Voodoo
Mapyang se yon melanj Dantor ak Je rouj. Couleur Mapyang se bleu e rouj, gen kote se rouj e nwa. Li manje tout sa Dantor manje, li bwè likid rouj kochon, li manje kochon, li bwè rum , divin rouj etc.. eviter mete pwav nan rum ba li poul ka rete sou dimension. Siw vlel rete frèt bal ti kafel, lap bwè. Jou li se menm jou ak Dantor, Mardi ak samediErzulie oh manbo fanm chans
M'ape rele mètrès ou pa wè nou nan dlo. Bon Mardi ak tout serviteur ak servante Dantor ak tout lòt lwa Petro yo ak kèk lòt lwa dlo tankou Filomiz ki se jou pal touDantor vs Mapyang
Mwen te fè leson dimansyon avèk nou deja. Si nou kite moun kap di sa yo tande detounen nou, sa se noumenm. Ou ka di Mapyang se Erzulie menmjan ou ka di Boran se Erzulie men ou paka di se menm dimansyon an. Ou ka mete Dantor sou yon lòt dimansyon ki pi eleve oubyen pi ba men li toujou rete Dantor, li pa devni Mapyang. Lèm bezwen Mapyang sou yon dimansyon ki cho anpil mtoujou mete pwav ak chilly pepper nan mèch la e se se menm bagay pou Dantor. Lè yo vini mwen vide anpil pwav ak sèl amoniak nan rum nan pou yo ka deborder epim fè sur pa gen timoun la. Ou metel sou dimansyon ki wo, lè sa moun li chevoche a ka rann san tèlman li fò. Sa se lèm bezwen fè yon travay san pitye. Mka fè Mapyang depase ni Marinette ni Bakoulou Baka. Mapyang ka fèw defier la gravité siw konn kijan pouw metel sou dimansyon sa. Gen anpil moun ki pran kontra ak Mapyang poul manje yo pou se sèlman limenm ki ka manje yo. Moun sayo ap pwoteje kont tout lòt fòs malefik pou juskaske yo mourikòman ou ka invoke/interpeller Mapyang
Formul sa bon pou debutan yo, pou zanfan yo, oumenm ki pa vle yo baw grad malfektèz etc... mkonn sam di a. Siw se yon twòp pou tè deja ki konn kijan pouw monte gwo lanp ou fè gwo mèch ou, ki pa nan rans ak moun devan afèw menmjan avèm, sa pa pou ou. Wap bezwen yon balèn rouj, yon boutèy, Florida, yon divin rouj, yon pake bazilik. lè wap trase balèn nan, fè sur kew trase l sorti anba pou monter( trase balèn nan se ak zong ou, kòmsi w grafonyen l sorti anba pou monte. mkonnen plen moun ki pral mande mtou reponn, mkonnen se timoun nou ye 😂) wap depoze yo tout sou tab la epi wap kite boutèy diven an bouche. Wap pran Florida a wap vide bazilik sou li epi wap wouze ni balèn nan ni mouchwa a men fòk se yon mouchwa ki batize pou Mapyang. mwen te montre kijan pou batize mouchwa lwa deja. Pa mete ajenou, kanpe pouw pale ak Mapyang. Mete fanm/gason sou ou se petro. Manmanm konn tèlman konsantre li tranble. Di Erzulie Mapyang map relew aswè a, papa legba oumenm ki nan baryè a mwen mandew pasaj, rele bitasyon bò manman w mande yo pasaj, rele bitasyon bò papaw mande yo pasaj epi fè 4 fasad salye linivè, mwen te montre nou sa deja. Si se vanjans wap mande rale ponya Mapyang ou kenbel di. si se yon demand wap fè wap mande byenfè, travay, etc.. leve balèn nan anlè epi pale kozew ak madanm nan. mete fanm sou ou. se oumenm ki konn kisaw bezwen nan menl alor saw pral di depan de oumenm.Gen moun lwa a konn tou monte yo aprè demand lan. Lèw fini dil divin sa se yon kado. lèm jwenn sam mandew la map debouchel men pou kounya mpoko ba oul. Lèw jwenn saw bezwen an ou supoze debouchel epi vide 3 gout atè, achte 2 mete sou tab la. poze kesyon yo
*pa bliye mare tèt ou ak mouchwa a epi al dormir. fè demand lan antre 7-10h du soir jou Mardi oubyen samedi. Siw fèl a minuit pou 1h se Je rouj kap vini paske pa bliye se menm Erzulie a toujou sou plizyè dimansyonSalye Mapyang
Yonn nan gwo towo nan escort Erzulie a. Nou konnen deja, lwa a se Erzulie li rele. Se yon gwo espri fanm, se pa tibagay piti se yonn nan towo yo men li gen anpi dimansyon e chak dimansyon yo pote non pa yo Mapyang se dimansyon Sanpwèl, dimansyon bizango, I vrèman puissan e li mande anpil attention ak respè menmjan ak Marinette. Amateur pa dwe rele Mapyang ak mèch paskew gendwa paka kontwolel sou dimansyon sa. mwen te esplike kijan pou amateur oubyen zanfan vo antre an kontak ak MapyangNap fè yon ti mize sou Mapyang paske kesyon yo anpil. Mwen espere nou pa kole menmjan ak Marinette
premye kesyon map reponn pou jounen an
