[31/3, 7:26 a.m.] +509 32 20 8913: Bitasyon Definisyon : Bitasyon se gwo tè oswa gwo domèn kote yon fanmi, sitou nan epòk kolonyal la ak apre endepandans, te konn viv ansanm. Souvan se te tè eritaj fanmi an ki rasanble tout pitit ak pitit pitit yo. Karakteristik : Sou bitasyon an, gen plizyè kay, tout fanmi an reyini. Se yon espas kolektivite ki sèvi kòm sant fanmi ak tradisyon. Nan anpil ka, se sou bitasyon an yo konn fè sèvis Vodou, fèt fanmi, ak rityèl. Wòl Bitasyon an : Kenbe fanmi an ini. Sèvi kòm baz ekonomik (kiltivasyon, bèt). Sèvi kòm espas transmisyon konesans, tradisyon, ak memwa kolektif. Demanbre Definisyon : Demanbre se lè tè ki te konn fè yon sèl gwo domèn (bitasyon) divize, chak branch fanmi pran yon pati pou kont li. Se yon jan tè a dispatche. Karakteristik : Chak manm fanmi vin gen yon moso tè apa. Lyen kolektif fanmi an souvan vin pi fèb. Gen mwens espas pou rasanbleman ak gwo seremoni kolektif. Wòl Demanbre a : Bay endividi plis libète sou tè pa yo. Men sou lòt bò, li ka kraze inite fanmi an ak tradisyon ki te mare sou bitasyon an. Sou plan sosyal, li ka fè "rasin kolektif" yo pèdi fòs. Rezime💁♂️ : Bitasyon = inite fanmi kolektif, tè ak lavi ansanm. Demanbre = tè yo divize, chak moun pran pou kont li, sa fè inite fanmi an vin pi fèb. *CEMA* [31/3, 7:28 a.m.] +509 32 20 8913: Gen Manbo/Ougan ki pa bezwen gen foto on vèditè. Tout fanm se Marie tout gason se Joseph Sa yo se lè gen on moun ki al travay sou ou. Men lè w bezwen fè yon chandèl Li pa nesesè pou la oubyen pou foto w la non plus. On konnen se ak enèji a li konekte Enèji a lè bitasyon w bal pasaj Li kapab detaye lavi w e jwenn sa pou li di w Moun ki dèyè fo paj yo Map redi nou Si on moun bezwen frapew mizik Fo paj pap ka anpechel Moun nan kapab travay plis men wap frape Se menm jan ak social ou dat ou fèt Yo jwenn ou Menm jan ak tel ou menm jan Ak IP on òdinatè yap lokalize w Li lè pou nou suspann repete sa moun ap di E chèche pwoteje tèt ou Gen maladi ki frape li pran tan Gen tou ki declare l la pou la Eske w te konnen chak lè on moun fè maji dèyè w Menm siw pa tonbe, ou pèdu fòs? Eske w konnen chak espedisyon li penetre on kouch sou ou Se sak fè l toujou nesesè pou rebouste kò w Rebouste enèji w ak nanm ou Kò a konn ap mache men lespri a pa la Ou konn tande nanm nan boutey? Gen moun kap viv nanm yo nan boutey Moun sa yo maji pa k rive sou yo pou frape yo Feray oooo mwen pral fe yon wout oooo ann ale avek Mwen di ann ale avek mwen Aleman feray oooo mwen pral fe yon wout oooo ann ale avek mwen Ou mèt tande tire piga w vire gade ann ale avek mwen Ou mét tande kanno piga w vire gade ann ale lakay mwen 🎼🎼🎼🎼🎼🎼🎼 Kote nou antre ak Lonè ya va reponn nou ak Respè *CEMA* [31/3, 7:31 a.m.] +509 32 20 8913: Èzili Towo. Èzili Towo se yon Gad. Sa vle di pou sèvi avè l fòk ou jouke l sou kondisyon w. Ou jwenn li sou rit kongo savann nan. Ou jwenn li nan eskòt lwa Towo yo, tankou Towo Dichèn, Towo Migèl, elatriye... Èzili Towo se yon gad ki trè vyolan. Li se yon espri ki sovaj anpil, anpil. Li manje bèf menm jan ak Bosou, menm jan ak Towo Dichèn. Li manje kochon tou. Li pwoteje moun li mache avè l anpil, anpil. Li se yon gad pwotektris menm jan ak Boran. Anpil fwa nou konn tande chan ki di, towo m towo èzili m'ap begle eya san pale. Gen moun ki konn panse se boran, epoutan se èzili Towo. Ou pa jwenn li nan tout lakou. Gen kote yo ba l pote rad wouj e nwa. Gen kote tou se wouj ak vè. Kote ou jwenn Towo Dichèn ap manifèste ou ka jwenn li la tou. Li begle anpil, anpil, tankou se yon towo bèf. Li Begle tankou Bosou. Li prèske manifeste menm jan ak Boran. Li met sigarèt nan zòrèy li menm jan ak boran. Li voye kout tèt, li Begle menm jan ak Bosou. Se yon espri toupwisan. Li fè bon espedisyon, li bay bòlèt, li wè klè, li bay lajan, li bay richès, li fè gwo kontra, li fè gwo trètman maladi. Men se yon espri anpil moun krent, menm jan yo krent Marinèt pye sèch. Se pa sèl Marinèt ki vyolan nan lwa fanm yo, gen èzili kanyikan tou ki pa nan rans tou. Ann kite sa la pou aprè. Èzil Towo, Se yon espri ki pa pran defi, li bay kou li pare kou pou sèvitè l. Li se yon gad ki bay gwo pwen, tankou pwen pa pran nan bal. Li bay pwen Cho. Gen moun ki pran gwo kondisyon avè l. Li se yon rèn. W'ap jwenn li nan rit zandò a, ou jwenn li nan sosyete sekrèt yo tou. Li se yon espri ki pa jwe. Moun ki sèvi avè l si moun sa konnen kòman pou l monte regleman l l'ap fè gran eksplwa ak espri sa. Se yon espri ou jwenn anpil nan nò peyi a. Men atansyon, li konn manje kabrit 2 pye tou wi. Si ou fè erè nan kondisyon l se ou k'ap wè l. Li bwè diven, li bwè kleren, li bwè tranpe. Li bwè nan zòrèy oubyen nan bouch, li pa rete ak moun. Lè l'ap manifèste se gwo deblozay. Si yon moun t'a eseye sonde w nan regleman chanpwèl l'ap parèt. Èzili Towo se yon gwo gwo lwa. Si ou genyen l nan bitasyon w li ka ede w anpil, men se konsa li danje pi mal ke Bosou, pi mal ke Marinèt... *CEMA* [31/3, 7:33 a.m.] +509 32 20 8913: Espri yo pran fòm yo vle,chak Esprit yo kapab transfòme yon fason, tankou genyen se fòm: pwason,crab arenyen,mouchavè,koulèv,vonvon, _Tankou baron,kouzen se fòm:krab Arenye _agwe,la sirène,simbi , se fòm: pwason,krab dlo _ezili baliann,mapyeng, se fòm: koulèv _lovana,klemezin,madan letan, fòm pwason. [31/3, 7:34 a.m.] +509 32 20 8913: Mache pye a tè ! Lè w mache pye a tè ou gen yon koneksyon ak tè a (tè a kòm sous lavi) tè a reprezante manman natif natal, sous enèji natirèl ak stabilite. Lè ou mache pye atè, ou fè yon koneksyon dirèk ak enèji tè a, san baryè (tankou soulye). Sa ede w: Balans enèji kò w Jwenn kalm ak lapè enteryè Netwaye enèji negatif ou te pran nan lavi chak jou • Li bon anpil lè w ap regle zafè mistik ou pou w ta fè l pye a tè . Lè w fenk leve nan maten tou . NB: Pa di nou rete pye atè nèt , mpa di nou pa fè sandal vann . [31/3, 2:00 p.m.] +509 32 20 8913: Ayizan (oswa Grann Ayizan) se yon loa pwisan nan Vodou Ayisyen ki reprezante mache a, komès, konesans prèt yo, ak pirifikasyon espirityèl. Antanke premye prètès (manbo) ak manman inisye yo, li veye djevo a (chanm inisyasyon an) epi li senbolize pa fèy palmis. Koulè li yo se blan ak jòn. Aspè kle Ayizan: Wòl nan Vodou: Li konsidere kòm "vyeyès dam" espri yo ak yon figi prensipal ki pwoteje tradisyon yo. Li asosye avèk rituèl pirifikasyon, patikilyèman pandan inisyasyon kanzo a. Atribi ak Senbolis: Li asosye byen avèk fèy palmis la (souvan chire ayizan). Pafwa yo konpare l ak lespri Afrik Lwès la Nana Buluku, ki reprezante tè a. Domèn: Li gouvène mache a, komès la, ak komès. Asosyasyon: Souvan yo mete l ansanm ak mari l, Loco, ki konsidere kòm premye prèt la. Venerasyon: Yo onore l ak blan ak jòn, epi pafwa yo reprezante l pa Sen Klare (ki kenbe yon palmis). Lòt Kontèks: Ayizan se non yon mache Ayisyen tou, dieuma lakou djab andèy [31/3, 4:23 p.m.] +509 32 20 8913: ÈZILI GWETÒ (Erzulih Goueh-tò) ou (Goueh-to) daprè tradisyon an. Se yon manifestasyon nan fanmi LWA ÈZILI yo. Ki reprezante yon aspè PETWO (rit Petwo). Ki vle di fòs, pasyon, jistis sevè, pwoteksyon, ak reyaksyon kont enjistis. Koulè asosye: Wouj, Nwa, Wouj fonse bòdo, vyolè nan kèk lakou. Byen Note: Vodou pa nan liv. Men sa pa anpeche nou pataje ak ou sous kote Vodou Atlant enspire tèks la. [31/3, 4:32 p.m.] +509 32 20 8913: 🌿 FÈY ZANMÒRÈT AK GRENN LI – REMÈD NATIRÈL MULTI-BENEFIS! Fèy ak grenn zanmòrèt gen anpil valè medikal. Yo itilize yo depi lontan pou ede trete plizyè maladi, espesyalman nan medsin lakay. Ann gade pou tout sa li bon yo, epi kilès ki pa dwe itilize yo. FÈY ZANMÒRÈT BON POU: 1. Kyste sou ovè / nan vant Gen pwopriyete anti-enflamatwa ki ede redwi kyste Ede soulaje doulè, gonfleman, ak presyon Ede regle règ iregilye (ki souvan asosye ak kyste) 2. Kansè Fèy la gen yon sibstans yo rele acetogenin ki ka atake selil kansè san li pa domaje selil an sante. 3. Dyabèt Fèy la ka ede bese nivo sik nan san. 4. Tansyon wo (Ipètansyon) Li ede rilaks veso sangen yo, bese tansyon san. 5. Rimatism ak doulè atikilè Ede soulaje enflamasyon nan zo ak jwenti. 6. Pwoblèm dòmi (ensomni) Aji kòm sedatif natirèl pou ede dòmi pi byen. 7. Maladi kè Soutni fonksyònman kadyak ak bon sikilasyon. 8. Grip, tous, ak mal gòj Bon kont viris ak bakteri respiratwa. 9. Mal vant / lestomak Ede soulaje endijesyon, gonfleman, ak kolik. 🫘 GRENN ZANMÒRÈT BON POU: Yo itilize li an lwil oswa poud: Kont bakteri sou po Pou ede seche bouton, enfeksyon, oswa ti pla ⚠️ ATANSYON: Grenn lan gen annonacin, yon sibstans ki ka afekte nè ak sèvo si w itilize li twòp. ⚠️ KILÈS KI PA DWE ITILIZE FÈY NI GRENN ZANMÒRÈT? Fanm ansent Fèy lan ka koze kontraksyon, danje pou tibebe Fanm kap bay tete Sibstans lan ka pase nan lèt manman Moun ki gen tansyon ba Fèy la ka fè tansyon desann plis Moun ki gen maladi nè (egzanp: Parkinson) Grenn lan ka afekte fonksyon sèvo Moun kap pran medikaman tansyon, kè oswa dyabèt Li ka entèfere ak medikaman yo 🧉 REMED NATIRÈL POU KYSTE AK FÈY ZANMÒRÈT: 1. Pran 7 fèy zanmòrèt fre oswa sèk 2. Bouyi yo nan 2 tas dlo pandan 10–15 minit 3. Bwè 1 tas sou lestomak vid chak maten 4. Fè sa pandan 5 a 7 jou, epi pran 2 jou poz > [31/3, 4:34 p.m.] +509 32 20 8913: Bouji gen yon gwo enpòtans sakre nan espirityalite an jeneral, men nan Vodou espesyalman. Bouji se YON LANGAJ, YON PÒTAL, YON SIYAL pou espri yo. Se pa sèlman yon limyè. se yon mwayen kominikasyon ant moun ak Lwa yo. Lè bouji a limen, li konektew ak 4 fòs kosmik yo. 1-Sir la (cire) ki fonn. Se li ki reprezante eleman DLO a. 2-Flanm nan, se li ki reprezante eleman DIFE a. 3-Lafimen an, se li ki reprezante eleman Lè a. [Chalè ak sant ki monte nan syèl. Se li ki pote lapriyè ou yo, kominikasyon ou, ak mesaj ou bay espri yo.] 4-Tè a, se Mèch la + Bouji a kòm objè fizik. *Sa li ye:* Mèch la ak kò bouji a ki fè li kanpe. Mèch bouji a fèt ak koton ki sòti nan tè, se poutèt sa li reprezante eleman TÈ a. Bilolo [31/3, 4:42 p.m.] +509 32 20 8913: Marinette Pye chèch Mythologiquement: Yo di se espri yon ansyen manbo ki te puissant anpil pandan revolution esklavajist la ki tap sakrifye anpil kolon menmjan ak makandal. chak fwa li kenbe yon li kòchel li sakrifye bay yon espri ki renmen sa ki te mache avèl. blan yo te kenbel yo boulel men li pap pran soufrans lan, espri sa li te konn servi a te pranl se pyel ki te gentan boule se sak fè li paka kanpe sou pye yo relel Marinette pye chèch e li bay serviteur li yo pouvwa pou manipile dife. Gen moun ki konn gen Marinette kap manje dife, kap danse anndan dife yo pa boule. Men istwa a se Mythology. Mythology se istwa ki paka pwouve ki pase de nouch an bouch men li gen vertu dife a tout bon e li paka kanpe sou pye yo tout bon. Se pa yon espri ki pou amateur ni ougan ak manbo ki poko vrèman masteur. Se yon espri ki difisil, ki pa renmen obeyi ak pechè latè. Se yon fanm ki konn boule peristil ra pye tè lèl jwenn ak ti amateur ki pa konn sa yap fè. revanj li yo kriminèl anpil, sil pa wè yon moun merite pèn wap mande a wap fòsel li ka baw pèn nan nan plas moun. egzanp ou vle touye yon moun paskew te diw kèk betiz, oubyen li te pran ti bagay minim pou ou. Sa yo pa nan level punition wap mande yo. Li konn nève li boule peristil la. so pa jwe ak fi sa. Li se reine anpil gwo sosyete ke m pa bezwen pale de yo [31/3, 5:11 p.m.] +509 32 20 8913: 🔴Èske'w te konnen si'w ale Kay yon Moun ki Malad mistikman lè'w rive yo ka pase'w maladi a ? Lè'w ale Kay Moun ki Malad pa janm kouri chita menm si yo ba'w chèz deplase chèz la avan'w chita. Pa di'w pat konnen🔴 Dieuma lakou djab andèy [31/3, 8:41 p.m.] +509 32 20 8913: ▪Minokan pa sèlman yon vèvè, men se yon sistèm mistik! 