Se orè sa yo, melodi sila yo, ki fè beny lan tounen yon pasaj pou ou antre nan yon lòt eta.
Lè ou benyen konsa, ou pa jis netwaye kò w — ou mete kò, lespri ak zèv ou sou menm frekans ak limyè ou ap atire a.
Se sa ki fè beny mistik pa senpleman yon ti dlo,
men yon siyati ant ou menm, lanati, ak lespri ki veye sou w.
LOKOBASIYE BAKA ✍️🏾
#mistèkonesans #bakadread #konbitmanje #veriteezoterik🛑Beny chans 🛑
👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt Moun
Anpil Moun pa konnen kisa ki yon beny chans , gen anpil Moun ki panse lè yo pran yon beny chans se lajan yo pral ramase atè San travay. Yon beny chans se yon beny ou pran pou lavi , se yon beny ou pran pou mete enèji pozitiv sou ou , si beny giyon retire movèz enèji sou ou , beny devosyon an pirifye w pou prepare kò w pou w resevwa nouvèl enèji a ki se beny chans lan, Ou paka leve w chwazi di w pral bay tèt ou yon beny chans san w pa konnen sous blokaj ou , beny chans lan la pou ede w retwouve enèji Pwòp ke w te pèdi a men beny chans pa pral fè w ramase lajan atè san w pa travay, beny chans la pou fè Moun wè w paske te nan fènwa ou vin nan limyè , si'w pral postule pou yon travay ou gen plis chans pou yo rele w ke yon lòt ki chaje giyon sou li , si w nan yon travay ou gen giyon sou ou menm ke lè w te konpetans si yap bay yon pwomosyon se pa ou yap wè pou yo bay li, ou konn wè w nan yon travay Moun ki vin aprè w jwenn pwomosyon epi w la ou pa janm jwenn anyen ou nan fènwa kijan yo pral fè wè w si chandèl ou etèn , gen Moun depi w site nom li nan yon bagay li tou bloke sa se Moun ki gen gwo devèn giyon sou li.
Pou Zafè beny chans pa gen yon fòmil pou bay beny chans , Chak lakou /Chak Bitasyon gen règleman yo , paske Kay Ougan Jak yo te ba w li yon jan, Kay manbo Liline yo ba w li yon lòt fason sa pa vle di li pa bon, gen lakou se dòmi reve ki fè li , tout sa Moun nan ap fè se nan dòmi yo vini pale avèk li , nan vodou a gen plizyè ritm , Chak Ougan/Manbo travay sou ritm pa yo , se pa tout Ougan /Manbo ki fèt avèk lwa yo , gen Moun se lwa yo ale achte oswa yo achte yon dyab pou yo travay, gen Moun ki travay sèlman avèk dyab, gen lòt ki se bon ginen ki vin melanje ginen + dyab, gen lòt se ginen 100% ki pa melanje nan anyen , ginen an travay li lan men wap jwenn rezilta nòmal e rezilta w ap dire , men dyab la travay li rapid fò w toujou ap chofe pwen , anpil Moun Ougan ba yo pwen yo panse se beny chans , Ginen an pran lajan medikaman nan men w li travay aprè li fè pri travay li lè w jwenn rezilta ou vin peye , lè w rive sou ginen an wap gentan konnen li , li chaje lwa, tout nasyon yo reyini , ou pap tande nom lwa dwòl, Chak lwa gen travay pa yo Lakay ginen an , ginen trete w avèk fèy nan bwa, ginen pa nan ba w beny dlo santi, se bon parfum lap itilize nan beny chans li...
Nòmalman pa Okipe okenn Moun ki di w ou ka pran beny sa yo pou kont ou san yon "Guide spirituel" , ou ka toujou fè afè w gade si w pap rete menm jan an.
PS: Beny chans pa gen Zafè konyen pou Moun transmèt ou enèji... Sispann panse lè w pran yon beny chans se lajan w pral ramase atè men ou jis gen avantaj sou lòt Moun ki Giyonnen , CV pa w la se li yo wè... , gen Moun ki pa janm ka reyisi konkou , egzamen akademik , egzamen bawo...etc se yon beny ki debloke yo aprè plizè echèk...
Comentarios
Publicar un comentario