Non Mapyang pa grann Brigitte, Mapyang se Reine sanpwèl li travay nan simetyè ak bawon kriminèl. fòk nou konnen ke tout espri ki pase moun a l'infinitif travay ak bawon paske se limenm ki responsab koze la mort. Nap wè ni Bakoulou, ni Marinette, ni je rouj travay ak bawon. mpa twò renmen itilize term "manje moun" nan paske moun yo pa vrèman konprann li. Anpil moun panse sa vle di mete nan chodyè kwit manje. non, pas dutou. Se menm mort saw rele mort naturèl la li ye. separation kò a ak espri a. Menm sa Jeovah fè a, li pran nanm nan li kite kò a ap pouri anba tè. Gen consumption vrèman vre wi men se anndan sosyete yo sa fèt kote espri a li vin konsome yon animal ki rezone men se pa yon mort. Yap sorti bann sanpwèl yap pran animal la tou vivan yap rasanble, espri a ap antre nan tèt yo yap konsome animal la tou kri. Se rezon sa ki fè lè sanpwèl pran moun ou pap janm wè moun sa ankò. NB: chak sosyete se yon antite pou kont li an deyò de vodou. Tout moun ki nan sosyete se vodouizan men tout vodouizan pa nan sosyetedepi w ka rele Mapyang ou gentan pa timoun ankò. Gen konesans pa fè de ou yon malfektè men li fè de ou yon konnen alor ou sortir nan inyorans. Ou malfecteur sèlman siw fè malfezan. Malfektè sorti nan mo mal ki vle di yon moun ki pran plezil nan fè sa ki mal. Se vre gwo lwa sayo ou ka rele yo pouw fè le mal e yap fèl siw fè demand lan byen. Tout moun ki diw le contraire se manti. Se pa bay manti sou do lwa yo fè yo pase pou sa ke yo pa ye ke lwa yo ap chache men se pito kisaw itilize konesans kew genyen pouw fè avèl. Ou ka relel pou tire revanj men konsa tou ou ka relel pou pwoteje pitit ou, pou pwoteje fanmiw kont fòs malefik e lè yo sou dimansyon djab se lè sa yo bay repons pi vit. Plus dimansyon l pi wo se plus pouvwa li genyen. Se sak fèw remake ke nan vodou wap remake se lwa cho ke moun yo plus enterese. Se yo menm ki bay bon jan lajan bon kòb ki pou fèw milyonè ki pou fèw grannèg, se kòb pouw degajew non, kòb pouw gran nèg pouw gran fanm. Mapyang se Jistis ak lajan ak lavi miyò li plus bay. Li pi vit poul reponn ou si se bagay sayo ou mandelKòman pouw sakre sèkèy madoulè Mapyang lan
Mwen te montre nou deja kòman pouw beni tout materiel vodou yo nan fason pam e anpil lòt moun te pran initiatif yo montre kèk lòt fason ke yo konnen. mpa vle okenn pitit platform nan pa konnen ti bagay sa yo. Kit se mouchwa lwa, manchèt Ogou, ponya Dantor, koulin Lenglesou, crich marasa, etc... tout beni yon sèl fason. Siw pa beni ti sèkèy la se kòmsi se yon sèkèy ou gen lakay ou, li pa sakre ak okenn lwa. Oumenm kap debute ou pa bezwen achte gwo sèkèy pou moun al baw non lè yo wèl lakay ou. Bay yon boss ebenist fè yon ti mwayèn kew ka sere fasil oubyen achte l men ou pa dwe fè pri ak ni boss la ni machann nan, nenpòt sa yo mande w achtel, siw pa gen kòb dil kenbel pou ou pou lèw tounen. Siw gentan fò nan afèw tout moun konnen kisa w ye, ou pa ladann. Mkonn wè moun ki installer sèkèy yo devan baryè yo, nan mitan lakou yo etc.. Ou poko ka fè menmjan ak moun sayo paske yo poko konnenw sou non sa. Moun sayo se moun ki leve nan bagay la menmjan avèm, tout zanmi yo se menmjan avèk yo ye , yo renmen bagay sayo yo pa pa peur yo paske yo konnen kisal ye deja. Men oumenm ki ap antre se ti pa ti pa. pa pote boure. Nou konnen mpa renmen lage nou nan difeNon, Sèkèy madoulè pa fèt pou tout moun. Se souvan moun ki nan sosyete ki konn bezwen ti madoulè. Serviteur lwa ki gen Sèkèy yo se lwa a ki mandel yo, moun ki servir ak Mapyang, bawon kriminèl etc... lwa sayo souvan mande yo Sèkèy la. Moun sayo travay ak lwa a, yo fè tretman, yo bay pwen, yo bay boul bòlèt etc... Si w pa nan sosyete ni lwa a pa mandew pouw achte madoulè, ou pa dwe achte madoulè mete lakay ou. se pa tout materiel vodou ki fèt pou tout moun. Se sak fèm diw sou platform nan ou supoze pran sak pou ou kite sak pa pou ou atè. Gen post ki pa konsène tout moun men kwèm siw vle à 100% gen moun se pati saw kite atè a ki pati pa yo a menmtout saw fè pouw kontribye nan travay sa wap beni kanmèm. Ou edem reponn kesyon ou beni, ou partager yon post kew renmen information an ki degaje a ou beni paske akoz de oumenm yon lòt ap wèl, ou like pouw atire attention lòt moun ou beni, ou pran contenu yo ou poste yo sou paj ou ou beni. Anpil moun di empereur ou se sèl grenn moun mwen wè ki apresye lè moun pran fotow yo pran video w se aplodi w aplodi moun nan. Banm diw yon bagay: moun ki fache yo lè moun pran yon post ke yo kreye yo postel sou paj yo, moun sayo se moun kap fè yon travay pou tèt yo, mwen menm map fè yon travay pou lwa yo. Se yomenm ki pou rekonpanse m, wi se merci poum di moun sa ki pranl lan paske akoz de moun sa yon lòt ap wèl. Ou se yon espri wap rele yon moun lontan li pa konprann si wap relel, li pa konnen ki espri kap relel ni li pa konnen kijan poul reponn, sim mete moun sa nan chemen poul vin jwenn ou se yon rankont mwen fè pou ou ak moun sa kew renmen anpil la. moun sa te lwen w mwen fèl vin prew, mwen merite yon gwo rekonpans nan menw. Se wè pou nou ta wè jan afèm ap byen mache akoz de sa map fè la. Tout pwoblèm mwen rezoud byen fasil. Toujou gen yon bon moun sou chemen m lèm anagaje. Mwen just kouche lakay mwen epi solution ap mache dèyèm. Ni oumenm tou siw mete men nan travay la wap wè. Lwa pa renmen travay sanl pa rekonpanse e se konsa tou yo pa fè moun travay san yo pa rekonpanse w. kwèm si nou vleSalye minis lan
Kouzen Zaka/Azaka Mede