1. Minokan se yon kòd lespri! Li pa ekri, li pa pale, li pa tande pou tout moun. Li tande ak dlo, li santi ak frison, li reponn lè ou pare. Li se: • Soti nan rasin Ginen • Kòd koneksyon ak lwa ki pa mache nan bri • Sistèm mistè pou moun ki antre ak leson sou tèt yo 2. Minokan se yon lakou san miray! Se yon espas enteryè, pa nesesèman fizik, kote: • Ou sèvi lwa kap gade ou, men ki pa pale fò • Ou kenbe pwen ou san fè ekspozisyon • Ou vibre sou tan ki pa sou revèy ▪Minokan ka egziste nan: • Yon lanmè • Yon espas lespri • Yon fanm ki pote lespri sou tèt li chak jou • Yon lonbraj ou travèse pou ou rive kote ou pat janm ale. ▪3. Minokan se leson sou respè, pa sou pwezi Se pa chak flanm ki fèt pou danse. Gen flanm ki li ou, ki gade ou, ki tann ou. Minokan se: • Yon modèl disiplin • Yon estrikti mistik • Yon rasanbleman ki egzije kalmi, prekosyon, ak respè sakre 4. Minokan se zòn tranzisyon! Se pa Rada, Se pa Petro. Se randevou ant lanmè ak lespr [1/4, 3:32 p.m.] +509 32 20 8913: Krich la se kisa l ye? Krich la jan wap gade nan foto a se yon bagay ke yo fè ak ajil. Krich la jwe yon wòl enpòtan nan vodou a. Nan tan lontan zansèt yo te konn bwè dlo ladan l, paske aji l la vrèman bon pou anpil maladi, e dlo sa toujou fre, piga nou konfonn krich ak kannari non, krich la pi piti ke kannari a. Yo rele mò ladan l men lè sa yo rele l Govi. Yo mete gad ladan l, banm tou di w sa depi w rive yon kote ou wè yo mare bouch krich la ak yon ti twal blan, nwa e wouj konnen se yon gad ki ladan l. Yo mete moun chita ladan l tou, lè w wè yo mare bouch la ak yon ti twal blan e nwa epi yo mete l chita sou yon ti chèz nan mitan peristil la konnen se yon moun yo mete chita ladan l. Yo mare moun ladan l tou, depi w wè yon ti twal wouj e nwa mare bouch la epi yo mete l chita sou yon ti chèz epi yo mare chèz sa ak tout krich la, konnen se yon moun yo mare ladan l, depi yo ougan sa kraze krich la konnen moun sa delivre. Si w genyon moun ki mouri de fason dwòl, wap achte yon krich ak yon fèy pachemen vyèj wap ekri non tout moun ou sispèk ki nan konplo a pou te touye moun nan, wap lage fèy pachemen sa nan krich la, mete tout ti manje bouch manje ladan l, mete kleren epi mare bouch la, pran krich sa kite l fè 3 ou 7 jou anba tè, aprè sa pran l ale kraze l nan yon kafou di se pou dife pran nan mitan moun sa yo, se rete wap rete wap tann youn ap touye lòt, youn ap denonse lòt. Si mari w oubyen madanm ou mouri, men ou pa vle pou mò sa vin kouche avè w nan dòmi, ou pa vle pou l vin nwi w, men sa wap fè, ou prale nan mache wap achte yon krich avan antèman fèt, wap pran non moun sa wap ekri l nan yon fèy pachemen oubyen yon foto l, wap mete l nan krich la, epi wap mete tout ti manje bouch manje, wap ba l kleren si moun sa te renmen bwè kleren, oubyen byè si moun sa te renmen bwè byè, wap di m ba w manje, m ba w bwè aprè jodi a ou pa nèg mwen oubyen fanm mwen ankò nou kite, wap tann pandan antèman fin chante yap sòti legliz la wap pran devan, ou pral chita nan premye kafou yo pral pase ak sèkèy la, wap chita sou yon ti chèz epi wap kenbe krich la nan men w, wap pran yon moun ki nan antèman wap mete l chita sou ou, wap di entèl sa vle di non mò a, wap di men mari m oubyen men madanm mwen, m prezante w li aprè jodi a se li ki mari m ou madanm mwen, epi wap tann yo fin pase ak sèkèy la wap kraze krich la, se pou chak lè lò sa vini pou l vin kouche avè w se moun sa ou te mete chita sou ou a lap wè sou kabann nan. Pou moun kap pran gad nan krich yo, toujou mande ougan kilè wap lage bouch krich sa, paske gad la pa ka rete twòp nan krich la san w pa ba l manje li pap bon pou ou, ougan dwe fè w lage l aprè 1 an 1 jou. [1/4, 3:33 p.m.] +509 32 20 8913: Resèt pou yo pa rale kòb ou. Pou moun yo toujou ap rale kòb li. Men sa w ap fè. ▪︎W ap achte 3 ti pake tabak an poud. ▪︎poud arete dezòd. ▪︎7 grenn lay vyolèt. ▪︎Yon pake wowoli. ▪︎7 grenn sèl kwizin. Preparayon w ap pran yon ti bokal ki gen kouvèti w ap melanje tout bagay mete ladan, w ap mete wowoli a men sa w ap di: Yo rele m san konte, Yo rele m akrekre, Si yon moun ka rale tout grenn wowoli sa yo Yo li mèt rale tout kòb mwen men si yo pa kapab se pou lajan m rete la depi ou gen pyès sa a sou ou menmke yo ta mete yon bagay pou ou li pap touche w. Ou mete l nan ti wa oubyen nan valiz biznis ou. [1/4, 3:34 p.m.] +509 32 20 8913: *YON SÈL RESÈT POU ELIMINE 4 GWO BLOKAJ* Jodi a, m ap pataje ak nou yon sekrè ki gen anpil fòs. Yon sèl solisyon pou fini nèt ak 4 pwoblèm sa yo ki konn bare pwogrè w chak jou. ESKE W REKONÈT YON NAN PWOBLÈM SA YO ? 1-Move chans k ap repete : Tout sa w ap eseye fè echwe. Anyen pa sanble mache pou ou. 2-Men twou (lajan pa kenbe) : Lajan antre, men li soti vit. Ou pa janm rive fè ekonomi. 3-Vwal sou figi : Ou pase san moun pa remake w. Menm si w bèl, pèsonn pa apresye w, pa chèche w, pa anvi w. 4- Fil arenyen (blokaj envizib) : Ou santi tankou gen bagay k ap mare w, tankou fil arenyen, menm nan kote ki pa gen anyen. ENGREDYAN YO : 1 lit dlo natirèl : dlo lanmè, dlo pwi, dlo larivyè, dlo sous, oswa dlo lapli 16 klou jiròf 3 moso chabon bwa KIJAN POU PREPARE LI : Pran 1 lit dlo a, mete 16 klou jiròf yo ladan l ansanm ak 3 moso chabon yo. Kite melanj lan repoze epi tranpe pandan 3 jou minimòm. *#: VODOUYIZAN AN AKSYON* KÒMAN POU ITILIZE L: Depi 4yèm jou a, chak maten lè w leve: Pran yon ti kras nan dlo a Lave figi w avèk li. *#: VODOUYIZAN AN AKSYON* Fwote de men w byen ak li Kontinye sèvi avè l jiskaske li fini Se yon rit senp, men li gen anpil fòs pou ede w netwaye enèji w, retire blokaj, epi ouvri chemen w. [1/4, 3:34 p.m.] +509 32 20 8913: Lanp de gras Ou ka monte l nan yon asyèt blan, zoranj si, kwi, melon oswa chadèk. W'ap bezwen: ▪︎Koton. ▪︎Lwil nou fè manje a. ▪︎Lwil doliv. ▪︎Ou ka mete 7 bon poud ladan l', si ou vle. ▪︎Flè nan bra, bèl flè. ▪︎Poud jenjanm. ▪︎Poud kanèl. ▪︎Poud miskad. ▪︎21 grenn pwav (nan non 21 nanchon ginen an). ▪︎Poud piman (si ou pa gen poud piman ou ka mete swa 7 piman bouk mi, oubyen 21 piman ti zwazo). ▪︎7 fèy tibonm. ▪︎7 fèy simen kontra. ▪︎Fèy zoranj si. ▪︎Fèy zoranj dous. ▪︎Fèy bazilik. ▪︎3 grenn sèl gwo grenn. Ou pa oblije jwenn tout, men si ou jwenn tout l'ap bon. Si se nan yon asyèt oubyen nan kwiy W'ap fè l li bon ou chofe resipyan an avan. Ou vide yon ti kleren oubyen yon ti Florida avan ou ba l dife. Si se nan asyèt W'ap monte l oubyen si kwiy la laj ou ka fè 3 mèch ladan l. W'ap ekri non w 3 fwa nan 3 ti moso papye, W'ap depoze yo avan. W'ap mete yon fèy bazilik sou chak ti moso papye yo, W'ap mete 3 mèch yo sou 3 fèy bazilik yo ki gen non w anba yo a. Si se nan fwi se yon sèl mèch W'ap ka fè l W'ap mete yon sèl ti papye, yon fèy bazilik, yon mèch. *#: VODOUYIZAN AN AKSYON* Apresa W'ap depoze kafe dous, kafe anmè. W'ap bezwen 3 chandèl, 2 nwa pou mò bitasyon manman/papa, 1 blan pou nesans ou. W'ap fè yon laye Marasa, pistach griye, mayi griye, kola wouj, kola blan, si ou pa jwenn kola yo ou ka akonpanye l ak yon gode dlo kokoye ole. *#: VODOUYIZAN AN AKSYON* W'ap trase yon vèvè ginen W'ap mete laye a o milye, W'ap depoze lanp lan nan tèt vèvè a, direksyon solèy levan, devan lanp lan W'ap limen balèn yo an triyang, gode dlo a ap nan tèt, akote balèn blan an, kafe anmè a ap agoch, kafe dous adwat, selon bitasyon an, nan vèvè ginen an W'ap plase kleren tou pou mò yo. *#:VODOUYIZAN AN AKSYON* W'ap mete laye marasa a nan mitan vèvè a. Ou pral ekri yon lèt nan yon fèy papye tenbre, W'ap depoze sa anba veso ki gen lanp lan. Pirifye espas ou avan, Pirifye tèt ou. Lanp sa ka fè 3 jou, 7 jou, 9 jou, elatriye se ou ki pral konnen. Benyen ak ma yo. Pa bliye fè yon pwomès, pa pwomèt sa ou pa ka konpli. Mande yo pou yo fè w gras, pou tout bagay jan yo te avan an. [3/4, 6:34 p.m.] +509 32 20 8913: Kisa lavman tèt ye nan Vodou? Lavman tèt se yon rit espirityèl sakreman yo fè pou netwaye, louvri, balanse, ak konekte tèt moun ak lwa yo. Nan Vodou, tèt la se tanp nanm nan, se kote lespri, desten, memwa, ak konsyans rete. 👉 Lè yo lave tèt ou, se nanm ou y ap touche. Ki wòl lavman tèt la? Lavman tèt la gen plizyè fonksyon sakre: 1️⃣ Pirifikasyon espirityèl Li retire move enèji, blokaj, chaj negatif, move vibrasyon, jalouzi, ak atak mistik. 2️⃣ Ouvèti chemen Li louvri wout lavi moun, louvri chans, travay, lajan, lanmou, ak siksè. 3️⃣ Ranfòsman koneksyon ak lwa yo Li rapwoche moun ak met tèt li (lwa ki gide l), pou li ka resevwa mesaj, rèv, vizyon, ak direksyon. 4️⃣ Kalme lespri Li bese estrès, kòlè, konfizyon, pote lapè nan panse ak nan kè. 5️⃣ Aktive destin moun Lavman tèt ka reveye misyon espirityèl yon moun, revele chemen li, ak fòs li. Poukisa yo lave tèt nan Vodou? Paske nan Vodou: Tèt se wa kò a. Si tèt ou sal, bouche, oswa chaje, lavi ou ka: bloke konfonn chaje ak malchans manke direksyon 👉 Lè yo [3/4, 6:35 p.m.] +509 32 20 8913: Kijan pou konpòte w nan mistik Rete imil 🙏 Mistik pa mache ak ògèy. Plis ou imil, plis lespri yo louvri pòt pou ou. Kenbe sekrè 🤫 Tout sa ou wè, tande, oswa aprann pa fèt pou tout moun. Sekrè se pwoteksyon ou. Respekte lwa espirityèl yo ⚖️ Pa janm sèvi ak konesans pou fè mal. Sa ou voye, se li ou resevwa. Kenbe kè w pwòp 🤍 Rayisman, jalouzi, move panse fè baryè sou chemen mistik. Tande plis, pale mwens 👂 Silans se kle revelasyon. Lespri pale ak moun ki konn koute. Viv senp 🌱 Pa chache fè bri ak mistik. Vrè fòs pa bezwen fè parad. 