Voodoo TV
Erzulie Je rouj
Bassin san reprezante san ènmi yo san mechan yo san advèsè yo, san koupab yo. avèk Je rouj, inosan pwoteje, koupab pase à l'infinitif. Menmsiw servir gwo lwa depiw koupab wap pase. Siw konnenw antor ou pa supoze rete chita ou supoze al chache sekou gwo djab nan bitasyon w yo.Je wouj pa jweErzulie Je rouj/ Erzulie 7 kout kouto/ Erzulie Criminèl. Tout tit sayo vini nan fason li defann ak juje. 7 kout kouto a pa vle di lap mache touye moun pou gran mesi lap baw 7 kout kouto li touyew jan nou vle kwèl la. 7 kout kouto a reprezante 7 douleur kel resanti limenm pou mechanste les hommes kont pitit li yo ki pousel reaji poul vanje. Tit Criminèl la se nan fason li puni mechan yo, li bay pèn de mort ak moun ki meritel. Moun sa ap malad lap mouri oubyen yon lanmò subit. Li pa manje moun, moun sa pral pouri anba tè men se pa kòmsi lap vin lakay moun nan li bal 7 kout kouto li touyel. Ou ka pran ti chodyè twa pyew fè demand ou ak je wouj lè Mardi a minuit. Se pa jwèt, siw pa konnenw inosan pa mandel jistis e siw pa sur ke w vle jistis, pa mandel jistis paske ou paka defèt saw fin fè. Depi moun sa kondane li kondane nèt. Se Erzulie Je wouj ki gen plus kòb nan tout Erzulie yo, li ka fèw rich men fòk ou jere lajan an byen pouw pa pase a l'infinitif paske madanm nan jalouz anpil. Pa jwe ak espri sa dutou. Se bagay terib. zanfan yo siw pa konprann sa kap pase nan video a se paskel poko laj ou. Granmoun yo konnenAnayiz
Wap jwenn espri sa nan lopital nan chanm akouchman, wap jwenn li nan lekòl kote timoun ap aprann. Anayiz se protection pou timoun ak ti bebe. Anayiz se pitit Erzulie DantorAnayiz pitit fi Dantor a
Anayiz pwoteje tout timoun tout ras, nwa, blan, rich, pòv etc.. li pote sekou kote fanm ap akouche, li ede timoun ki gen pwoblèm aprann lekòl. Tout ti pwoblèm timoun ap travèse se Anayiz ki ede manmanl Dantor rezoud yo pandan Dantor ap batay gwo guerre yo pou granmoun yo. Bat Bravo pou fanmi sakre aWòl Belekou
Sa se egzanp Belekou ki antre nan tèt yon serviteur nan seremoni Bossou. Bossou twa Corn ap vin an premye yap resevwal, moun ap salyel, li ka fè trètman, lap fè tout sa l gen poul fè men lè pou pase bèt ki ofri a la a l'infinitif se Belekou ki antre pou fè sa. Wap wè pandan moun ki gen lwa ap manifeste, yon gwo fòs antre sou li epil fè sal gen poul fè ak bèt la epi li ale. Belekou pa dwe pran plus ke 5 mns poul fè sa paske enèji sa twò fò pou yon être human. Moun sa ka tou pase. se sak fè tout bagay fèt ak regleman. nan gwo seremoni sayo supoze gen plizyè ougan ak manbo ak wonsi ki la ki konnen pou mete bagay yo sou kontwòl. Malfektè konn vin fè malfezan li fè pwen an rete sou moun nan, lè sa si ougan kap prezide service la pa gen sou li poul konnen kisa poul fè, moun sa ka tou pase. Se sak fèm toujou ankouraje nou itilize service ougan ak manbo yoSamedi se jou bese leve. Lwa je wouj yo ap desann. Erzulie je wouj se yon lwa ki gen tout karakteristik yon diab ki gen menm fòs la, menm enèji a, menm pouvwa men ki pa nan koze manje moun. Li bay pèn de mort ak moun ki meritel. Se pa paske yon moun just joure manmanw pouw kouri voye Je rouj al pranl . fòk sa moun sa fè a merite mouri. Moun sa pral pouri anba tè. Erzulie Je rouj veye sou moun ki pa konn anyen dutou nan koze spirituel. siw pa konn okenn priyè okenn fason pouw defann ou ka mache lannwit janw vle ou pap gen anyen lap pwotejewSispann foure vodou nan zen ki pa regadel. 1)Sispann di Ti Jean fèw vagabon, ou te deja yon malandren ou itilize sa kòm eskiz. 2) Sispann di Freda fèw homosexuel, lè Freda renmen yon gason, se pou maril li pranl. jan fanm sa renmen gason li pa tap janm tounen gason an homosexuel.3 Sispann di Agawou fèw vole lougawou, pifò lougawou pa menm servir ak lwa sa epi se yon espri fanm ki pa fè pati de lwa ki nan pantheon vodou a ki bay pwen lougawou a. pwen an pase de manman a pitit. mete rès rumeur yo di yo anba post saLougawou
Pa asosye tout espri ak vodou. Vodou se yon sect pou kont li ki gen antite pal e tout lòt sect yo gen antite pa yo.Vodou se just sect ki pi popilè a paske tout lòt yo nan kache. Se vre gen espri ki fè moun vole lougawou men se pa nan vodou, plen lougawou ki pa konn anyen nan koze vodou, koze lwa, gen moun legliz ki lougawou. Siw vole lougawou ginen yo ap kitew, yo prale. Wap wè lè lwa a ap manifeste nan tèt yon moun, wa wè gen yon moun li pa vle manyenl gen yon moun lap joure, gen yon moun li pa danse kole avèl, gen yon moun li pa pran salutation nan menl, lap joure moun nan an parabòl pou lòt moun pa konprann men moun nan konn de kisa lap pale e lòt moun ki nan dans lan ki sou men yo konnen. lwa a konn fache tèlman li bat moun nan. Moun sa foure tèt li nan yon lòt sosyete an deyò de vodou a. Gen mond envizib, gen lame de lè, gen sosyete tou,gen sosyete bizango, gen sosyete makanda, sosyete mèlèt etc... Ou konnen byen pwòp ak kisa ou annafè. Moun nan vole Lougawou se poul kenbe energy espri a paske se de nanm moun espri sayo viv e nanm moun nan se nan san li ye. si yo pa jwenn sa yap febli yo pap ka viv sou tè a. Se pa nenpòt san, se san inosan. Moun ki mache ak espri sayo oblije tounen chat lannwit pou yo al chache nanm tibebe pou espri a paske se nan ti bebe ki gen inosans. Lougawou pase de mère en fille, oubyen yon moun kj al foure tèt li ladann pou kont li nan antre nan sosyete kel pa konnen lèl vin konnen li gentan antre twò fon menml sil pa ble, espri a ap vin redi pyel li fèl ale. Pa asosye Vodouizan ak bagay ki pa regade yo paske Vodouizan ap batay kont lougawou menmjan ak chretien yo ak tout mounBelekou
