Ti ninie

 🕯BOUJI BLAN🕯

Se yon koulè Bouji ki univèsèl nan Tout Rit yo utilizel pou yo kapab purifye yon moun oubyen Kote wap demere a lè ou limen yon bouji blan li anpechew trouble de enèji negativ nan kèlkeswa rituel ke wap fè a se yon koulè bouji ou kapab utilize nan nenpòt demand wap fè .Li enpotan anpil pouw toujou limen yon bouji blan lè wap fè yon vwayaj oubyen nan nenpòt bgy ou pwal antreprann paske lap pwotejew de tout fòs negativ, Bouji blan se bouji ou kapab purifyew avèl, ou kapab medite avl lap fasilite espri vwayaje byen san okenn influence negative🙏

#DavepromoGad nan pye


Anpil fwa nou souvan pale de gad, men se toujou gad ponyèt nou fikse san sonje tout enpòtans gad nan pye genyen. 


Jodi a Servante Ti Ninie vin pale w de gad nan pye. 


Avan m kontinye map mandew pou abòne epi pataje pòs sa pou ka ankouraje travay la.


Kisa gad nan pye a ye? 

Ki wòl gad nan pye? 

Poukisa li enpòtan pou mete gad nan pye w? 

Ki tip de gad ou pa dwe mete nan pye w?


#Gad pye se yon gad tankou tout gad ki la pou pwotejew tankou tout gad, men ki gen yon wòl ki espesyal kise pwoteje pyew.


Lèw gen gad nan pyew li enpeche w pran kout poud, li enpeche w pile vye dlo yo ta tann pou ou, tankou dlo mò, gad nan pye enpeche vye nanm, vye zonbi zonbi antre nan pyew, li enpeche vye lè frape pyew ect...


Li enpòtan pou konnen lèwap mete gad nan pyew, ki tip de gad ou dwe mete nan pyew, paske gen gad ou ka mete kika fè pyew lou kika enpechew mache nòmal paske fòs li pa fòs gad pye. 


Kèk gad m pap konseyew mete nan pye w: gad bakoulou baka, gad bouwo, kèk nan gad kriminèl yo selon fòs li, gad towo men se pa tout, gad manch pilon, gad bawon. Gad sa yo m diw la fòs yo ka twò fò pou pyew.


Kèk pami gad ouka mete nan pyew: Gad kafou, gad legba, gad tipis, gad dife malè, gad ti pinèz ect... 


Li enpòtan pou toujou pwoteje pyew paske w pa konnen kiyès ki rayiw nenpòt moman kika tann yon bagay pou ou, men lèw gen gad nan pye ou mèt pase san krent sou kèlkeswa kout pyès li taka ye a ou pap gen anyen. 


NB: siw ta bezwen mete yon gad nan pye w, kontakte paj "Servante Ti Ninie" pou tout enfòmasyon 


📘🖊️ Servante Ti NinieLè lwa yo chwazi w yo danse nan tèt ou gen prensip ou pa dwe vyole, gen limit ou pa dwe depase.

Sesak fè jodi a wap jwenn anpil moun ki te konn travay byen, men jodi a malgre yo vin paka travay yo kontinye ap fè moun mechanste. 


Souvan fwa lwa yo konn kite yo pou move zafè epi yo menm yo pa gen kouraj lè yon moun vin kote yo pou yo di yo paka travay yo kontinye ap bay moun fo lwa pou fè kòb yo.


Si lwa a se 7 dola li fè leson l oumenm ou di se 700 dola lap kitew pou sa. 

Si lwa a mande yon moun 1700 dola pou yon tretman ou menm w al di moun nan se 17000 dola lap kitew pou sa tou. 


Si lè lwa a fin touche kòb travay li epi li ba w pa w li depoze rès la nan dyakout li poul regle sèvis li epi w al pranl sanl pat di w pranl lap kitew pou sa tou. 


Kounya lèl kitew li pa danse nan tè ou ankò lè moun vin travay lakay ou se fo lwa wap bali paskew pap gen kouraj di ou paka travay.

Li enpòtan pou nou respekte prensip ap regleman espri yo konsa nap ka toujou gen bon jan zanmitay avèk yo ,travay nou ap fèt pi byen.


📘🖊️ Servante Ti NinieKisa gad kò sosyete a ye nan vodou a? 


Ki tip de gad ki genyen ou ka chwazi mete sou ou?


Poukisa ou chwazi mete yon gad kò sosyete sou ou?


Kisa yo manje?


Kisa yo ka bwè?


Ki byen fè gad kò sosyete a?


Ki konsekans gad kò sosyete a ka genyen?


Avan m kòmanse, m ap mande w abòne e pataje pòs sa pou ankouraje travay la.


Nan vodou ayisyen an nou konnen gen plizyè gad kò sosyete ki la pou pwotejew lèw mete yo sou ou.

 Gad kò sosyete a se yon gad ki anndan bitasyon yo ki sou kontwòl lwa yo anpil fwa lè yap soti pou pwoteje bann nan, men souvan fwa lwa yo konn itilize menm kò gad sa yo pou mete sou moun pou pwoteje moun kont pèsekisyon. 


Gen plizyè kategori gad kò sosyete, ladan yo wap jwenn Gad: Selès, gad rejiman, gad bizango, gad chanpwèl,(gad flanbwayan limenm ki se totalman dife, se ladann lwa yo konn pran yon grenn pou mete sou moun ki vin pote non gad flanbo), gad vlegendeng ect...


Kòm chèf sosyete sa yo wap toujou jwenn swa yon bakoulou baka gad, yon bouwo, oubyen yon towo ki pou gide yo.


Gad sa yo se yon espri ki nan kò sosyete chanpwèl kika mete yo sou ou, tankou: Dantò, Kouzen, Towo, Bakoulou baka ect...


Lèw mete gad kò sosyete sou ou lap difisil pou pase menm si yo ta al vann ou nan yon sosyete pa egzan chanpwèl oubyen rejiman paske w tou gen sosyete a ki abite anndanw.