🌙 Jan yon mistik dwe dous Pale ak douser 🕊️ Pawòl ou se vibrasyon. Lè w pale dous, ou kalme enèji yo. Gen pasyans ⏳ Mistik pa prese. Tout bagay rive nan lè pa yo. Padone fasil 💞 Padon libere nanm, louvri wout, ranje desten. Aji ak lanmou 🌸 Lanmou se pi gwo fòs espirityèl ki egziste. Rete an balans ⚖️ Pa twòp sevè, pa twòp lach. Tout bagay nan mezi. ✨ Ti konsèy mistik enpòtan Mistik ki dous se tankou dlo: li pa fè bri, men li fouye wòch. 🌊🪨 [6/4, 11:42 a.m.] +509 48 70 6538: Clairemesine Clairemeille Se espri clairvoyance ak limyè ak music ak discipline. Siw renmen mythology, yo di se soeur mèt Agwe, li se madanm mèt Clairemelle , pandan epòk colonial yo, Clairemesine te patisipe activement paske wòl li se te bale, netwaye . yo di li te konn fè maji ak bale pou andòmi colon yo pou li te bayo kichòy ke zanmil Marinette te konn bali pou pase colon yo à l'infinitif. Ni limenm ni Marinette te gen menm job la ki se bale. Se rezon sa ki fè tou 2 prezante ak bale. pa bliye se mythologies, myth se istwa ki pase de bouch an bouch ki pa konfime. Clairemesine se lwa patron musicien yo, anpil musicien toujou ap voye gwo kado pou Clairemesine paske li bay don pou jwe music byen. Clairemesine se yon lwa dlo sa vle di lap viv anba dlo moun ki revel toujou di se nan yon bèl palè Cristal ki anba dlo yo wèl. Lè Clairemesine desann li toujou mande bale, tout moun ki servir ak lwa sa souvan konnen pou yo ba li bale poul bale lèl vini. se yonn nan twa espri ki mache ak mètrès Lovana. nap kontinye pale de li. [6/4, 12:46 p.m.] +509 32 20 8913: Vodou se prensip, Siw vle amonizew ak lwa yo ou sipoze komanse kiltive sajès. Pou komanse ou sipoze amonizew ak ou menm an premye apresa antouraj ou, Ou sipoze kreye on bon relasyon ant ou ak lanati. Ou sipoze medite souvan pouw grandi spirityèlman, lèw ap liminen se pa byen materyel pou wè an premye. Materyèl la enpòtan men grandi spirityèlman bon tou, fòk ou fè ekilib nan mitan de bagay sa yo. Aksepte kew bezwen byen materyel la pouw nouri fizik la, e aksepte ke spirityèlman ou bezwen nouri tou. Ou sipoze aktif Ou sipoze tande plis gade plis e pale mwens, aprann sa chak mo kap sot nan bouch aw konte, yo gen gwo enpòtans ak gwo efè se sak fè menm siw ap pale mwens pale sa ki enpòtan pou pale. Vodou se pa selman pale de ogou de dantò bitasyon eksetera, vodou se lanati se 4 fos yo, se mwen se ou vodou wa vlope nou li nan chak ti detay. Fason ou konprann on moun, fason ou ede on moun, fason ou toujou prè pou moun, lanmou ke ou bay plant yo, sous dlo yo, soley la, ake van. tout se vodou vodou pa chita sel
[31/3, 7:26 a.m.] +509 32 20 8913: Bitasyon
Definisyon : Bitasyon se gwo tè oswa gwo domèn kote yon fanmi, sitou nan epòk kolonyal la ak apre endepandans, te konn viv ansanm. Souvan se te tè eritaj fanmi an ki rasanble tout pitit ak pitit pitit yo.
Karakteristik :
Sou bitasyon an, gen plizyè kay, tout fanmi an reyini.
Se yon espas kolektivite ki sèvi kòm sant fanmi ak tradisyon.
Nan anpil ka, se sou bitasyon an yo konn fè sèvis Vodou, fèt fanmi, ak rityèl.
Wòl Bitasyon an :
Kenbe fanmi an ini.
Sèvi kòm baz ekonomik (kiltivasyon, bèt).
Sèvi kòm espas transmisyon konesans, tradisyon, ak memwa kolektif.
Demanbre
Definisyon : Demanbre se lè tè ki te konn fè yon sèl gwo domèn (bitasyon) divize, chak branch fanmi pran yon pati pou kont li. Se yon jan tè a dispatche.
Karakteristik :
Chak manm fanmi vin gen yon moso tè apa.
Lyen kolektif fanmi an souvan vin pi fèb.
Gen mwens espas pou rasanbleman ak gwo seremoni kolektif.
Wòl Demanbre a :
Bay endividi plis libète sou tè pa yo.
Men sou lòt bò, li ka kraze inite fanmi an ak tradisyon ki te mare sou bitasyon an.
Sou plan sosyal, li ka fè "rasin kolektif" yo pèdi fòs.
Rezime💁♂️ :
Bitasyon = inite fanmi kolektif, tè ak lavi ansanm.
Demanbre = tè yo divize, chak moun pran pou kont li, sa fè inite fanmi an vin pi fèb.
*CEMA*
[31/3, 7:28 a.m.] +509 32 20 8913: Gen Manbo/Ougan ki pa bezwen gen foto on vèditè.
Tout fanm se Marie tout gason se Joseph
Sa yo se lè gen on moun ki al travay sou ou.
Men lè w bezwen fè yon chandèl
Li pa nesesè pou la oubyen pou foto w la non plus.
On konnen se ak enèji a li konekte
Enèji a lè bitasyon w bal pasaj
Li kapab detaye lavi w e jwenn sa pou li di w
Moun ki dèyè fo paj yo
Map redi nou
Si on moun bezwen frapew mizik
Fo paj pap ka anpechel
Moun nan kapab travay plis men wap frape
Se menm jan ak social ou dat ou fèt
Yo jwenn ou
Menm jan ak tel ou menm jan
Ak IP on òdinatè yap lokalize w
Li lè pou nou suspann repete sa moun ap di
E chèche pwoteje tèt ou
Gen maladi ki frape li pran tan
Gen tou ki declare l la pou la
Eske w te konnen chak lè on moun fè maji dèyè w
Menm siw pa tonbe, ou pèdu fòs?
Eske w konnen chak espedisyon li penetre on kouch sou ou
Se sak fè l toujou nesesè pou rebouste kò w
Rebouste enèji w ak nanm ou
Kò a konn ap mache men lespri a pa la
Ou konn tande nanm nan boutey?
Gen moun kap viv nanm yo nan boutey
Moun sa yo maji pa k rive sou yo pou frape yo
Feray oooo mwen pral fe yon wout oooo ann ale avek
Mwen di ann ale avek mwen
Aleman feray oooo mwen pral fe yon wout oooo ann ale avek mwen
Ou mèt tande tire piga w vire gade ann ale avek mwen
Ou mét tande kanno piga w vire gade ann ale lakay mwen 🎼🎼🎼🎼🎼🎼🎼
Kote nou antre ak Lonè ya va reponn nou ak Respè
*CEMA*
[31/3, 7:31 a.m.] +509 32 20 8913: Èzili Towo.
Èzili Towo se yon Gad. Sa vle di pou sèvi avè l fòk ou jouke l sou kondisyon w.
Ou jwenn li sou rit kongo savann nan. Ou jwenn li nan eskòt lwa Towo yo, tankou Towo Dichèn, Towo Migèl, elatriye...
Èzili Towo se yon gad ki trè vyolan. Li se yon espri ki sovaj anpil, anpil.
Li manje bèf menm jan ak Bosou, menm jan ak Towo Dichèn.
Li manje kochon tou.
Li pwoteje moun li mache avè l anpil, anpil. Li se yon gad pwotektris menm jan ak Boran.
Anpil fwa nou konn tande chan ki di, towo m towo èzili m'ap begle eya san pale. Gen moun ki konn panse se boran, epoutan se èzili Towo.
Ou pa jwenn li nan tout lakou.
Gen kote yo ba l pote rad wouj e nwa. Gen kote tou se wouj ak vè.
Kote ou jwenn Towo Dichèn ap manifèste ou ka jwenn li la tou.
Li begle anpil, anpil, tankou se yon towo bèf. Li Begle tankou Bosou.
Li prèske manifeste menm jan ak Boran. Li met sigarèt nan zòrèy li menm jan ak boran. Li voye kout tèt, li Begle menm jan ak Bosou.
Se yon espri toupwisan. Li fè bon espedisyon, li bay bòlèt, li wè klè, li bay lajan, li bay richès, li fè gwo kontra, li fè gwo trètman maladi.
Men se yon espri anpil moun krent, menm jan yo krent Marinèt pye sèch.
Se pa sèl Marinèt ki vyolan nan lwa fanm yo, gen èzili kanyikan tou ki pa nan rans tou. Ann kite sa la pou aprè.
Èzil Towo, Se yon espri ki pa pran defi, li bay kou li pare kou pou sèvitè l.
Li se yon gad ki bay gwo pwen, tankou pwen pa pran nan bal. Li bay pwen Cho.
Gen moun ki pran gwo kondisyon avè l.
Li se yon rèn.
W'ap jwenn li nan rit zandò a, ou jwenn li nan sosyete sekrèt yo tou.
Li se yon espri ki pa jwe. Moun ki sèvi avè l si moun sa konnen kòman pou l monte regleman l l'ap fè gran eksplwa ak espri sa.
Se yon espri ou jwenn anpil nan nò peyi a.
Men atansyon, li konn manje kabrit 2 pye tou wi.
Si ou fè erè nan kondisyon l se ou k'ap wè l.
Li bwè diven, li bwè kleren, li bwè tranpe.
Li bwè nan zòrèy oubyen nan bouch, li pa rete ak moun.
Lè l'ap manifèste se gwo deblozay.
Si yon moun t'a eseye sonde w nan regleman chanpwèl l'ap parèt.
Èzili Towo se yon gwo gwo lwa. Si ou genyen l nan bitasyon w li ka ede w anpil, men se konsa li danje pi mal ke Bosou, pi mal ke Marinèt...
*CEMA*
[31/3, 7:33 a.m.] +509 32 20 8913: Espri yo pran fòm yo vle,chak Esprit yo kapab transfòme yon fason, tankou genyen se fòm: pwason,crab arenyen,mouchavè,koulèv,vonvon,
_Tankou baron,kouzen se fòm:krab Arenye
_agwe,la sirène,simbi , se fòm: pwason,krab dlo
_ezili baliann,mapyeng, se fòm: koulèv
_lovana,klemezin,madan letan, fòm pwason.
[31/3, 7:34 a.m.] +509 32 20 8913: Mache pye a tè !
Lè w mache pye a tè ou gen yon koneksyon ak tè a (tè a kòm sous lavi) tè a reprezante manman natif natal, sous enèji natirèl ak stabilite. Lè ou mache pye atè, ou fè yon koneksyon dirèk ak enèji tè a, san baryè (tankou soulye).
Sa ede w:
Balans enèji kò w
Jwenn kalm ak lapè enteryè
Netwaye enèji negatif ou te pran nan lavi chak jou
• Li bon anpil lè w ap regle zafè mistik ou pou w ta fè l pye a tè . Lè w fenk leve nan maten tou .
NB: Pa di nou rete pye atè nèt , mpa di nou pa fè sandal vann .
[31/3, 2:00 p.m.] +509 32 20 8913: Ayizan (oswa Grann Ayizan) se yon loa pwisan nan Vodou Ayisyen ki reprezante mache a, komès, konesans prèt yo, ak pirifikasyon espirityèl. Antanke premye prètès (manbo) ak manman inisye yo, li veye djevo a (chanm inisyasyon an) epi li senbolize pa fèy palmis. Koulè li yo se blan ak jòn. Aspè kle Ayizan: Wòl nan Vodou: Li konsidere kòm "vyeyès dam" espri yo ak yon figi prensipal ki pwoteje tradisyon yo. Li asosye avèk rituèl pirifikasyon, patikilyèman pandan inisyasyon kanzo a.
Atribi ak Senbolis: Li asosye byen avèk fèy palmis la (souvan chire ayizan). Pafwa yo konpare l ak lespri Afrik Lwès la Nana Buluku, ki reprezante tè a.
Domèn: Li gouvène mache a, komès la, ak komès.
Asosyasyon: Souvan yo mete l ansanm ak mari l, Loco, ki konsidere kòm premye prèt la.
Venerasyon: Yo onore l ak blan ak jòn, epi pafwa yo reprezante l pa Sen Klare (ki kenbe yon palmis). Lòt Kontèks: Ayizan se non yon mache Ayisyen tou,
dieuma lakou djab andèy
[31/3, 4:23 p.m.] +509 32 20 8913: ÈZILI GWETÒ (Erzulih Goueh-tò) ou (Goueh-to) daprè tradisyon an.
Se yon manifestasyon nan fanmi LWA ÈZILI yo. Ki reprezante yon aspè PETWO (rit Petwo). Ki vle di fòs, pasyon, jistis sevè, pwoteksyon, ak reyaksyon kont enjistis.
Koulè asosye:
Wouj, Nwa, Wouj fonse bòdo, vyolè nan kèk lakou.
Byen Note: Vodou pa nan liv.
Men sa pa anpeche nou pataje ak ou sous kote Vodou Atlant enspire tèks la.