Belekou se yon pwen ki sou regleman bosou yo, sa vle di ou pa ka jouke Belekou pou I travay avè w sou dimansyon okenn lot lwa ke bosou yo. Belekou twò fò poul antre sou Humain. Li antre sou moun sèlman lè lap fè sakrifis men lap sèlman retire lavi bèt la epil ale. Pa bliye nan tout espri sayo ki nan escort Bossou a, Se sou Bossou 3 corns pouw focus paske se limenm ki nam dimansyon poul deal ak Humain. Se par Bossou 3 corns pou yo pase avan. Si travay la depasel, yap bay yon lòt liBossou 7 corns
Bossou 7 se menmjan ak Bossou 3, li just sou yon dimansyon ki pi wo. A noter ke yo pa tèlman interpeller Bossou 7 à cause de madanm Bossou Twa ile ki gentan pi fò ke tout. Bossou 7 plus regle koze guerre. Lè yon lòt enèji wo anpil pou Bossou yo souvan just rele twa ile paske yo konnen twa ile se garanti. banm tou reponn kesyon w lan paske m konnen w pral pozel. Poukisa yo pa just rele twa ile san yo pa bezwen rele Bossou avan si rezulta twa ile garanti? repons: Twa ile twò fort pou les hommes. Dimansyon sa twò wo. Pa bliye gen gwo demon gwo dyab kap goumen avèk yo, noumenm se just humain. Li kite sa nan men maril. Voodoo TV gendwa dur anpil paske nou pap vann chat nan sak. Nap ba ou l janl ye a pouw pa di yo te baw Freda men lèw fin antre ou tande gen gwo towo bèf 7 cornsSalye Kabwatye
Kabwatye se pitit Bossou ak twa ile
Kabwatye se mèt ke nanm rebelle. Nou ka wèm mize sou escort Bossou a anpil paske siw nan Bossou ou fon anndan nanm mistik la. Se pa jwèt ankò, ou pa nan twonpe moun ankò, se gerizon total, lajan total. Siw trete yon moun lap geri tout bon men fòk ou pran swen yo. Lwa Bossou se lajan garanti men lè wap service se babako pouw fè. Ou paka ap fè gwo kòb ak Bossou epi se yon kout tafya ou ba li tanzantan. Ou se vòlè lap fonsew nan dormir lap baw kout pye lap batay avèw.2em kesyon map reponn
Kabwatye
Pou tout moun ki tap mandem poum pale de pitit Bossou a. Yo plus invoke Kabwatye pou moun yo voye nanm rebelle ki se nanm ti bebe. Pa bliye nanm tibebe se pi gwo malfezan yo ka fèw, menm pi gwo dyab yo yo pa tande. Lèw anmède yo twòp yo kriye men yo rete la. Yo konn mete yon lòt espri pou kontwole yo men yo pa janm ale. Kabwatye ka pran yo ale avèk yo byen lwen. Kesyon yo vrèman bèl.Joukel sou regleman l, joukel sou regleman l, joukel sou regleman l . Mwen repete sa ankò. Bossou se banm map baw, se vre li bay anpil kòb, ou paka pòv siw servir li, Bossou se ak lajan li rale moun, li pa dakor serviteur li ap Viv mal, pwoblèm economic ou yo rezoudChaje chretien kap joure twa ile paskel parèt sou form bèf
Sa se prezantasyon zanj Bondye yo Cherubin daprè prophete Ezechiel. Siw gen bib, ale li Ezekiel premye wap wè pou kont ou. Li di yo gen 4 figi, yon figi karanklou, yon figi moun, yon figi lion, yon figi bèf, yo gen pye moun epi zago bèf. Al li Ezechiel 1 pouw ka li pou kont ou. Nou fè yo parèt tankou bèl moun ak zèl se manti. Nou tout pral nan lanfè paske Bondye w la pa renmen manti. Li di li se espri si wap servir l fòk ou servir an espri e an verité. Nou twonpe limanite nou fèl Bondye parèt tankou yon espri ki fèb. Se konsekans lan sa, sa vin rann moun ranse ak chretien jan yo vle. Tandiske bib la di Bondye tèlman terib siw wèl wap tou mourivideo sa se yon egzanp Madan Bossou twa ile ki ale libere yon jeune yo te mare kay djab. Gen te kotew mare, menm Bossou paka metew deyò, lè sa yo oblije rele madanm nan ki 10 fwa plus puissant ki se Twa ile. Se pa san rezon tou 2 enpòtan. Depiw sou do manman bèf la yo paka pranw. Se garanti ke lap mennen w lakay ou men fòk ou fè service pouw remercier Bossou pou Bossou vini avèl ak pitit li vin manje. Lè sa yo pap janm gen pwoblèm avèwSalye Gede yo ki ap resevwa nou aprè la mort. Se yo menm ki pral pwotejew lèw kite is isiba. onore yo pandan pasaj ou sou tè a nan vivan. paskew gen 3 pasaj sou tè sa, avan la mort, vivan , epi aprè la mort. tous les 3 enpòtan pou kò ou, nanm ou, ak lespriw. Kotew chita a ou mèt bay kèk kout gouyad se sa yo renmen. Wa dezòd paw wa di betiz paw. Se koze konyen yo pale koze koupe antre anndan manman moun bwè piman fèw foure piman tout anndanw men an menm tan yap regle koze nanm ou. protection w aprè la mort asire. Mwa novanm reserve avèk yo sèlman. Ou supoze pran yo serye fè gwo seremoni pou yo menmjan ak tout espri ki mache avèw paske yo fè gerizon yo fè anpil lòt bagay pandan yap fè dezòd. se konsa yo servirMwen remake nou poko fin klè sou gad sa Kadja Bossou, Bossou twa Corn ak twa ile. Nap retounen sou li demen ok. Se yon espri enpòtan men ki danjere. mwen vle nou fin 100% klè sou li. Lè wap servir yon gad konsa kap baw lajan wap itilize l pouw fè gwo tretman, lajan ap antre, ou supoze fè gwo babako gwo seremoni lwa gwo dans lakay ou. Rele