Lè w mete gad sosye sou ou se yon kò ki vin abite nan ou. Nan kò sa ka gen: 9, 17 ou 21 grenn gad ki toujou sou ou kap gadew.


Gad sa yo souvan manje manje boukannen, tankou: patat, bannann, vyann. 

Bwason yo ka wonm ak diven.


Konsekans lika genyen, se lè yo sou degre yo epi oumenm yo ka fèw asiste oubyen viv anpil bagay kap deranjew siw pa gen kran pou sa. Toukou si yap manje yon vyann lika nenpòt vyann tou kri yo ka fèw viv sa.


 Sesak fè li toujou bon lè wap mete yon gad kò sosyete sou ou pou mande bon jan kondisyon ou ta renmen metel la.


Di nan kòmante yo de ki gad nan tout sam sot site yo la ou ta renmenm pale oubyen ou ta renmen mete sou ou.


📘🖊️ @Servante Ti NinieBakoulou baka Gad!


Kisa w konn de gad Bakoulou Baka?


Ki wòl gad bakoulou baka?


Èske se yon gad ou ka mete sou ou?


Ki koulè mouchwa gad bakoulou baka


Kisa gad bakoulou baka manje?


Ki bwason bakoulou baka? 


Kòman bakoulou baka sèvi?


Avan m kòmanse m ap mande w abòne ak paj "Servante Ti Ninie an" pa bliye pataje pòs sa pou plis moun ka wèl.


Anpil moun tande pale de bakoulou bakoulou baka gad, men o fon yo pa konn sa l ye, gen moun tou nan move oryantasyon yo bay de bakoulou baka sa koz anpil moun vin pè mete gad sa sou yo. 


Gad bakoulou baka se pi gwo gad ki egziste pami tout gad ki genyen anndan vodou a lè nou retire gad kò sosyete yo.


Bakoulou baka plase an pwemye paske limenm pou kòl vo plis ke 10 gad.

Bakoulou baka se yon jeyan, lika mezire 3,4,5 mèt alèz, li se yon gad ki gen anpil prensip.


Gad bakoulou baka souvan manje chak 9, 13, ou 17 ans.


Wi ou ka mete yon gad bakoulou sou ou paske lèw gen gad bakoulou sou ou, ou paka pè anyen.


Koulè mouchwa bakoulou baka souvan nwa


Manje bakoulou baka selon bitasyon l soti a ka kochon, bèf oubyen kòk batay.


Bwason bakoulou baka se wonm ak diven, genyen ki bwè san tou. 


Si bakoulou baka wè yon danje li gentan diw pa ale la oumenm ou pa koute l w ale li pap defann ou lap kite w. 


Chak bitasyon ki gen yon lwa bakoulou baka ap gen yon gad bakoulou baka. 


4732 4277 pou tout enfo.


📘🖊️ Servante Ti Ninie🔥⚔️ Lwa Kriminèl nan Vodou Ayisyen ⚔️🔥


Lwa Kriminèl se youn nan espri ki pi cho nan Vodou. Yo rekonèt li ak mouchwa wouj oswa nwa, epi lè li monte, li ka mande san pou bwè. Men, daprè règleman lakou yo, li ka aksepte tou diven oswa wonm.


👉 Se yon lwa ki pote jistis ak vanjans. Sou moun li danse, li pa tolere mechanste, paske nan nenpòt moman li ka pike pou bwè san. Men travay li gen yon misyon pi fon: lè yo vann yon moun, gen lòt espri ki antre nan negosyasyon pou libere moun nan. Lè negosyasyon fini, se Kriminèl menm ki souvan al chèche moun nan kote yo te mete l, epi remete l nan plas li.


🔴 Manjel se san, prepare daprè kondisyon li mande yo pou l manje.


Yon moun ki gen lwa Kriminèl avè l, li pa gen anyen pou l pè, depi tout kondisyon ak règ sèvis li yo respekte.


Servante Ti Ninie🖊️KOUZEN NÈG MÒN 🌄


Souvan anpil moun ap pale de ras Zaka oubyen de lwa Kouzen nan Vodou, men yo pa toujou sonje Kouzen Nèg Mòn. Se yon lwa ki soti nan menm fanmi Zaka yo, men li gen karakteristik ki fè l diferan, e fòs li enpòtan anpil 💪.


Karakteristik li ⚡

Kouzen Nèg Mòn se yon lwa ki gen fòs ekstraòdinè; lè li monte sou yon moun, moun nan ka santi li fatige anpil, tankou tout enèji kò li ap soti. Li gen yon prezans ki fò ak dominan, ki fè li sanble ak lwa bouwo yo, men li rete patikilye nan fanmi Zaka yo.


Koulè li 🟥

Mouchwa li se wouj, men nan kèk bitasyon, li ka itilize mawon tou.


Manje ak bwason li prefere 🍲🥩

Manje li renmen anpil se bouyon ki gen anpil vyann, espesyalman vyann bèf ak gwo bout yanm ladann. Pou bwason, li prefere gwòg di melanje ak kòs bwa tankou bwa kochon, zo devan, lanni, elatriye.


Travay li 🌱

Li travay tè menm jan ak lòt espri nan ras Zaka yo

Li ka travay pou moun ki bezwen pwoteksyon pou jaden yo, oswa pou moun ki ap fè fas ak envazyon nan tè yo

Li ka fè travay pou moun ki pran nan kout pyès oubyen kout poud

Li travay rapid, e fòs li a pèmèt li fè travay la byen vit ⚡


Anviwònman li 🏞️

Kouzen Nèg Mòn pa rete nan vil; li toujou rete nan mòn, kote li santi li pi fò. Menm si li monte sou yon moun k ap viv nan vil, li pa fasil pou li vizite yo oswa rete bò kote yo. Li plis prezan nan kote ki izole, kote fòs li ka manifeste epi san restriksyon.🌿 Anpil moun kwè se gwo prestans, bèl aparans oubyen gwo enstalasyon ki montre yon moun gen fòs lwa oubyen ka fè remèd pou yo. Men, eske se vrèman sa?


Se pa paske yon manbo mete rad ak pil koulè sou li ki fè travay li efikas. Se pa paske yon ougan gen gwo bab ak tout dwèt li chaje bag ki vle di li ka trete ou. 