[31/3, 4:32 p.m.] +509 32 20 8913: 🌿 FÈY ZANMÒRÈT AK GRENN LI – REMÈD NATIRÈL MULTI-BENEFIS!
Fèy ak grenn zanmòrèt gen anpil valè medikal. Yo itilize yo depi lontan pou ede trete plizyè maladi, espesyalman nan medsin lakay. Ann gade pou tout sa li bon yo, epi kilès ki pa dwe itilize yo.
FÈY ZANMÒRÈT BON POU:
1. Kyste sou ovè / nan vant
Gen pwopriyete anti-enflamatwa ki ede redwi kyste
Ede soulaje doulè, gonfleman, ak presyon
Ede regle règ iregilye (ki souvan asosye ak kyste)
2. Kansè
Fèy la gen yon sibstans yo rele acetogenin ki ka atake selil kansè san li pa domaje selil an sante.
3. Dyabèt
Fèy la ka ede bese nivo sik nan san.
4. Tansyon wo (Ipètansyon)
Li ede rilaks veso sangen yo, bese tansyon san.
5. Rimatism ak doulè atikilè
Ede soulaje enflamasyon nan zo ak jwenti.
6. Pwoblèm dòmi (ensomni)
Aji kòm sedatif natirèl pou ede dòmi pi byen.
7. Maladi kè
Soutni fonksyònman kadyak ak bon sikilasyon.
8. Grip, tous, ak mal gòj
Bon kont viris ak bakteri respiratwa.
9. Mal vant / lestomak
Ede soulaje endijesyon, gonfleman, ak kolik.
🫘 GRENN ZANMÒRÈT BON POU:
Yo itilize li an lwil oswa poud:
Kont bakteri sou po
Pou ede seche bouton, enfeksyon, oswa ti pla
⚠️ ATANSYON: Grenn lan gen annonacin, yon sibstans ki ka afekte nè ak sèvo si w itilize li twòp.
⚠️ KILÈS KI PA DWE ITILIZE FÈY NI GRENN ZANMÒRÈT?
Fanm ansent Fèy lan ka koze kontraksyon, danje pou tibebe
Fanm kap bay tete Sibstans lan ka pase nan lèt manman
Moun ki gen tansyon ba Fèy la ka fè tansyon desann plis
Moun ki gen maladi nè (egzanp: Parkinson) Grenn lan ka afekte fonksyon sèvo
Moun kap pran medikaman tansyon, kè oswa dyabèt Li ka entèfere ak medikaman yo
🧉 REMED NATIRÈL POU KYSTE AK FÈY ZANMÒRÈT:
1. Pran 7 fèy zanmòrèt fre oswa sèk
2. Bouyi yo nan 2 tas dlo pandan 10–15 minit
3. Bwè 1 tas sou lestomak vid chak maten
4. Fè sa pandan 5 a 7 jou, epi pran 2 jou poz
>
[31/3, 4:34 p.m.] +509 32 20 8913: Bouji gen yon gwo enpòtans sakre nan espirityalite an jeneral, men nan Vodou espesyalman.
Bouji se YON LANGAJ, YON PÒTAL, YON SIYAL pou espri yo.
Se pa sèlman yon limyè. se yon mwayen kominikasyon ant moun ak Lwa yo.
Lè bouji a limen, li konektew ak 4 fòs kosmik yo.
1-Sir la (cire) ki fonn. Se li ki reprezante eleman DLO a.
2-Flanm nan, se li ki reprezante eleman DIFE a.
3-Lafimen an, se li ki reprezante eleman Lè a.
[Chalè ak sant ki monte nan syèl. Se li ki pote lapriyè ou yo, kominikasyon ou, ak mesaj ou bay espri yo.]
4-Tè a, se Mèch la + Bouji a kòm objè fizik.
*Sa li ye:*
Mèch la ak kò bouji a ki fè li kanpe.
Mèch bouji a fèt ak koton ki sòti nan tè, se poutèt sa li reprezante eleman TÈ a.
Bilolo
[31/3, 4:42 p.m.] +509 32 20 8913: Marinette Pye chèch
Mythologiquement: Yo di se espri yon ansyen manbo ki te puissant anpil pandan revolution esklavajist la ki tap sakrifye anpil kolon menmjan ak makandal. chak fwa li kenbe yon li kòchel li sakrifye bay yon espri ki renmen sa ki te mache avèl. blan yo te kenbel yo boulel men li pap pran soufrans lan, espri sa li te konn servi a te pranl se pyel ki te gentan boule se sak fè li paka kanpe sou pye yo relel Marinette pye chèch e li bay serviteur li yo pouvwa pou manipile dife. Gen moun ki konn gen Marinette kap manje dife, kap danse anndan dife yo pa boule. Men istwa a se Mythology. Mythology se istwa ki paka pwouve ki pase de nouch an bouch men li gen vertu dife a tout bon e li paka kanpe sou pye yo tout bon. Se pa yon espri ki pou amateur ni ougan ak manbo ki poko vrèman masteur. Se yon espri ki difisil, ki pa renmen obeyi ak pechè latè. Se yon fanm ki konn boule peristil ra pye tè lèl jwenn ak ti amateur ki pa konn sa yap fè. revanj li yo kriminèl anpil, sil pa wè yon moun merite pèn wap mande a wap fòsel li ka baw pèn nan nan plas moun. egzanp ou vle touye yon moun paskew te diw kèk betiz, oubyen li te pran ti bagay minim pou ou. Sa yo pa nan level punition wap mande yo. Li konn nève li boule peristil la. so pa jwe ak fi sa. Li se reine anpil gwo sosyete ke m pa bezwen pale de yo
[31/3, 5:11 p.m.] +509 32 20 8913: 🔴Èske'w te konnen si'w ale Kay yon Moun ki Malad mistikman lè'w rive yo ka pase'w maladi a ? Lè'w ale Kay Moun ki Malad pa janm kouri chita menm si yo ba'w chèz deplase chèz la avan'w chita. Pa di'w pat konnen🔴
Dieuma lakou djab andèy
[31/3, 8:41 p.m.] +509 32 20 8913: ▪Minokan pa sèlman yon vèvè, men se yon sistèm mistik!
1. Minokan se yon kòd lespri!
Li pa ekri, li pa pale, li pa tande pou tout moun.
Li tande ak dlo, li santi ak frison, li reponn lè ou pare.
Li se:
• Soti nan rasin Ginen
• Kòd koneksyon ak lwa ki pa mache nan bri
• Sistèm mistè pou moun ki antre ak leson sou tèt yo
2. Minokan se yon lakou san miray!
Se yon espas enteryè, pa nesesèman fizik, kote:
• Ou sèvi lwa kap gade ou, men ki pa pale fò
• Ou kenbe pwen ou san fè ekspozisyon
• Ou vibre sou tan ki pa sou revèy
▪Minokan ka egziste nan:
• Yon lanmè
• Yon espas lespri
• Yon fanm ki pote lespri sou tèt li chak jou
• Yon lonbraj ou travèse pou ou rive kote ou pat janm ale.
▪3. Minokan se leson sou respè, pa sou pwezi
Se pa chak flanm ki fèt pou danse.
Gen flanm ki li ou, ki gade ou, ki tann ou.
Minokan se:
• Yon modèl disiplin
• Yon estrikti mistik
• Yon rasanbleman ki egzije kalmi, prekosyon, ak respè sakre
4. Minokan se zòn tranzisyon!
Se pa Rada, Se pa Petro.
Se randevou ant lanmè ak lespr
[1/4, 3:32 p.m.] +509 32 20 8913: Krich la se kisa l ye?
Krich la jan wap gade nan foto a se yon bagay ke yo fè ak ajil.
Krich la jwe yon wòl enpòtan nan vodou a.
Nan tan lontan zansèt yo te konn bwè dlo ladan l, paske aji l la vrèman bon pou anpil maladi, e dlo sa toujou fre, piga nou konfonn krich ak kannari non, krich la pi piti ke kannari a.
Yo rele mò ladan l men lè sa yo rele l Govi.
Yo mete gad ladan l, banm tou di w sa depi w rive yon kote ou wè yo mare bouch krich la ak yon ti twal blan, nwa e wouj konnen se yon gad ki ladan l.
Yo mete moun chita ladan l tou, lè w wè yo mare bouch la ak yon ti twal blan e nwa epi yo mete l chita sou yon ti chèz nan mitan peristil la konnen se yon moun yo mete chita ladan l.
Yo mare moun ladan l tou, depi w wè yon ti twal wouj e nwa mare bouch la epi yo mete l chita sou yon ti chèz epi yo mare chèz sa ak tout krich la, konnen se yon moun yo mare ladan l, depi yo ougan sa kraze krich la konnen moun sa delivre.
Si w genyon moun ki mouri de fason dwòl, wap achte yon krich ak yon fèy pachemen vyèj wap ekri non tout moun ou sispèk ki nan konplo a pou te touye moun nan, wap lage fèy pachemen sa nan krich la, mete tout ti manje bouch manje ladan l, mete kleren epi mare bouch la, pran krich sa kite l fè 3 ou 7 jou anba tè, aprè sa pran l ale kraze l nan yon kafou di se pou dife pran nan mitan moun sa yo, se rete wap rete wap tann youn ap touye lòt, youn ap denonse lòt.
Si mari w oubyen madanm ou mouri, men ou pa vle pou mò sa vin kouche avè w nan dòmi, ou pa vle pou l vin nwi w, men sa wap fè, ou prale nan mache wap achte yon krich avan antèman fèt, wap pran non moun sa wap ekri l nan yon fèy pachemen oubyen yon foto l, wap mete l nan krich la, epi wap mete tout ti manje bouch manje, wap ba l kleren si moun sa te renmen bwè kleren, oubyen byè si moun sa te renmen bwè byè, wap di m ba w manje, m ba w bwè aprè jodi a ou pa nèg mwen oubyen fanm mwen ankò nou kite, wap tann pandan antèman fin chante yap sòti legliz la wap pran devan, ou pral chita nan premye kafou yo pral pase ak sèkèy la, wap chita sou yon ti chèz epi wap kenbe krich la nan men w, wap pran yon moun ki nan antèman wap mete l chita sou ou, wap di entèl sa vle di non mò a, wap di men mari m oubyen men madanm mwen, m prezante w li aprè jodi a se li ki mari m ou madanm mwen, epi wap tann yo fin pase ak sèkèy la wap kraze krich la, se pou chak lè lò sa vini pou l vin kouche avè w se moun sa ou te mete chita sou ou a lap wè sou kabann nan.
Pou moun kap pran gad nan krich yo, toujou mande ougan kilè wap lage bouch krich sa, paske gad la pa ka rete twòp nan krich la san w pa ba l manje li pap bon pou ou, ougan dwe fè w lage l aprè 1 an 1 jou.
[1/4, 3:33 p.m.] +509 32 20 8913: Resèt pou yo pa rale kòb ou.
Pou moun yo toujou ap rale kòb li.
Men sa w ap fè.
▪︎W ap achte 3 ti pake tabak an poud.
▪︎poud arete dezòd.
▪︎7 grenn lay vyolèt.
▪︎Yon pake wowoli.
▪︎7 grenn sèl kwizin.
Preparayon w ap pran yon ti bokal ki gen kouvèti w ap melanje tout bagay mete ladan, w ap mete wowoli a men sa w ap di: Yo rele m san konte, Yo rele m akrekre, Si yon moun ka rale tout grenn wowoli sa yo Yo li mèt rale tout kòb mwen men si yo pa kapab se pou lajan m rete la depi ou gen pyès sa a sou ou menmke yo ta mete yon bagay pou ou li pap touche w.
Ou mete l nan ti wa oubyen nan valiz biznis ou.
[1/4, 3:34 p.m.] +509 32 20 8913: *YON SÈL RESÈT POU ELIMINE 4 GWO BLOKAJ*
Jodi a, m ap pataje ak nou yon sekrè ki gen anpil fòs.
Yon sèl solisyon pou fini nèt ak 4 pwoblèm sa yo ki konn bare pwogrè w chak jou.
ESKE W REKONÈT YON NAN PWOBLÈM SA YO ?
1-Move chans k ap repete :
Tout sa w ap eseye fè echwe. Anyen pa sanble mache pou ou.
2-Men twou (lajan pa kenbe) :
Lajan antre, men li soti vit. Ou pa janm rive fè ekonomi.
3-Vwal sou figi :
Ou pase san moun pa remake w. Menm si w bèl, pèsonn pa apresye w, pa chèche w, pa anvi w.
4- Fil arenyen (blokaj envizib) :
Ou santi tankou gen bagay k ap mare w, tankou fil arenyen, menm nan kote ki pa gen anyen.
ENGREDYAN YO :
1 lit dlo natirèl : dlo lanmè, dlo pwi, dlo larivyè, dlo sous, oswa dlo lapli
16 klou jiròf
3 moso chabon bwa
KIJAN POU PREPARE LI :
Pran 1 lit dlo a, mete 16 klou jiròf yo ladan l ansanm ak 3 moso chabon yo.
Kite melanj lan repoze epi tranpe pandan 3 jou minimòm.
*#: VODOUYIZAN AN AKSYON*
KÒMAN POU ITILIZE L:
Depi 4yèm jou a, chak maten lè w leve:
Pran yon ti kras nan dlo a
Lave figi w avèk li. *#: VODOUYIZAN AN AKSYON*
Fwote de men w byen ak li
Kontinye sèvi avè l jiskaske li fini
Se yon rit senp, men li gen anpil fòs pou ede w netwaye enèji w, retire blokaj, epi ouvri chemen w.
[1/4, 3:34 p.m.] +509 32 20 8913: Lanp de gras
Ou ka monte l nan yon asyèt blan, zoranj si, kwi, melon oswa chadèk.
W'ap bezwen:
▪︎Koton.
▪︎Lwil nou fè manje a.
▪︎Lwil doliv.
▪︎Ou ka mete 7 bon poud ladan l', si ou vle.
▪︎Flè nan bra, bèl flè.