yon bon manbo yon bon ougan vin fè seremoni an pou nou. Lèw wè yap goumen avèw nan dormir ou supoze fè rout granmoun ou, annafè pa dormir kalkile pa gra. Ou supoze fon sortir pouw konnen sak genyen. Poukisa w panse chretien al legliz chak dimanch, mande pasteur priye pou yo, se paske yo gen pwoblèm tou. Oumenm ou servir ak lwa men jamè al fon chita anba yon peristil pouw gade laviw. Siw wè lap fèw pase mizè se pouw chache konnen kisal bezwen. Siw bal tout sal mandew yo lap fèw pase mizè toujou, ou kab fè yon separation antre oumenm ak espri a. Se pou sa ougan ak manbo yo la mezanmi. Lwa yo pa lage nou nan savann nan san sekou, itilize moun sayo ke yo chwazi pou ede nou yo. Fè saw gen pouw fèSe yon lwa ki gen anpil pouvwa, sa se yon gwo enèji. Si wap itilize l pouw fè service pouw fè gwo tretman fòk ou fèl byen. Ou pa dwe refuze moun ki pa gen kòb oubyen ki pa gen ase kòb ki vin devanw ak maladi. Ni ou pa dwe nan goumen ak moun pou lajan depi se koze maladi epi chak ane fòk ou fè gwo babako gwo seremoni pouw bay limenm ak madanm li ak pitit li manje. Wap fè gwo lajan gwo kòb wap gen anpil byen lap fè bohneur se pouw fèl kontan tou. Fè sa wap wè si wap gen pwoblèm ak Bossou. Respekte tout antiteSe konsa fanm sa potew sou do lèw atake
Se yon antite ki trè trè très important. se lèw atake yo voye baka vin pranw yo voye zombie vin pranw, moun voye dyab bitasyon yo vin arete nanm ou, ou sou list djab pou yo manjew, frèw vann ou kay djab poul vin rich, se lè sa wap konn enpòtans twa ile. Madanm sa pap mande lakwa ki nouvèl, koze se pitit li ki antò a se radòt. Li pa bezwen konnen li fonsel rache pitit li nan dan yo. salye madan BossouJou samedi se jou bese leve
Salye Manzè 3 ile
madan Bossou 3 corn. pa bliye ke chak antite yo se yon trinité ki sou 3 dimansyon gen madanm papa ak pitit. Madanm nan souvan plus terib ke mari aDernier kesyon map reponn pou jounen an: Non, Pa gen koze mwen se fanm rouj mwen prefere fanm rouj mwen se fanm nwa mwen prefere fanm nwa antre Dantor ak Freda. Sa se egzanp manman spirituel mwen Manbo Papèchay ki se yon fanm rouj ki tap fete fèt Dantor kòm lwa ki mache avèl. lòt la se imperatrice la manbo Zetwal briye ki se yon fanm nwa ki tap fete fèt Freda. Nan vodou se 0% discrimination. lwa yo pa wè koze couleur a dutou dutou dutou. Se nanm nan ak lespri a sèlman ki konte. Wap nan yon ceremony Freda plen grimèl wap wè li vini nan tèt yon fanm nwa konsa tou li te ka vini nan tèt yon grimèl. Pa panse ak koze konsa dutouNou konnen jou Vendredi fòk nou salye minis Kouzen Zaka. Sa se lwa gwo travayè yo. Li pa bay lajan san, li beniw ak fòs kouraj ou. Li fè Jaden pouse , li fè plant yo boujounen, li miltipliye rekòt. li rale kliyan nan biznis ou, li fè pwomote w nan travay ou, li fè omangte salèw. Lè kouzen ap beniw fòk ou gen anpil imilite paske se konsal servir. Li pa renmen moun ap ouvè zèl yo sou lòt moun pran pòz superieur. Li menm konn voye serviteur li beni anpil yo al fè pelerinaj al mande charite just poul ka desann ou sou gwo cheval la. Avec kouzen pa gen pauvreté men pa gen quand à moi que je suis.Freda se Alada Dahomey jan chante a diw la. Se yon lwa ki sortir anba dlo ke ansyen zansèt ki sorti nan tribut Dahomey te konn servir. Se yon lwa eritye menmjan ak Dantor, yon lwa eritye sa vle di yon lwa ki pou tout Ayisyen. Tout Ayisyen se pitit li. Pouw potel plent pou yon moun fòk ou fè sur kew pa antò paske moun sa ou vin pote plent pou li a se pitit li tou. menmsi moun nan pa servir l, li konn moun nan , li konn lineaj moun nan paske se eritaj zansèt yo li ye. Pa bliye information sa yo se pou zanfan yo. Zanfan vle di moun ki te lwen kap vini prè ki koko konnen anyen dutouMarassa 3 demare tout elèv ki mare ki paka reyisi. ou fò nan sa, ou se force la jeunesse, si nou mare ki avni peyi a, ki avni limanite. Demare tout sa k te mare e mare sak merite mareBon dimanch ak tout serviteur Ayida Wedo. Ayida espri feminine ki kanpe ak Damballah. Siw al pran yon pwen Damballah pou bonheur ak prosperité, ou dwe pran tou 2. Si se yon sèl la ou pran se kòve wap fè. Anpil moun toujou di ze a pouri nan men yo koulèv la pa janm kale, se pa ze a ki te fele ni souke yo te soukel. Sekrè a se depanse pouw pran tou 2. San Ayida fòs la manke. Nan demanbre kotew al pran pwen an yo pap diw sa. se sekrè a sa. Remerciement a manbo Zetwal briye. manbo Marie Carmelle Melle Moise JosephDernier kesyon map reponn pou jounen an: Non ou paka al jete djab oubyen lwa bitasyon paske se la plas yo ye, se espri zansèt ou yo. Yo pa gen lòt kote pou yo ale yo makonnen ak fanmi an se la ki plas yo, gran grann ou te fèt yo te jwenn yo la se pa ti oumenm ki fèt avanyè ki ka metel deyò. Se kòmsi se yon frèw ou mete deyò nan fanmi an. Se fanmil tou ou pa gen dwa sa men ou ka voyel al jwenn yon lòt moun nan fanmi an. Wi gen lwa ki pa rekòmande ak tout moun. Se pa bon li pa bon non men ou paka jerel ou paka reponn ak reglemanl, lap fèw pase mizè, li twòp pou ou, ou ka ekspedyel sou yon lòt manm nan fanmi an ki gen plus konesans pasew e kwèm siw vle, gen moun nan fanmi an ki bezwenl li pa vle yoÈskew te santi prezans Dantor lakay ou jodia?