Gen anpil nan nou depi nan pri leson yap di nou an depi yo pa di nou 1777 dola nou pa alèz nou twouvel pa efikas.


✨ Efikasite yon moun depann de fòs espri ki akonpaye l, fason li respekte lwa yo, epi kijan li te aprann enstriksyon yo. Pa kouri dèyè boutèy, grès balèn ak gwo afichaj! Paske anpil nan boutèy sa yo vid, yo la sèlman pou fè moun kwè.


Anpil fwa, solisyon ou bezwen an la menm, anba pye ou. Men paske moun nan pa fè gwo kòlèt pou montre tèt li, ou pa kwè nan sa l genyen. Konsa maladi, pwoblèm oubyen blokaj ou yo kontinye ap devore w, jis paske ou kite inyorans gide w.


🪶 Se pa bri ki fè dan sòti, fòk ou aprann gade pi fon pase sa je w wè.


🖊️ Servante Ti NinieKiyès ti pitit ou konn wè sou ponyèt Erzulie Dantor nan imaj ki toujou reprezante l yo?


Anpil moun souvan ap pale de ti pitit ki toujou sou ponyèt Dantò nan imaj ki reprezante li yo 👀✨

Souvan fwa se moun ki poko janm wè kote espri timoun sa manifeste, menm pou yo ta kesyone ❓💫


Èske ti pitit la se yon lwa?

Wi! Li se yon lwa, papa ti pitit sa se Ogou Feray 🔥💪. Li gen gwo diskisyon sou rapò "Ogou ak Freda epi Dantò" 🗣️⚡sa map kite pou yon lòt pòs poum pale an laj. 📝


Li sèvi ak mouchwa blan 🕊️, menm jan Dantor gen pik la, se konsa nan kèk bitasyon wap jwenn li gen ti pik tou, men sa depann de bitasyon an. Lèl monte, li souse dwèt, epi si gen timoun nan espas la, lap toujou bezwen jwe 🧸💖. Li toujou mande ti gogo ak barèt pou penyen li lè li monte sou moun ✨💫.


Manje li renmen: labouyi 🍲, diri pat ak sòspwa legim 🍚🥬

Bwason li prefere: kola 🥤, ji natirèl 🍹, ak lèt anpil 🥛💖

Li renmen piwili, sirèt ak 🍬 bonbon


Travay li plis fè: trete timoun piti ki malad 🏥👶, kominike ak timoun nan vant manman yo 🤰💫, epi bay gad lèzanj 😇🛡️. Li renmen rele tout lwa yo papa ak manman 👑💖.


Ou ta vle konnen nonl?


Sase kèk nan non li genyen paske non li anpil: Anaïse, Ti Ninie, Anne Marie 🌟 men nan kèk bitasyon, yo ka rele li yon lòt jan selon tradisyon an paske li gen lòt non toujou. ✨👶.


Ti pitit sa a se yon lespri dous, pwotektris, ak aktif nan prezans Erzulie Dantò 💖🔥.


 Swiv paj la pou dekouvri plis sou lòt lwa ou ta renmen konnen...👇💫


@Servante_Ti_Ninie🖊️🔥🐂 Gad Towo 🐂🔥


Nan Vodou ✨ nou konnen pa sèlman gen lwa yo pou pwoteksyon 🙌 men gen gad yo 🛡️ ki la tou pou pwoteje


M vin palew de Gad Towo 🐂 ki se youn nan pi gwo gad ki genyen nan Vodou a pou pwoteje moun 💪


Gad Towo yo se gad ki cho anpil 🔥 ki renmen batay ⚔️ Se gad depil wè yon bagay ap vini 🚷 depi nan wout li pral rankontrel poul konbat li 👊 poul enpechel atenn ou ❌


Yo renmen rete sou moun ki cho 🔥 moun ki anlè 💯 paske se la yap santi yo alèz Yo pa renmen moun ki frèt 🥶


Gad Towo yo souvan sèvi ak mouchwa wouj 🟥 oubyen nwa ⚫


Yo renmen bwè diven 🍷 wonm 🍾 kleren 🥃 Wap jwenn kèk ki bwè piman 🌶️ tou tankou Towo Lakwa ✝️


Gad Towo yo renmen manje vyann bèf 🥩 kòk wouj 🐓 wap jwenn kèk tou ki konn manje bannann 🍌 ak aransèl 🌈


🐂 Diferan Gad Towo wap jwenn:

Towo ✊

Towo Chanpwèl 🎭

Towo Gwonde 🔊

Towo Jouke 💥

Towo Lakwa ✝️

Towo 4 kòn ➕

Towo 1 kòn 1️⃣

Towo Bann 🐂


👁️‍🗨️ Ou paka gen Gad Towo sou ou pou wap pran nan kout zonbi 🧟‍♂️ nanm 👹 elatriye


⚠️ Siw gen Gad Towo sou ou pa pède al nan diskisyon ak moun 😡 paske nenpòt moman lika monte goumen sou ou 🔥👊


Yo relem Servante Ti Ninie 🌹✨ Diferans ant Lave Tèt ak Koule Tèt nan Vodou ✨


🌀 Lave Tèt ak 🌊 Koule Tèt se de gwo pratik sakre nan Vodou ki sèvi pou pirifye, balanse, e ranfòse lespri moun. Menmsi yo sanble, yo gen diferans yo 🔑👇


💧 Kisa Lave Tèt ye?


Lave tèt se yon rit kote ou netwaye tèt ou ak dlo sakre, fey, ak remèd natirèl 🌿💦.

Li sèvi pou:

✨ retire chay move enèji

✨ mete lespri ou nan balans

✨ ouvè chemen kominikasyon ak lwa yo


🌊 Kisa Koule Tèt ye?


Koule tèt se yon rit ki pi pwofon, kote ou resevwa yon benediksyon espesyal nan dlo sakre ak seremoni ki fèt pa ongan, manbo, oswa moun ki inisye 💎🙏.