▪︎Poud jenjanm.
▪︎Poud kanèl.
▪︎Poud miskad.
▪︎21 grenn pwav (nan non 21 nanchon ginen an).
▪︎Poud piman (si ou pa gen poud piman ou ka mete swa 7 piman bouk mi, oubyen 21 piman ti zwazo).
▪︎7 fèy tibonm.
▪︎7 fèy simen kontra.
▪︎Fèy zoranj si.
▪︎Fèy zoranj dous.
▪︎Fèy bazilik.
▪︎3 grenn sèl gwo grenn.
Ou pa oblije jwenn tout, men si ou jwenn tout l'ap bon.
Si se nan yon asyèt oubyen nan kwiy W'ap fè l li bon ou chofe resipyan an avan. Ou vide yon ti kleren oubyen yon ti Florida avan ou ba l dife.
Si se nan asyèt W'ap monte l oubyen si kwiy la laj ou ka fè 3 mèch ladan l.
W'ap ekri non w 3 fwa nan 3 ti moso papye, W'ap depoze yo avan.
W'ap mete yon fèy bazilik sou chak ti moso papye yo, W'ap mete 3 mèch yo sou 3 fèy bazilik yo ki gen non w anba yo a.
Si se nan fwi se yon sèl mèch W'ap ka fè l W'ap mete yon sèl ti papye, yon fèy bazilik, yon mèch.
*#: VODOUYIZAN AN AKSYON*
Apresa W'ap depoze kafe dous, kafe anmè.
W'ap bezwen 3 chandèl, 2 nwa pou mò bitasyon manman/papa, 1 blan pou nesans ou.
W'ap fè yon laye Marasa, pistach griye, mayi griye, kola wouj, kola blan, si ou pa jwenn kola yo ou ka akonpanye l ak yon gode dlo kokoye ole. *#: VODOUYIZAN AN AKSYON*
W'ap trase yon vèvè ginen W'ap mete laye a o milye, W'ap depoze lanp lan nan tèt vèvè a, direksyon solèy levan, devan lanp lan W'ap limen balèn yo an triyang, gode dlo a ap nan tèt, akote balèn blan an, kafe anmè a ap agoch, kafe dous adwat, selon bitasyon an, nan vèvè ginen an W'ap plase kleren tou pou mò yo.
*#:VODOUYIZAN AN AKSYON*
W'ap mete laye marasa a nan mitan vèvè a.
Ou pral ekri yon lèt nan yon fèy papye tenbre, W'ap depoze sa anba veso ki gen lanp lan.
Pirifye espas ou avan, Pirifye tèt ou.
Lanp sa ka fè 3 jou, 7 jou, 9 jou, elatriye se ou ki pral konnen.
Benyen ak ma yo. Pa bliye fè yon pwomès, pa pwomèt sa ou pa ka konpli.
Mande yo pou yo fè w gras, pou tout bagay jan yo te avan an.
[3/4, 6:34 p.m.] +509 32 20 8913: Kisa lavman tèt ye nan Vodou?
Lavman tèt se yon rit espirityèl sakreman yo fè pou netwaye, louvri, balanse, ak konekte tèt moun ak lwa yo.
Nan Vodou, tèt la se tanp nanm nan, se kote lespri, desten, memwa, ak konsyans rete.
👉 Lè yo lave tèt ou, se nanm ou y ap touche.
Ki wòl lavman tèt la?
Lavman tèt la gen plizyè fonksyon sakre:
1️⃣ Pirifikasyon espirityèl
Li retire move enèji, blokaj, chaj negatif, move vibrasyon, jalouzi, ak atak mistik.
2️⃣ Ouvèti chemen
Li louvri wout lavi moun, louvri chans, travay, lajan, lanmou, ak siksè.
3️⃣ Ranfòsman koneksyon ak lwa yo
Li rapwoche moun ak met tèt li (lwa ki gide l), pou li ka resevwa mesaj, rèv, vizyon, ak direksyon.
4️⃣ Kalme lespri
Li bese estrès, kòlè, konfizyon, pote lapè nan panse ak nan kè.
5️⃣ Aktive destin moun
Lavman tèt ka reveye misyon espirityèl yon moun, revele chemen li, ak fòs li.
Poukisa yo lave tèt nan Vodou?
Paske nan Vodou:
Tèt se wa kò a.
Si tèt ou sal, bouche, oswa chaje, lavi ou ka:
bloke
konfonn
chaje ak malchans
manke direksyon
👉 Lè yo
[3/4, 6:35 p.m.] +509 32 20 8913: Kijan pou konpòte w nan mistik
Rete imil 🙏
Mistik pa mache ak ògèy. Plis ou imil, plis lespri yo louvri pòt pou ou.
Kenbe sekrè 🤫
Tout sa ou wè, tande, oswa aprann pa fèt pou tout moun. Sekrè se pwoteksyon ou.
Respekte lwa espirityèl yo ⚖️
Pa janm sèvi ak konesans pou fè mal. Sa ou voye, se li ou resevwa.
Kenbe kè w pwòp 🤍
Rayisman, jalouzi, move panse fè baryè sou chemen mistik.
Tande plis, pale mwens 👂
Silans se kle revelasyon. Lespri pale ak moun ki konn koute.
Viv senp 🌱
Pa chache fè bri ak mistik. Vrè fòs pa bezwen fè parad.
🌙 Jan yon mistik dwe dous
Pale ak douser 🕊️
Pawòl ou se vibrasyon. Lè w pale dous, ou kalme enèji yo.
Gen pasyans ⏳
Mistik pa prese. Tout bagay rive nan lè pa yo.
Padone fasil 💞
Padon libere nanm, louvri wout, ranje desten.
Aji ak lanmou 🌸
Lanmou se pi gwo fòs espirityèl ki egziste.
Rete an balans ⚖️
Pa twòp sevè, pa twòp lach. Tout bagay nan mezi.
✨ Ti konsèy mistik enpòtan
Mistik ki dous se tankou dlo: li pa fè bri, men li fouye wòch. 🌊🪨
[6/4, 11:42 a.m.] +509 48 70 6538: Clairemesine Clairemeille
Se espri clairvoyance ak limyè ak music ak discipline. Siw renmen mythology, yo di se soeur mèt Agwe, li se madanm mèt Clairemelle , pandan epòk colonial yo, Clairemesine te patisipe activement paske wòl li se te bale, netwaye . yo di li te konn fè maji ak bale pou andòmi colon yo pou li te bayo kichòy ke zanmil Marinette te konn bali pou pase colon yo à l'infinitif. Ni limenm ni Marinette te gen menm job la ki se bale. Se rezon sa ki fè tou 2 prezante ak bale. pa bliye se mythologies, myth se istwa ki pase de bouch an bouch ki pa konfime. Clairemesine se lwa patron musicien yo, anpil musicien toujou ap voye gwo kado pou Clairemesine paske li bay don pou jwe music byen. Clairemesine se yon lwa dlo sa vle di lap viv anba dlo moun ki revel toujou di se nan yon bèl palè Cristal ki anba dlo yo wèl. Lè Clairemesine desann li toujou mande bale, tout moun ki servir ak lwa sa souvan konnen pou yo ba li bale poul bale lèl vini. se yonn nan twa espri ki mache ak mètrès Lovana. nap kontinye pale de li.
[6/4, 12:46 p.m.] +509 32 20 8913: Vodou se prensip, Siw vle amonizew ak lwa yo ou sipoze komanse kiltive sajès.
Pou komanse ou sipoze amonizew ak ou menm an premye apresa antouraj ou, Ou sipoze kreye on bon relasyon ant ou ak lanati.
Ou sipoze medite souvan pouw grandi spirityèlman, lèw ap liminen se pa byen materyel pou wè an premye.
Materyèl la enpòtan men grandi spirityèlman bon tou, fòk ou fè ekilib nan mitan de bagay sa yo.
Aksepte kew bezwen byen materyel la pouw nouri fizik la, e aksepte ke spirityèlman ou bezwen nouri tou.
Ou sipoze aktif
Ou sipoze tande plis gade plis e pale mwens, aprann sa chak mo kap sot nan bouch aw konte, yo gen gwo enpòtans ak gwo efè se sak fè menm siw ap pale mwens pale sa ki enpòtan pou pale.
Vodou se pa selman pale de ogou de dantò bitasyon eksetera, vodou se lanati se 4 fos yo, se mwen se ou vodou wa vlope nou li nan chak ti detay.
Fason ou konprann on moun, fason ou ede on moun, fason ou toujou prè pou moun, lanmou ke ou bay plant yo, sous dlo yo, soley la, ake van.
tout se vodou vodou pa chita selDyò pou adrese ak lwa Marasa
Demand pou twouble lènmi yo sou wout nou
Limen balèn blan lanp lwil doliv, lendi.
Sèvi kola blan. Mayi ak pistach griye. Sirèt (manje dyò).
Pa pouvwa marasa dosou, dosa, dose, zenzou, zenze, Marasa dogwe, marasa jimo, marasa bwa, marasa kay, Choukèt marasa, marasa gwèto.
Melanje tout sa k-ap fè konplo kont mwen fè tout sa yo fè dèyè mwen tounen kont yo. Nan non Atibon Legba mèt kafou. Bare tout wout ki mennen mechan yo devan pòt mwen, demare tout move pwen non mwen ladan li fè yo pa wè mwen lè y-ap chèche mwen.
An nou fè konplo pa nou pou lavi ka vanse nan limyè ak kè kontan pou tout moun.
Ayibobo - Ayibobo - Ayibobo[6/4, 7:31 p.m.] +509 32 20 8913: 🌿 Lè n ap fè yon demand, èske nou konn kiyès nou ap rele? 🌿
Anpil fwa nou jete dlo, nou limen balèn, nou salye kat fasad…
Men nou pa toujou konnen ki fòs nou ap adrese.
Lè ou jete dlo 3 fwa:
💧 1 — bò Manman (gòch)
💧 2 — bò Papa (dwat)
💧 3 — Mitan (ekilib, tèt ou)
Se aks la: Feminen – Maskilen – Sant.
Lè ou salye kat pwen yo:
🌅 Lès (East) — Eleman: Lè 🌬️ — Chif: 1
Ouvèti, souf lavi, kòmansman.
(Isit la yo souvan mete fòs ki louvri chemen.)
🔥 Sid (South) — Eleman: Dife — Chif: 3
Aksyon, kouraj, batay.
Se la enèji Ogou plase nan senbolik dife ak volonte.
🌊 Lwès (West) — Eleman: Dlo — Chif: 2
Emosyon, lanmou, memwa.
Isit la vibrasyon Ezili Freda mare ak dlo, dousè, atirans.
🪨 Nò (North) — Eleman: Tè — Chif: 4
Rasin, estabilite, fondasyon.
Sa sonnen ak fòs agrikilti, travay tè, enèji Zaka.
Lè ou konnen pozisyon yo,
ou pa jis ap vire nan kat direksyon.
Ou ap antre nan yon òd espirityèl.
Paske chak eleman pote yon frekans.
Chak chif pote yon ritm.
Chak lwa gen yon plas nan balans lan.
Lè ou adrese yon fòs presi,
entansyon w pa gaye — li al dirèk.
🌿 Konnen kiyès ou ap rele.
Konnen kote ou kanpe.
Se konsa pawòl ou pran pwa.
[6/4, 7:48 p.m.] +509 32 20 8913: bale Maitresse Clairemesine nan se yon gwo materiel ki vrèman enpòtan si lwa sa mache avèw. tout ougan ak manbo ki servir ak Clairemesine konnen enpòtans bale a. lakay mwen nou itilizel kòm trètman pou moun ki paka sonje rèv pou moun sa ka wè klè. li mete clairvoyance ak limyè soumoun ki manke nanm moun ki manke entelijan, moun ki yon ti jan egare, oubyen ki manke sou men yo , li mete yo nan bon direction. Pa bliye ke bale Clairemesine nan pa menm ak bale Marinette. Yo pa fè menm bagay, yo rerire nanm ak zonbi ak bale Marinette la men ou paka fèl ak bale ClairemesineFèy bazilik.
Bazilik🍃 se yon plant Sakre, yon Plant puisan, ki pa sèlman sèvi pou beny ak dite men ki sèvi kòm epis tou e de yon Epis ki bon anpil pou Santew.
"Toujou sonje gen yon kantite non bazilik egzanp bazilik savann, bazilik mawon, bazilik dou elatriye... yo rele plant sakre sa nan lòt lang tankou: anglè a se Holy basil, panyòl Santa Albahaca, non syantifik la menm se Ocimum sanctum.
▪︎BAZILIK NAN KIZIN.
- Avèk epis bazilik nan kizin nou di aba maggi | Zewo Maggi. Jete tout nèt epi w ap wè jan sante w koumanse djanm.
✅Lè w itilize epis natirèl sa, bazilik, li ede sante w an jeneral. Se pa sèl beny chans ak beny lave kay pou n fè ak bazilik. Se vre se youn nan pi gwo plant nan repouse move zè, move enèji ak lespri, ak vye fre oubyen move wonga.
Moun ki aletranje yo ap jwenn plizyè makèt ki vann bazilik, chwazi makèt ki bon yo sitou sa ki òganik yo. Gade byen ki engredyan an pou wè si yo pa ajoute pwodui chimik ladan l. Se sèlman bazilik ki pou anndan sa wap achte a, tcheke byen pou wè si l pa yon epis melanje. Ou ka achte plant sa frèch tou, Lè sa l pi bon toujou. Li fasil pou w plante bazilik ak jwenn li nan makèt sitou nan peyi devlope yo. Si w Ayiti ou ka plante l.
▪︎BYEN FÉ BAZILIK
Kèk Benefis li genyen:
-Li bon pou kè w.
-Li bon pou sistèm iminitè.
-Prevansyon kont kansè.
-Li bon pou sèvèl, Li relakse, yon adaptojèn natirèl pou ede konbat strès.
-Li ede fokis atansyon, memwa, rete djougan.