Siw pran sant Florida se Dantor, siw pran sant rêve d'or se Dantor, siw pran sant griyo se Dantor. Siw santi yon prezans menm pa peur se Dantor. Siw santi fòs ou double ou santi lè a pròp, ou santi lespri w anpè tout move zè elwanyew se prezans Dantor. Rale mouchwa w tayel nan kay la frape pyew atè di ay fout tonnè mètrès la kay pou ou. Se pa an mòlòlò non, mete fanm sou ou mete gason sou ou, se Dantor se petroKesyon anpil moun poze.
Èske Damballah Wedo gen form humaine? Wi li gen forme humaine men se pa menm degre a, li plus puissan sou form koulèv la. Wi ou ka kòmandel poul pa janm parèt sou form koulèv la. Lwa yo la se pou bien-être ou yo pa la pou yo fèw peur, ni pou fèw malfezan. Li ka fè pi gwo mèvèy sou degre koulèv la se rezon sa ki fèl plus parèt sou form sa men se pa dutou fèw maMoun legliz kap joure yo dim poukisa yonn se protecteur epi lòt la se dyab? puiske yo tou 2 fè menm travay la nan bò pa yo a ki se goumen itilize Zam pou pwoteje sak pou yo. Menmjan nan ciel la gen les archanges ki se yon group zanj ki gwo guerrier ki konn itilize zam se konsa nan Vodou gen nation nago ki fè menm travay la. Menmjan Bondye lèl bezwen al nan lagè se Michel ak zanj ki avèl li voye, li pa voye zanj Gabriel se konsa nan Vodou gen zanj konba tou. Gen lwa rada tou ki dousman menm gwo sant yo paka pran. e lè w ap rele Jeovah Rafa pou goumen pou ou yo? e lè wap site gwo priyè " Qu’ils soient comme la balle emportée par le vent,
Et que l’ange de l’Eternel les chasse!
Que leur route soit ténébreuse et glissante,
Et que l’ange de l’Eternel les poursuive! poukisa priyè sa? Se pa adrese w adrese ak force combative Bondye a. Sil se yon ti inosan kijan lap fè goumen pou ou? Se sak fè anpil moun pran pye sou moun legliz wi paske nou pa vle pale de karakteristik Bondye. Nou pa wè lè moun nan servir jan yo respektel paske yo konnen ak kiyès yo pral annafè. Oumenm wap vann Bondye tankou yon enèji ki fèb yo pap respektew tandiske se yo te konnen kiyès ki Bondye a yo tap fè respektewlLenglesou Bassin san lwa pwotektè
yap chase vye demon vye espri nan lè nan tèt nou nan legliz aprè nou vin anmède vodouizan. Kote lwa jwenn tan poul al anmède moun ki pa bezwenl tandiske gen yon group moun kap goumen pou genyen yo? gwo ceremonie gwo dans kap fèt pou yo epi pou yo ta al jwenn moun legliz trete yo tankou vye demon. Vodouizan yo tap ofanse anpil si yon lwa ta kite orgatwal epi poul ta ale sou yon moun anndan legliz poul al anmèdel. Se goumen wi ki konn genyen pou lwa e gen moun kap chache yo ki bezwen yo, yo pa vle moun sa paske moun sa pa nan kondisyon pou li. Lèw legliz fòk ou ale nan etud biblik pou pasteur w la diw kiyès ki ènmiw yo avan w vin anmède vodouizan. Menmjan nan vodou gen zanj Guerrier ki terib tankou towo sa Lenglesou se konsa Legliz gen Michel archange ki se yon Guerrier tou wi ki pa jwe ki terib tou. Gen zanj Bondye ki gen corn tou daprè apocalypse. Nou pa li apocalypse? Lespri Bondye a se menmjan ak espri petro, li renmen san epi zyel rouj. Lontan se sakrifis bèt yo te konn ofril menmjan nou wè yap fè gwo sakrifis pou lwa yo. Malgre sa li pat satisfè, se san yon moun wi Jezu Chris pitit ki te vin koule pou satisfè l. tout sayo nan bib la. Epi Bondye pa renmen pou yo pranl pou yon ti espri dousman ou ka fè saw vle menm nonl ou site en vain, ou ofansel.Pasteur legliz toujou diw pa jwe ak Bondye se pa yon ti jwèt li ye se yon espri ki terib.Mta renmen konnen kiyès ki di moun legliz protestan yo vodouizan yo ap servir Satan ki fè yo tounen pèsekisyon konsa? Chretien ak vodouizan gen yon ènmi en commun ki se Satan. Protection Chretien ap chache nan men Bondye a se limenm Vodouizan yo ap chache nan men lwa yo. Lè vodouizan yo ap limen balèn mande gras mande mizerikòd, Protection etc.. kont kiyès yap mandel si se sa nap servi yo ki satan? Èske nap mande satan protection kont satan? Saw pa konnen se jan Vodouizan yo ye a se konsa Bondye ta bezwen pouw ye paske Vodouizan pa juje w. Bib la diw pa dwe juje, se yon pechel ye siw juje tandiske se nan saw pran plezi. Ki kote nan bib la ou wè Jezi te konn ap mache joure moun? Li antre lakay pechè yobli manje avèk yo li bwè avèk yo poul pale avèk yo. Siw ap mache joure moun, èske panse sa ap fè moun antre legliz pou sa? non zanmim, yap just jourew touÈskew gen mouchwa lwa kap mache avèw yo? èskew itilize yo oubyen w sere yo? Se pa san rezon non lè lwa yo vini yo mandew pou materiel yo. Ou fè rèv yo diw achte ròb 7 koulè ou achtel men se serew serel. Se paske yo wèw bezwen l ki fè yo mandew li. Poukisa yo pa mande sèw la poul genyen l? ou pa gen menm atak ak sèw. Se swa se sa oubyen se pa saSalye Mèt Agwe Tawoyo
Gwo towo nou an ki nan lanmè a. Li bay protection, richesse, bienèt, prosperité. Oumenm kap soufri finansyèman, adrese w ak mèt la, dil laj ap monter sou tèt ou ou poko wè kòman laviw ye, èske lap kite w fè tout viw nan mizè, mandel kisaw ka fè pouw fè kèl kontan poul retirew nan saw ye la. anpil moun prefere ap plenyen di lwa lakay yo pa ceci yo pa cela san yo pa menm eseye adrese ak lwa yo. pran bout balèn ou plenyen bayoSalye Mèt Agwe Tawoyo
Gwo towo nou an ki nan lanmè a. Li bay protection, richesse, bienèt, prosperité. Oumenm kap soufri finansyèman, adrese w ak mèt la, dil laj ap monter sou tèt ou ou poko wè kòman laviw ye, èske lap kite w fè tout viw nan mizè, mandel kisaw ka fè pouw fè kèl kontan poul retirew nan saw ye la. anpil moun prefere ap plenyen di lwa lakay yo pa ceci yo pa cela san yo pa menm eseye adrese ak lwa yo. pran bout balèn ou plenyen bayoKijan ou ka batize oubyen sacre Ponya Dantor?