pa bliye li pa limite sèlman ak agriculture. Li bay travay biwo tou, se pa sèlman ti machann li ede, li ede gwo compagnie milyadè yo tou. Ellon Musk ak Donald Trump servir ak kouzen. lwa yo pa gen limit. Se pa ti espri piti yo yemenmsi m ba nou kouzen nwa tou, lè nou rive anba peristil yo se plus kouzen blan nap jwenn ki se saint Isidore. Kouzen accepter imaj blan an so nou pa bezwen fè diskisyon sou sa. Siw fè yon nwa tou ou batizel sou non kouzen mpa ka diw si lap pranl ou pa men sèl sam konnen depim fèt se imaj saint Isidore la ki toujou sou tout altar kouzen ni lè yap fè seremoni pou li se 100% garanti. Piga nou al fè angran pale anpil pase lòd nan seremoni moun pouw al di foto pa dwe la. Se frekansite saye e nan vodou lèw fè frekan yo achtel. siw prefere imaj yon moun nwa pou prezante kouzen just fèl oumenm pèsonèlman men pa di lòt moun afè yo pa bonDamballah La flambeau
se limenm mkonnen tout moun pi peur nan vodou men nou tout konnen se pa limenm ki fè dega yo. Nou tout konnen kiyès lwa kap fè dega yo. Nou tout konnen kiyès lwa kap pran san yo pa bayo yo. La flambeau pa janm yonn ladann yo. Wi se yon gwo gad ki puissan anpil pou protection. Se yon gad yo souvan mete akonpanye moun ki pral lwen fanmil kote yo pa konnen moun sa menm. Yo konn fè moun sa vin koupe gad ak La flambeau. Gran papam remmen koupe gad pou moun nam fanmi an ki pral lekòl lavil oubyen nan yon lòt peyi pou gad la pwotejew paske pa gen moun paw ki la. Yo itilize system nan nan cinema tou, si nou gade movie Chinwa a Mulan, li gen anime ladann li gen film ladann, se yon bagay konsa li ye. Se menm system nan. Dragon rouj la se limenm ki la flambeau a nan lòt civilisation yo. Yo itilize l kòm yon gwo gardien. Se yon gwo fòs kew genyen kotew pou pwoteksyon. normalman ou supoze santiw an sekirite lè gad sa la, ou pa supoze santiw peur paske objectif li se poul pwotejew. Li pa deplase nan objectif pou fè moun mal, se pa yon gwo koulèv mechan kap mache chache moun poul touye. C'est loin loin loin de sa. Li pa ale kote yo pa voyel ni kote ki pa bezwenl. Li pap vin lakay ou sil pa gendwa. Li pap rete kote yo pa renmenl. Se kote yo resevwal, kote yo fè sèvis pou li se la wap jwenn li. Poul sèvi avèw fòk li fè pati de fanmi an. Li pap manyen anyen yo pa bali. poze kesyonDamballah La flambeau
lwa protection ak richess extreme. Se yonn nan lwa ki bay gwo lajan menmjan ak Bakoulou Baka. Nan koze gad, li se number one. Lakou ki gen La flambeau wap remake ke moun pa tonbe la fasil par mort mistik paske li garanti protection a 100%. Kotel demere lougawou pa manje timoun fanm gwòs pa fè fausse couche. Salye towo a.
lèw reve Damballah La Flambeau. Li pa yon move rèv. men kijanw ka entèprete yoDamballah La flambeau pa Damballah Wedo men se Pluto yon lòt dimansyon Damballah. Se Damballah men li pa Wedo. Damballah Wedo se yon espri dlo kew jwenn nan nation Radar ki specialize nan medecine e ki se patron tout moun ki etudier branch medical. Damballah La flambeau se yon espri gad ki viv nan dife kew jwenn nan nation petro ki sou eleman dife. Li se yon dimansyon ki ektrèmeman wo. Ou ka bali bwè ju rouj, ze rouj, couleur li se vert e rouj. jou li se menm jou ak tout lwa petro yo, Mardi ak samedi. Se yonn nan gwo towo yo kew supoze fè attention avèl. Pa monte sou li konsa paske se pa yon espri pou amateur. Se yon lwa li ye ki just sou yon dimansyon elve. sil mandew poul li vle di poul, sil mandew kabrit li vle di kabrit. pa gen sipriz ak La flambeau men fè anpil attention ak espri sa.Kijan w ka fè attention ak yon lwa
premye kesyon map reponn jodia
anpil moun renmen di fraz sa yo; tèl espri mande pouw fè attention avèl, se yon espri ki danjere anpil, pa jwe ak tèl espri, mache sou 13 ou si tèl espri mache avèw etc... moun sayo toujou ap di men kisa espri a ka fèw men ki mal li ka fèw men ki rezon ki ka fèl fèw mal men yo pa janm vrèman di ki prekosyon ke yon moun kab pran. aprann sa jodia; chak lwa gen regleman pal. ou supoze fè regleman chak lwa individuellement. Sa Ogou renmen, se pa limenm Dantor renmen. Prekosyon ou pran se fè sèvis pou li nan fason kew dwe fè service la. pa fè service pou kont ou, kouto pa grate manch li. Ou supoze toujou akonpanye ak yon mambo/ougan. toujou fè yon ti sortir al gade laviw, siveye rèv wap fè paske se plus nan rèv yo pale, pa itilize yo pou fè mal paske kwèm siw vle yo pa renmen sa, mande yo Jistis men pa mande yo fè moun mal, kite se yomemm ki deside ki pèn moun sa merite. pa pwomèt yo siw konnen w pap kenbe pwomès ou. Pa fè yo baw gwo epi oumenm wap bayo piti. egzanp ou fè gwo tretman pou 20mil dola, 10mil, 50mil, ou bay gwo boul bòlèt kout 100mil ap tonbe avèk yo epiw bayo yon kout tafya kòm rekonpans epiw pran lajan w wal achter bèl kay ak bèl machin, voye pitit ou al etudier a l'etranje etc... Lè konsa lap pran ti bouk kabrit, lap pran