-Ede fwa fonksyone byen.
-Li plen antiyoksidan ki ede konbat tout kalite maladi.
-Ede elimine viris, enfeksyon bakteri.
-Li anti-enflamatwa natirèl puisan.
-Ede fètilite pou moun ki vle fè timoun.
-Li mete gason mòlòlò sou sa.Ezili Dantò se youn nan lwa ki pi pwisan, misterye, epi ki chaje ak fòs nan Vodou Ayisyen.
Ann pran l dousman pou w byen konprann li
Ezili Dantò gen rasin li nan Afrik, sitou nan tradisyon pèp Dahomey (jodi a Benin). Li rive Ayiti atravè esklav yo pandan tan kolonyal.
Lè li rive Ayiti, li vin pran plis fòs nan listwa peyi a, sitou pandan Revolisyon Ayisyèn kote yo di li te mache ak pèp la nan batay pou libète.
🔥 Rasin li (Racine li)
Ezili Dantò fè pati nanchon Petwo a (nasyon Petwo), ki se lwa ki:
cho
rapid
konn pote jistis sevè
Yo wè li tankou:
yon manman pwotektris
yon fanm vanyan sòlda
yon lwa ki pa tolere trayizon
Gen moun ki asosye li ak imaj Nwa Madonna (fanm nwa sakre), espesyalman Black Madonna of Częstochowa,
paske li pote mak sou figi li (tankou mak souflèt oswa blesi).
Ki kote li jwenn fòs li pou l travay?
Fòs Ezili Dantò soti nan plizyè sous:
1. 💔 Soufrans ak sakrifis
Li pote enèji doulè fanm ki soufri, manman ki pèdi pitit, ak moun ki viktim enjistis.
2. 🩸 San ak angajman
3.
Nan Vodou, li se lwa ki pran angajman serye. Lè yon moun mare ak li
li mande respè
li mande verite
li pa jwe jwèt
Enèji Petwo
Paske li soti nan nanchon Petwo, fòs li:
dirèk
pafwa brital
men efikas pou kraze baryè
Sou ki baz li ye?
Ezili Dantò kanpe sou prensip sa yo:
Pwoteksyon
Li pwoteje pitit li yo tankou yon manman lyon 🦁
Jistis
Li pa renmen manti ni mechanste
Si yo fè ou mal, li ka reponn pou ou
Lanmou sevè
Li renmen, men se pa dous tankou lòt Ezili yo
lanmou li:
fò
jalou
pwotektris
Kouraj ak rezistans
Li bay fòs pou leve lè lavi frape ouAnba lonbraj mapou a, m tande vwa k ap rele,
Se san zansèt yo k ap bouyi, k ap fè n konnen n pa lage.
Reveye w, pitit solèy, sispann mache nan fènwa,
Gade nan glas listwa w, n ap wè bèl rèl loa.
Yo pa etranje k ap vini pou fè nou pè,
Se manman ak papa n, k ap trase chemen limyè.
Chak loa se yon flanbo, yon moso nan nanm nou,
Dlo nan krich la fre, lansan an ap moute,
Zansèt yo ap pale, fòk nou aprann koute.
Vodou se pa kòd, se zèl pou n vole pi wo,
Se fòs ki nan rasin nou, ki pi dous pase siwo.
Reveye lespri w, kite loa yo gide pa w,
Paske se nan konesans sa a, w ap jwenn vrè pouvwa w.Nan Vodou Ayisyen, *Nago* se youn nan *nanchon* ki soti nan eritaj pèp *Yoruba* (zòn Nijerya jodi a). Lwa Nago yo se lespri batay, fòs, kouray. Yo anjeneral asosye ak *gèrye*, *pwoteksyon*, ak *enerji* viril.
Karakteristik Nanchon Nago:
- *Orijin*: Afrik (zòn Nago/Yoruba, Nigeriya)
- *Nati*: Gèrye, vanyan sòlda
- *Lwa prensipal*:
- *Ogou Nago*: Youn nan fòm Ogou ki pi agresif, senbolize vanjans, fòs ak jistis.
- *Ogou Feray*, *Ogou Badagri*: Lòt variant lwa Nago.
- *Koulè*: Wouj, nwa, pafwa vèt
- *Senbòl*: Zam, zèklè ak chèn
- *Rit*: Danse Nago gen mouvman militè, ak bat tanbou ki rapid e chaje ak enèji.
Wòl nan Vodou:
Lwa Nago yo sèvi kòm defansè ak vanyan sòlda nan lavi espirityèl ak fizik. Yo souvan rele pou:
- Bay kouraj
- Fè jistis
- Pwoteje kont mechanste ak jalouzi
*Nago* se lwa ou pa jwe ak yo, yo mande respè ak disiplin. Yo ka fè bon jan batay pou ou, men yo mande w respekte règleman yo.*Nan vi senp*, *krich la* se yon *veso* (tankou yon bokal oswa kannari) ou itilize pou mete dlo, lwil, grenn, elatriye. Li se yon *objè pratik* nan lavi chak jou.
*Nan vi mistik/spirituèl*, *krich la* gen *senbòl pwofon*:
- Li ka reprezante *kò imen an* (tankou yon resipyan ki kenbe lespri oswa enèji).
- Yo konn itilize li pou *rit* oswa *seremoni*, kote li vin tounen yon *objè sakre* ki kenbe *fòs, dlo benyen, oswa ofrann*.
- Nan tradisyon vodou oswa lòt pratik mistik, krich la ka sèvi kòm *kay lwa*, kote yo mete bagay ki atire oswa kenbe prezans espirityèl.
*Rezime*:
- *Senp*: veso pou sèvi.
- *Mistik*: resipyan sakre ki kenbe enèji oswa prezans espirityèl.
Dieuma lakou djab andèy 🕯️Nan *Vodou*, *krich la* se yon *objè sakre* ki gen gwo valè espirityèl. Men kijan li konprann:
*Kisa Krich la ye nan Vodou?*
Krich la (yo rele l tou *govi*) se yon *resipyan mistik* kote yo *mete espri zansèt oswa lwa*. Li se yon *kay* pou yon fòs espirityèl.
*Fonksyon Krich la:*
- *Kenbe lespri* zansèt oswa lwa (tankou Legba, Ezili, Ogou, elatriye).
- *Pwoteje* moun oswa fanmi ki posede li.
- *Kanal kominikasyon* ant moun vivan ak mond espirityèl la.
- Sèvi nan *seremoni*, tankou *revey lwa* oswa *ofrann*.
*Kisa yo mete nan krich?*
- Dlo, lwil, ti wòch, fèy, tè, zòn kònn (cheve, zong, elatriye).
- Non ak eleman ki reprezante lwa a oswa zansèt la.
*Senbòl krich la:*
- *Kò imen* (resipyan ki kenbe lespri).
- *Lyen ant mond vivan ak mond mò*.
- *Kontinwite espirityèl fanmi*.
Vivan ak krich la mande *respè*, *rit*, ak *entansyon klè*. Li pa senpleman yon objè—li tounen yon *pwen mistik vivan*.
📲 +509 32208913
*_#dieuma lakou djab andèy_*Ke flanm feray la boule tout vye ekspedisyon , tout vye kòd kote yo mare w pou w pa avanse ....Ke enèji a kouvri w e libere wSa nou dwe konnen de Pye atè nan vodou.
Pye atè nan mond mistik la vle di koneksyon ak manman enèji sa, vle di koneksyon ak sous nou.
Nan pye atè ou konekte ak enèji bitasyonw ak enèji ki antourew.
A note, ou konekte ak ni bon ni move enèji tou lè sa. Men se ou ki pral konn ki enèji ou vle kapte.
Nan tout sèk spirityèl, pye atè gen yon pakèt enpòtans, tè deja se matris mond la tout bagay soti a pati de la tè. Tank ou pi prè li fizikman ou kapab kapte plis enèji ak fòs.
*#: VODOUYIZAN AN AKSYON*
Pye atè senbolize libète, fòs, pisans, rébelyon, E sak fè lè yon moun antre an kolè li toujou gen tandans frape pye atè e gran moun yo konn di tou pa kite yo frape pye yo atè pou ou.Simbi Kanga se youn nan lwa ki soti nan fanmi Simbi yo nan Vodou ayisyen. Lwa Simbi yo an jeneral gen gwo lyen ak dlo (tankou rivyè, sous dlo, ak lanmè) epi yo souvan konsidere kòm lespri ki pote konesans mistik, majik, ak sekrè.
🐍 Ki moun Simbi Kanga ye?
Yo wè Simbi Kanga kòm yon lwa ki gen fòs majik ak pouvwa espirityèl trè fò.
Li gen rapò ak majisyen, bokò, ak moun k ap chèche konesans pwofon.
Non “Kanga” a souvan asosye ak lide mare, kenbe, oswa kontwole enèji.
Li kapab sèvi pou:
Pwoteksyon espirityèl
Travay majik (bon oswa move selon entansyon moun nan)
Louvri chemen nan mond envizib la
👉 Gen moun ki di Simbi Kanga mache ak yon enèji ki ka trè sevè, kidonk li mande respè.
🌀 Senbòl (vèvè) Simbi Kanga
Vèvè li souvan gen:
Fòm koub ak liy ki sanble ak sèpan 🐍
Siy ki montre dlo k ap koule
Pafwa li gen kwa oswa mare ki montre pouvwa li pou kontwole fòs
Men yon vèsyon senp ou ka itilize kòm reprezantasyon:
~~~~~~~
~~~ ~~~
~~ 🐍 ~~
~~ ~~
~~~ ~~~
~~~
|
\ | /
\|/
/ \
/ \
⚠️ Enpòtan
Vèvè yo pa jis desen; yo se senbòl sakre nan Vodou. Yo itilize yo nan seremoni pou rele lwa a. Se poutèt sa:
Fòk yo fèt ak respè
Chak houngan oswa mambo ka gen pwòp varyasyon pa yoVodou ayisyen, Simbi se yon fanmi lwa ki konekte ak dlo, konesans mistik, gerizon, ak sekrè lespri. Yo souvan asosye ak koulèv, rivyè, sous dlo, ak enèji espirityèl ki kache.
🌊 Ki sa “Simbi 3 Îles” vle di?
Simbi 3 Îles (oswa Simbi Twa Zile) se youn nan aspè oswa manifestasyon Simbi yo. Non an vle di “twa zile”, ki pote yon sans mistik:
3 zile yo ka senbolize 3 dimansyon:
👉 mond fizik (kote moun ap viv)
👉 mond lespri (lwa yo)
👉 mond ant de (kote mistè ak majik pase)
Li ka reprezante tou balans ant fòs diferan (dlo, tè, ak lespri).
🐍 Karakteristik Simbi 3 Îles
Li se yon lwa ki gen gwo konesans espirityèl
Li ka sèvi kòm gid nan maji, gerizon, ak inisyasyon
Li gen lyen ak dlo pwofon (tankou sous ak rivyè sakre)
Yo souvan wè l kòm yon fòs ki pwoteje ak revele sekrè
🎨 Koulè & SenbòlLanp chans /lanp delivrans/Lanp deblokaj , apèn sot monte pou vèditè a kapab jwenn limyè avèk sa lap chèche a ! Kèlkeswa peyi w ye ou kapab ekri *Dieuma lakou djab andèy pou lanp delivrans , deblokaj , chans pa w la par whatsapp nan : +50932208913 ! Nou konnen chaje ti ougan /manbo ki pral vòlè imaj la.se yon fanmi lwa ki konekte ak dlo, konesans mistik, gerizon, ak sekrè lespri. Yo souvan asosye ak koulèv, rivyè, sous dlo, ak enèji espirityèl ki kache.
🌊 Ki sa “Simbi 3 Îles” vle di?
Simbi 3 Îles (oswa Simbi Twa Zile) se youn nan aspè oswa manifestasyon Simbi yo. Non an vle di “twa zile”, ki pote yon sans mistik:
3 zile yo ka senbolize 3 dimansyon:
👉 mond fizik (kote moun ap viv)
👉 mond lespri (lwa yo)
👉 mond ant de (kote mistè ak majik pase)
Li ka reprezante tou balans ant fòs diferan (dlo, tè, ak lespri).
🐍 Karakteristik Simbi 3 Îles
Li se yon lwa ki gen gwo konesans espirityèl
Li ka sèvi kòm gid nan maji, gerizon, ak inisyasyon
Li gen lyen ak dlo pwofon (tankou sous ak rivyè sakre)
Yo souvan wè l kòm yon fòs ki pwoteje ak revele sekrè
🎨 Koulè & Senbòl
Koulè: vèt, ble, pafwa jòn
Senbòl: koulèv, dlo k ap koule, sèk oswa fòm ki mare ansanm
Li ka gen yon vèvè ki konplike ak liy ki travèse tankou rivyè
🙏 Wòl li
Ouvè chemen pou moun ki ap chèche konesans mistik
Bay pwoteksyon espirityèl
Ede nan travay gerizon ak netwayajKiyès Gran Ezili ye
Ezili se lwa lanmou, bote, emosyon, richès, ak santiman. Li reprezante fòs feminen nan Vodou.
Li pa yon sèl moun, li gen plizyè fas (tankou yon fanmi espirityèl).
Orijin & Rasin li
Ezili soti nan tradisyon Afriken, espesyalman nan pèp Fon ak Yoruba (Benin, Nijerya).
Li gen lyen ak lespri dlo, lanmè, ak rivyè.