Jeanna Constant deside reponn kesyon sa ke anpil moun poze. Pa bliye ou ka toujou kontakte yon ougan oubyen yon manbo pou fèl pou ou siw pa santi fòs ou. Se yon service senp yo pap chajew anpil. mwen toujou ankouraje nou itilize service prèt ak pretress vodou nou yo paske lwa yo mete yo devan nou pou gide nou. yo toujou konnen yon bagay an plusDernier degre tretman pou ti bebe lougawou gentan pran nanm yo. Pa blie depi nanm nan gentan pran pa gen sove ankò. dernier kou a se ofril ak yon espri ki fò anpil, yo souvan ofril ak Mapyang e gen lòt tou. metel sou yon tab ak divin rouj ak tout ponya mapyang paske li pap manjel lap pwotejel. mete pain oubyen patat boukannen etc.. epi les suites. Mwen paka bay tout sekrè yo nèt paske fòk ougan ak manbo yo fè kòb yo men se souvan dernier solution sa ke ougan ki gen nanm souvan itilize pou sove l men fòk ougan sa oubyen manbo sa pa yon lach paske lè lougawou a fin pran pataswèl nan men espri a, li ka vin mande l regleman. gen ougan ki gate ti bebe a tou men map pale sa yon lòt fwa
*mwen mete Poupée a pou reprezante ti bebe a paskem a ka mete yon bebe ak yon kouto ak manje sou yon tab, Facebook ap fèm desann post la. mkonnen nou renmen korije tout ti detaySe pou sa nou gen ponya ak mouchwa wi lè wap pale ak Reine nan se pouw fè sur ke mouchwa w nan kou w, ponya w nan menw epi pale ak severité. Ou se pitit ginen tout jounen wap mache kay ougan pou tout ti pwoblèm. Ou gen pouvwa pouw rezoud pwoblèm yo pou kont ou. Eseye adrese w ak mèt yo avanw al chache èd nan men yon moun ki pi fò pasew. ou kapabOu paka serviteur Dantor servante Dantor pouw pa gen ponya Dantor lakay ou. Siw santi yon move lè Rale ponya w kounya fè 3 kout ponya nan lè a, di pa fout mete pa fout pran. Se pa an mòlòlò non, mete fanm sou ou, ou sou rit petrole epi pike ponya a yon kote ki gen tè. avanw dormir pranl netwaye l retire tout tè lavel ak Florida epi metel nan plas li. Fason pam poum lave lè a poum chase move zèDamballah Wedo
Bon dimanch ak tout serviteur ak servante Damballah. Se chef de la medecine se don sa li bay moun ki mache avèl yo. Ou ka geri maladi nan kò, maladi nan lespri ak maladi mistik. Plus ou byen servir ak don an se pi gwo tretman wap kab fè. Ou pa dwe refuze trete yon moun paskel pa gen kòb oubyen li pa gen ase. Li bay plus don toujou men special li se la medecine
Remerciement ak manbo PapèchayJe rouj ak Dantor 2 enèji konsekan
rele Dantor lèw atake poul batay pou ou poul delivrew anba men mechan yo. Rele Je rouj lè mal la deja fèt poul vanje pou ou. Je wouj pa yon dyab li pa manje moun men li bay paine de mort siw fè yon bagay ki merite lanmò. Attention fè sur kew gen rezon epi bay verite a janl ye aOumenm ki marye ak Freda ou santiw pa jwenn saw merite, chache konnen èskew fè kèl kontan, èske w byen bati lotèl li, èske w mete tout sal gen bezwen nan chanm li. Sa se egzanp yon altar Freda siw vle jwi bonheur ak prosperité Reine nan ofri nan maryaj la. pa bliye mete lanp anana ak yon dra blan atè a jou jeudi ak dimanch lèw ap adrese ak Reine nan epi pran sanw pouw benyen mete bèl rad blan oubyen rose sou ou, flite anndan an ak parfum rêve d'or oubyen Bain de champagne. Lè sa kay ou ap vin demeure preferel lap fè kèw kontan paske w fè kèl kontanLèm di nou kesyon yo bèl la. yon pitit platform nan mande e si fanmi mò a just anterel depi avanl mouri epi yo rele bri lamòl èske moun nan ap toujou mouri aprè oubyen lap rete vivan. Se yon très très belle question. Oui, se yonn nan teknik kew ka itilize pouw trete maladi a. mwen te bliye ajoutel nan text la. Ou ka antere moun nan tou vivan, ou chante libera l epi tout moun rele anmweey di entèl mouri epi fè bri lanmò l ap sikile. Se yon gwo tretman ki egziste pou moun ki la pou la mort paske gen maladi yo voye sou ou wap mouri kanmèm. Sonjem te di nou se pa yon mort vre, wap revini a minuit. wap tande tout sa kap pase se sèlman ou pap ka pale ni bouje. wap tande tout rèl tout kri. Se kòmsi wap asiste pwòp antèmanw. Se pi gwo malfezan yo te ka fè yon èt imen. depi bri lanmò w sikile ou gentan mouri deja, ou nan men fanmiw. Se kòmsi li parèt ou mouri epi fanmiw se malfektè yo ki pranw. Lè konsa ou mèt mache kalote malfetè a li paka fèw yon mèd ankò. Lap difisil anpil pou moun touyew epi ou ka mache lannwit janw vle ou pap gen anyen paske ou deja yon mort pou tout espri malefik. Gwo sekrè granmoun map ban nou la wi. plus nou poze bèl kesyon se plus nap konnen plus. Empereur NicolasSalye Atibon Legba
Se yon lòt dimansyon Legba. couleur li se toujou nwa e rouj. li renmen fimen alor fè sur kew mete pip ak tabac sou altar li. ou ka ofril rum, maïs griye, pistach griye, li renmen sirèt anpil. Department artibonite se nonl li poteAvadra Gran Chimen