ti poulèt poul , lap pran w. Gen yon espri mkonnen li fè ougan an oubyen manbo a antre nan dife tou vivan epil kankannenl. banm diw yon bagay: Li fè plizyè ane wap itilize l poulw fè gwo lajan wap byen pase, lajanw pouw gaspiye nan bouda fanm. ou gen 3, 4 fanm ak pitit wap okipe sou dol epi wap fè seremoni pou li ou pa fè gwo babako, se yon ti bahay malere ou fè pou li. Ou resevwal tankou yon ti espri grapyay ki pa travay pou sa se faveur wap fèl? ap gen anpil sèkèy kap sortir nan lakou sa. Lèw pral fè service pou yon lwa kew travay avèl ou supoze bal meilleur de oumenm. Ou pa Bezwen peur lwa a kòmsi lap vin fèw mal san rezon. Lwa pa gen dwa sou imen konsaNou sot fè yon semèn ak Mapyang. Mwen espere nou konnen tout sa nou dwe konnen de Mapyang, ki couleur li, kisal manje, kisal bwè, ki jou li, kijanw ka relel, ki lè pouw relel, kijan pouw fè diferans antre limenm ak lòt Erzulie ki sanble avèl yo tankou Dantor ak Boran. ki materiel li servir, e kijanw kab monter yon tab Mapyang, kijanw ka monter altar Mapyang, nan ki sosyete yo resevwa l etc.. Si yon moun parese ou pa renmen li sa se oumenm. Mwen te di tout zanfan yo achte yon cahier siw serye nan rout spirituel sa. Siw pa gentan pouw li post la lèw wèl, se pouw share li sou paj ou pou lèw gentan ou pase sou li. Lè konsa wap gen chans pouw revize pouw rafrechi memwaw sou saw bliye. Siw pat konn vèvè a se limenm ki nan mi anDamballah La flambeau zanj gerizon an. Lè nèg sa resi di lap desann se gerizon sur le champ. Gerizon cho, gerizon rapid. kokobe mache, avèg wè, operation anile. kotel demere zonbi vole gagè, move zè pase lwen. Se koulèv dife a ki laNon li pa manje moun dutou dutou men li bay peine de mort ak moun ki meritel yo. Lè yo dil manje moun nan c'est pas dans le sens li manje la chaire humaine men se pito dans le sens li bay la mort naturelle ki vle di separion entre kò ak espri. kò a pral pouri anba tè epi li pral juje ak nanm nan. Li pa mèt okenn sosyete. Gen yon lòt espri ki sanble avèl ke yo resevwa nan kèk sosyete, li rele simbi Makaya men se pa limenm. Damballah La flambeau se just yon lòt dimansyon Damballah men li pa Wedo. Se yonn nan pi gwo gad ki genyen pou protection fanmi. Non, li pap janm mandew bal mounaffaire Bizoton
Affair Bizoton an se manti, manti, manti, manti. Se sèlman istwa sa ki egziste kòm la flambeau accepter sakrifis humaine. Tout espri ki accepter sacrifice humaine yo nou konnen yo e nou konnen empereur a pa renmen kache ni lwa yo non plus pa nan kache. Se te just yon konplotaj pou yo te ka bani vodou. Yo just chwazi espri Damballah akoz de presentation l. Tout moun peur koulèv li plus fasil pou yon moun accepter si yo diw yon lwa koulèv fè yon moun mechanste epourtant se pa lwa koulèv yo dutou kap fè mechanste yo. Moun peur yo paske se presentation yon animal ke tout moun konnen ki konn fè dega, si yon espri prezante sou form sa se normal moun ap panse li pa yon bon espri menmsi se le kontrè. Ou pap tande yon istwa kote lwa sa te fè dega. Gen lòt espri ki bon ak moun men anndan sosyete yo se pa menm bagay ki diferan de lwa sa ki se La flambeau. Li pa konsome lòt bagay anndan sosyete ni mpa konn tande yo dil se wa okenn sosyete(afè Bizoton an se yon timoun yo di yon matant li oubyen tonton l te ofril en sakrifis bay Damballah pou richess ke yon moun te wè lè sa ap fèt epi yo te repòte sa. yo te arete moun yo epi yo te bani vodou an jeneral kòm yon religion satanic a traver le mond)Pa janm kitew tonbe nan pozisyon sa
Èskew te konnen ou pa mouri vre se oumenm kap mache normal ak tout konsyans pou w sortir nan simetyè a juskaske w rive kote yap mennenw la pou yo fèw tounen zonbi? Se kòmsi advèsè yo pranw pou yo fè sayo vle ak kòw. Mwen te ansenye nou anpil espri ki bay 2em chans. Nenpòt saw ta fè a ou pa dwe kite yo pranw. Mwen te ansenye sa ak tout pitit platform nan. Gen moun ki tap pale anpil di yo pa dakor oh oui siw antò ou dwe livre tèt ou bay advèsè a poul pranw poul fèw tounen bèf poul manje, poul fèw tounen ti bourik pou w fè rès viw ap pote chay, poul fèw travay nan jaden, pou yo itilize kò astral ou pou voye nanm sou moun pou fè mechanste. Mwen te wè pitit platform nan ki tap bayo bwa kale, bon bwa kale a. Gen yon demwazèl menm mmande kotel aprann joure gen lè brav gede te montel. non mwen pa ankouraje nou joure paske se pa yon bèl imaj pou noumenm ki reprezante vodou men mtap fè ti souri nan kèm lè map li yo paske se yon bèl satisfaction lèm wè pitit platform nan kap defann platform nan. Se yon bèl ankourajman li ye pou mwen lèm wè mwen pa pou kont mwen, gen moun ki kanpe rèd avèm nan travay la e se yon bèl motivation ak prèv lanmou ak onètete. Tout moun ki renmenw kont moun ki pa renmenw. Merci ak tout zanfan yo ak frè ak sè kap edem yo se te yon plezi. Pa bliye menmsiw te