Rit matinik djouba
Rit matinik djouba.
Lwa zaka souvan asosye ak rit banda-gede zaka oswa "aka" senbolize travay sitou travay agrikol mo djouba vle di "reverans" yon nan dans li yo sanble ak kwadril la.
Rad:gwo ble (abako souvan bwode)
Manje: "tchaka oswa mayi kase konglomera nan divès kalite manje ki baze sou mayi ak pwa wouj ki gen rapo ak zaga (wa) nan konem? .
Lwa zaka yo
▪︎Azaka la
▪︎Azaka manou mede
▪︎Azaka tone
▪︎Kouzen zaka
▪︎Minis zaka
▪︎Olisha loko
▪︎Zaka
▪︎Zaka gweli
▪︎Zaka krib
RIT MATINIK DJOUBA.
Lwa zaka yo asosye ak rit matinik djouba.
Lwa zaka senbolize travay sitou travay agrikòl, Lwa zaka se espri ki te la ki t'ap viv ak taïno se espri ki kwè nan travay agrikilti.
Djouba siyifi "reverans". Toujou abiye ak gwo ble sa nou rele rad karabela ak yon chapo pay ak yon makout sou do l. Se konsa yo idantifye espri ki fè pati rit djouba.
Mayi kase ak pwa wouj, pwa nwa, vyann kabrit se yon manje zaka renmen ak anpil manje ki soti nan latè, patat, bannan, yanm, manyok etc...
Skot lwa sa yo manje kabrit. Souvan yo di lwa zaka volè yo dil chich se sa kolon yo di pou diskredite lwa nou yo.
Lwa zaka se lwa ki travay di, se lwa ki renmen komès, li renmen travay latè,
Li renmen lè nou fè l pwomès nou kenbe pwomès nou.
Kèk lwa nan skot lwa zaka.
▪︎Azakrib
▪︎Minis zaka
▪︎Azaka mede
▪︎Azaka si
▪︎Azaka tonè
▪︎Azaka kwesi
▪︎Kouzen zaja
▪︎Olisha loko
▪︎Manbo azakasya.
Moun ki sèvi lwa zaka pa ka pòv paske li ede w travay pou fè ekonomi. Li bon pou tout vodouivi gen yon makout zaka lakay sitou moun ki nan biznis ak sila ki ap travay nan koze latè.
Rit kongo.
Espri Kongo Nou jwenn:
▪︎Kongo fran
▪︎Kongo petwo.
▪︎kongo danpetwo
▪︎San bliye Kongo Savann.
Rit Kongo se yon bèl rit ki fè w danse. Li se yon rit kote Maji ak dans mele.
Dans nan rit Kongo se Maji. Kongo danse kòm si l ap pile Pile tè Pile Fèy. Kongo danse ak Fòs.
Poukisa paske fòs Kongo chita nan vant ak nan pati seksyèl nou.
Kongo sèvi ak Dlo.
Konsa nou Simbi Lawouze. Kongo sèvi ak dife pou chofe e remanbre Kongo konsa nou jwenn Andezo, Simbi Makaya, Makaya Boumba. Rit Kongo sèvi anpil ak fèy si pa gen forè pa gen Lwa Kongo.
Rit matinik djouba.
Lwa zaka souvan asosye ak rit banda-gede zaka oswa "aka" senbolize travay sitou travay agrikol mo djouba vle di "reverans" yon nan dans li yo sanble ak kwadril la.
Rad:gwo ble (abako souvan bwode)
Manje: "tchaka oswa mayi kase konglomera nan divès kalite manje ki baze sou mayi ak pwa wouj ki gen rapo ak zaga (wa) nan konem? .
Lwa zaka yo
▪︎Azaka la
▪︎Azaka manou mede
▪︎Azaka tone
▪︎Kouzen zaka
▪︎Minis zaka
▪︎Olisha loko
▪︎Zaka
▪︎Zaka gweli
▪︎Zaka krib
Comentarios
Publicar un comentario