Se dimansyon Legba ki nan rout oubyen chemen ki se 3em dimansyon Legba aprè Legba Lakou, Legba Lento, ak Legba nan Baryè. Li pote non Avadra ki vle di san abri, san kay paske se nan Gran chemen li rete. Li jwe yon ròl enpòtan paske san limenm ou paka antre an connection ak Kalfou lè wap fè wanga paske se kafou ki pou baw passage pouw fè nenpòt Wanga dèyè yon moun. Couleur li se rouj e nwa, li bwè anpil rum, gen lakou ki ba li gri e nwa. Li manje tout sa Legba nan baryè manje. Yo renmen ranje kola, sirèt, maïs griye, pistach griye bò rout la pou li. Siw konn fè zòn provens yo wap wè sa anpil. jou li se Mercrediou ka sakre oubyen beni pip papa legba menmjan ou fè l pou tout materiel vodou yo. mwen te montre kijan pouw beni materiel vodou yo an detay. Se sak fèm toujou di nou pran nòt epi share post ou wè ke wap bezwen information yo sou paj ou, lè sa ou ka just ale sou paj ou wal revize olye ke wal chachel sou paj sa paske lesyon yo anpil. wap fouye anpil avanw jwenn li. Siw te la depi desanm ou se pi gran ou paka nan menm dimansyon ak sa ki apèn vini yo. Yo se ti frèw. ou supoze kòmanse ka edem reponn kesyon. Se bagay mwen renmen lèm te fè yon leson deja epi yon nouvo pitit platform nan poze yon kesyon sou li epi m wè yon lòt pitit platform nan ki te la lontan itilize menm information m te bay yo poul reponn kesyon yoSèlman m wè nou rete frèt sou Avadra Gran Chimen aprè na vin dim empereur mbay lwa yo manje yo pa manje pwoblèm nan pa rezoud. Tout Legba yo nèt enpòtan. Se Avadra Gran chimen ki pou louvri chemen pou lwa yo rive nan Baryè a pou Atibon Legba ouvè Baryè a pou yo aprè pou yo al jwenn Legba kay ki nan lakou a pou bayo pase aprè pou Legba Lento ki nan pa pòt la bayo pase. Se pa san rezon non nou wè lèw rele yon manbo ougan vin fè yon seremoni ou wèl kòmanse ap limen balèn nan pa pòt la li fè yon salutation aprè li ale nan lakou a li fè yon salutation aprè li ale nan baryè a li fè yon salutation. Anpil dèfwa nou wè yo kanpe nan baryè a, se la ou nan cho ak seremoni w lan ak lajanw lan. yo supoze al mande Avadra Gran Chimen pasaj aprè pou yo ale nan kafou ki pi pre kay ou pou konekte a Legba ki nan chak kwen kafou yo aprè pou yo al kanpe nan mitan pou salye mèt kafou. Si seremoni sa pa bon, rele empereur a nan tribunal metel nan prizon. Bagay map di nou la yo se bagay ansyen bon ougan ki konnen yo. Se pa ti ougan jwèt yo. Konesans sayo kòmanse ap perdu. Se sak fè nou wè pil moun ap di lwa ap fè yo pase mizè. podyab yo paka jwenn yon bon manbo ougan ki ka bay lwa a manje pou lwa a pase vin manje. Empereur NicolasYo plus onore Avadra nan milieu rural yo ke milieu urbain yo paske moun la ville yo pa vrèman konn enpòtans gwo lwa sa. Se Maitre Grand chemin. term Avadra pa vle di lap fèw avadra janm wè anpil moun ap di nan comment yo. Term Avadra vle di li se nan chemin li rete li pa nan kay. Li nan chemin paske travay lap fè a, wòl li ap jwe a se nan chemin li ye men se pa paske se yon vye espri avadra kap fèw pa anyen. Nou renmen gran lam de Maitresse yo, les Fredas , les Dantors, les Sireines men banm diw yon bagay: Depi Mèt Gran Chemen pa ouvri chemen an pou yo wap depanse 10mil 20mil 50mil 100mil pouw fè yon seremoni nan bitasyon w tan wap perdu zanmanm si gran chemen barew. Lèw rele papa Legba li vini ak tout escort li, ni gran chemen, ni lento, ni Atibon, ni Legba kay, ni Legba bwa etc... Men siw an kontravansyon ak gran chemen kijan lwa wap bay manje a ap fè rive nan baryè a pou papa Legba nan baryè a bal pase. Epi lè malfekè ap gate seremoni w se pa Mèt Gran Chemen yo souvan pase. Se pou w toujou fè sur ke w al salye mèt gran chemin avanw fè seremoni. mete manje bò pi gran rout ki mennen lakay ou. Li renmen bonbon, sirèt, maïs griye , pistach griye, mete yon boutèy rum debouche pou liNou tout la supoze yon limyè. konesans mwen ba nou se bagay depi nou pale malfektè ap peur nou. Depi yo wè se yon konnenw ye yo peur w. wap tande yap di bagay ti nonm sa ap di bagay ti fanm sa ap di se pa yon moun nou ka jwe avèl konsa non. Sa fè moun pa tèlman vle al fèw mal pou dan griyen paske moun nan konnen se toke li pral toke corn avèw li ka perdu. Ou konnen malfektè konn pran ti inosan just paskel bezwen zonbi w poul fè yon travay pou yon moun? Li konnenw se yon ti malandren siw mouri pa gen moun ki pral regrèt ou ni chache konnen kòmanw mouri, li just wè yon ti malandren li pranl poul mete travay avèl kòm zombie nan badjil. Pa janm metew an ti malandren nan zòn ki gen malfektè. toujou metew an moun de byen epi pran ka fanmiw. Menmsiw pa genyen pouw bayo, si se ede ou ka ede yo nan yon bagay ede yo. Ou wè mwen menm lèm te jenn ti gason ki potko gen konesans, ti matant ti tonton mwen genyen yap bay pote non lougawou malfektè yo se anba vant yo menm mte konn rete. ou konn poukisa? Se paske se yo menm lèw malad kap vin wèw kap gade maladi a yap sou men yo yo souvan konn kisa pou yo fè. Ti inosan yo se tann yap tann ou mouri pou yo al chita nan ban devan nan antèman an pou menm malfektèz kap manje w la ap pase ap bayo lamen di yo kondoleyeans. Depim timoun msou menm, mpat ko genyen poum bayo men mtoujou la, mpat janm tann yo mandem service, se wè yo wè yo leve yo jwenn doum yo plen dlo mgentan leve bonè al bote dlo pou yo. Mpa konn lave men map di matant map rense pou ou map tann pou ou. avan yo vini mgentan benyen pitit yo mete rad pwòp sou yo, jodia mgen mwayen mka fèmen yon monnen nan men yo lè sa yo pi kontan. Lè konsa yo renmenw yo montrew tout sa yo konnen. Yo te konn souvan di ti nonm sa se limenm kap pi gwo malfektè nan fanmi an men mpa malfektè, mwen itilize konesans yo yon fason ki pozitifdanse ak Mèt Gran Chemen