Li sèvi pou:

🔥 ranfòse lespri ak pouvwa ou

🔥 mare pi sere ak gadyen ou yo

🔥 pwoteje w kont move je, jalouzi, ak trayizon


🧿 Poukisa li bon pou Lave Tèt ou?


✔️ Ou santi lespri ou pi lejè

✔️ Ou atire bon chans ak bon enèji

✔️ Ou vin pi pwòch ak tèt ou menm ak lwa yo


🪔 Poukisa li bon pou Koule Tèt ou?


✔️ Ou jwenn fòs espirityèl ki pi gwo

✔️ Ou ranfòse lyen ou ak lavi mistik la

✔️ Ou pote pwoteksyon ki dire lontan sou ou


✋🏾 Kòman ou ka Lave Tèt ou?


Fè l ak dlo klè ak fèy sakre 🌿


Mande benediksyon nan non Bondye ak lwa yo ✨


Lave tèt ou ak respè, nan lapriyè 🙏


🤲🏾 Kòman ou ka Koule Tèt ou?


Sa fèt pi souvan nan yon peristil, avèk manbo oubyen ongan 🌙


Yo itilize dlo sakre, remèd, epi yo envoke lwa yo 🔥


Ou chita, ou resevwa benediksyon pandan yo koule dlo sou tèt ou 🌊


🌟 Konklizyon 🌟


👉 Lave tèt = netwayaj enèji chak jou 💧

👉 Koule tèt = benediksyon pwofon ak pwoteksyon 🌊


Toulede se gwo kle pou kenbe tèt ou klè, fò, e pwoteje nan lavi a 🔑🧿✨


🖊️ yo relem Servante Ti Ninie 😍🌹🌿✨ GRAN BWA, PAPA FÈY ✨🌿


Gran Bwa se yon gwo poto mitan nan Vodou Ayisyen. Yo rekonèt li kòm Papa Fèy, mèt tout sekrè ki kache nan forè 🌳, nan pye bwa 🌲, nan rasin 🌱, ak nan lyann. Tout sa ki sòti nan tè a pote fòs li.


👕 Rad & Koulè li

Gran Bwa renmen koulè vèt 💚 ak mawon 🤎. 

Mouchwa l se vèt ou byen mawon selon bitasyon an. 


Li fimen sigarèt 🚬, pip 🪵, oswa pran fèy tabak 🍂 li woule ak men l poul fimen


📅 Jou li

Jou Gran Bwa se Vandredi 🙏🏾.


👩🏾 Madanm li : Manman Fèy

Yo rele l tou Madan Gran Bwa nan kèk bitasyon 🌿. Se li ki pote pwoteksyon pou fanm, sitou nan akouchman 🤰🏾👶🏾.


🌳 Kote li ye

Gran Bwa abite kote ki gen anpil pye bwa 🌲🌿, nan mitan forè 🌳, nan rasin ak branch yo. Se la fòs li pi vivan ✨.


⚕️ Travay ak don li pote

Gran Bwa se yon gwo doktè natirèl ki pote anpil benediksyon:


Li ede fanm akouche an sekirite 👶🏾


Li ka mare pitit 🔒 pou w rete yon ti tan san vant ou pa grandi


Li konn rale moun 🙌🏾 ki bezwen leve kanpe ankò


Li drese zo ki dejwente 🦴


Li se mèt boutèy fredi ❄️ pou moun ki fè pitit ak enfeksyon


🍃 Fèy li mande

Lè Gran Bwa monte sou yon moun, li konn mande 3 fèy 🌿 oswa 7 fèy 🌿🌿🌿🌿🌿🌿🌿. Sa montre fòs li makonnen ak tè a.


🥘 Manje ofrann li

Manje Gran Bwa se viv ak sòs vyann kochon 🐖🍲. Men li renmen tou yanm🍠🔥 ak pwa kongo fri kase🫘 kòm ti manje a kote.


💫 Don li bay moun li danse sou yo:


Don fèy 🌿


Don ralman ✊🏾


Don akouchman 👶🏾


Jouk Gran Bwa pajanm atè ni nan wòch… ou toujou jwenn fòs li nan pye bwa 🌳✨.


Yo rele m Servante Ti Ninie 🙏🏾💚


👉🏾 Si w renmen konesans sa yo, abòne ✅, pataje 🔁, kite yon kè 💚 pou fòs Gran Bwa, Papa Fèy kontinye gaye nan lavi nou. 🌿🔥🌟🥥💧✨ Sawap bezwen pou w koule tèt ou pou kò w ✨💧🥥🌟


Anpil moun jodi a gen nesesite pou koule tèt yo, men yo pa jwenn yon moun ki fyab 😔 oswa yo pa konnen kòman pou yo fè sa 🤷🏽‍♂️🤷🏽‍♀️.

👉🏽 Jodi a m vin montre w tout etap pou pase pou koule tèt ou menm siw pata jwenn yon moun edew 🙌🏽


🔮 Wap bezwen:

🥥 Yon kokoye depi nan pye a san l pa tonbe atè

👤 Sise yon moun ou peye pran kokoye a pou ou. Lè wap resevwal nan men moun nan wap di:

👉🏽 "dlo kokoye dlo klè, m resevwa dlo klè pou al klere vwayans mwen pou vwayans mwen ka klè pou jem ka louvri" ✨

🧴 Yon ti florida

💧 Dlo lapli (nan yon veso, dwe soti nan syèl la dirèk 🌧️ san pase sou do kay ni nan tiyo)

🧻 Yon mouchwa blan oubyen yon moso twal blan ki pwòp 🤍

🌿 Fèy bazilik

🍶 Yon ti byennèt ble 🔵 oubyen blan ⚪


🪄 Etap pou swiv:

1️⃣ Wap kale kokoye a 🥥, wap vide dlo a nan yon kivèt blan 🥣 oswa nan yon gode blan 🍶

2️⃣ Wap mete bazilik la 🌿 nan kivèt oswa gode ki gen dlo kokoye a

3️⃣ Wap mete ti dlo lapli 🌧️ ou te pran an ladann

4️⃣ Wap mete yon ti byennèt 🍶 ladann men pa anpil poul pa twò fò 🚫

5️⃣ Wap mete 3️⃣ oubyen 7️⃣ gout florida 🧴 ladann

6️⃣ Wap byen fwote bazilik la 🌿 pou byen melanje ak dlo lapli ak dlo kokoye a


Apre sa 👉🏽 wap koule tèt ou al devan pou rèv 💤 oswa mesaj ou yo ka toujou klè 🌟


⚠️ NB:

➡️ Si se al dèyè ou koule tèt ou ↩️, rèv ak mesaj ou jwenn yo sevre, men se pou nwit lan sèlman yap ye 🌌, ou pap ka sonje yo 🫥


➡️ Pandan wap koule tèt ou wap masaye 2 bò tanp ou 🤲🏽🧠.