Nan epòk esklavaj, yo melanje li ak sen katolik tankou
Our Lady of Sorrows (pou Dantò)
Our Lady of Mount Carmel (pou Freda)
Sou ki rit li ye
Ezili travay sitou nan:
Rit Rada (dou, kalm, afriken)
Rit Petwo (pi cho, pi fò, revolisyonè)
👉 Freda plis nan Rada
👉 Dantò plis nan Petwo
Ezili Freda (Freda Dahomey)
Karakteristik
Bèl, dous, élégance
Renmen liks, bijou, parfen
Lwa lanmou, romans, rèv
Kisa yo sèvi li
Parfen, flè, chanpay
Sirèt, gato, bagay dous
Koulè: woz, blan, lò
Senbòl
Kè ❤️
Glas
Drapo woz
Ezili Freda
🔥 Ezili Dantò
Karakteristik
Manman fò, pwotektris
Jalou, sevè, men li bay fòs
Lye ak doulè, sakrifis, pwoteksyon pitit
Orijin istorik
Yo di li te ede pandan Haitian Revolution
Li asosye ak fanm nwa ki soufri men ki rete kanpe
Kisa yo sèvi li
Kleren, piman 🌶️
Manje kreyòl (mayi, diri kole)
Koulè: wouj, nwa, ble
Siy espesyal
Li gen mak (kouto) sou figi li
Li kenbe yon timoun
Diferans Freda ak Dantò
Freda 💖
Dantò 🔥
Dou, amoure
Fò, pwotektris
Richès & liks
Sakrifis & fòs
Rada
Petwo
Renmen anpil
Jalou & sevè
Kiyès ki mari yo
Nan Vodou
Ezili Freda gen relasyon ak lwa tankou:
Ogou
Danbala
Ezili Dantò:
Souvan asosye ak Ogou tou, men relasyon li plis baz sou fòs ak pwoteksyon
Men nan Vodou, "maryaj" pa menm jan ak maryaj moun — se plis koneksyon espirityèl.
Pwen enpòtan pou konprann Ezili
Li reprezante tout fòm lanmou
Lanmou dous (Freda)
Lanmou ki konn soufri (Dantò)
Li ka bay
Richès
Lanmou
Pwoteksyon
Fòs pou siviv
Ezili montre
Lanmou pa toujou dous
Fòs fanm se sous lavi
Doulè ka tounen pouvwaAnn pale de 3 Mo sa yo ke nou souvan tande
Ki se lakou. Bitasyon ak demanbre
Kisa yo rele Yon lakou?
Souvan nou konfonn yo pandan ke yo pa vle di menm bagay,yo chak gen wòl yo ak sinifikasyon, .
Lè nou de lakou men Kisa Li
Nou konn di lakou manmanm oubyen lakou papam epi c bitasyon ou ankò demanbre nou.
Nan Yon bitasyon ka gen plizyè lakou.
_LAKOU_ a c espas kote ou achte oubyen eritye de Yon paran . Ou pral amenaje Kay ou sou Li
Exanp: manmanm soti nan Yon kote yo rele lakolin aken nan Yon lokalite ki rele fodwas
Ok lakolin non provens manmanm soti a fodwas ce non bitasyon an :
Sa vle di Kisa andan ti zòn sa ki rele fodwas la kapab gen plizyè lakou ,manmanm ,manmanm kapab gen Yon kouzin Li ki pa leve nan lakou gran papam nan , men ki te toujou rete nan menm lokalite a ki c fodwas la men nan lakou papal ak manman pa Li.
EN GRO LA KOU SE TOUT ESPAS KOTE YON FANMI,YON GROUP DE FANMI,OU YON GROUP DE MOUN ÒGANIZE YO POU YO VIV BYEN
_BITASYON_: Se blòk ki anglobe group moun sa yo ,plizyè lakou ki gen ladann pa egzanp Yon pye bwa oubyen Yon sous dlo,Yon grotte,kote lèvmoun sa yo ki ap viv nan ansanm de lakou sa yo Al resouse yo Al liminen ,Al chache Yon tretman ,Yon delivrans nan Yon problèm kelkonk,espas sa reprezante Yon danti pou moun lokalite a . Wap jwenn gen Yon moun Li anchaje lè gen yon problèm ki pou gide lòt yo nan di yo menm Kisa pou yo fè kijan Yo dwe fèl ba yo prensip yo dwe respekte pou sa .
_DEMANBRE_ : C LE YON FANMI deside abandone espas mistik sa kote gran paran yo t konn Al ranmase fòs sou pretèks se djab ki la ,la manje pitit mwen ,la manje'm la fèm si , la fèm sa.
BN// : OU K KOUZENM ,LAKOU MANMAN OU LAN TOUNEN YON DEMANBRE ,LAKOU MANMAN PAM NAN RETE MAKONNEN NAN DIMANSYON BITASYON AN .
EN GRO CHA FWA OU DESIDE abandone lakou MANMAN ou ak papa ou pa gen moun kap limen dife ,jete dlo nan lakou ,vwa pou ta koule Yon ti kafe pou di nanm yo mèsi pou pasaj nan viw ,tout sa wap regle kapab tounen DEMANBRE nan men ou ( kreyòl pâle ,kreyòl konprann)
C pa lakou a ki nan problèm men pròp tèt ou ou met nan problèm nan
Mèsi
M ce mèt LUTHER-KINGPriyè pou reine' Èzili Dantò💙🕯
Manman Dantò protektris mwen ,
Mwen rele w ak tout kè mwen,
Fanm vanyan manman tout pitit
Vinn kanpe bò kotem jodia
Kouvri mwen ak proteksyon w ou
Kache'm anba zèl fòs ou
Koupe tout lang mechan yo kap fè plan sou do mwen yo,
Pike tout move zye kap gadem yo.
pa kite pitit ou tonbe anba men mechan yo ,
Nan tout sak ki mal,
Retire pitit ou nan sal ye a, menm lè l paret fatige,
defann Mwen kont tout enjistis lèzòm .
Nan non papa Bondye g mèt syèl la ak tè
Mwen remèt tèt mwen nan men ou,nan men zansèt mwen yo,
Louvri chemen mwen ak limyè.
Manman Dantò, ban mwen kouraj poum pale,
Fòs poum kenbe nan moman difisil yo
Mp mande w manman Dantor pou kanpe pou Mwen lè mechan yo barem lajounen , oubyn lannwit , lè mechan yo ap atekem
Me tèt mwen dwat lè tout bagy paret nwa
Sajès poum chwazi sak ki bon pou mwen,
,
Pa kite mechan yo griyen dan sou mwen
Pa kite mehan yo jwenn bout mwen
Ni pa kite yo jwe ak desten mwen
paske mwen
se pitit èzili Dantor 💙Grann Èzili.
Grann Èzili, se yon lwa ke anpil moun renmen nan vodou lakay nou. Li se yon lwa ki gen yon kè ki plen lanmou pou tout pitit li, ak pitit pitit li.
Men èske nou te konnen ke Grann Èzili se yon melanj de 2 lwa ke yo souvan fè nou kwè ke yo enmi?
Grann Èzili, se yon fanm ki akimile sajès, kontwòl sou sa li santi kòm jalouzi, lanmou, kouraj ak kolè.
An reyalite li se vèsyon sajès, veyès de 2 gran enèji ke nou rekonèt nan eskòt èzili a.
Enèji sa yo se: Èzili Freda ak Èzili Dantò.
Ebyen li se manman Èzili yo, li gen fòs pou l pwoteje menm jan ak Dantò, ke li mete o sèvis tout moun ki gen pwoblèm ki san espwa.
E li gen lanmou Freda ke li ankadre, ke li bay tout moun ki merite.
Li pa lage kò li pasi pala, "L' age amène la raison", ebyen Grann Èzili plen ak sajès, toujou pre pou li ede moun.
Fanm ke yo imilye, gason ki pa konsidere. Tout moun ki mache dwat ki nan touman ou ka rele Grann Èzili l'ap ede w.
Li se manman tout moun. Li konsidere tout moun, depi ou mache dwat ou ka rele grann. L'ap geri blesi w yo, ke yo te emosyonèl ou fizik.
▪︎Li se bon konseyè, li renmen pran swen sèvitè l.
▪︎Li fasilman rekonesab, se yon ti gran moun ki ak yon kàn.
▪︎Li renmen flè anpil.
▪︎Li renmen tonmtonm anpil ak sòs kalalou.
▪︎Li renmen pafen santi bon.
▪︎Li renmen bèl rad ak ti bijou sou li.
▪︎Koulè li se: blan, woz, ble dantò, ak vèt kèk kote.
▪︎Jou li se: madi, jedi ak dimanch.
▪︎Li soti nan rit Rada.
Lè grann monte nan tèt yon moun, ou wè moun nan pran fòm yon gran moun.
Grann èzili ak papa Legba se 2 lwa ki vyeyi moun lè ke li monte nan tèt moun nan.
Imediatman lwa a ale, moun nan pran fòm li nòmal.
An rezime Grann Èzili se sous konesans, sajès, lanmou, bonte, pwoteksyon ak pwosperite ke w ka jwenn nan tout lòt Zili yoLamp tèt gridap nan Vodou
Kisa li ye ?
Lamp tèt Gridap se premye lamp zansèt yo,ansyen yo te kon’n itilize. Pou klere yo , konsa tou yo konn itilizel nan seremoni ansestral yo
Se yon lamp ki gen plis rezistans e ki kenbe anpil enèji.
Ou ka itilize li pou fè demand ak yon espri.
Jan ou ka monté li pou byen se konsa tou , gen wangatè ki konn monté li mal
Siw wè ou fè demand nan yon lamp tèt gridad ou pa Jwen repons ou pap janm jwen ankò
Li siyifi tou koneksyon ap mond vizib ak mond envizib
Lanp vledi klere chimen oubyen chache chimen
Pouw ka wè kote wap mete pyew
Oubyen lèw bezwen gen koneksye ak moun ki travèse yo
Gen lanp tèt gridap
Lanp nan asyèt blan
Lanp nan chodyè 3pye
Lanp nan po kokoye
Lanp nan po zoran'y
Lanp nan po krab
Lanp nan joumou
Chak lanp sayo pou yon devosyon ou ka fè byen ak yo konsa tou ou kafè mal ak yo
🖊️WADÈLYON👑🐆💀 Baron Samedi
Bawon Samdi se chèf tout fanmi Gede yo nan Vodou Ayisyen. Li se gwo mèt simityè, mèt lanmò ak rezirèksyon. Se li ki resevwa premye nanm ki antre nan simityè, epi se li ki ka deside si yon moun ap mouri oswa si li ka retounen viv ankò.
👑 Wòl li
Gouvène lanmò ak pasaj nanm yo
Pwoteje moun kont lanmò twò bonè
Ka geri maladi grav
Bay jistis lè gen enjistis
Yo di: si Bawon Samdi pa dakò, pèsonn pa ka mouri.
🎩 Aparans li
Chapo silenn nwa
Linèt nwa
Rad nwa oswa kostim nwa ak blan
Pafwa figi li sanble ak zo bwa tèt
Li konn pale fò, fè blag sal, ri anpil, danse, epi bwè tafya.
🥃 Sa li renmen
Tafya (ròm) ak piman ladan l
Sigar
Manje pike
Koulè nwa ak vyolèt
⚰️ Relasyon li
Li se mari Maman Brigitte, ki se manman Gede yo.
Li se chèf tout Gede yo ak lòt Bawon tankou Bawon Lakwa, Bawon Simityè, elatriye.
🌑 Senbòl li
Kwa simityè
Zo bwa tèt
Koulè nwa ak vyolèt
Bawon Samdi se pa “move lespri”; li se fòs ki kenbe balans ant lavi ak lanmò. Li ka sevè, men li konn fè blag tou.
🖊️ Dieuma lakou djab andèyNan Vodou gen plizyè nivo pou moun ki antre nan sèvis lwa yo. Men diferans ki genyen ant Dawezo ak Manbo:
1️⃣ Manbo
Se prètès Vodou a.
Li kapab dirije tout seremoni nan peristil la.
Li sèvi ak Lwa yo, fè konsiltasyon, geri espirityèl, ak lòt sèvis.
Li gen otorite sou disip yo.
2️⃣ Dawezo
Se yon fanm ki deja inisye epi ki konn sèvis yo, men li pa toujou chèf peristil la.
Li ede Manbo oswa Houngan pandan seremoni yo.
Li konn chante, prepare sèvis, epi ede lè lwa yo ap desann.
📌 An rezime:
Manbo = prètès ki dirije.
Dawezo = fanm inisye ki ede nan sèvis yo.
✅
🖊️ Dieuma lakou djab andèyLOKO ATISOU ak LOKO DÉ
LOKO ATISOU
Daprè tradisyon oral yo, se li ki premye Wougan nan listwa, gadyen tout konesans sou fèy ak remèd ki gen sou tè a. Gen lòt Vodouvi ki di se AYIZAN VÈLÈKÈTÈ ki te premye manbo, men wadèlyon pap rantre nan deba sa.
ATISOU reprezante sajès ki poze, otorite moral, ak jistis ki dwat. Se li ki kenbe kle ounfò a; kote l pase, manti pa ka kanpe. Li se rasin konesans lan.
LOKO DE (Loco Dé)
Yo rele l Loko Dézako tou. Si Atisou se konesans ki poze a, Loko Dé se bra k ap aji a. Li gen je nan de bò, li wè nan lonbraj kou nan limyè. Li se fòs ki vwayaje a, sa ki rann jistis san pèdi tan epi ki pwoteje kont move je.
🕯️Yon ti pale sou senbolis Vèvè a
Liy vèrtikal yo reprezante pye bwa repozwa yo kote lespri a poze pou l pale ak moun. Pwen ki nan mitan liy yo se "pwen" pouvwa yo ki montre kijan enèji a ap sikile ant sajès Atisou ak aksyon Loko Dé.
📝BYEN NOTE: sa @VodouAtlant di yo ka diferan de espeyans oubyen reyalite pa ou ak LOKO selon BITASYON ou.
VODOU se yon Miltivè se pa yon Arèn konpetisyon.