Se pa yon ti lwa piti se yon gwo lwa ki louvri chemen ki fèmen chemen. Se yon lwa deblokaj. Bay Mèt Avadra respèl poul louvri chemen an pou ou poul bay tout lòt gwo lwa yo pase pou vin delivrew. Pa kite Gran Chemen barew. Pa di m pat diwPa kite Gran chemen bare nou. Depi konesans sayo fin ale lwa yo pral fè timoun kap vini dèyè yo pase règ mizè. Podyab yo pa konn sa pou yo fè. Yo pap ban nou konesans sayo nan Djevo a non sèlman. Sa se konesans granmoun lontan te kite. Èske nou janm tande lwa bloke granmoun lontan yo? yo tout mouri mò vye granmoun. desonnen pou yo desonnen lwa nan tèt yo pou yo mouri, lwa yo pa vle yo ale. Li difisil pou yo jwenn yon bon grenn seeviteur ki konn sa poul fè poul resevwa yo pou yo vin manje pou rebouste enèji yo paske yo bezwen enèji sa pou yo travay pou yo itil serviteur. Fè yon lwa travay sanw pa bal manje se kòmsi ou gen yon pitit wap fèl travay sanw pa nouril., yon anplwaye wap fè travay sanw pa peyel salè li merite. Men èske w konn kijan pouw ba li manje poul manje? poul vin manjeSalye Papa Legba Katiwoulo oubyen Legba Kawoulo. Se dimansyon Legba ki pi jeune, ki se Legba solèy leve kew jwenn nan kafou. Pa konfonn li ak mèt Kafou. Mèt Kalfou se yon lòt dimansyonLegba Katiwoulo/Kawoulo/Katyoulo
Se yonn nan dimansyon Legba yo ki jeune anpil e ki plus sofistike konpare ak lòt Legba yo ki plus granmoun. koulè li se Jaune e blan, ou ka salyel sou rit Nago. Yo relel mèt solèy leve oubyen Legba gran matin. Li bwè Rum blan men fòk ou mete siwo kann ak Siwo myèl ak lòt engredyen. Jou li se LundiKi moun ki kapab fè yon paralèl, kout oswa long, ant de dimansyon Papa Legba yo: Mèt Avadra ak Mèt Atibon?
Sa se yon kesyon ki mande konesans, refleksyon, ak respè pou tradisyon an.
Nan Vodou, Papa Legba se poto mitan kominikasyon ant mond vizib la ak mond envizib la. Se li ki louvri baryè yo, ki pèmèt pawòl moun rive jwenn lwa yo, epi ki pèmèt repons lespri yo rive jwenn moun.
Se poutèt sa yo toujou di:
san Legba pa gen sèvis, san Legba pa gen kominikasyon.
Lè nou pale de dimansyon tankou Mèt Avadra ak Mèt Atibon, nou ap antre nan yon nivo refleksyon ki mande pou yon moun konprann diferan aspè Legba yo.
Gen aspè ki montre mouvman, aksyon, ak ouvèti chemen; gen lòt ki montre sajès, eksperyans, ak otorite espirityèl. De dimansyon sa yo pa opoze youn ak lòt; okontrè, yo konplete youn lòt, paske yo reprezante balans ki egziste nan fonksyon Legba kòm gad pòtay ant dimansyon yo.
Se poutèt sa anpil moun ki antre nan Vodou konsidere li enpòtan pou yo aprann sou Legba yo an pwofondè. Yon jèn fi oswa yon jenn gason ki angaje nan tradisyon an ta dwe chèche konnen non yo, wòl yo, ak siyifikasyon yo, pa sèlman kòm enfòmasyon, men kòm yon pati nan fòmasyon espirityèl li. Lè yon moun konnen sa yo byen, li montre li respekte rasin tradisyon an ak konesans zansèt yo.
Nan yon regroupman relijye, konpòtman sa a enpòtan anpil. Yon moun pa sèlman prezan nan sèvis; li aprann, li obsève, li reflechi, epi li chèche konprann fondasyon tradisyon an. Konnen Legba yo, konprann wòl yo, epi kapab eksplike yo klèman se yon siy disiplin espirityèl ak respè pou Vodou. Paske finalman, Legba pa sèlman yon lwa; li se prensip ouvèti, kominikasyon, ak balans ki kenbe tout estrikti Vodou a kanpe.Avadra se 3eme dimansyon legba, koulè li se rouj nwa, gen kote yo bal gri nwa. Son lwa deblokaj, se li ki pou baw pase pouw jwenn kafou, li renmen maïs griye, pistach, sirèt ak rum ranje nan chemen pou li, li responsab chemen.
Atibon responsab baryè, li renmen fimen anpil, li renmen bwè rum menm jan ak tt Legba yo, li renmen maïs griye, pistach, sirèt koulè li se nwa e wouj.Lollll wap konn sa pou konnen gen kote legba a chanje nan yn lot dimansyon wi sa pral de pan kijan regleman an ye ' epi non yo enpotan anpil ak mod pas yo . Pou mw ale pi lwen nan ofand ak koulè yo pote se diferan nan chak lakou ak chak espas yo sitiye . Kom nou toujou tande parènn legba
legba avrada bohoun'
gran chemen
legba azouke
vye legba l
egba kolokoso'
legba kay
legba chouket
Legab kele woude
, legba missègba,
ayibwa legba
legba gweto,
seli mayofre
legba zandò
legba bwa
legba sanya
Pou mwen site sa yo selman men andan simitye genyen legba , nan gran bwa genyen legba nan chak kafou wap pase. aprè kafou genyen yon legba kila , avan ou pran lanmè a genyen legba men si se la legba te premye vini
Epi nan chak rit yo ak sosyete yo genyen legba chak sou dimansyon ak regleman '’ epi mo vibrasyon yo ak nom yo se epotan pou konnen. avek ofrand yo koulè yo.