➡️ Si w jwenn yon moun ou fè konfyans ki pa gen move kè ❤️, ou ka fèl vide dlo a pou ou pou ka masaye 2 bò tanp ou pi byen.


➡️ Pa pase dlo a nan tout figiw 🚫😵. Sinon se kòve wap fè ❌. Wap pase l sèlman nan je 👁️ w ak nan zòrèy 👂🏽 ou. M dil ankò 👉🏽 pa lave figiw ak dlo a.


➡️ Bat lè wap fèl pou gen yon lòt kivèt 🥣 pou resevwa dlo tèt ou kap tonbe a pou l pa tonbe atè 🚱. Si l tonbe atè 👉🏽 se lave men siye atè w ap fè 🧽.


➡️ Lèw fini, mare tèt ou ak mouchwa blan 🤍 oswa twal blan an epi al repoze w 🛌.

➡️ Pa kouri jete dlo a 🚫💦. Kite l poze pandan 2️⃣ oswa 3️⃣ jou 📆. Apre sa ou ka jete l, men pa jetel gaye ❌. Videl tou dousman nan yon ti kwen 🌿.


🔥 Sonje:

Tout pandan wap fè pwosesis yo pale pawòl ou souli 🗣️, men se pawòl ki gen rapò ak vwayans paske sa wap fè a se pou ka wè klè ✨🔮 pou rejwenn koneksyon ak fòs ou yo 💫


🕯️ Pa janm bliye 👉🏽 tout sa wap fè fò w limen balèn pou w klere pou w pa fèl nan nwa 🌟


🌹 Yo rele m Servante Ti Ninie 🌹


🙏🏼 Siw renmen e konsyan de travay map fè a 👉🏽 fèm santi ak yon grenn abòne ❤️ + pataje 🔁 konsa wap ankouraje travay la poum pote plis konesans pou ou 🙌🏼✨


🌟🥥💧🕯️🌿✨🌹🙏🏼Kòman pou aksepte lwa yo si bitasyon w reklame w oubyen chwazi w 🙌🏼👌✨🌿🕊️💫


🙏🏽 Anpil moun ap soufri oswa aktivite yo sispann 😔💔🌙 e menm arive panse se malfektè kap tagèt yo 😈💀💫, pede depanse kòb kay ougan manbo 💸💰🔮, pandan yo pa janm jwenn solisyon 🩺🌟✨💖


Ebyen jodi a m vin di w ✨🌙 toutan ou pa aksepte demand lwa yo fè w la pou w sèvi yo 🙌🏽🔮💫⭐ pa gen okenn ougan manbo kap ka trete w de maladi w la 🩺❌🕊️ ni de aktivite w ki pap mache a ⚡🚫💔✨


Avan menm ou fin li bèl mesaj sa m pote pou ou a 📜💌⭐, like 👍🏽❤️💖, abone 🟢✨ ak paj la, patajel 🔁💬🌟 pou ede lòt moun jwenn solisyon pwoblèm yo 🌍💖🌸💫


Gen bitasyon ki chwazi moun yo 🌿🌙✨💫 yo chwazi monte san moun nan pa di yo ni wi ✅ ni non ❌💖 yo regle afè yo sou moun nan, konsa gen bitasyon ki chwazi w se ou menm ki dwe reponn pou di wi ou aksepte 🙏🏽🤝💫💖 ➡️ ou fè sèman pou sèvi yo 🤲👑✨ epi ou rekonèt yo kòm mèt ou 👑✨💫 epi ou se mèt yo tou 🌸🌟💖🔮


Konsa sa konn mande lè wap fè akseptasyon sa oubyen alyans sa ✨🎉💫🕊️ ou bezwen fè yon ti aktivite 🎊💃🏽🕺🏽✨, aktivite sa ap sèvi kòm yon fèt 🎇🎶⭐ oubyen yon viktwa pou lwa yo 🕊️🌿💫💖


Kisa wap bezwen pou fè sa? 🌟💫


Si bitasyon w lib pou ale kote ou pap jwenn pwoblèm familyal 👨‍👩‍👧‍👦🏡💖✨, ale ladann pito lap pi bon toujou ✅🌳🌟


Avan tout bagay, wap pran gode blan 🤍☕ balèn 🕯️💫⭐ ➡️ ou pale pou di sa w pral fè a pou yo resevwa w 🙌🏽💖✨ paske se yo ou vin aksepte 💫💖 Sise nan bitasyon al pale ak balèn nan nan bouda pye bwa 🌳🌿✨💫 ki fèt pou sa 💫🕊️💖


Wap bezwen:


Bò dife wap sèvi a 🔥🕯️💖⭐ ➡️ wap make yon balèn sou pawòl sousa w vin fè a 🖊️🔥✨ ➡️ ou limen l 🔥✨💫 ➡️ ou kole l 💫 epi w jete dlo ak kleren 🥂💦✨ bò kote l pou klere sa wap fè a ☄️✨💖🌟


NB: yon rad ki prale ak lwa yo 👗👕🌸💫 pou mete sou ou nan moman an, pa mete rad kwense sou ou 🚫🩳💫⭐


☕ griye kafe pou fè kafe dous 🍯☕✨💖

☕ kafe amè 💔☕💫

🥣 akasan dous 💖🥣⭐

🥣 akasan san dous 🌿🥣✨

🍫 chokola 💫🍫💖

🍵 te jenjanm (Pa gen obligasyon)🌟🍵💫

🥛 lèt bèf bouyi 🔥🥛💖


Wap fè yon laye kap genyen:


🍞 pen rache 💫🍞⭐

🌽 mayi griye 🌿🌽✨

🍪 bonbon siwo 💖🍪💫

🍿 pòpkòn 🌟🍿💖

🥜 pistach griye 💫🥜✨

🍬 sirèt 🌸🍬💖

🍩 bonbon 💖🍩💫

🥄 chiko ✨🥄⭐

🥤 3 koulè kola diferan 🟥🟦🟩🥤💖

🍖 ti moso vyann boukannen 🔥🍖💫

🥂 kleren 💫🥂💖

🍾 wonm 🌟🍾✨


Wap bezwen:


🌿 bazilik 💖🌿💫

🌸 florida 🌸✨⭐

🌺 pafen onmbrey 💫🌺💖

🌼 pafen ponpeya 🌼💫✨

✨ pafen rèv dò 💫⭐

🐣 poud blan ⚪💫💖


Avan tout bagay, espas wap fè l la dwe netwaye 🧹✨🕊️💖 e santibon 🌺💖💫


Lè w vin prepare tout bagay sa yo, wap pran yon gode blan 🤍 si w jwenn dlo lapli 🌧️ mete ladann 💧💫 ➡️ mete bazilik 🌿🌿✨ ➡️ florida 🌸🌸💖 ak kèk gout nan lòt pafen yo 💧✨⭐ ➡️ mete poud blan ⚪ kitel la 💫 pou lè lwa monte w sil pa pale pou yo beni tèt ou avè l 🌟💖 ➡️ pa bliye fòk bazilik la gen branch ladann 🌿💫💖


Wap pran kleren 🥂💫⭐ ➡️ wap jete nan espas la oswa nan pye bwa lwa yo 🌳💦💖 ➡️ wap jete dlo 💧 ➡️ wap kenbe gode yo nan men w ki gen kafe yo ☕✨💖 ➡️ wap di:


> “Jodi a m òganize aktivite sa kòm yon siy d akseptasyon 🙏🏽🌟💫⭐ ➡️ mwen vin aksepte nou ➡️ apati de jodi a m rekonèt nou kòm manman m 👩🏽🌸💖 ak papam 👨🏽💖💫 m vin fè yon sèl avèk nou 🤝💫✨ ➡️ M jire poum sèvi nou tankou nou menm nap sèvim tou 🌙💫🌟💖”


Chak sa w fin pale souli pran yon lòt salye 4 fasad 🌍🔄⭐ reprezante yo apre depoze yo 💖💫 ➡️ Wap fè menm jan pou laye a 🍽️💫✨💖 ➡️ Epi wap tou di ou aksepte yo se pou tout maladi 🩺💫🌟 ak aktivite w kite beze pou tout bagay mache jan yo dwe ye ✅💖💫


Wap di: “m fè sa m pa fè l anven mwen reprezante nou manje yo ak bwè yo 🍞🍷💫⭐ ➡️ se nou ki pou monte sèvi tèt nou 🌟💖🙏🏽✨”


Epi si gen moun nan espas la nap chante 🎶🎤✨💫 pandan ou menm ou chita atè plat 🪑💖 oswa sou yon ti chèz ba 💫 ➡️ fèmen je w 😌✨💖 ak balèn limen nan men w 🕯️💖💫 ➡️ konsantre pandan wap pale nan kè w ❤️🔥💫⭐ ➡️ Pa bliye pou achte yon mouchwa blan 🤍🌸💫 oubyen woz 🌸💖 kite pou yo lè yo monte pou yo sakre 👑✨💫


Kite sigarèt 🚬🔥 ak pip 🚬💨 lè yo monte pou yo fimen 🌬️💫💖


Lè lwa monte w pandan aktivite a yo dwe kontan 😃💫💖💃🏽🕺🏽 ➡️ paske se fèt li ye pou yo 🎊✨🎇💫⭐ ➡️ yo dwe manje 🍽️💖 ak bwè 🍷💫 epi voye manje nan 4 kwen lakou a 🌍🌿💫💖 ➡️ Epi depi nan griye kafe ☕🔥💫 ou dwe kòmanse vibre ⚡✨💖⭐


Apre sèvis la fin fini wap bezwen repoze w 😴💤💫⭐ ➡️ paske si yo poko baw kapasite pou tande yo nan je klè 👁️🌟💖 se nan dòmi 🌙💫✨ ➡️ yap vin fè klas avè w ✨📖💖 ➡️ vin aprann ou saw dwe konnen 💫📚⭐ ➡️ tankou: kòman pou rele yo ect... 🌟💫💖


Pa janm bliye ou dwe benyen 🚿🛁✨💫 pou pirifye kò w 🧘🏽‍♂️🌿💖 3 jou avan w fè sa pou lwa yo ka alèz sou ou 🌸🌟💫💖


🌟 Ajout mistik 🌟💫

Lwa yo dwe pran fèy 🌿💫💖 pou yo fè beny kite pou ou 🚿💖✨ pou benyen lè yo desann si yo pa tou benyen w 🌸✨⭐

Epi mouchwa woz 🌸🤍💫 oubyen blan ap la chak lè wap rele yo 🕊️💫💖, yap sèvi avèl paske se li ki reprezante mouchwa bitasyon 👑💖✨💫 annatandan w achte mouchwa pou chak lwa ki vle mouchwa 👑🌟💫💖


🔥✨🌙 Se pou pawòl sa yo louvri pòt limyè a pou ou ✨🌙🔥💫⭐

Se pou lwa yo pote benediksyon 🕊️💖, siksè 💰💎, lasante 🩺🌿 ak fòs 💪🏽⚡ sou chemen ou 🌟🛤️💫💖


🖊️+ 509 4732 4277


Yo relem Servante Ti 🙏🏽👑✨🌙🔥💫💖🌟✨ Yon espri nap tande ase souvan, men nou pa janm vrèman konnen karakteristik li.


Jodi a m vin pale w de Lwa Zandò 🌿🔥 kise yon gwo lwa nan vodou a.