Nenpòt saw te ye a, ou pa dwe livrew bay pèsòn. Moun sa supoze pranw sil kapab men se pouw goumen jouk dernier souf ou ou te mèt te lougawou. Mwen menm mwen pa dakor moun touye lougawou m. Sim konn yon fanmim lougawou map gatel men piga moun touye lougawou m. Depiw touye lougawou m map pranw tou. mpap gen kè poum konnen yon fanmim anba kòd nan men pèsòn pou nenpòt rezon. Sa se system pam ou pa oblije kopyelPonya Dantor a pa la pou fèw mal ni pou fèw peur. Mwen vle nou konprann vodou a 100%. Lè Dantor ap manifeste ak ponya se pou pwouve kapasite li genyen poul itilize ponya poul defann ou men se pa poul fèw peur. Lèl vini ou dwe bal ponyal poul fè antrènmanl. se yon demonstration de sa l ka fè ak ponya sa poul defann ou. Se nan avantaj ou. Se yon gad pwotektris li ye. Èske w ta vle pou moun kap siveyew la se yon mòlòlò? Siw tap pran yon sekirite èske se yon moun dousman ou tap pran oubyen yon moun ki mabyal? Sil te dousman ou pa tap relel lèw an danjeSam di nou fè a se li pou nou fè
Nan vodou moun pa livre tèt yo ni fanmi yo bay moun. Menm moun nou tande kap plenyen yo pa dakor yo yo pap kouche tann santans yo vre. Ou te mèt te lougawou se pouw toke corn ou ak moun ki vin tire revanj yo epi pran yo tou mete sou saw te gentan pran an. Pran manman pran papa pran sè pran frè pran cousine pran matant epi lè wap pran kòmanse nan saw konnen ki pi fò a, lè sa ou takle yo. Moun ki renmen pran bò revanj yo, oumenm tou lè wap tire revanj pigaw di sa paske yo pral dèyè pranw avanw pran yo ni pigaw ale kay ougan ki prèw pouw tire revanj lan. ale lwen men pa janm di moun afèw. Sam di nou an se sal ye. Nan Vodou se pranm SIW KAPAB li ye. Pi gwo malfektè yo pa tonbe fasil. Moun ki konn kijan poul pase yon moun mistikman pa yon timoun piti. Attention ak kijan wap rive sou li poul pa pranw tou. pawòl gran moun map ban nou. Nou mèt mouri sou kont mwen map plake verité a nan kòlèt nou tou kri. Gen yon fanm trè popilè ki fè sa la nan boul figi nou la. mpap site non nap wè kiyès, ti pitit la pase nan menl, lè manman vin tire revanj li pase, lè grann vin tire revanj li pase e si yo pa poze yo anpil lòt ap pase. Se pa paske pa gen lòt towo ki ka pranl non men li toke corn li epi l genyen batay la. Empereur Nicolassiw pa fin sur kew gen rezon, rete lwen lwen lwen madanm sa wi. Tout moun se pitit li, menm advèsèw la tou wi se pitit li tou wi. Li pral juje nou selon moun ki gen rezon an epi se pa nenpòt ti bagay yon moun fèw non lap tandew poul defann ou an. Gen de bagay li pase trè sou li, gen de bagay se yon tap moun nan merite, gen de bagay se gwonde li gwonde moun nan, gen de bagay se zòrèy moun nan li redi. Si wap bat kòt se oumenm lap puni ankò. Siw antò evite fè demand ak tout antite ki se limenm toujou tankou Sainte Anne, DesErmithes, Je rouj, Black Madonna, Perpetuel, Mont Carmelle, Sainte Marguerite, vierge Miracle se menm Dantor a toujouSalye Saint Paul, Sainte Anne, ak Saint Joachim
chanter libera
Nou pral fè yon ti monter pi wo nou pral montrew kòman pouw libere mò nan fanmiw kap baw pwoblèm. Se pa nui lap nuiw non lè konsa. Li bezwen èd paske kotel ye a li pa bon e se oumenm li genyen poul mande èd. Se sak fè yo diw Ou pa dwe chase mò nan fanmiw kap anmèdew paske li pa konnen ki kote poul mande èd ankò. Se ede pouw edel. Rete branchSaint Anne ak Saint Joachim se yo menm ki responsab pou Libera. se yo menm ki gen vertu pou libere mort pou desonnen lwa ak tout espri ki te mache avél pou moun sa kab reincarner. Menmsiw tande vodouizan kap bat kò yo di legliz katolik ceci legliz katolik cela, pa gen lòt fason pou chanter libera pou yo lè yo mouri ke par là. Yo bay chanter mess nan legliz katolik pou chretien katolik ak vodouizan men se plis pè savan yo ki chanter libera pou vodouizan e se menm bagay la yo fèl se ak Sainte Anne ak Saint Joachim accompaner de Saint Paul. Saint Anne ak Saint Joachim se manman ak papa vierge Marie. Yo se gran paran JezueÈske Nou tout klè sou Sainte Anne ak Saint Joachim? Mwen sot pale de yo. Nou ka al fè ti recherche pa nou pou kont nou sou net la. mpral montre nou kijan pou nou monter yon lanp eternel. nap bezwen tout sayo pandan leson sou chanter libera yo. Mpa vle okenn moun ap di mpa konn kijan pouw monter lanp, mpa konnen kisa ki yon crich ibo etc.. Aprè leson libera yo tout pitit platform nan supoze konnen kijan pou yo chanter yon libera pou libere nenpòt mò kap anmèdew, nenpòt mò kap fèw peur, nenpòt mort ki anpechew dormir pouw konnen kijan pouw liberel paske se pa peur lap fèw peur vre se èd lap mandew se oumenm ki peur paske se mort li ye. Se pa bagay timoun non map fè pou nou la. Se bagay ki ka retirew nan gwo pwoblèm ki ka debloke w pou afèw mache a 100% . Lè mort blokew li pi rèd pase lwa. Pa okipe moun kap vin diw katolik ceci katolik cela. Rele yon pè savann se Sainte Anne saint Paul Saint Joachim. Rele manbo ak ougan menm bagay, bay chanter mess nan legliz katolik se menm bagay laTout fanmi an jeneral dwe reyini pou chanter libera pou libere mò a. menmsi nou pa byen nou dwe reyini jou sa aprè si nou vle kontinye pa byen an na fè sa men fè sur ke ou invite tout mounlanp eternel