Gen bagay mw paka di sou rezo ,sa ou wè delegba ak sa ou konnen se pa saselman okMet Avadra mache e kontwole tout kafou. Legba chita nan pa pot la. Donk, se met Kafou ki pou mennew ba Legba.Kiyès ki ka fè yon parallel kout oubyen long antre 2 dimansyon Papa Legba sayo: Mèt Avadra ak Mèt Atibon. Siw konn tout Legba yo ak wòl yo, Bravo ou ka gradué pou dimansyon 2 paske san Legba pa gen vodou. Legba se fondamantal vodou. Tout jeune fille ak jenn gason nan vodou ta supoze ka detaye tout Legba yo nèt kòmsi se dlo lap bwè. Se konpòtman yon jeune nan yon regroupman relijye. Ou dwe konnenl byenJodia nap cloturer ak papa Legba. Mwen rete klè ke nou konnen tout sa nou dwe konnen de Legba yo. Siw pa klè, konsidere tèt ou kòm yon elèv kreten. Bilolo Empereur NicolasMerci pou kou d men wap bay sou platform nan Maitre Atibon. Wi Legba se yon legion. Depiw rele papa Legba li vini ak tout escort li men nou plus focus sou Legba prensipal yo paske se yo menm ki devan, se yo menm ki ka bloke e debloke.Nou ka santi nou yon ti jan tris nan fin leson an siw te vrèman konekte avèk nou. Se paske espri a te nan lè a. Gen moun ki ekri m ki dim san yo tresayi, gen moun ki dim yo tranble, gen moun ki di kè yo bat fò. Tout sayo se normal konpòtman yon moun ki servir lè w wè oubyen pale de yon espri ki mache avèw. Gen moun ki jwenn bon koneksyon ak papa Legba. ou konn tout wòl legba principal yo. Mes felicitations!!!! Ou ka selebre sa ak yon champagne, yon boutèy divin, yon bierre, oubyen yon kola pouw ka make jou a. Merci pou konpreyansyon tout mounLa sirèn pa renmen ni kote ki gen zen ni kote ki gen bri ni kote ki sal. Siw vle mètrès la vizite w jodia, fè yon ti netwayaj. abiye kay ou an blan epi mete nenpòt parfum santi bon ou konnen fanm renmen. Si wap pase music pase bon ti music radar. Si wap monte yon ti lanp eternel, fèl ak lwil dous anndan yon ananaMwen te pale de mademoiselle Charlotte deja
pou moun ki pat la yo. se espri yon fanm blanch ki nan vodou ke yo souvan konfann ak Erzulie Freda paske yo literalman sèvi menmjan sòf ke mademoiselle Charlotte pa fè enteresant menmjan ak Freda, li pa cho dèyè gason menmjan ak Freda, li pale anpil nan seremoni men se fransè kontrèman ak Freda ki souvan pa pale oubyen li pale kreyòl alèz. Yo resevwal anpil nan vodou sou non Freda men se moun ki konnen Freda trè byen kap remake se pa limenm. Li fè chwa li yo gen bèl aksan fransè men li pa popilè anpil paske se nan seremoni Freda sèlman lap parèt. Li pa danse kole ak lòt lwa yo e lòt lwa yo pa renmenl twòpSou kiyès Freda ap voye pwen konsa mezanmi? Ou paka mètrès pou pitit ou ap benyen nan mizè, se prete poul al mande prete poul baw manje. Si sa fèt vrèman ou gen rezon zuzu m nanyon ti Resume avan nou kòmanse ak Mèt Kalfou:
Lento devan pòt la, Legba kay nan lakou a, Atibon nan baryè a, Avadra nan gran chemen an, Katawoulo nan chak kwen kafou, Mèt Kalfou nan mitan kafou a. Legba se yon legion mwen pale nou de sa ki dominan anndan vodou yo. Legba bwa se nan bwa l rete, Legba Zandor sa se koze sosyete. Sonje kem te ansenye nou kisa ki dimansyon. Se pa plizyè Legba se just menm Legba ki sou plizyè dimansyonpitit platform nan ki renmen syncretism menmjan ak papa yo empereur Nicolas: Vyevye Legba se Saint Lazarre, Atibon se Saint Pierre, Avadra se Saint Antoine (nou konn tande granmoun ap joure timoun Saint Antoine) Katawoulo se Saint Jean. Ou konn 4 Legba sayo ak wòl yo byen, ki jou yo, kisa yo manje, ki bwason yo bwè, ou ka monte tab Legba sanw pa fè erreur, ou konn kijan pouw adresew ak Legba ou pa yon ti moun piti. Tout moun ki tap suiv nou dernier jou sayo supoze en mezi pou fè tout bagay sayodistrè nou ak Freda toujou paske nou pral antre nan mèt Kalfou, lap di anpil, lap malouk. Freda se beauté, se elegance, se zuzu, se pointu, se tulurtutu, se parfum santi bon, se fruits, se gato, se siwo, se champagne, se belle fleur, se couronne, se palais, se bijou, se luxury, se richess, se lò, se diaman, se emerod, se ruby, se bag, se maryaj, se fiyansaj, se sexualité, se sensualité, se romance. Freda reprezante tout sa ki bèl, tout saw konnen w renmen. C'est la propreté du corp et de l'esprit ak tout antouraj ou. fòk ou pròp ak tèt ou, sa vle di benyen souvan, toujou pran bèl kwafi, mete bèl rad sou ou ak bèl bijou epi pa nan zen ak moun. Moun ki gen Freda yo zuzu yo renmen meprize moun ki manke konpòte yo byen men yo pap fè zen avèw. antouraj ou tankou lakay ou pitit ou zòn bò lakay ou, dwe pwòp paske li vrèman pa renmen salte. toujou kontribye pou pwòpte fèt nan kominote w. Mwen menm gen de lèm leve mfè yon reyinyon ak tout jenn gason ak jeune fille nan zòn nan nou fè yon gwo pwòpte. Nou kontribye ansanm nou fè medam yo fè manje. Lè konsa tout moun ou pat envite vin patisip. lè konsa lèw monte yon lanp eternel pou Freda lap chita la bò kotel. lap baw tout saw mandel paske li laMademoiselle Charlotte se lwa sa nou rele sa nou rele Manzè. Se sou non sa nou konnenl, nou ka tande granmoun lontan ap joure jeune fille ki twò paresez men ki renmen bèl bagay, ki toujou ap egzije granmoun pou achte bèl bagay pou yo men yo pa renmen fè travay manzè. Tandiske lè yon jeune fille twò pwòp tout jounen lap fè netwayaj ki toujou ap bougonnen depil wè yon ti pay atè a yo jourel mètrès. Manzè renmen tout sa Freda renmen men li pa zuzu menmjan ak Freda. moun ki gen Freda renmen fè netwayaj pou kotel rete a pwòp Tandiske moun ki gen manzè renmen netwayaj ak la pwòpte men li pap fèl, se moun ki pou fèl. Freda bay pitit li lajan ak chans li beni yo pou yo ka rete nan luxury poul ka demere avèk yo, manzè Charlotte renmen sa lap vin servir ak pitit Freda yo tou. Anpil fwa wap panse se Freda epourtant se Mademoiselle Charlotte
Comentarios
Publicar un comentario