🖼️DIFERANS ANT CHANDÈL E BALÈN. Gen moun ki menm inyore kisa yon chandèl ye poutan chandèl vini avan balèn. Nan tan lontan, grandèt yo te plis konn itilize chandèl ke balèn paske balèn se yon pwodwi enpòte ke yo vin adopte nan vodou a, bref… ANN ESEYE FÈ DIFERANS LAN; Chandèl se yon pwodwi natirèl ki konpoze de lasi myèl ak koton konparativman ak balèn nan ki gen pwodwi chimik ki pa natirèl ladan l. Daprè ansèyman grandèt yo, demand chandèl rive pi vit ke balèn; Yo souvan itilize chandèl pou fè demand e yo fè lòt regleman avè l. Mo CHANDÈL la se yon konsèp nan vodou latibonit la ki vle di tou: (Konsilte yon espri atravè ougan ou byen manbo). Egzanp: mwen t ale pase yon chandèl kay yon ougan/manbo. ANN FÈ YON DÈNYE TI PALE; Si w ap gade chandèl la w ap wè nan tèt li gen yon ti twou ki gen fòm yon zye, li rele zye chandèl. (Yon lòt fasèt). Tradisyonèlman yo itilize 2 koulè balèn (Nwa ak jòn). Nwa: pou pale ak mò, bòne pèsekisyon e adrese ak espri tankou Bawon, Brav Ganga, Ogou, madan Lenba…, pou w ka jwenn jistis nan men lwa sa yo ki ranpli fonksyon sa yo sa depan de bitasyon w ou regleman lakou w. Jòn ( ki fèt ak lasi myèl la): Li la pou l akòde lwa ak zansèt yo pou n jwenn favè yo ak byenfè yo. YON VRÈ CHANDÈL KONPOZE DE LASI MYÈL AK KOTON. Lasi myèl ak koton pou tèt pa yo gen gwo vèti tankou: Lasi myèl se senbòl pwosperite ak byenèt. Mèch la, yo itilize l pou fè demand ou liminasyon swa; ak lwil dou (oliv) ou byen lwil maskreti, lwil kokoye ou lwil palmis wouj. Yo plis itilize balèn pou mete limyè (klere yon espas). Pa bliye yon vrè chandèl dwe konpoze de lasi myèl ak kotonAGWETAWOYO
Agwe Tawoyo se youn nan gwo lwa nan Vodou ayisyen, li gen rapò ak lanmè, dlo, ak tout sa ki nan fon oseyan an.
🌊 Ki moun Agwe Tawoyo ye?
Agwe Tawoyo se yon lwa ki kontwole lanmè ak tout aktivite ki fèt sou dlo: bato, pechè, maren, ak vwayaj sou lanmè. Yo wè li tankou yon admiral oswa yon chèf marin.
Yo souvan di li se mari Lasirèn, Ak èzili freda,ki li menm se yon lwa ki reprezante bote, mizik, ak mistè ki soti nan dlo.
⚓ Karakteristik li
Li abiye tankou yon ofisye marin (blan ak ble souvan)
Li renmen disiplin, respè, ak pwòpte
Li pote senbòl tankou bato, zanj, ak kokiy lanmè
Li ka bay pwoteksyon pou moun k ap vwayaje sou lanmè
🍽️ Kisa li renmen?
Agwe Tawoyo renmen:
Manje ki soti nan lanmè (pwason, kribich, elatriye)
Bwason tankou chanpay oswa wonm
Yo souvan fè ofrann pou li nan lanmè menm, yo mete manje sou yon ti kannòt oswa plato epi lage l nan dlo
🛶 Kijan yo sèvi li?
Sèvis pou li fèt toupre lanmè oswa rivyè. Yo ka:
Fè seremoni ak dlo
Lage ofrann nan lanmè
Bat tanbou pou envoke li
🌀 Senbòl (Vèvè)Pous rale kliyan
Yon poud kole sou mwen
Yon poud Léman
Yon poud chans
Yon pou rale mennen vini
Yon poud anvi wèm
Yon poud mache prese
Yon boutèy siro myèl
Limen on balen blan
Fè demande mande bitasyon pasaj ak tout espri ki mache avèw yo pasaj
Mélange tout nan siro a
Epi lew fini
Soti nan rout , nan chemen kot wap vann nan
Ap boutèy siro a fè on fil
*#: VODOUYIZAN AN AKSYON*
Kanw rive kote. Wap vann nan
Fè yon Ronn devan pot la
Ou devan kote a
Lew fini met boutey la anlè on kote je. Pap wè nan biznis lan
Epi wa vinn banm reziltaSakre mouchwa lwa.
Men kijan w kapab beni oubyen sakre yon mouchwa oubyen kèlkeswa lòt bagay lwa yo.
W ap bezwen 3 branch bazilik
Yon gode blan ak dlo
3 grenn sèl
Yon ti florida.
*#: VODOUYIZAN AN AKSYON*
W ap kenbe mouchwa oubyen lòt bagay la nan yon men,
w ap prezante l 4 fasad
aprè sa w ap pran bazilik la ki te nan gode blan w ap tape l 3 fwa sou pawòl pandan w ap site non lwa
egzanp ou kapab di m ap sakre mouchwa sa pou tèl lwa epi se trè senp wi ou fini wi.
*#:VODOUYIZAN AN AKSYON*
Gen moun souvan mouchwa yo ki konn pa chwazi fè l pou yon lwa koz gen lwa ki sèvi ak menm koulè mouchwa moun sa konn sakre l pou tout lwa ki sèvi avè l koz pwoblèm mwayen ka fè w pa ka achte yonn pou chak.
NB: Toujou sonje limen yon balèn blan nan kèlkeswa sa w ap fè mistikman.
Gen plizyè lòt fason toujou ou kapab sakre yon mouchwa pou yon lwa
Nan vodou a
Toujou sonje : plizyè chemen ka mennen w a Rome.💀 Nanchon Gede: Mèt Lavi, Lanmò ak Verite 💀
Si lòt nanchon yo ap pale de lagè oswa travay tè, Gede yo la pou fè nou chonje kote nou soti ak kote nou prale. Yo se gadò simityè a, men yo se mèt lavi a tou.
💜 Yon Fanmi ki pa pè Anyen
Gede yo se sèl lwa ki pa nan fòmalite. Yo pale san kache anyen, yo renmen jwe, yo renmen danse, epi yo pa pè pesonn. Yo la pou kraze tristès ak fè moun ri, menm nan mitan gwo doulè.
🥁 Ritm Banda a
Lè tanbou Gede a bat nan ritm Banda, se yon enèji ki chaje ak lavi k ap pete. Dans la montre fòs kreyasyon an ki pap janm fini, menm apre lanmò. Se yon dans ki mande libète ak anpil kouray nan kò a.
✨ Gwo Chèf nan Nanchon sa a:
🎩 Bawon Samdi: Chèf simityè a, mèt tout Gede yo. Ak chapo wo li ak linèt nwa li, li se jij ki gen dènye mo a.
👵 Grann Brijit: Madanm Bawon, manman tout Gede yo. Li se yon fòs ansyen ki soti nan rasin pwofon ki melanje Afrik ak lòt kilti.
🕶️ Gede Nibo: Jèn Gede ki gen anpil konesans. Li se entèmedyè ant vivan yo ak mò yo.
🌶️ Piman ak Verite
Tout moun konnen Gede ak piman li (tafya piman). Se fason li montre li pi fò pase doulè. Gede se sèl lwa ki ka di verite ki pi rèd yo nan figi moun, paske jan yo di: "Mò pa pè vivan."
🕯️ Sa Gede anseye nou:
Lanmò pa yon fen, se yon pasaj.
Pwofite lavi a ak anpil lajwa jodi a.
Respè pou zansèt yo se baz tout fòs nou.
✨ Gede se ri nan mitan dlo nan je, se lavi ki pi fò pase lanmò! ✨
💬 Pataje yon ti pawòl: Ki leson oswa ki blag yon Gede te janm di w ki rete nan tèt ou? 💜💀
#Vodou #Gede #Bawon #Brijit #Ayiti #Simityè #Kilti #Verite
*Sous; nannan nago*Lè yo di gen Marasa nan fanmi, nan tradisyon Vodou ak kwayans popilè, sa pa vle di yon malediksyon oswa yon bagay ki pral kraze lavi moun. Okontrè, Marasa yo souvan konsidere kòm yon fòs sakre ki pote balans, pwoteksyon, ak enèji doub nan fanmi an.
Lide ki di Marasa ka mare w oswa kraze relasyon se plis pè oswa entèpretasyon mal konprann. Nan pifò tradisyon, yo pa wè Marasa kòm yon menas, men kòm yon prezans ki mande respè, senplisite, ak bon konpòtman nan fanmi an.
Lè yon fanmi gen kwayans oswa respè pou Marasa, sa ki enpòtan se viv nan respè, inite, ak lanmou. Marasa yo senbolize inosan ak balans, donk dezòd, konfli, ak move pawòl se sa ki ka vrèman fè fanmi vin febli, pa Marasa yo menm.
Nan pratik tradisyonèl, si yon moun vle onore Marasa, sa fèt ak gidans moun ki konnen rit yo Ougan oswa Manbo. Yo konn mete aksan sou ti jès senp, lapriyè, ak respè, pa sou pè oswa fòs ki negatif.
Kwayans ki di Marasa ka fè yon moun pa reyisi nan lavi se pa yon bagay ki gen baz solid nan tradisyon prensipal yo. Anpil fwa, sa soti nan move entèpretasyon oswa istwa moun ap pataje san klarifikasyon.
Vrè fòs nan lavi yon moun pa soti nan Marasa oswa nenpòt lòt kwayans, men nan fason moun nan viv: travay li, panse li, disiplin li, ak relasyon li ak lòt moun. Sa yo se bagay ki pi dirèk ki ka afekte avni yon moun.
Se poutèt sa, lè gen Marasa nan fanmi, pi bon atitid la se respè, kalm, ak pa kite pè pran plas verite. Fanmi ki chita sou lanmou ak konpreyansyon ap toujou pi fò pase nenpòt laperèz oswa rimè.[16/4, 11:46 a.m.] +509 32 20 8913: *Kafe dous ak kafe anmè*
Enpòtans Kafe Dous ak Kafe Anmè nan Vodou a:
Kafe, kit li dous kit li anmè, jwe yon wòl enpòtan nan seremoni vodou. Li pa senpleman yon bwason, men li pote avèk li senbolis ak koneksyon espirityèl:
* Kafe Dous: Souvan ofri li bay lwa ki gen yon dousè nan pèsonalite yo, oswa lwa ki asosye ak pwosperite, renmen, ak kè kontan. Dousè kafe a senbolize bonè, plezi, ak benediksyon. Li ka itilize nan seremoni pou atire favè, jwenn trankilite, oswa selebre bon moman.
* Kafe Anmè: Kafe anmè, nan lòt men an, pi souvan ofri li bay lwa ki pi sevè, ki gen yon enèji pi fò, oswa lwa ki travay ak pwoteksyon, jistis, ak retire obstak. Anmè a ka senbolize difikilte simonte, netwayaj espirityèl, oswa fòs pou fè fas ak defi. Li ka itilize nan seremoni pou chase move enèji, pwoteje kont danje, oswa mande pou entèvansyon nan sitiyasyon difisil.
Ofri kafe a se yon fason pou montre respè ak bay manje espirityèlman bay lwa yo. Li kreye yon lyen ant moun k ap sèvi a ak espri yo.
[16/4, 7:26 p.m.] +509 32 20 8913: Mètrès Lasirèn
Lasirèn
Lasirèn se youn nan lwa ki pi rich nan Vodou Ayisyen.
Li se yon lwa dlo, lwa lanmè, ki soti nan rit Rada, Li toujou parèt an fòm pwason.
Lasirèn reprezante mystè, bote, richès ak pouvwa espirityèl.
Li mache ak Agwe Tawoyo, chèf lwa lanmè yo.
Koulè : blan (pafwa lò ak ble).
Senbòl: (kòn lanmè),
Manje li renmen : Pwason, woma, lèt kokoye.
Ofrann: Pwodwi lanmè, bijou, pafen santi bon, chandèl blan.
Bèl, majik, souvan parèt nan rèv oswa vizyon lanmè.
Lasirèn gen kapasite pou trennen lespri moun nan lanmè mistik la pou ba yo konesans.
Li konn mande sèvis an silans, ak anpil disiplin.
Li bay enspirasyon pou atis, chantè, ak moun k ap chèche elevasyon espirityèl.
Chante Lasirèn
La sirèn labalèn
Chapom tonbe nan lanmè
La sirèn labalèn chapom tonbe nan lanmè
[16/4, 7:27 p.m.] +509 32 20 8913: Ayida Wedo
(oswa Aida Wedo) se yon loa sakre, ak senbolik nan Vodou Ayisyen. Li se yon lwa rèn , e li reprezante lanmou diven, lapè, benediksyon, dlo, ak koulè lakansyèl. Ayida Wedo se flanm limyè nan mitan fènwa, li se divinite fanm ki ba ou benediksyon ak serenite. Li se lakansyèl la ki konekte syèl ak tè.
Li se divinite ki mache ak Danmbala Wedo, e ansanm yo fòme sere lespri ki pote balans, inite, ak benediksyon.
Ayida se lwa dlo dous, syèl la , koulè lakansyèl ak espirityalite feminen.
Li pote richès ,Konesans , sere tèt , pèfeksyon , e li senbolize lanati diven nan fanm.
Koulè: blan, ble, vèt, ak koulè lakansyèl.
Ki sa li renmen
Flè blan, siwo myèl, krèm, dlo klè, lèt, flan.
Li renmen zòn ki gen dlo trankil: larivyè, sous dlo.
DekaWangol ♊️☠️Memwa enpòtan: Pandan w ap fè rityèl ak beny sa yo, entansyon w ak konsantrasyon w gen anpil valè. Chak eleman sèvi pou fokalize ak ranfòse entansyon w. Toujou respekte tradisyon ak konesans zansèt yo, epi fè bagay yo ak lafwa.
Eske ou ta renmen plis detay sou preparasyon beny oswa rityèl espesifik?Men koulye a, ann gade korespondans espesifik yo pou chak nan demann ou yo:Dlo Flora (Enfize ak Flè/Fèy): Pou atire bagay espesifik (lanmou, chans, pwoteksyon) selon flè yo ak fèy yo itilize.
Comentarios
Publicar un comentario