pouw chante libera wap bezwen avan tout bagay monter yon lanp eternel yon lanp delivrans. Pa bliye se lanp lan ki pi enpòtan nan tout bagay yo. kijan wap monter lanp lan. lanp les morts fèt senp. ou bezwen yon ti kivèt blan emaye oubyen yon gwo bòl. lanp lan paka piti paske fòt li dire valè jou wap chante libera. wap bezwen lwil manje, ak dlo ak koton. wap vide un peu dlo nan kivèt la wap vide diri blan epi wap vide anpil lwil manje epi wap achte etwal yo vann pou mèch chita nan botanica oubyen nenpòt kote yo vann bagay maji. wap fè yon mèch ak koton. mèch la byen fasil. se just pran yon koton epi woule yon pati nan coton an fèl fè pwent pouw ka limenl. metel chita sou etwal la epi metel ap naje sou lwil la epi limenl. li supoze rete limen pou juskaske w etèn li. pa bliye ajoute lwil plus lanp lan ap boule paske lwil la ap fini. pou lòt engredyen ak lòt kalite lwil ou ka mete, se plus pou moun ki konnen deja pa bliye gen yon pè savan kap vin prezide travay la pou ou, li konnen tout sa poul fè. Mwen just montrew fason pouw fè yon lanp eternel. Si wap fèl pou libere tèt ou de pwoblèm paw se pa pou yon mort, ou kab ajoute jijiri, ou kab mete pwav ginen. Ou ka fèl nan plizyè veso sa pral depan de pou ki lwa wap fèl. si se Freda fèl anndan anana, si se dantor fèl nan ti chodyè twa pye, tout lwa rada yo nèt se asyèt blan. Tout moun ka di kòman yo fè lanp eternel nan fason pa yo konsa zanfan yo ap konnen. Pa bliye ou pa dwe deplase lanp lan kotew montel la epi ou supoze pase sou lanp lan aumoins yon fwa pa jou pouw kontinye fè demand lan. ou ka fèl fè 3 jou, j jou, 21 jou depan de mwayenw. Pou mò yo pè savan an gen kontŵòl lanp lanPouw chante yon libera wap bezwen yon kannari ibo, yon kivèt blan yon nap blan epi achte kès balèn blan, wap bezwen tout manje ki ale nan bouch. wap bezwen akonpanye de yon pè savan. wap mete tout sòt de manje ki ale nan bouch sou tap la epi wap monte yon lotèl pou rele mò a. Pè savan an konn kijan poul rele mò a sou direction papa loko. Sa pral depan de ki valè jou wap fè tab la men tab manje a supoze monter dernier jou a e ou supoze chanter kantik pou mort a pandan 3 jou oubyen 7 jou pou tout fanmi an reyini vin kenbe balèn pou chanter kantik yo. Pè savan an konnen ki kantik poul chanter nan chak jou e ki sen ki mache ak tèl jou. wap monter yon lanp eternel pandan 7 jou. mwen te montre nou ki jan pou nou monter lanp lan. ou pa dwe etèn li. dernier jou a wap monter tab la epi ou pral kase kannari a nan simityè. Nan dernier jou a mort a supoze vini nan tèt yon moun menmjan ak yon lwa. poul pale , poul manifeste, poul di ki kotel ye, kòman sa ye pou li, kòmanl mouri etc... li supoze manje sou tab la. se konsa wap libere mort sa de tout gad , de tout sa ki te mache avèl sou tè sa. li ka reincarner, li ka ale au sein d'Abraham men li pa yon nanm abandone ankò. Moun paka itilize l jan yo vle, li pap yon gede, li pap vin fè moun peur nan dormir, li pyès moun paka itilize l pou voye sou moun pou fè pyès moun mechanste. Ou pa dwe chase mort nan fanmiw ki ap mandew sekou. Gen moun ki bayo travay pou yo fè olye yo ede yo non, lè konsa moun sa vin yon nanm abandone, li vulnerab pou tout moun itilize. poze anpil kesyon, fè kòmantè yo long anpil, bay bon repons epi se konsa platform nou an ap avanse nan lanmou nan la paix ak respect. Empereur NicolasSalye Toro Dichenn
Se yon gad ki trè popilè ke nou tout konnen. yonn nan gwo towo ki bay anpil lajan yo. Se djab ki bay plus boul bòlèt ak gwo kondisyon. Li mache sou dimansyon men li paka desann pi ba ke kotel ye a se sak fè li nan chèn li pa lib. menmjan ak bakoulou baka, zansèt nou yo te anchenel. se sak fè li pote non towo Dichenn ki vle di yon towo bèf ki nan chenn.wi ou ka bay etranje ki vin potew kou d men nan priyè pou mò a oubyen libera nenpòt jan yo rele l bò lakay ou manje nan manje a men fòk tout la fanmi manje menmsi se yon ti bouche. non, pyès pè savan paka fè yon libera pou ou nan tiktok live oubyen nan WhatsApp video. wi, fòk ou al kase kannari a nan simetyè a ak tout la fanmi pou klotire libera a. non, rès ma lwil lanp eternel la pa enpòtan. ou ka dispozel janw vle, jetel nan fatra, anterel se menm bagay. konsiderel kòm yon bagay ou pa bezwen ankò. non, ou pap ka fèl pou kont ou paskew pa konn chante kantik ni priyè les morts. Se aprann pè savan an al aprann li ni ou pap konn kijan pouw rele mò a. wi se ak les saints e les loas yo fèl. pa gen lòt fason mkonnen yo fèl. Oui gen saint nan vodou, tout ougan ak manbo itilize saint pou fè kèk travay. tande lè moun ki anndan ap pale, pa suiv moun ki arebò yo. Empereur NicolasErzulie Dan Petro