🧩 Espri Zandò yo majorite nan yo gen defòmasyon fizik (kokobe) ♿. Rezon ki koz sa, se paske tout lwa sa yo lè yo te antanke vivan sou tè a lè yo tap travèse (mouri) se mò: Tifoyid 🤒, fyèv malarya 🦟 elatriye… yo te souvan jwenn. Men se souvan lòt moun tou ki te konn fè yo mechanste sa touye yo nan fason sa.


⚡ Lwa Zandò yo lè yo ap monte sou moun depi nan wout ap vini moun sa kòmanse santi gwo gratèl 🤧🔥 nan tout kòl, e menm konn kriye tèlman kòl ap gratel. Se konsa menm lè yon espri Zandò pral monte, wap wè moun sa.


🎨 Yo sèvi ak mouchwa wouj ❤️💚, vèt fonse 🌿 oswa mawon 🤎 selon bitasyon an.


🍖 Zandò manje kochon 🐖, e lè lap manje fòk kouzen ak kouzin li yo la kise: Marinèt pye sèch 🧙🏾‍♀️🔥 ak Ti Jan 🧑🏾‍🌾.


🍶 Zandò bwè kòs bwa 🌳 ki tranpe nan kleren 🥃 tankou: kòs mabi 🌿, kòs kajou 🌰, kòs bwa kochon 🪵 elatriye.


⚕️ Travay Lwa Zandò yo plis fè se:


Trete fyèv tifoyid 🤒


Trete fyèv malarya 🦟


Trete tout kalite gratèl sou po 🧴


Trete moun ki gen manjezon anndan yo 🍽️


Trete moun ki gen dyòk 🧿


Retire move lè 🌬️ sou moun.


🌱 Espri Zandò yo se gwo doktè tradisyonèl 👨🏾‍⚕️👩🏾‍⚕️ ki mache ak tè a 🌍, avèk tout mistè ki soti nan plant 🌿 ak rasin 🌱 paske yo travay tè tankou espri Zaka yo 👨🏾‍🌾.


🛡️ Yon moun ki gen lwa Zandò pwòch li, li pap ka pran nan espedisyon fyèv yo konn voye sou moun yo.

👕 Menm si yon moun ta mete gratèl nan rad ou, ou mèt pran rad sa mete sou ou. Sitou si Zandò te mete gad li sou ou, ou pap janm gen anyen 💪🏾✨.


⚠️ Se yon lwa tou moun dwe pridan avèl, paske nenpòt moman li ka baw gwo gratèl 🤧🔥 fèw ap woule atè tankou moun ki fou 🤯.


📞 +509 4732 4277

👩🏾‍🦱 Yo rele m Servante Ti Ninie ✨🙏🏾


Siw twouve travay map fè a nan sans ou, abone ak paj mwen an 👍🏾💬, like pòs la ❤️, patajel 🔁 pou plis moun aprann tou 📢.🌟✨ Yon espri nap tande ase souvan, men nou pa janm vrèman konnen karakteristik li.


Jodi a m vin pale w de Lwa Zandò 🌿🔥 kise yon gwo lwa nan vodou a.


🧩 Espri Zandò yo majorite nan yo gen defòmasyon fizik (kokobe) ♿. Rezon ki koz sa, se paske tout lwa sa yo lè yo te antanke vivan sou tè a lè yo tap travèse (mouri) se mò: Tifoyid 🤒, fyèv malarya 🦟 elatriye… yo te souvan jwenn. Men se souvan lòt moun tou ki te konn fè yo mechanste sa touye yo nan fason sa.


⚡ Lwa Zandò yo lè yo ap monte sou moun depi nan wout ap vini moun sa kòmanse santi gwo gratèl 🤧🔥 nan tout kòl, e menm konn kriye tèlman kòl ap gratel. Se konsa menm lè yon espri Zandò pral monte, wap wè moun sa.


🎨 Yo sèvi ak mouchwa wouj ❤️💚, vèt fonse 🌿 oswa mawon 🤎 selon bitasyon an.


🍖 Zandò manje kochon 🐖, e lè lap manje fòk kouzen ak kouzin li yo la kise: Marinèt pye sèch 🧙🏾‍♀️🔥 ak Ti Jan 🧑🏾‍🌾.


🍶 Zandò bwè kòs bwa 🌳 ki tranpe nan kleren 🥃 tankou: kòs mabi 🌿, kòs kajou 🌰, kòs bwa kochon 🪵 elatriye.


⚕️ Travay Lwa Zandò yo plis fè se:


Trete fyèv tifoyid 🤒


Trete fyèv malarya 🦟


Trete tout kalite gratèl sou po 🧴


Trete moun ki gen manjezon anndan yo 🍽️


Trete moun ki gen dyòk 🧿


Retire move lè 🌬️ sou moun.


🌱 Espri Zandò yo se gwo doktè tradisyonèl 👨🏾‍⚕️👩🏾‍⚕️ ki mache ak tè a 🌍, avèk tout mistè ki soti nan plant 🌿 ak rasin 🌱 paske yo travay tè tankou espri Zaka yo 👨🏾‍🌾.


🛡️ Yon moun ki gen lwa Zandò pwòch li, li pap ka pran nan espedisyon fyèv yo konn voye sou moun yo.

👕 Menm si yon moun ta mete gratèl nan rad ou, ou mèt pran rad sa mete sou ou. Sitou si Zandò te mete gad li sou ou, ou pap janm gen anyen 💪🏾✨.


⚠️ Se yon lwa tou moun dwe pridan avèl, paske nenpòt moman li ka baw gwo gratèl 🤧🔥 fèw ap woule atè tankou moun ki fou 🤯.


📞 +509 4732 4277

👩🏾‍🦱 Yo rele m Servante Ti Ninie ✨🙏🏾


Siw twouve travay map fè a nan sans ou, abone ak paj mwen an 👍🏾💬, like pòs la ❤️, patajel 🔁 pou plis moun aprann tou 📢.✨🌿 Grann Awousa 🌿✨


🕯️ Grann Awousa se yon lwa ki anndan Vodou a 🇭🇹.