manman e protectrice pèp ayisyen. Dan Petro se limenm ki dimansyon Dantor a. Li pa pale sou dimansyon sa. KekekekeToro Dichenn se yon dimansyon Bossou ke zansèt nou yo te oblije anchene paske yo te juje li twò danjere pou future jenerasyon yo jere. Gen anpil lòt espri ki anba chèn toujou tankou Bakoulou ak anpil lòt ke nou pa tande men yo la nan kèk bitasyon, yo paka gaye kò yo paske yo anchene. Bakoulou ak Towo yomenm itilize pouvwa yo pou yo gaye kò yo men yo toujou anba kòd. Nap souvan tande bon manbo ak hougan yo ap diw chak bitasyon gen yon djab ladann. se yon gwo bout verite li ye. rezon ki fè yo anchene yo se paske yo konsome animal rezone. si yo pa anchene yo yap pran san yo pa bayo. Lè yo anba chèn, se moun ki siyen tèt yo bayo ak moun ki fè yo du tort tankou moun ki fè yo travay san rekonpanse yo yap ka pran paske moun sa annafè avèk yo. lakou ki gen toro dichenn souvan ap byen pase ekonomikman. wap wè pi fò moun pati pifò moun gen gwo kay gwo biznis men lè lè a rive fòk tout moun rasanble pou yo bal manje oubyen wap nan gwo kontravansyon ak towo a. Li pa padone menmsi w sipliyel lap pranw kanmèm. Alor pa jwe ak nonm nanCouleur Towo Dichenn se rouj e nwa menmjan ak tout lwa ki nan fanmi Bossou. jou li se Mardi ak Samedi. pa bliye ou ka salye tout espri petro yo ni lwa ni gad ni djab lè madi menmsi yo gen lòt jou yo bayo pou yo espesyalman nan kèk bitasyon. Li bwè rum, li bwè diven rouj, li manje bèf, li bwè likid rouj bèf. Tout sa ou bay Bossou ou ka balil tou epi pa bliye lè wap bal manje se gwo babako pouw fè. bal yonn oubyen plizyè bèf. Mwen te aprann nou se Belekou ki fè sakrifis pou tout lwa ki nan fanmi Bossou. Si moun nan gen belekou vrèman li supoze pase bèf la a l'infinitif pou kont li nan mwens ke 5 mns paske Belekou twò fò pou kapasite humaineMen moun kap bay lwa manje
Bèf la gra. Èske moun sa ka gen pwoblèm ak okenn lwa ni djab ni gad? non, pas dutou. Wap wè moun sa menm kriye pigaw fèl kriye, djab la ap kalew. Depiw annafè avèl ou annafè ak lwa a. lap gen 70 ans lap sanble ak yon ti jèn, lap gen tout vigè li epi lap an sante. lap mouri mò ti granmoun. tout tan yo pa desonnen lwa yo li pap ale. gen anpil ka kote moun nan konn fini li ale lontan epi gad yo kenbe kò a. ou konn poukisa? Li ra pou yo jwenn yon bon serviteur konsa ki pa engra. lwa yo pa parese si yo travay fòk yo byen manje. yo bezwen enèji pou yo travay e se nan saw bayo yo puize enèji. janw bezwen nouriti a se konsa yo bezwen nouriti tou. imajinew ou fè tout yon ane wap travay di wap fè yon moun fè kòb epi l lonje 100 dola ba ou, èskew pap nève? Bay lwa yo sa yo merite. Empereur Nicolasnon, okenn kantik libera pap ka libere yon zonbi. paske sonjem te ansenye ke moun nan pa mouri dutou dutou. Se just yon pwazon ki just bezwen yon antidot. Moun nan ap reveye a minuit kanmèm e antidot la se sèl. tout tan yap bat moun nan pou sortir nan simetyè a pou rive lakay malfektè moun nan normal. Se lèl rive lakay malfektè a yap zonbifye ak yon poud ki rele poud zonbi. yap marel anndan yon dra ak tout enfredyan yo pou kèk jou epi lè yo liberel lap vin yon zonbi. yo fè sak rele separation antre kò astral la ak fò fizik la. Kò fizik la pa konn anyen yo ka fè sayo vle avèl. li normalman menmjan ak yon bèt. yo mennenl jan yo vle. Moun nan konn gen gwo gad sou li ki fèl rebèl men se pa limenm ki rebèl la se gad la paske moun nan pa mouri vre. Gen malfektè ki konnen ki desonnen gad la, zonbi a pap rebèl ankò. Kò astral la yo konn metel nan yon boutèy yo konn itilize l pou fè moun mechanste. Se avèl yo voye zonbi sou moun ou tande moun sa gen zonbi nan tèt li. Lakay mwen nou toujou al goumen ak malfektè yo nou pran moun nan. Bat pouw rive avan malfektè yo epi fè yon ougan monter yon boutèy 7 corn pou ou. Ougan ki voyew la supoze diw tout sa pouw fè epi pa ale pou kont ou, ale an group. Yon sèl fwa mwen menm ak yon ekip lòt nèg nan fanmim te al pran yon mò nan men malfektè, yo pa vini. Nou leve mò a nou just bal sèl epi nou pozel anpil kesyon li reponn nou. Nou mandel sa lap fè la li di se remèd nap fè pou li. nou voyel ale lakay pou kont li nou dèyè nèt pou nou ka wè malfektè a nou pa janm wèl. juska prezan li la belle jeune fille li fè 2 tifi. mwen menm ki parenn premye a. juska prezan mpa janm ka konprann sa paske normalman nou level sa vle di se yon moun ki te touyel, li pat mouri vre, ta supoze gen yon malfektè ki vin pranl. Anpil moun di se peur yo peur nou yo gentan wè nou yo pa pwoche menm. gen lòt ki di malfektè a ki touyel la te nan fanmi an, se yonn nan nèg ki te avèm yo. Nou pap janm konnen paske li vivan. Mò a ka vini lèw chante libera pou li men lap diw li mare yon kote, lap plenyen dil paka rete fòk li ale yap tann li, lap kriye lap di li pa tap vini se rale yo ralel yo pral bat li etc.. ou pap ka libere mò sa. lè malfektè a mouri, kò astral la konn tounen sou kò fizik la si moun ki gen konesans pou sa fèl men se souvan prèt katolik yo ki gen yon senp yo fè ak rad ki sou pè a. yo gen yon priyè yo fè epi yo pase rad la sou zonbi a 7 fwa epi kò astral la retounen sou li epi zonbi a retounen normal men lap toujou gen karakteristik zonbi li pap janm normal ankò akoz de poud zonbi a ak lòt engredyen yo. sak manke klè poze anpil kesyon, epi sak gen konesans ajoute konesans paw sou sam di a. Empereur Nicolasnou konnen deja jou sayo Nap fè leson sur les morts ak Toro Dichenn. Gen yon pitit platform nan ki poze yon bèl kesyon, li di èske olye ou ale nan simetyè a ou al pran mò a avan malfektè a èske pa gen okenn mwayen pou level avanl antere. Wi ou kab level avanl antere men fòk ou konnen pouw fèl. Tout tan poko gen moun ki rele li pa mouri. moun ki fè premye kout rèl la se limenm ki touyel. Lè sa li konsidere kòm mort , se antere pou yo anterel kanmèm. Gen yon pyebwa nan raje tou mwen bliye nonl, imedyatmam ou wè moun nan trepase ou al devanl ak yon 5 kòb epi w pale avèl ou dil ou pa pran se achtew achte men pouki rezon. ou fè yon te ak 7 fèy epi ou ouvri dan moun nan ak kiyè paske depil mouri danl sere epi ou videl nan bouch moun nan, lap leve sil pa antò men se yon resèt ke anpil moun konnen ke yo pa vle fèl paske malfektè a konn al atake moun ki leve mò a. moun ki konn resèt la pa vle moun konnen kel konnen l paske chak moun ki mouri yap relew vin resisitel sa vin rann anpil malfektè vle mete dow atè. men li tap pi bon siw ale lakay yon bon ougan. just rive dil tèl moun mouri ou vin kotel. lap diw bon ou wèl mouri ou vin kotem. dil wi mwen wèl mouri men mvin kotew. depil wèw di sa ak konfyans lap fè travay la pou ou paske ou montrel ou konnen gen yon dernier kou. Ougan souvan refuze travay sayo akoz de konsekans yo. poze anpil kesyon epi fè repons yo long anpil. Empereur NicolasSorcier vs Ougan
Mwen pataje anpil konesans avèk nou men nou konnen kisa ki fè de mwen moun kem ye a, se fason mwen itilize konesans mwen. Lèw gen konesans ou ka santi w twòp pou tè ou itilize konesans lan kòm yon zam. Se la w pral echwe. Ou ka wèw joure yon ougan tè pwa tè mayi li pa fèw anyen, wap panse se feblès, kwèm siw vle se pa feblès. Se paske jouman an pa vo pèn li ka ba ou. Lap vin pase kòm yon malfezan ki vin rann li perdu credibilité l devan Dieu, devan les saints, devan les loas, devan mond envizib devan mond anba dlo. Lè sa ou pap ka invoke 4 pwen kadino paskew an kontravansyon ak le bien, ou gen sèlman le mal ki pou ou. Pa bliye siw pran bò le mal ou ka defier la pesenteur . mpa konnen si nou konnen ki sa term sa vle di. Espri sorcelleri yo kanpe sou bò mal e lèw fin fè yon demand avèk yo fòk ou di pa delivrem nan mal mwen, kitem nan mal mwen, se pou mal mwen ye map fè le mal etc... e w paka nan koze servir Bondye ni al legliz ni ap plede rele espri ginen yo ni espri ginen yo ni espri Bondye a pap rete avèw. Siw te manbo oubyen ougan, se espri ginen an ki te baw don an, wap realize kew paka wè ankò kew tonbe nan bay manti. Se paskew pa ougan ankò. ou pa prèt vodou. ou se prèt espri infernal ou vin devni yon sorcier oubyen sorcière. Se sak fè di nou li pi bon anpil pouw fè le bien. Si w peur vodou se paskew pa itilize information m yo nan fason kew dwe itilize yo. Menmsiw voye lwa ginen yo al fè mal yo ap fèl men kwèm siw vle, yo vrèman pa renmen pratike le mal. Anpil ladann yo tap viv sou tè a tankou moungeri yon bebe ki malad akoz de moun ki defier la pesenteur yo trè fasil men nou kab remake ke souvan tibebe a pa chape. kisa nou panse ki koz? Paske normalman tout ougan ak manbo konnen kijan pou yo tretel, sa se ti information de base. Se pa yon gwo tretman li ye. Ou konn ki rezon ki koz yo kite yo pranl? Anpil fwa manbo a oubyen ougan ou mete sou li a peur sak pral vini aprè. Yo peur moun kap fè malfezan an paske moun nan konn vin menace yo nan dormir di siw pa vlem pran ti kabrit la nan jaden entèl map pran yonn nan jadenw. Si se pa yon ougan oubyen manbo ki gen sou li, lap livrel bay. Mwen menm depim wè moun nan fin depanse pil kòb kay ougan epim wè pa gen solution, mwen di mennenl ban mwen mtretel. Lougawou nan zòn mwen pa pase bò kotem paske depi m konnen se yo map gatel. Lèm geri yon bebe mgeril nèt. Se sak fèm plen filleul. Gen lwa ki specialize nan sa menm. Se sal fè menm, men menm lwa sa konsome ti poussin dèyè manman. Lèl nan tèt yon moun se sere pou yo sere ti poul yo paske lap mòde yo. mpap pale de ti poul. poze kesyon yo. Bay repons yo. Empereur Nicolas
Comentarios
Publicar un comentario