Ou pap jwenn li nan tout bitasyon 🏚️, paske se yon lwa ki ra ak espesyal.


💫 Grann Awousa fè alyans ak Tonton Awousa 🤝.

Li pa soti nan yon ras ki fikse se yon lwa ki gen plizyè rasin mistik 🌪️.


🎨 Koulè mouchwa li se mawon 🤎.

🍶 Bwason li renmen se kleren blan ak kola 🥃🥤.


📅 Jou Grann Awousa se Samdi 🌙.


🚬 Li renmen fimen pip ak sikarèt 💨.


🧠 Jan w tande non l lan, se egzakteman sa l ye — yon lwa entelijan anpil 👁️✨.

Lèl monte yon kote, gade si kòb ou toujou nan pòch ou 💰😂.


🥔🥛 Li renmen manje patat ak lèt bèf byen sikre, men se pa nan dans.

Lèl nan dans, li manje nan manje koke yo, paske li manje anpil bagay 🍲🍗.


🪶 Travay Grann Awousa plis fè se:

🔮 Baw pwen kont awousa pou anpeche yo rale lajan w 💵.

💼 Fè pwen pou komès mache, pou rale kliyan vin achte 🛍️.

🌬️ Trete moun ki pran kout pyès, kout lè, kout poud 🌀.

🔥 Li trete moun ki gen nanm nan vant 👶🏾.

🌸 Fè ralman sitou pou fanm ki te gen pwoblèm pou fè timoun 👩🏾‍🍼.


⚡ Se pa yon lwa ki monte fasil nan tèt moun, men li gen gwo enpòtans akoz diferan travay li fè 🙏🏾💫.


🌺 Yo rele m Servante Ti Ninie 🌺

📞 +509 4732 4277

💫 Kontakte m pou tout sa w ta bezwen ki gen rapò ak Vodou🇭🇹✨


💖 Si w renmen travay la, pa ezite abone, like ak pataje pòs la 🙌🏾🌿🔥💜✝️🤍 TIPIS LAKWA 💀👑⚰️


Tipis Lakwa ke nou tout konnen sou non Tipis 💀👠✨

Tipis Lakwa soti nan eskòt Gede 👻😈🕯️💨

Pi presizeman nan fanmi mò yo ⚰️🕯️💐🕸️


Tipis Lakwa fè alyans ak Bawon Lakwa 💀👑⚰️💫


Koulè mouchwa Tipis Lakwa se blan ak mov 🤍💜🎀👒🩳


🍽️ Manje Tipis renmen manje 🍽️

🥥 Kasav ak aransèl byen pike 🌶️🔥😋

oubyen 🐟 Aransèl ak viv boukannen 🥔🔥🍴


🍶 Bwason Tipis Lakwa renmen 🥃🔥

Li renmen kleren tranpe nan piman byen pike 🌶️🥃🔥💨


🌿🧿 Remèd Tipis Lakwa plis renmen fè 🔮💫

🌡️ Trete moun ki gen cho frèt 🤒🩺

💫 Retire nanm nan vant moun 😮‍💨👁️‍🗨️

💵 Travay awousa pou rale lajan 💰🧲💸

🛍️ Travay pou rale kliyan nan biznis 💼✨

🚫 Epi anpeche yo rale lajan biznis ou 💪🏾💵🧿


🔥👩🏾‍🦱 Lè Tipis Lakwa monte sou yon moun 🔥💃🏾

Li toujou gaye tèt li menm si tèt moun nan te byen penyen 💁🏾‍♀️💨😅

Lap retire mayo sou li 👕❌🔥

Li renmen makiye anpil ak poud blan 💄🤍💋✨

Li se yon lwa ki renmen di bètiz anpil 😂💬😈💃🏾💅🏾


Se yon lwa malgre li koul 💅🏾💜

men si w pa respekte kondisyon Tipis Lakwa 🙏🏾⚠️

Li ka fè w pran kwi w al mande 😳🪣😭😅


Yo rele m Servante Ti Ninie 💋👑🕯️

📞 4732 4277 ☎️📱

Si w ta vle nenpòt travay 🔮✨🧿

oubyen si w ta vle rantre nan gwoup WhatsApp nou an 💬👥📲💜


Kwa Senbo ✝️💜⚰️🕯️💀👑💫🤍👣


📢💜 Si w renmen pòs sa, pataje l tout kote 💫📲💬🔥Ti bon anj lan nan tradisyon vodou AYISYEN an se yon pati esansyèl nan lespri moun. 

Se limenm ki pote 

-konsyans.

-memwa.

-mesaje 

-panse rasyonèl nan tèt moun. 

Repozwa ti bon anj lan nan kò lèzòm se sèvo a, paske se nan sèvo a tout panse ak volonte pran rasin. Lè sèvo a reflechi, se ti bon anj la k ap vibre anndan l, k ap dirije chimen lide yo.


Sèvo a se kò fizik ki sèvi kòm enstriman, men ti bon anj lan se mizisyen k ap jwe sou li a. 


Se ti bonanj lan ki fè moun sonje rèv yo, li fè w renmen reflechi, e pran desizyon ki ap bon sou lavi w. Lè yon moun dezekilibwe sa vin la koz li bliye fasil, li vin San pozisyon, li konn santi tout sa li manyen pa gen ken sans pou li, li konn menm anvi mete fen ak vi li nan tèt li telman li an boulvès.


Se pa pou San rezon gran paran nou yo, te toujou kreye koneksyon yo ak ti bonanj lan, pou konekte avek li ou dwe: 

medite.

Priyè djò.

Liminen. 

Ou bezwen repo andedan w. 


Lè jwen bon Koneksyon sèvo a ak ti bon anj lan. Li vin fè w pwisan, li fè kenpòt sa ki pwal rive w ou gentan wè l nan rèv ou. E gen moun se pale ti bonanj lan vin pale avèl jeklè... 

Depi ou vi w ekilibwe w ap sezi wè lavi w vin dous kon siwo, zye w vin louvri wè klè kou dlo kòk... 


Imaj Atelye Lento Ayizan

Tèsk Lento Ayizan

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel